Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Premye kretyen yo fas ak dye women yo

Premye kretyen yo fas ak dye women yo

Premye kretyen yo fas ak dye women yo

NAN yon lèt Plin, pi jèn nan, ki te gouvènè Bitini, te voye bay Trajan, yon anperè women, men sa li te di: “Men ki jan mwen aji ak moun yo mennen devan m, moun yo akize kòmkwa se kretyen yo ye: Mwen mande yo si se kretyen yo ye. Si yo avwe m se sa yo ye, mwen mande yo sa yon dezyèm fwa ak yon twazyèm fwa toutpandan mwen menase yo m ap pini yo. Si yo kontinye di se kretyen yo ye, mwen fè egzekite yo.” Men, kanta pou moun ki nye se kretyen yo ye lè yo modi Kris epi yo adore estati anperè a e ki adore imaj dye Plin fè mete anndan tribinal la, men sa Plin di: “Mwen te panse li bon pou m kite yo ale.”

Yo te konn pèsekite premye kretyen yo poutèt yo pa t vle adore anperè a e yo pa t vle adore imaj dye yo. Men, èske yo te konn pèsekite moun nan lòt relijyon tou? Ki lòt dye moun yo te konn adore, e ki jan Women yo te konsidere dye sa yo? Poukisa yo te konn pèsekite kretyen yo dèske yo te refize ofri sakrifis pou dye women yo? Repons kesyon sa yo ap ede nou fè fas ak sitiyasyon nou rankontre jodi a kote nou bezwen demontre fidelite nou anvè Jewova.

Kesyon relijyon an nan anpi women an

Nan anpi women an, moun yo te adore yon kantite dye. Menm jan te gen anpil moun ki te pale diferan lang e ki te gen diferan kilti nan anpi women an, se konsa tou te gen anpil dye. Byenke relijyon Jidayis la te parèt etranj pou Women yo, yo te konsidere l kòm yon religio licita, sa vle di yon relijyon yo te rekonèt e yo te pwoteje moun ki ladan l yo. De fwa pa jou, nan tanp Jerizalèm nan, yo te konn ofri de timouton ak yon bèf pou Seza e pou nasyon women an. Kit sakrifis sa yo te fèt pou apeze yon dye oswa plizyè dye, sa pa t gen enpòtans pou Women yo. Sa ki te enpòtan pou yo, sèke jès sa a te montre Juif yo te fidèl anvè Wòm.

Nan anpil nan relijyon sa yo, adorasyon moun yo te baze sou espiritis ak tout kalite sipèstisyon. Pifò moun te aksepte lejann grèk yo e yo te konn pratike divinasyon. Te gen yon seri relijyon yo te rele relijyon mistik, ki te soti nan Lès, ki te pwomèt moun yo imòtalite, revelasyon dirèk, e ki te pwomèt yo yo kapab antre an kontak ak dye yo pa mwayen rit mistik. Relijyon sa yo te gaye nan tout anpi a. Nan premye syèk yo nan epòk nou an, moun yo te adore divès kalite dye. Pa egzanp, yo te adore Serapis, yon dye ejipsyen, yo te adore Isis, yon deyès ejipsyen, yo te adore Atagatis, yon deyès ki gen rapò ak pwason, yo te adore Mitra, yon deyès peyi Pès.

Nan Bib la, liv Travay la montre aklè kretyen premye syèk yo t ap viv nan yon anviwònman kote adorasyon zidòl te gaye toupatou. Pa egzanp, gouvènè women ki t ap dirije Chip la te gen yon majisyen juif avèk li (Tra. 13:6, 7). Moun nan vil Lis yo te pran Pòl ak Banabas pou de dye grèk: Èmès ak Zes (Tra. 14:11-13). Lè Pòl te nan vil Filip, li te rankontre yon tifi ki te yon sèvant e ki te konn pratike divinasyon (Tra. 16:16-18). Lè Pòl te Atèn, li te remake moun yo te “sanble [...] gen plis atachman pou dye yo pase lòt moun”. Nan vil sa a, li te wè tou yon lotèl yo te ekri pawòl sa yo sou li: “Pou yon Dye nou pa konnen.” ​(Tra. 17:22, 23, NW). Moun Efèz yo te konn adore yon deyès yo rele Atemis (Tra. 19:1, 23, 24, 34). Sou zile Malt, moun yo te di Pòl se yon dye paske anyen pa t rive l lè yon sèpan te mòde l (Tra. 28:3-6). Nan yon anviwònman konsa, kretyen yo te bezwen veye pou anyen pa kòwonp adorasyon yo t ap bay Bondye a, yon adorasyon ki te dwe pwòp.

