Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou chèche jwenn fòs ak satisfaksyon nan bagay espirityèl yo

Annou chèche jwenn fòs ak satisfaksyon nan bagay espirityèl yo

Annou chèche jwenn fòs ak satisfaksyon nan bagay espirityèl yo

“Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, [...] e n ap jwenn fòs pou nanm nou.” —MAT. 11:29, NW.

1. Ki dispozisyon Bondye te pran nan mòn Sinayi, e poukisa?

ALYANS Lalwa ki te fèt nan mòn Sinayi a te prevwa pou pèp Izrayèl la obsève yon saba chak semèn. Men ki kòmandman Jewova te bay nasyon Izrayèl la pa mwayen Moyiz, pòtpawòl li: “N’a travay sis jou. Men setyèm jou a, n’a sispann travay, n’a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k’ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo [“repran fòs”, NW] tou.” ​(Egz. 23:12). Vrèman, konsiderasyon ak lanmou Jewova te gen pou pèp li a, ki te sou Lalwa, te fè l pran dispozisyon pou yo gen yon jou repo, yon fason pou yo te kapab “repran fòs”.

2. Ki byenfè Izrayelit yo te jwenn lefètke yo te obsève saba?

2 Èske jou saba a se te yon jou repo sèlman? Non. Li te jwe yon wòl trèzenpòtan nan adorasyon Izrayelit yo t ap bay Jewova a. Lefètke chèf fanmi yo te obsève saba a, sa te pèmèt yo jwenn tan pou yo aprann fanmi yo fason pou yo “mache nan chemen Senyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat”. (Jen. 18:19.) Mete sou sa, li te bay manm fanmi yo ak moun ki te zanmi okazyon pou yo reyini ansanm pou yo ka reflechi sou aksyon Jewova yo e pou yo ka pase tan ansanm nan kè kontan (Iza. 58:13, 14). Sa ki pi enpòtan an, sèke saba a te anonse Rèy mil an Kris la, yon epòk kote lèzòm pral repran fòs toutbonvre (Wom. 8:21). Men, nan epòk pa nou an, ki kote vrè kretyen yo, ki enterese nan chemen Jewova yo, repran fòs? E ki jan sa fèt?

Nou jwenn fòs ak ankourajman lè nou frekante lòt kretyen yo

3. Ki jan kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te bay youn lòt fòs ak ankourajman, e ki rezilta sa te bay?

3 Apot Pòl te dekri kongregasyon kretyen an kòm “yon poto k’ap soutni verite a”. (1 Tim. 3:15.) Premye kretyen yo te jwenn anpil fòs lefètke youn te konn ankouraje lòt e youn te konn bati lòt avèk amou (Efe. 4:11, 12, 16). Etan Pòl te Efèz, kèk frè nan kongregasyon Korent lan te vizite l e sa te ankouraje l. Remake sa l te di ki montre jan vizit sa a te ankouraje l: “Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtinatis, Akaykis ki vin wè mwen. [...] Yo remoute kouray mwen.” ​(1 Kor. 16:17, 18). Nan menm sans lan, men sa Pòl te ekri kongregasyon Korent lan lè Tit te tounen sot Korent apre l te fin ede frè yo: “Nou [moun Korent yo] te ba li ankourajman.” ​(2 Kor. 7:13). Jodi a tou, Temwen Jewova yo jwenn bonjan fòs ak ankourajman lè yo pase bon moman ansanm ak kretyen parèy yo.

4. Ki jan nou jwenn fòs ak ankourajman nan reyinyon yo?

4 Lefètke w abitye al nan reyinyon yo, ou konnen reyinyon yo fè nou gen anpil kè kontan. Se la “yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a”. (Wom. 1:12.) Frè ak sè nou yo, se pa moun nou gen relasyon konsa konsa avèk yo. Yo se zanmi nou toutbon, nou renmen yo e nou jwenn anpil kè kontan ak anpil rekonfò lè nou nan reyinyon ansanm avèk yo. —Flm. 7.

5. Ki jan nou kapab bay youn lòt fòs ak ankourajman nan kongrè yo ak nan asanble yo?

5 Yon lòt kote nou kapab jwenn fòs ak ankourajman, se nan kongrè yo ak nan asanble yo ki fèt chak ane. Nonsèlman gwo rasanbleman sa yo pèmèt nou jwenn dlo verite ki bay lavi a, ki sot nan Bib la, Pawòl Bondye a, men tou yo ban nou okazyon pou nou “louvri tout kè nou” pou nou fè nouvo zanmi (2 Kor. 6:12, 13). Men, e si nou timid e nou twouve li difisil pou nou pwoche bò kote lòt moun? Yon bagay ki ka ede nou fè konesans ak frè ak sè nou yo, se lè nou pote nou volontè pou nou sèvi nan kongrè yo. Men sa yon sè ki te bay koutmen nan yon kongrè entènasyonal te di: “Apre fanmi m ak yon ti ponyen frè ak sè, mwen pa t konn anpil nan lòt moun ki te la yo. Men, lè m te bay koutmen nan netwayaj la, mwen te fè konesans ak yon pakèt frè ak sè. Se te yon moman ki te amizan anpil!”

