Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kontinye bati kongregasyon an

Annou kontinye bati kongregasyon an

Annou kontinye bati kongregasyon an

“Kontinye konsole nou youn lòt e kontinye bati nou youn lòt.” —1 TES. 5:11, NW.

1. Ki benediksyon nou jwenn lefètke nou fè pati kongregasyon kretyen an, men tou, ki pwoblèm nou rankontre?

LEFÈTKE W fè pati kongregasyon kretyen an, sa se vrèman yon gwo benediksyon ou jwenn. Ou gen bon relasyon avèk Jewova. Lefètke w konte sou Pawòl li a pou gide w, sa fè w jwenn pwoteksyon kont move konsekans moun k ap mennen yon vi ki pa ann amoni ak prensip kretyen yo jwenn. Ou gen anpil bon zanmi ki vle w fè sa ki byen. Pa gen dout nan sa, ou jwenn anpil benediksyon. Sepandan, pifò kretyen ap lite ak divès kalite pwoblèm. Gen nan yo ki ka bezwen èd pou yo konprann bagay pwofon ki gen nan Pawòl Bondye a. Gen lòt ki malad oswa ki deprime oswa ki ka ap soufri akoz konsekans move desizyon yo te pran. Anplis, nou tout ap viv nan yon monn ki lwen Bondye.

2. Ki jan pou nou reyaji lè frè ak sè nou yo ap rankontre pwoblèm, e poukisa?

2 Pa gen okenn nan nou ki renmen wè kretyen menm jan ak nou yo ap soufri. Apot Pòl te konpare kongregasyon an ak kò moun epi li te di “si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l”. (1 Kor. 12:12, 26.) Nan sitiyasyon sa yo, nou ta dwe fè efò pou nou soutni frè ak sè nou yo. Gen yon kantite istwa nan Bib la kote moun ki fè pati kongregasyon an te ede lòt moun fè fas ak pwoblèm yo te genyen e yo te ede yo rezoud yo. Pandan n ap egzamine istwa sa yo, panse sou fason ou kapab bay èd ou menm jan moun ki nan istwa sa yo te bay èd yo. Ki fason w kapab ede frè w yo nan domèn espirityèl, yon fason pou w bati kongregasyon Jewova a?

“Yo pran l avèk yo”

3, 4. Ki jan Akila ak Prisil te ede Apolòs?

3 Lè Apolòs te rete Efèz, li te gentan ap pale de bon nouvèl la avèk zèl. Gade sa liv Travay la di: “Li te cho pou l te anonse pawòl la. San dezanpare li t’ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen.” Piske Apolòs pa t konnen batèm ki te fèt “nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a”, sanble se disip Jan Batis yo ki te ba l temwayaj oswa se disip Jezi yo ki te fè sa anvan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Byenke Apolòs te zele, te gen kèk bagay enpòtan li pa t konprann. Lefètke li te frekante kwayan parèy li yo, ki jan sa te ede l? —Tra. 1:4, 5; 18:25; Mat. 28:19.

4 Akila ak Prisil, yon koup marye ki te kretyen, t ap koute Apolòs ki t ap pale avèk kran nan yon sinagòg, yo te pran l avèk yo e yo te aprann li plis bagay. (Li Travay 18:24-26.) Yo te fè sa paske yo te gen lanmou pou li. Natirèlman, Akila ak Prisil te pwoche bò kote Apolòs yon fason ki te demontre yo gen konsiderasyon pou li e yo te vle ede l, e yo pa t fè l santi se kritike yo t ap kritike l. Se istwa kongregasyon kretyen an sèlman li pa t konnen. Sandout Apolòs te gen rekonesans pou konpayon sa yo li te fèk konnen poutèt enfòmasyon enpòtan yo te pataje avèk li yo. Piske li te vin konnen enfòmasyon sa yo, li te bay frè nan Akayi yo “yon gwo konkou” e li te bay yon gwo temwayaj tou. —Tra. 18:27, 28.

