Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rete djanm nan domèn espirityèl pandan w ap pran swen fanmi w ki malad

Rete djanm nan domèn espirityèl pandan w ap pran swen fanmi w ki malad

Rete djanm nan domèn espirityèl pandan w ap pran swen fanmi w ki malad

APRE yo te jwenn yon timè toupre kolòn vètebral Kim, yon Temwen Jewova, yo te dekouvri li gen kansè *. Men sa mari l te di: “Apre operasyon ki te fèt pou retire timè a, Kim te oblije suiv yon tretman radyoterapi ak chimyoterapi. Tretman sa a te fè li vin fèb anpil. Li pa t ka deplase jan li te konn fè sa anvan. Li te vin limite anpi anpil.”

Èske w imajine jan sa te fè Steve mal lè l t ap gade madanm li, li renmen anpil, k ap goumen ak yon maladi ki kontinye ap fè l pi fèb? Petèt ou gen yon fanmi pwòch ou k ap soufri anba yon maladi k ap fini avè l oswa sante l pa bon akoz laj li (Ekl. 12:1-7). Si se ka pa w, siman ou konnen si w vle byen pran swen moun sa a ou renmen an, ou bezwen pran swen tèt ou tou. Si w vin fèb sou plan espirityèl, sa ka atenn sante mantal ou ak sante fizik ou e ou gendwa vin pa kapab bay moun w ap okipe a èd li bezwen an. Ki jan w kapab rete djanm nan domèn espirityèl pandan w ap pran swen fanmi w ki malad oswa ki aje? Ki fason lòt moun nan kongregasyon an kapab montre yo gen konsiderasyon pou moun ki malad yo?

Fason w ka rete ekilibre

Pou w rete ekilibre nan domèn espirityèl e pou w rete anfòm fizikman pandan w ap pran swen yon fanmi w ki malad, ou bezwen adapte w ak sitiyasyon an e ou bezwen byen veye sou fason w sèvi ak tan w ak enèji w. Pwovèb 11:2 di: “Se lakay moun ki modès nou jwenn sajès.” ​(NW). Nan kontèks sa a, yo itilize mo “modès” la pou yo pale de yon moun ki konn limit li. Pou w asire w ou pa gen twòp chay sou do w, petèt li ta bon pou w egzamine pwogram ou ak responsablite w genyen.

Steve te montre li gen sajès ak modesti lè l te reflechi sou kantite responsablite li te gen sou do l. Nonsèlman li te gen yon travay pwofàn, men tou, li t ap sèvi antanke kowòdonatè kolèj ansyen an e antanke siveyan sèvis nan yon kongregasyon ann Ilann. Anplis, li te fè pati Komite lyezon ospitalye nan zòn pa l la. Men sa Steve te di: “Kim pa t janm plenyen pou l di mwen manke ba l atansyon li te bezwen lefètke responsablite m yo te pran pifò tan m. Sepandan, mwen te konnen mwen te gen twòp responsablite sou do m.” Ki jan li te fè fas ak sitiyasyon an? Men sa li te di: “Apre m te fin priye, mwen te deside m ap sispann sèvi antanke kowòdonatè. Mwen te kontinye sèvi antanke ansyen, men lefètke mwen te bay lòt moun kèk nan responsablite m yo, sa te pèmèt mwen bay Kim atansyon li te bezwen an.”

Avèk letan, sante Kim te vin stab. Lè sa a, apre Steve ak Kim te reyanalize sitiyasyon an, avèk sipò madanm li, Steve te retounen pran responsablite li te gen anvan nan kongregasyon an. Men sa Steve di: “Nou toule de, nou aprann pou nou fè sa nou kapab, pou nou rete nan limit nou dapre restriksyon maladi a met sou nou. Mwen gen Jewova anpil rekonesans poutèt fason li ede m e mwen gen madanm mwen anpil rekonesans tou poutèt li kontinye soutni m san li pa janm plenyen, malgre sante l pa bon.”

