Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou dwe onore moun aje yo?

Poukisa nou dwe onore moun aje yo?

Poukisa nou dwe onore moun aje yo?

NAN Kalifòni, Ozetazini, nan yon zòn ki pa twò lwen lanmè, gen yon pyebwa ki se youn nan pyebwa yo plis pran foto l sou latè. Yo ba l non Pye siprè ki poukont li a (the Lone Cypress). Dapre sa yo di, pyebwa sa a la depi plis pase 250 an. Yo pran swen bèl pyebwa sa a, ki gen andirans, plizyè fason. Pa egzanp, yo soutni l ak fil kab e yo fè yon travay ak wòch nan baz li pou yo fè l rete solid.

Pyebwa sa a kapab fè nou sonje kretyen aje yo ki bò kote nou nan kongregasyon an, ki montre yo gen anpil andirans. Youn nan fason estrawòdinè yo fè sa se lè yo anonse bon nouvèl la. Pwofèt Yowèl te di “granmoun” yo t ap gen pou yo anonse mesaj Wayòm nan (Yow. 2:28-32; Tra. 2:16-21). Yo pase anpil tan ap ede lòt moun avèk zèl pou yo konnen “bon nouvèl wayòm nan”. (Mat. 24:14, Bib Kreyòl La.) Gen kèk nan granmoun sa yo k ap anonse Wayòm nan ki pase plizyè ane ap andire pèsekisyon oswa lòt difikilte. Si gen moun ki remake yon pye siprè poutèt andirans li, yo soutni l ak fil kab e yo fè yon travay ak wòch nan baz li yon fason pou l ka rete solid, alewè pou kretyen aje ki pami nou yo! Èske yo pa merite pou nou ba yo anpil enpòtans, pou nou trete yo avèk diyite e pou nou onore yo?

Nan tan lontan, Jewova Dye te bay pèp li a kòmandman sa a: “Ou dwe leve kanpe devan cheve gri, e ou dwe montre konsiderasyon pou moun ki aje.” ​(Lev. 19:32, NW). Jodi a, nan mitan pèp Jewova a, gen anpil bèl egzanp moun ki fidèl, k ap ‘mache devan Bondye’ depi plizyè dizèn ane (Mika 6:8). Pandan yo kontinye ap aplike prensip ki nan Bib la, cheve blan yo a vrèman “bèl”. —Pwo. 16:31.

Men sa apot Pòl te di Timote lè Timote te jèn: “Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di.” Olye de sa, Timote te dwe “pale ak yo tankou [li] ta pale ak papa [l]”, e li te dwe pale ak “granmoun fanm yo, tankou si yo te manman [l]”. (1 Tim. 5:1, 2.) Se nan sans sa a Timote te dwe “leve kanpe” devan moun ki gen cheve blan. Donk, se sèten Jewova ap atann pou nou montre nou onore yo nan fason nou pale ak yo.

Women 12:10 di: “Se pou youn konsidere lòt la anvan tèt li.”(Bib Kreyòl La). Se sèten ansyen yo nan kongregasyon an montre yo onore kretyen ki aje yo. Men se nou tout ki pou pran devan nan onore youn lòt.

Se vre, se pitit ki gen responsablite pou yo pran swen paran yo ak gran paran yo. Gen moun ki chèche fason pou yo prezève pye siprè a, e yo kontinye fè sa. Si gen moun ki fè sa pou yon pyebwa, èske nou menm nou pa ta dwe chèche prezève diyite paran nou yo ak gran paran nou yo ki aje? Pa egzanp, si nou aprann koute yo, sa ap fè nou pa toujou pèsiste pou nou aji jan lide nou di nou san nou pa pran santiman yo an konsiderasyon. —Pwo. 23:22; 1 Tim. 5:4.

Granmoun yo gen anpil valè nan je Jewova. Li pa abandone yo (Sòm 71:18). An reyalite, vrè Dye a fòtifye yo pou yo kontinye sèvi l avèk fidelite. Nou menm tou, annou kontinye soutni granmoun yo e annou kontinye onore yo.

[Foto nan paj 7]

Menm jan pyebwa yo rele Pye siprè ki poukont li a bezwen pou yo soutni l, se konsa tou moun aje yo bezwen pou nou soutni yo, pou nou trete yo avèk diyite e pou nou onore yo.

[Liy kredi]

American Spirit Images/age fotostock