Relijyon women yo

Ofiramezi anpi women an t ap grandi, se ofiramezi Women yo t ap aksepte nouvo dye yo te vin konnen yo. Yo te kwè dye sa yo se menm dye yo te konnen deja yo, men ki te gen lòt non. Olye yo te elimine fason moun ki te vin fè pati anpi a t ap adore dye pa yo, yo te aksepte fason moun sa yo t ap adore dye sa yo pito. Konsa, te vin gen anpil relijyon nan anpi women an menm jan te gen anpil kilti. Nan kesyon adorasyon, pa t gen egzijans pou moun yo adore yon sèl dye. Yo te kapab adore diferan dye anmenmtan.

Dye ki te pi enpòtan pami dye women yo se te Jipitè, yon dye yo te rele Optimis Maksimis, ki siyifi ki pi bon e ki pi gran. Yo te panse van, lapli, zèklè ak loray se fason li te montre egzistans li. Li gen yon deyès ki akonpaye l. Deyès sa a se Jinon, sè l. Yo asosye l tou ak lalin nan. Yo di se deyès sa a ki veye sou tout aspè ki gen nan lavi fi. Minèv li menm se pitit Jipitè, e se yon deyès yo asosye ak atizana, pwofesyon, travay atis ak lagè.

Kantite dye women yo te adore yo te tèlman anpil, sanble li pa t gen limit. Pa egzanp, La ak Penat se te dye fanmi. Vesta se te deyès chemine. Janis se te yon dye ki gen de fas e ki asosye ak kòmansman. Chak metye te gen dye pa l. Women yo te menm gen dye pou bagay ki abstrè. Pa egzanp, Paks se te deyès lapè, Salis se te deyès sante, Pidikisya se te deyès modesti ak chastete. Fidès se te deyès fidelite, Vitis se te dye kouraj, Volipta se te deyès plezi. Moun yo te panse tout sa yon moun fè nan lavi l, ni an piblik ni an prive, depann de volonte dye yo. Pou yon moun te reyisi nan sa l ap fè nan lavi l, li te dwe chèche favè dye ki te konsène a nan lapriyè, lè l ofri l sakrifis ak lè li fè fèt pou li.

Yon fason yo te kapab konnen volonte dye yo se lè yo chèche siy nan men yo pou yo konnen bagay ki gen pou rive alavni. Mwayen prensipal yo te konn fè sa se lè yo egzamine ògàn ki anndan bèt yo te sakrifye yo. Yo te panse kondisyon ak aparans ògàn bèt sa yo te montre si dye yo te dakò oswa si yo pa t dakò ak sa yo t apral fè a.

Nan fen dezyèm syèk anvan epòk nou an, Women yo te vin kwè prensipal dye women yo se menm ak prensipal dye grèk yo: yo te panse Jipitè se Zes, Jinon se Era, elatriye. Mete sou sa, Women yo te adopte lejann ki te asosye ak dye grèk yo. Lejann sa yo pa t bay dye sa yo diyite, piske yo te montre dye sa yo gen menm defo e yo gen menm limit ak moun. Pa egzanp, yo te pale de Zes kòm yon dye k ap fè vyòl, ki renmen gen relasyon seksyèl ak timoun, kit se ak kreyati mòtèl, kit se ak kreyati ki imòtèl. Nan ansyen arèn yo, moun te konn bat bravo lè y ap rakonte sa dye yo ap fè, bagay ki ta dwe fè yo wont. Istwa sa yo te bay moun ki kwè nan dye sa yo libète pou yo fè tout kalite bagay ki sal.

Pa gen anpil moun ki te save ki te aksepte lejann sa yo nan yon sans literal. Gen nan yo ki te konsidere yo kòm yon seri istwa ki gen sans senbolik. Petèt se sa k fè Pons Pilat te di Jezi: “Laverite? Kisa l ye?” ​(Jan 18:38). Gen moun ki panse lè l te di sa li t ap eksprime “youn nan prensipal pwennvi mesye save yo te genyen, kòmkwa yon moun ki chèche konprann bagay sa yo [lejann yo] ap pèdi tan l”.

Yo te konn adore anperè yo

Seza Ogis te anperè soti nan ane 27 anvan epòk nou an pou rive nan ane 14 nan epòk nou an, e se pandan li anperè a adorasyon anperè yo te pran nesans. Nan koloni nan zòn Lès yo sitou, anpil moun te vrèman gen Ogis rekonesans, paske, akoz li menm bagay yo t ap byen mache e te gen lapè. Anvan sa, te gen lagè pandan yon peryòd ki te byen long. Moun yo te vle pou yon otorite vizib toujou pwoteje yo. Yo te vle yon pouvwa ki kapab jere diferans ki te genyen nan domèn relijyon yo, ki te kapab fè moun yo vin pi patriyòt e ki te kapab ini monn nan anba otorite “sovè” sa a. Se sa k fè yo te vin konsidere anperè yo kòm dye.