6. Bay yon fason nou kapab jwenn kè kontan pandan nou an vakans.

6 Izrayelit yo te konn vwayaje al Jerizalèm pou yo adore Jewova nan twa fèt ki te konn fèt chak ane (Egz. 34:23). Byen souvan, sa te konn mande pou yo kite jaden yo ak biznis yo e pou yo vwayaje apye pandan plizyè jou sou wout ki gen anpil pousyè. Malgre sa, yo te jwenn “anpil kè kontan” lefètke yo te konn monte al nan tanp lan piske moun ki te la yo ‘t’ap fè lwanj Senyè a’. (2 Kwo. 30:21.) Menm jan an tou, anpil moun k ap sèvi Jewova jodi a jwenn anpil kè kontan lè yo vwayaje ak fanmi yo pou y al vizite Betèl ki pi pre yo a. Èske w ta ka fè yon vizit konsa avèk fanmi w nan pwochen vakans fanmi an ap genyen?

7. a) Ki jan nou ka tire pwofi nan aktivite nou fè an gwoup pou nou detann nou yo? b) Ki sa k ka pèmèt nou toujou gen bon souvni anrapò ak moman sa yo e ki ka pèmèt nou repran fòs ladan yo?

7 Yon lòt bagay ki kapab ankouraje nou, se lè nou reyini ansanm ak fanmi nou ak zanmi nou nan aktivite nou fè an gwoup pou nou detann nou. Men sa wa Salomon, yon wa ki te saj, te di: “Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou.” ​(Ekl. 2:24). Nonsèlman aktivite nou fè an gwoup pou nou detann nou yo ede nou jwenn fòs pou nanm nou, men tou, yo pèmèt nou vin gen plis lanmou pou kretyen menm jan avèk nou yo paske nou vin konnen yo pi byen. Yon bagay k ap pèmèt nou pase bon moman ansanm e k ap pèmèt nou toujou gen bon souvni anrapò ak moman sa yo, se lè nou veye pou pa gen twòp moun ladan yo e lè nou veye pou gen bonjan sipèvizyon, sitou lè n ap sèvi bwason ki gen alkòl.

Nou jwenn fòs ak satisfaksyon nan ministè a

8, 9. a) Bay diferans ki genyen ant sa Jezi te anseye ak sa eskrib ak Farizyen yo te anseye. b) Ki jan nou ka tire pwofi lè nou pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun?

8 Jezi te zele nan ministè a, e li te ankouraje disip li yo pou yo zele tou. Nou kapab wè sa nan pawòl sa yo li te di: “Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l lan.” ​(Mat. 9:37, 38). Mesaj Jezi te konn anseye a te vrèman bay moun fòs ak rekonfò. Se te yon “bon nouvèl”. (Mat. 4:23; 24:14.) Se pa t menm bagay ditou ak sa Farizyen yo te konn anseye yo. Yo te konn bay yon pil règ ki te yon pwa lou sou do pèp la. —Li Matye 23:4, 23, 24.

9 Lè n ap pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun, se ede n ap ede yo satisfè bezwen yo genyen nan domèn espirityèl, e anmenmtan, n ap fè verite ki nan Bib la, ki gen anpil valè, antre pi fon nan kè nou. Gen yon salmis ki te di avèk rezon: “Lwanj pou Senyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a.” ​(Sòm 147:1). Èske w ka chèche gen plis kè kontan nan fè lwanj pou Jewova lè w pale pwochen w yo de li?

10. Èske se fason moun yo reyaji devan mesaj nou an ki montre si nou reyisi nan ministè a? Esplike.

10 Se vre, gen kèk tèritwa kote moun yo pi byen resevwa bon nouvèl la. (Li Travay 18:1, 5-8.) Si w ap viv nan yon zòn kote moun yo pa byen resevwa mesaj Wayòm nan, eseye konsantre sou tout bon bagay ou akonpli nan ministè a. Pa bliye sa, efò w kontinye fè pou w fè moun konnen non Jewova pa anven (1 Kor. 15:58). Mete sou sa, se pa fason moun yo reyaji devan bon nouvèl la k ap montre si nou reyisi nan ministè a. Nou kapab gen asirans Jewova ap veye pou moun ki ka aksepte mesaj Wayòm nan jwenn opòtinite pou yo tande l. —Jan 6:44.

