Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa fè lespri sen Jewova lapenn

Pa fè lespri sen Jewova lapenn

Pa fè lespri sen Jewova lapenn

“Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou.” —EFE. 4:30.

1. Ki sa Jewova fè pou plizyè milyon moun, e ki responsablite yo genyen?

JEWOVA fè yon bagay espesyal pou plizyè milyon moun k ap viv nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm. Li ba yo posiblite pou yo pwoche bò kote l pa mwayen Jezi Kris, sèl Pitit li te fè a (Jan 6:44). Si w vwe lavi w bay Bondye e w viv ann amoni ak vè sa a, konnen w se youn nan moun sa yo. Antanke yon moun ki batize nan non lespri sen an, ou gen responsablite pou w aji ann amoni ak lespri a. —Mat. 28:19.

2. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Antanke moun k ap “simen pou lespri a”, nou abiye ak nouvo pèsonalite a (Gal. 6:8; Efe. 4:17-24). Men, apot Pòl te egzòte nou pou nou pa fè lespri sen Bondye lapenn. (Li Efezyen 4:25-32.) Kounye a, annou egzamine egzòtasyon apot la avèk plis atansyon. Ki sa Pòl te vle di lè l te di pou nou pa fè lespri Bondye lapenn? Ki jan yon moun ki vwe lavi l bay Jewova kapab rive fè sa? E ki sa pou nou fè pou nou pa fè lespri Jewova lapenn?

Ki sa Pòl te vle di?

3. Ki jan w t ap esplike pawòl nou jwenn nan Efezyen 4:30 yo?

3 Toudabò, remake sa Pòl di nan Efezyen 4:30. Li di: “Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.” Pòl pa t vle kwayan parèy li yo, li te renmen anpil, pèdi favè Bondye, ni li pa t vle yo mete relasyon yo gen avè l la an danje. Se avèk lespri Jewova Jewova te mete ‘mak letanp li sou yo pou l ba yo garanti l ap delivre yo lè jou a va rive’. Lespri sen Bondye se te yon mak letanp, oswa yon so, e se sa l ye toujou. Sa vle di li bay kretyen wen ki kenbe entegrite yo “yon garanti pou tou sa [Bondye] sere” pou yo davans (2 Kor. 1:22). So sa a yo gen sou yo a siyifi se pou Bondye yo ye e y ap resevwa lavi nan syèl la. Finalman, se 144 000 moun k ap resevwa so sa a. —Rev. 7:2-4.

4. Poukisa nou dwe veye pou nou pa fè lespri Bondye lapenn?

4 Lè yon moun fè lespri a lapenn se yon premye bagay ki kapab fè fòs aktif Bondye a pa aji sou li ankò antanke kretyen. Sa ka rive lespri Bondye pa aji nan lavi yon moun ankò. Nou wè sa nan pawòl David te di lè l te peche ak Batcheba a. Men sa David, ki te repanti, te mande Jewova: “Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.” ​(Sòm 51:11). Se sèl kretyen wen ki ‘rete fidèl menm si yo dwe mouri yo’ k ap resevwa “kouwòn lavi a”, sètadi lavi imòtèl nan syèl la (Rev. 2:10, Bib Kreyòl La; 1 Kor. 15:53). Kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a bezwen lespri sen pou yo kenbe entegrite yo tou e pou yo resevwa lavi Bondye ap bay kòm kado sou baz lafwa yo genyen nan sakrifis Kris te bay kòm ranson an (Jan 3:36; Wom. 5:8; 6:23). Kidonk, nou tout bezwen veye pou nou pa fè lespri sen Jewova lapenn.

Ki fason yon kretyen kapab fè lespri a lapenn?

5, 6. Ki fason yon kretyen ka fè lespri Jewova lapenn?

5 Antanke kretyen ki batize, nou kapab veye pou nou pa fè lespri a lapenn. Nou kapab rive fè sa si nou kontinye ‘kite Lespri Bondye dirije lavi nou nan tout bagay’, paske lè sa a dezi lachè yo pap venk nou e nou pap gen mechanste nan nou (Gal. 5:16, 25, 26). Sepandan, sa ka chanje. Nou kapab fè lespri Bondye lapenn, si tikras pa tikras nou vin gen yon konduit Pawòl Bondye enspire pa mwayen lespri l la kondane, petèt san nou pa menm rann nou kont.