5. Ki èd plizyè milyon pwoklamatè Wayòm nan ap bay moun yo paske yo renmen yo, e ki rezilta sa bay?

5 Anpil kretyen nan kongregasyon an jodi a gen anpil rekonesans pou moun ki te ede yo konprann Bib la. Anpil moun ki te etidye Labib vin zanmi pou lavi ak moun ki te anseye yo a. Souvan, pou yon moun ede lòt moun konprann laverite, li oblije fè konvèsasyon avèk yo regilyèman pandan plizyè mwa. Men, pwoklamatè Wayòm yo dispoze fè sakrifis sa a paske yo konnen lavi moun yo depann de travay y ap fè a (Jan 17:3). E se pa ti kontan nou kontan lè moun yo pran laverite, yo viv ann akò ak li e yo sèvi ak lavi yo pou yo fè volonte Jewova!

Yo “te bay bon rapò” sou li

6, 7. a) Ki sa k fè Pòl te chwazi Timote kòm konpayon vwayaj li? b) Ki pwogrè li te ede Timote fè?

6 Lè apot Pòl ak apot Silas te vizite Lis pandan dezyèm vwayaj misyonè yo te fè a, yo te rankontre yon jenòm ki te rele Timote. Petèt li te nan fen peryòd adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li. “Frè ki t’ap viv nan List ak Ikonyòm yo te bay bon rapò pou Timote.” Manman Timote, Enis, ak grann li, Loyis, se te de kretyèn ki te vwe lavi yo bay Bondye, men papa Timote pa t kwayan (2 Tim. 1:5). Petèt Pòl te fè konesans ak fanmi sa a nan premye vizit li te fè nan zòn sa a dezan anvan. Men, fwa sa a apot la te demontre li gen enterè pèsonèl pou Timote paske sanble se te yon jenòm estrawòdinè. Konsa, avèk apwobasyon kolèj ansyen nan zòn nan, Timote te vin yon èd pou Pòl nan aktivite misyonè li t ap fè a. —Li Travay 16:1-3.

Timote te gen anpil bagay pou l aprann nan men konpayon sa a ki te pi aje pase l. Li te tèlman byen aprann, avèk letan, Pòl te fè l konfyans e li te voye l al vizite kongregasyon yo antanke reprezantan l. Byenke Timote te yon jenòm ki pa t gen eksperyans e petèt ki te timid, apre anviwon 15 an li te pase ansanm ak Pòl, li te pwogrese pou l vin yon siveyan estrawòdinè. —Fil. 2:19-22; 1 Tim. 1:3.

8, 9. Ki sa lòt manm kongregasyon an kapab fè pou yo ankouraje jèn yo? Bay yon egzanp.

8 Anpil jèn frè ak jèn sè nan kongregasyon an jodi a gen kapasite pou yo reyalize anpil bagay. Si jèn sa yo jwenn konpayon espirityèl ki ankouraje yo e ki ankadre yo, y ap kapab kalifye pou yo jwenn plis responsablite nan mitan pèp Bondye a. Gade nan kongregasyon w lan, èske w wè gen jèn ki kapab mete yo disponib pou yo sèvi, tankou Timote? Avèk èd ak ankourajman ou ba yo, yo kapab vin pyonye, Betelit, misyonè oubyen siveyan itineran. Ki sa w kapab fè pou w ede yo atenn objektif sa yo?

9 Martin, ki gen 20 an depi l Betelit, sonje, avèk rekonesans, jan yon siveyan sikonskripsyon te montre li enterese nan li sa gen 30 an, pandan yo de a t ap preche ansanm. Siveyan an te pale avèk antouzyas konsènan lè l t ap sèvi nan Betèl lè l te yon jèn gason. Li te ankouraje Martin pou l egzamine posiblite li genyen pou l mete l disponib pou òganizasyon Jewova a nan sans sa a tou. Martin santi konvèsasyon sa a, yon konvèsasyon li pap janm bliye, te gen yon gwo enpak sou chwa li t apral fè annapre. Ou pa janm konnen ki byen ou kapab fè pou jèn yo ki zanmi w si w pale avèk yo sou objektif yo kapab fikse nan sèvis Bondye a.

Pale yon fason pou w “konsole moun ki dekouraje yo”

10. Ki sa Epafwodit te santi, e poukisa?

10 Epafwodit te fè yon vwayaj ki te long e ki te fatigan soti Filip pou l al Wòm nan objektif pou l t al vizite apot Pòl, ki te nan prizon pou lafwa l. Li te fè vwayaj sa a pou kretyen Filip yo. Nonsèlman li te pote don yo te ba l pou l bay Pòl, men tou, li te planifye pou l rete avè l yon fason pou l te ka fè sa l kapab pou l soutni Pòl nan sitiyasyon difisil li te ye a. Sepandan, pandan Epafwodit te Wòm, li te tèlman malad, “li manke mouri”. Etandone li te santi li pa t rive fè tout sa l te dwe fè, sa te fè l tris anpil. —Fil. 2:25-27.