Nou kapab jwenn fòs ak ankourajman lè nou fè Adorasyon an fanmi an

11. Ki responsablite Jewova bay paran yo, e ki jan yo ka ranpli responsablite sa a?

11 Paran ki gen krent pou Bondye yo gen responsablite pou yo aprann pitit yo konnen Jewova e pou yo aprann yo konnen chemen l yo (Det. 11:18, 19). Si w gen pitit, èske w gen yon pwogram pou w aprann yo konnen Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou? Jewova fè yon fason pou w jwenn anpil bon manje espirityèl k ap ede w fè sa, e li fè w jwenn yo pa mwayen liv, peryodik, videyo ak anrejistreman odyo.

12, 13. a) Ki jan fanmi yo ka tire pwofi nan sware Adorasyon an fanmi an? b) Ki jan paran yo kapab asire yo adorasyon y ap fè an fanmi an pèmèt fanmi an jwenn fòs ak ankourajman?

12 Mete sou sa, klas esklav fidèl ki prevwayan an pran dispozisyon pou nou gen yon sware Adorasyon an fanmi. Se yon sware fanmi yo mete apa chak semèn pou yo etidye Labib ansanm. Gen anpil fanmi ki twouve dispozisyon sa a pèmèt yo vin pi pwòch youn ak lòt, li ede yo pou yo gen plis lanmou youn pou lòt e li fè yo vin gen yon relasyon ki pi solid ak Jewova. Men, ki jan paran yo ka asire yo adorasyon yo fè an fanmi an pèmèt yo jwenn fòs ak ankourajman?

13 Sware Adorasyon an fanmi an pa ta dwe yon moman ki twò serye e ki annuiyan. Dayè, Bondye n ap sèvi a se yon “Bondye ki gen kè kontan”, e li vle nou gen kè kontan nan adorasyon n ap ba li a (1 Tim. 1:11, NW; Fil. 4:4). Lefètke nou vin gen yon sware anplis pou nou pale sou bèl bagay ki gen nan Bib la, sa se yon gwo benediksyon. Paran yo kapab sèvi ak divès metòd pou yo anseye pitit yo lè yo itilize imajinasyon yo. Pa egzanp, paran Brandon, yon tigason ki gen dizan, te kite l prezante kèk enfòmasyon li te chèche sou sijè sa a: “Poukisa Labib pale de Satan kòm yon sèpan?” Kesyon sa a te trakase Brandon paske li renmen sèpan e sa te fè l mal dèske yo pale de Satan kòm yon sèpan. Gen kèk fanmi ki monte dram biblik tanzantan, kote chak moun nan fanmi an jwe yon wòl. Lè konsa, chak moun li pòsyon pa l nan Bib la lè tou pa l rive oubyen chak moun jwe wòl pa l nan yon ti pyès yo monte sou yon istwa biblik. Nonsèlman metòd ansèyman sa yo amizan, men tou, yo pèmèt pitit nou yo twouve li enteresan pou yo patisipe nan Adorasyon an fanmi an, e konsa, prensip ki nan Bib la ap touche kè yo *.

Veye kò nou ak bagay ki kapab dekouraje nou

14, 15. a) Ki sa k fè moun vin gen plis strès ak plis laperèz nan dènye jou yo? b) Ki presyon nou kapab jwenn anplis?

14 Pandan dènye jou sistèm mechan sa a, moun vin gen plis strès ak plis laperèz. Plizyè milyon moun pa nan travay oubyen yo gen lòt difikilte nan domèn ekonomik. Byen souvan, menm moun ki gen travay yo santi kòb y ap pot nan kay la pa regle anyen pou fanmi an. (Konpare ak Agayi 1:4-6.) Politisyen yo ak lòt lidè yo parèt pa gen fòs pou yo konbat teworis ak lòt moun k ap fè mechanste. Anpil moun dekouraje akoz pwòp enpèfeksyon yo. —Sòm 38:4.

15 Vrè kretyen yo jwenn pwoblèm ak presyon tou nan sistèm Satan an (1 Jan 5:19). Gen kèk sitiyasyon kote disip Kris yo kapab jwenn presyon anplis lefètke y ap bat pou yo kontinye sèvi Jewova fidèlman. Jezi te di: “Si yo pèsekite m, y’a pèsekite nou tou.” ​(Jan 15:20). Sepandan, menmsi ‘yo pèsekite nou, Bondye pa janm lage nou’. (2 Kor. 4:9.) Poukisa?