6 Si nou kontinye ale nan yon sans ki opoze ak direksyon lespri sen ban nou, n ap fè l lapenn, e konsa, n ap fè Jewova lapenn, paske se nan li lespri sa a soti. Annou egzamine Efezyen 4:25-32 pou nou wè ki jan nou ta dwe kondui nou. Sa kapab ede nou veye pou nou pa fè anyen k ap fè lespri Bondye lapenn.

Sa pou nou fè pou nou pa fè lespri a lapenn

7, 8. Esplike sa k fè nou dwe di laverite.

7 Nou dwe di laverite. Men sa Pòl te di nan Efezyen 4:25: “Sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n’ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.” Piske nou se “manm yon sèl kò”, nou pa ta dwe kache verite pou adoratè Bondye menm jan avèk nou yo, ni nou pa ta dwe fè espre nou twonpe yo, paske se t ap kòmsi nou ba yo manti. Yon moun ki kontinye ap bay lòt moun manti ap pèdi relasyon l ak Bondye. —Li Pwovèb 3:32.

8 Pawòl moun di pou yo twonpe lòt moun ak aksyon yo fè nan entansyon sa a kapab kraze inite ki gen nan kongregasyon an. Se poutèt sa, nou ta dwe menm jan ak pwofèt Dànyèl, yon nonm lòt moun te fè konfyans e pyès moun pa t ka twouve anyen ki malonèt lakay li (Dàn. 6:4). Anplis de sa, nou ta dwe sonje konsèy Pòl te bay kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl yo. Li te di yo yo chak se yon manm nan “kò Kris la” ki depann de tout lòt yo e ki bezwen rete ini ak disip wen Jezi yo ki toujou di laverite (Efe. 4:11, 12). Si nou gen esperans pou nou viv pou toutan sou tè a k ap tounen yon paradi, nou menm tou nou dwe di laverite, konsa n ap ranfòse inite ki gen nan fanmi entènasyonal nou fòme a.

9. Poukisa li trèzenpòtan pou nou obeyi Efezyen 4:26, 27?

9 Nou dwe pran pozisyon kont Dyab la, konsa nou pap ba l jwen pou l fè nou mal nan domèn espirityèl (Jak 4:7). Lespri sen ede nou kenbe tèt ak Satan. Pa egzanp, nou kapab kenbe tèt ak Satan lè nou veye pou nou metrize kòlè nou. Gade sa Pòl te ekri: “Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. Pa bay Satan pye sou nou.” ​(Efe. 4:26, 27). Si nou an kòlè, e nou gen rezon pou sa, tousuit nou kapab fè yon priyè nan kè nou pou ede nou gen “yon espri kalm”. Konsa, n ap gen kontwòl tèt nou e nou pap aji yon fason ki ta ka fè lespri Bondye lapenn (Pwo. 17:27, NW). Donk, annou pa rete an kòlè e annou pa bay Satan posiblite pou l pouse nou fè sa ki mal (Sòm 37:8, 9). Nou kapab kenbe tèt ak Satan tou lè nou rezoud pwoblèm yo byen vit ann amoni ak sa Jezi ankouraje kretyen yo fè. —Mat. 5:23, 24; 18:15-17.

10, 11. Poukisa nou pa dwe vòlè e nou pa dwe aji yon fason ki malonèt?

10 Nou pa dwe tonbe nan okenn tantasyon nou jwenn pou nou vòlè oubyen pou nou malonèt. Anrapò ak vòlè, men sa Pòl te ekri: “Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l travay di ak men l san fè move konbinezon, pou l sa gen dekwa [pou l] bay moun ki nan bezwen.” ​(Efe. 4:28). Si yon kretyen ta vòlè, an reyalite li t ap ‘fè yo pase non Bondye nan betiz’, paske li t ap fè yo pale non sa a mal (Pwo. 30:7-9). Menm lè yon moun pòv, sa pa vle di li gen dwa vòlè. Moun ki renmen Bondye e ki renmen pwochen yo konprann pa gen okenn rezon ki ka pèmèt yon moun vòlè afè lòt moun. —Mak 12:28-31.