Ogis pa t kite pèsonn rele l dye pandan li te vivan, sepandan li te vle pou moun yo adore yon deyès ki te rele Woma Deya, ki te reprezante Wòm. Apre Ogis mouri, yo te konsidere l kòm yon dye. Moun nan vil Wòm yo te adore dirijan anpi a, e santiman patriyotik moun nan koloni yo te genyen te konsantre sou vil ki te pi enpòtan nan anpi a e sou moun ki t ap dirije anpi a. Adorasyon anperè a, ki pa t pran tan pou l rive nan koloni yo, se te yon fason moun yo montre respè yo ak fidelite yo anvè Leta.

Domisyen, ki te anperè soti nan ane 81 epòk nou an pou rive nan ane 96 epòk nou an, se premye dirijan women ki te mande pou yo adore l kòm yon dye. Nan epòk sa a, Women yo te gentan fè diferans ant Juif yo ak kretyen yo, e yo te opoze ak adorasyon sa a paske yo te konsidere l kòm yon nouvo relijyon. Li posib se pandan rèy Domisyen an, yo te voye apot Jan ann egzil sou zile Patmòs poutèt li t ap “bay temwayaj sou Jezi”. —Rev. 1:9, NW.

Jan te ekri liv Revelasyon an pandan li te ann egzil sou zile sa a. Nan liv sa a, li pale de Antipas, yon kretyen yo te touye Pègam, youn nan prensipal vil kote yo te konn pratike adorasyon anperè a (Rev. 2:12, 13). Petèt nan epòk sa a, gouvènman an te kòmanse mande pou kretyen yo fè yon seri rit yo pratike nan relijyon Leta a. Kit gouvènman an te gentan mande sa, kit li potko kòmanse mande sa, nan ane 112 nan epòk pa nou an, jan nou te wè sa nan kòmansman atik sa a, Plin, pi jèn nan, t ap mande kretyen Bitini yo pou yo patisipe nan rit sa yo.

Trajan te felisite Plin pou fason li te jije ka ki te vin devan l yo e li te di kretyen yo si yo pa adore dye women yo, y ap egzekite yo. Men sa Trajan te ekri: “Sepandan, si moun nan nye li se yon kretyen e li fè wè sa aklè lè li envoke dye yo, n ap padone l poutèt li repanti (menmsi l te gen akizasyon sou do l anvan).”

Women yo pa t kapab konprann rezon ki fè yon relijyon egzije pou moun ki fè pati relijyon sa a adore yon sèl Dye. Si dye women yo pa t egzije sa, poukisa Dye kretyen yo t ap adore a te egzije sa? Yo te panse lè yon moun adore dye Leta yo, se senpleman montre li t ap montre li rekonèt sistèm politik la. Se sa k fè, lè yon moun te refize adore dye sa yo, yo te konsidere sa kòm trayizon. Jan Plin te vin konprann sa, pa t gen mwayen yo te ka itilize pou yo fòse kretyen yo adore dye sa yo. Pou kretyen yo, si yo ta fè yon aksyon konsa, sa t ap montre yo pa kenbe fidelite yo anvè Jewova. Pifò premye kretyen yo te prefere mouri pase yo adore anperè a, paske se t ap idolatri.

Poukisa sa dwe enterese nou jodi a? Nan kèk peyi, yo atann pou tout sitwayen montre respè pou anblèm nasyonal yo. Antanke kretyen, se sèten nou respekte otorite gouvènman yo (Wom. 13:1). Sepandan, anrapò ak seremoni ki gen rapò ak drapo, lefètke Jewova egzije pou nou ba l yon adorasyon san pataj e Labib ban nou avètisman pou nou “pa mele nan sèvis zidòl”, nou gen obligasyon pou nou “veye kò nou ak zidòl”. (1 Kor. 10:14; 1 Jan 5:21; Naw. 1:2.) Jezi te di: “Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.” ​(Lik 4:8). Annou kontinye montre nou fidèl anvè Bondye n ap adore a.

[Antrefilè nan paj 5]

Vrè kretyen yo bay Jewova yon adorasyon san pataj.

[Foto nan paj 3]

Premye kretyen yo pa t vle adore anperè yo ak imaj dye yo.

Anperè Domisyen.

Zes.

[Liy kredi]

Anperè Domisyen: Todd Bolen/Bible Places.com; Zes: Se Todd Bolen/Bible Places.com ki te fè foto sa a nan mize akeyolojik Istanboul

[Foto nan paj 4]

Kretyen Efèz yo pa t aksepte adore deyès Atemis, yon deyès anpil moun te konn adore. —Tra. 19:23-41.