11. a) Poukisa nou pa ta dwe etone si gen kèk moun nan kongregasyon an ki santi yo deprime? b) Ki sa Pòl te mande pou yo fè pou Epafwodit?

11 Jodi a, moun gen tout kalite presyon sou yo, e sa fè anpil moun fè depresyon. Selon estatistik Òganizasyon mondyal lasante pibliye, sou chak 5 moun nan popilasyon mondyal la, gen youn ki soufri depresyon nan yon moman nan lavi yo. Gen moun nan pèp Jewova a tou ki soufri depresyon. Pwoblèm yon moun genyen pou l pran swen fanmi l, move sante, dekourajman yon moun santi akoz enpèfeksyon l oswa lòt sitiyasyon ankò kapab fè yon moun santi l deprime. Ki sa Filipyen yo te kapab fè pou yo ede Epafwodit? Men sa Pòl te ekri yo: “Resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit, paske li te prèt pou mouri pou travay Kris la, li [te] riske lavi l pou l te ka ban mwen konkou nou menm nou pat kapab ban mwen.” —Fil. 2:29, 30.

12. Ki jan nou kapab konsole moun ki santi yo deprime yo?

12 Nou menm tou, nou dwe ankouraje frè ki dekouraje yo oswa ki santi yo deprime. Pa gen dout, gen bagay pozitif nou kapab di konsènan fason yo sèvi Jewova. Petèt yo fè gwo chanjman nan lavi yo pou yo vin kretyen oswa pou yo antre nan sèvis aplentan. Nou bay efò sa yo anpil valè, e nou kapab fè yo konnen Jewova bay efò sa yo anpil valè tou. Menmsi laj oswa move sante anpeche kèk moun ki fidèl fè tout sa yo te konn fè nan sèvis Bondye a, yo merite tout respè nou pou tout ane yo pase nan sèvis li. Kèlkeswa sitiyasyon ki ta ka prezante a, men sa Jewova mande sèvitè fidèl li yo pou yo fè: ‘Konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun.’ —1 Tes. 5:14, NW.

“Se pou nou padonnen l, se pou nou ba li ankourajman”

13, 14. a) Ki gwo desizyon kongregasyon Korent lan te pran kont yon frè, e poukisa? b) Lefètke yo te eskominye frè sa a, ki efè sa te genyen?

13 Nan premye syèk la, kongregasyon Korent lan t ap fè fas ak yon sitiyasyon: te gen youn nan frè yo ki t ap pratike fònikasyon e ki pa t repanti. Konduit sa a li te genyen an te anpeche kongregasyon an rete pwòp e sa te choke menm moun ki pa t kwayan. Se sa k fè li te apwopriye pou Pòl te ankouraje kretyen nan kongregasyon sa a pou yo retire frè sa a nan kongregasyon an. —1 Kor. 5:1, 7, 11-13.

14 Disiplin sa a te gen yon bon efè. Sa te pwoteje kongregasyon an kont move enfliyans; moun ki peche a te retounen nan bonsans li e li te repanti sensèman. Piske mesye sa a te fè aksyon ki te demontre li te repanti, Pòl te voye yon dezyèm lèt bay kongregasyon sa a kote li te montre yo yo ta dwe reyentegre misye. Men, se pa sa sèlman li te mande yo pou yo fè. Li te konseye kongregasyon an pou l ‘padonnen mesye a ki te repanti, pou l ba li ankourajman, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l nèt’. —Li 2 Korentyen 2:5-8.