11 Pòl pa t annik di sa nou pa dwe fè; li te di tou ki sa nou dwe fè. Si nou kite lespri Bondye dirije lavi nou nan tout bagay, n ap fè tout sa nou kapab pou nou pran swen fanmi nou e pou nou gen “dekwa [pou nou] bay moun ki nan bezwen”. (1 Tim. 5:8.) Jezi ak apot li yo te konn mete kòb apa pou yo ede moun ki pòv yo, men Jida Iskaryòt, trèt la, te konn vòlè nan lajan an (Jan 12:4-6). Sa klè, li pa t kite lespri sen dirije l. Nou menm ki kite lespri Bondye dirije nou, nou “konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay”, menm jan ak Pòl (Ebre 13:18, NW). Konsa, nou pa fè lespri sen Jewova lapenn.

Lòt bagay pou nou fè pou nou pa fè lespri a lapenn

12, 13. a) Jan sa parèt nan Efezyen 4:29 lan, ki kalite pawòl ki pa ta dwe soti nan bouch nou? b) Ki kalite pawòl ki ta dwe soti nan bouch nou?

12 Nou dwe veye sou pawòl nou. Pòl te di pawòl sa yo: “Pa kite ankenn move pawòl [“pawòl pouri”, NW] sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans [yo gen nan] Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n’a fè pou moun k’ap tande nou yo.” ​(Efe. 4:29.) Yon lòt fwa ankò, apot la pa annik di sa pou nou pa fè, men li di tou sa pou nou fè. Si nou anba enfliyans lespri Bondye, sa ap pouse nou ‘pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans yo gen nan Bondye, koze ki ka yon byen pou moun k’ap tande nou yo’. Anplis, nou pa dwe kite “pawòl pouri” soti nan bouch nou. Mo grèk lè yo tradui l ki bay mo “pouri” a, yo konn itilize l pou yo pale de fwi, pwason oswa vyann ki gate e ki gen move sant. Menm jan nou pa ka wè yon manje lè l nan eta sa a, se konsa tou nou rayi pawòl Jewova konsidere kòm move pawòl.

13 Pawòl nou dwe demontre bonte, respè nou gen pou lòt moun, e yo dwe “sizonnen ak sèl”. (Kol. 3:8-10; 4:6, Bib Kreyòl La.) Lòt moun ta dwe kapab wè nou diferan ak monn nan lè yo tande fason nou pale. Donk, annou ede lòt moun lè nou pale “bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans [yo gen nan] Bondye”. Anplis, se pou nou menm jan ak salmis la, ki te di: “Mwen mande ou [Jewova] pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k’ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.” —Sòm 19:14.

14. Selon Efezyen 4:30, 31, ki sa nou dwe retire nan nou?

14 Nou dwe retire rankin, move san ak tout kalite mechanste nan nou. Apre Pòl fin bay konsèy pou nou pa fè lespri Bondye lapenn nan, men sa l ekri: “Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k’ap fèt nan mitan nou.” ​(Efe. 4:30, 31). Piske nou enpafè, nou tout nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou metrize panse nou ak aksyon nou. Si nou ta “moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè”, nou t ap fè lespri Bondye lapenn. Se menm bagay la si n ap konte tout bagay mal yo fè nou, si nou toujou gen rankin nan kè nou e nou pa vle rekonsilye ak moun ki te ofanse nou. Si nou kòmanse neglije konsèy nou jwenn nan Bib la, se kòmanse nou kòmanse gen yon konpòtman ki ka fè nou peche kont lespri a, sa ki ka pote konsekans grav pou nou.

15. Si yo fè nou yon bagay ki mal, ki sa nou ta dwe fè?

15 Nou bezwen gen bonte, konpasyon ak padon. Men sa Pòl te ekri: “Se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.” ​(Efe. 4:32). Menmsi yon moun fè nou yon bagay ki fè nou mal anpil, annou padone moun sa a, menm jan Bondye fè sa pou nou (Lik 11:4). Ann sipoze yon lòt kwayan parèy nou pale nou mal. Lè nou pwoche bò kote l pou nou kapab rezoud pwoblèm nan, li di nou li regrèt sa l te fè a, li mande nou padon, e nou padone l. Se vre nou bezwen fè sa, men se pa sa sèlman nou bezwen fè. Men sa Levitik 19:18 di nou: “Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!”