16. Ki sa k ka ede nou kontinye gen kè kontan?

16 Jezi te di: “Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou [“m ap ban nou fòs”, NW].” ​(Mat. 11:28). Lefètke nou gen yon lafwa total nan ranson Kris la, nan yon sans, nou lage kò nou nan men Jewova. Konsa, nou vin gen “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7, NW.) Lespri sen Bondye se yon “èd” li ye pou nou e li ranfòse lafwa nou anpil, yon fason pou nou kapab andire eprèv ak tribilasyon nou jwenn yo e pou nou kontinye gen kè kontan. —Jan 14:26, NW; Jak 1:2-4.

17, 18. a) Ki tandans nou bezwen veye pou nou pa genyen? b) Ki sa k ka rive nou lè nou konsantre twòp sou plezi ki gen nan monn nan?

17 Jodi a, antanke vrè kretyen, nou bezwen veye pou tandans monn nan genyen pou l kouri dèyè plezi pa enfliyanse nou. (Li Efezyen 2:2-5.) Si nou pa fè sa, ‘egzijans lachè, gwo tantasyon, lògèy k’ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè’ kapab tounen yon pyèj pou nou (1 Jan 2:16). Oswa, nou ka twonpe tèt nou e nou ka vin kwè n ap jwenn kè kontan si nou viv selon dezi lachè (Wom. 8:6). Pa egzanp, gen kèk moun ki lage kò yo nan alkòl ak dwòg, nan pònografi ak nan spò ki gen anpil danje oubyen nan divès kalite aktivite imoral yon fason pou yo chèche plezi. Satan sèvi ak “riz” li yo pou l twonpe moun lè l fè yo gen yon pwennvi ki pa kòrèk sou sa ki bay kè kontan. —Efe. 6:11.

18 Se vre, pa gen anyen mal nan manje, nan bwè ak nan patisipe nan detant ki kòrèk, depi nou fè sa avèk moderasyon. Men, nou pa ta dwe kite se bagay sa yo ki pi enpòtan nan lavi nou. Li enpòtan anpil pou nou ekilibre e pou nou gen metriz, sitou lè nou konsidere nan ki epòk n ap viv. Lè nou konsantre nou sou aktivite pèsonèl nou sèlman, sa kapab dekouraje nou nan pwen pou nou “rete san nou pap fè anyen oswa san nou pa pwodui, anrapò ak konesans egzak Jezi Kris, Seyè nou an”. —2 Pyè 1:8, NW.

19, 20. Ki jan nou ka jwenn fòs ak satisfaksyon toutbon?

19 Lè nou panse yon fason ki ann amoni ak lwa Jewova yo, nou rekonèt kèlkeswa plezi monn nan ka ofri nou se pou yon ti tan. Moyiz te konprann sa, e nou menm tou nou konprann sa (Ebre 11:25). Anfèt, se lè nou fè volonte Papa nou ki nan syèl la, nou ka jwenn fòs ak satisfaksyon toutbon, sètadi nou ka viv ak anpil kè kontan nètale. —Mat. 5:6.

20 Annou kontinye chèche jwenn fòs ak satisfaksyon nan bagay espirityèl yo. Lè nou fè sa, n ap “rejte konduit ki dezonore Bondye, [n ap] rejte dezi ki nan monn nan [...] pandan n ap tann esperans ki bay kè kontan an, e pandan n ap tann gran Dye a ansanm ak Sovè nou an, Kris Jezi, parèt nan laglwa”. (Tit 2:12, 13, NW.) Donk, annou pran detèminasyon pou nou rete anba jouk Jezi a lè nou soumèt anba otorite l ak direksyon l. Si nou fè sa, n ap jwenn kè kontan ak fòs ak satisfaksyon toutbon.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Pou nou ka jwenn plis enfòmasyon sou fason nou kapab fè Adorasyon an fanmi an enteresan e enstriktif, gade Toudegad 15 oktòb 2009, paj 29-31.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan moun k ap sèvi Jewova yo jwenn fòs ak satisfaksyon jodi a?

• Nan ki sans ministè a ede nou jwenn fòs ak satisfaksyon e li pèmèt nou satisfè bezwen moun yo genyen nan domèn espirityèl?

• Ki sa chèf fanmi yo kapab fè pou adorasyon yo fè an fanmi an bay fanmi yo fòs ak satisfaksyon?

• Ki sa ki ka dekouraje nou nan domèn espirityèl?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Lè nou mete jouk Jezi a sou zepòl nou, nou jwenn fòs ak satisfaksyon nan divès aktivite nou fè.