Ann pran egzanp Jerry tou, yon siveyan itineran, ansanm ak madanm li, Maria. Yo te oblije fè ajisteman nan objektif yo pou yo te ka pran swen paran yo ki fin granmoun. Men sa Maria di: “Ni mwen menm ni mari m, nou te gen objektif pou nou sèvi antanke misyonè nan yon peyi etranje. Sepandan, Jerry se sèl pitit paran l, e paran l yo te vin nan yon sitiyasyon ki te mande pou l pran swen yo. Donk, nou te deside n ap rete ann Ilann pou nou pran swen yo. Desizyon sa a nou te pran an te pèmèt nou kontinye rete bò kote papa Jerry lè l te vin entène lopital anvan li mouri. Kounye a, nou kenbe kontak ak manman Jerry chak jou, e si li bezwen nou ede l, sa pap pran tan pou nou rive kote l. Frè ak sè ki nan kongregasyon kote manman Jerry ye a vrèman ede l e yo vrèman soutni l. Konsa, sa pèmèt nou rete nan sèvis itineran an.”

Fason lòt moun kapab pote èd pa yo

Lè Pòl t ap pale de èd materyèl vèv ki aje yo ta dwe jwenn nan kongregasyon an, men sa li te di: “Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k’ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.” Pòl te fè kretyen parèy li yo sonje si yo vle “fè Bondye plezi”, yo dwe pran swen paran yo ak gran paran yo nan domèn materyèl (1 Tim. 5:4, 8). Sepandan, lòt moun nan kongregasyon an kapab bay èd pa yo, e yo ta dwe fè sa.

Ann pran egzanp Hakan ak Inger, yon koup aje k ap viv nan peyi Syèd. Men sa Hakan di: “Lè madanm mwen te aprann li te gen kansè, se te yon chòk pou nou toule de. Inger te toujou an sante e li te toujou gen fòs. Sepandan, kounye a, nou te oblije al lopital chak jou pou nou suiv yon tretman. Remèd yo te fè l vin fèb. Li te rete lakay li pandan peryòd sa a, e mwen te oblije rete avè l pou m pran swen l.” Ki jan frè ak sè nan kongregasyon kote Hakan ak Inger te ye a te ede yo?

Ansyen yo nan kongregasyon an te fè aranjman pou Hakan ak Inger koute reyinyon yo nan telefòn. Anplis, frè ak sè yo te kenbe kontak ak yo: yo te konn pase vizite yo e yo te konn rele yo nan telefòn. Yo te ekri yo lèt e yo te voye kat ba yo tou pou ankouraje yo. Men sa Hakan di: “Nou te santi ni frè yo, ni Jewova, te ede nou. Lefètke yo te pran ka nou, sa te ede nou anpil pou nou rete djanm nan domèn espirityèl. Erezman Inger refè e nou kapab asiste reyinyon yo nan Sal Wayòm nan ankò.” Lè frè ak sè yo nan kongregasyon an fè sa yo kapab pou yo ede frè ak sè ki malad oswa ki aje yo, yo montre yo se ‘bon zanmi ki p’ap janm trayi e ki tankou frè pou yo lè jou malè’ tonbe sou yo. —Pwo. 17:17.

Jewova apresye sa nou fè yo

Se sèten li kapab fatigan pou nou pran swen fanmi nou ki malad. Sepandan, David te ekri: “Byennere moun ki aji avèk konsiderasyon anvè piti a.” Moun ki bezwen èd poutèt yo malad yo fè pati moun ki nan kategori moun ki piti yo. —Sòm 41:1, NW.

Poukisa moun ki pran swen moun ki malad yo oswa moun k ap soufri yo mèt kontan? Men sa Pwovèb 19:17 (NW) di: “Moun ki fè piti a favè, se prete l prete Jewova, e jan l trete l la, L ap remèt li l.” Jewova enterese sitou nan sèvitè fidèl li yo k ap soufri anba yon maladi e li vide benediksyon sou moun ki aji byen ak yo. Nan yon chante, salmis David te di: “Senyè a va [bay yon moun konsa] fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.” ​(Sòm 41:3). Nou mèt gen asirans si moun k ap pran swen fanmi l lan jwenn difikilte oswa si kalamite tonbe sou li, Jewova ap ede l.

Èske sa pa fè nou plezi lefètke nou konnen Jewova wè sa nou fè pou nou pran swen fanmi nou ki malad e li kontan ak nou? Byenke sa ka mande pou nou fè anpil efò, Ekriti yo ban nou asirans “se ofrann konsa ki fè Bondye plezi”. —Ebre 13:16.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo chanje non yo.

[Foto nan paj 18]

Rete ekilibre nan domèn espirityèl epi aksepte èd nan men lòt moun.