Nou bezwen vijilan

16. Bay yon egzanp ki montre nou ka bezwen fè kèk chanjman yon fason pou nou pa fè lespri Jewova lapenn.

16 Lè nou poukont nou, nou ka santi nou anvi fè yon bagay ki pa fè Bondye plezi. Pa egzanp, yon frè kapab gen yon bon ti tan depi l ap koute mizik ki pa nòmal pou yon kretyen koute. Finalman, konsyans li vin twouble paske li pa t suiv konsèy li te jwenn nan piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an”, konsèy ki soti nan Bib la (Mat. 24:45, NW). Petèt li priye sou pwoblèm nan e li sonje pawòl Pòl te di nou jwenn nan Efezyen 4:30 yo. Apre sa, li pran detèminasyon fèm pou l pa fè anyen ki ka fè lespri Bondye lapenn e li deside li pap koute mizik ki pa kòrèk pou kretyen koute ankò. Jewova ap beni frè sa a pou chanjman l fè a. Kidonk, annou toujou veye pou nou pa fè lespri Bondye lapenn.

17. Ki sa ki kapab rive nou si nou pa vijilan e si nou pa toujou ap priye?

17 Si nou pa vijilan e nou pa toujou ap priye, nou kapab tonbe nan yon pratik ki pa pwòp oswa ki pa bon, e konsa nou ka fè lespri a lapenn. Lefètke lespri sen an fè nou gen kalite ki ann amoni ak pèsonalite Papa nou ki nan syèl la, nou kapab fè lespri a lapenn, oswa nou kapab fè l tris (Efe. 4:30). Asireman, nou pa ta vle janm fè yon bagay konsa. Eskrib ki te Juif nan premye syèk la te di se Satan ki te fè Jezi fè mirak li te fè yo, e yo te peche lè yo te fè akizasyon sa a. (Li Mak 3:22-30.) Moun sa yo, ki te ènmi Kris, te “pale mal sou Sentespri a”. Konsa, yo te fè yon peche ki pap janm jwenn padon. Annou bat pou nou pa janm rive nan pwen sa a!

18. Ki sa k ap ede nou konprann nou pa t fè yon peche ki pap janm jwenn padon?

18 Piske nou pa vle pou nou ta janm rive nan pwen pou nou komèt yon peche ki pap janm jwenn padon, nou bezwen sonje sa Pòl te di pou nou fè pou nou pa fè lespri a lapenn. Men, e si nou te fè yon peche grav? Si nou te repanti e ansyen yo te ede nou, nou kapab gen asirans Bondye padone nou e nou pa t peche kont lespri sen. Grasa èd Bondye ban nou, li posib pou nou pa janm fè anyen k ap fè lespri a lapenn ankò.

19, 20. a) Ki bagay konsa nou pa dwe fè? b) Ki sa nou dwe detèmine pou nou fè?

19 Bondye sèvi ak lespri sen l pou l fè gen plis lanmou, plis jwa ak plis inite nan mitan pèp li a (Sòm 133:1-3). Se poutèt sa nou pap pale moun lespri sen nome kòm bèje yo mal ni nou pap di pawòl ki ka demontre nou manke respè pou yo yon fason pou nou pa fè lespri a lapenn (Travay 20:28; Jid 8). Okontrè, nou dwe travay pou gen plis inite ak respè youn pou lòt nan kongregasyon an. Pa gen dout nan sa, moun ki fè pati pèp Bondye a pa ta dwe nan fè klan. Gade sa Pòl te ekri: “Frè m yo, men sa m’ap mande nou, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl.” —1 Kor. 1:10.

20 Jewova dispoze ede nou pou nou pa fè lespri l lapenn e li an mezi pou l fè sa. Annou kontinye priye l pou l ban nou lespri sen e annou detèmine pou nou pa fè lespri a lapenn. Annou kontinye “simen pou lespri a” pandan n ap chèche ak tout kè nou pou l dirije nou nonsèlman jodi a, men tou, pou toutan gen tan.

Ki repons nou ta bay?

• Ki sa sa vle di fè lespri Bondye lapenn?

• Ki jan yon moun ki vwe lavi l bay Jewova ka fè lespri a lapenn?

• Ki sa nou ka fè pou nou pa fè lespri sen lapenn?

[Kesyon]

[Foto nan paj 30]

Rezoud pwoblèm yo byen vit.

[Foto nan paj 31]

Ak kiyès nan fwi sa yo pawòl ou yo plis sanble?