15. Ki jan nou ta dwe konsidere moun ki te peche ki repanti e ki reyentegre nan kongregasyon an?

15 Ki sa nou aprann nan istwa sa a? Nou santi nou tris lè yon moun eskominye. Li posib pou moun sa a te dezonore non Bondye e li te sal repitasyon kongregasyon an. Li te ka menm peche kont nou pèsonèlman. Men, apre ansyen yo chwazi yo fin egzamine ka a e yo deside, sou baz direksyon Jewova, moun ki repanti a gen dwa retounen nan kongregasyon an, sa montre Jewova padone l (Mat. 18:17-20). Èske nou menm nou pa ta dwe chèche imite Jewova? An reyalite, si nou twò di ak moun nan e nou pa vle padone l, se opoze nou opoze ak Jewova. Pou nou kontribye pou gen lapè ak inite nan kongregasyon Bondye a e pou nou jwenn favè Jewova, èske nou pa ta dwe “aji avè” moun ki repanti toutbon yo e ki reyentegre yo yon jan k ap fè yo “wè jan nou renmen” yo? —Mat. 6:14, 15; Lik 15:7.

“L’a ban m yon bon kout men”

16. Ki jan Mak te fè Pòl desi?

16 Gen yon lòt istwa nan Bib la ki montre nou nou pa ta dwe kenbe moun ki te fè nou desi nan kè. Jan Mak te fè apot Pòl desi anpil. Ki jan? Lè Pòl ak Banabas te kòmanse premye vwayaj misyonè yo a, Mak te ale avèk yo pou l te ede yo. Men, nan yon moman pandan vwayaj la e pou yon rezon Labib pa presize, Jan Mak te kite konpayon l yo e li te retounen lakay li. Pòl te tèlman desi poutèt desizyon li te pran an, lè l t ap planifye pou dezyèm vwayaj misyonè l la, li te fè kont ak Banabas paske li pa t vle Mak vwayaje avèk yo ankò akoz sa k te rive nan premye vwayaj la. —Li Travay 13:1-5, 13; 15:37, 38.

17, 18. Ki jan nou fè konnen pwoblèm ki te genyen ant Pòl ak Mak la te rezoud, e ki sa nou kapab aprann nan sa?

17 Selon sa k te pase annapre, nou ka panse Mak pa t kite l dekouraje depase poutèt Pòl pa t dakò pou l akonpaye li menm ak Banabas. Li te kontinye travay misyonè li a avèk Banabas nan yon lòt tèritwa (Tra. 15:39). Nan sa Pòl te ekri konsènan Mak kèk ane apre, li te montre Mak se te yon moun ki te montre l fidèl e ki te merite pou yo fè l konfyans. Lè Pòl te nan prizon nan Wòm, li te ekri yon lèt voye bay Timote pou l mande l vin jwenn li. Men sa l te di l nan lèt sa a konsènan Mak: “Pran Mak avèk ou lè w’ap vini. L’a ban m yon bon kout men nan travay la.” ​(2 Tim. 4:11). Pa gen dout nan sa, Pòl te kwè Mak te fè bonjan pwogrè.

18 Nou ka tire yon leson nan sa. Mak te devlope kalite yon bon misyonè bezwen genyen. Li pa t kite l trebiche poutèt gen yon lè Pòl pa t dakò pou l akonpaye li menm ak Banabas. Ni li menm ni Pòl se te de moun ki espirityèl e yo pa t rete fache youn ak lòt nètale. Okontrè, annapre, Pòl te rekonèt Mak se yon èd ki trèzenpòtan pou li. Donk, lè gen frè ki gen pwoblèm antre yo, epi yo rezoud pwoblèm nan, sa ki bon pou yo fè se bliye sa e kontinye ede lòt moun pwogrese nan domèn espirityèl. Lè nou wè sa ki bon nan lòt moun, sa bati kongregasyon an.

Annou youn ede lòt nan kongregasyon an

19. Ki jan tout moun nan kongregasyon an ka ede youn lòt?

19 Nan ‘tan sa yo ki difisil anpil’ n ap viv la, ou bezwen èd frè w ak sè w yo nan kongregasyon an, e yo menm tou yo bezwen èd ou (2 Tim. 3:1). Yon kretyen ka pa toujou konnen sa pou l fè pou l fè fas ak sitiyasyon l ap rankontre yo avèk siksè, men Jewova li menm konnen. E Jewova kapab sèvi ak lòt manm kongregasyon an, ou menm tou ou ladan l, pou l ede lòt moun pran bon desizyon (Iza. 30:20, 21; 32:1, 2). Donk, se sèten, nou bezwen bay konsèy apot Pòl te bay la anpil konsiderasyon! Annou kontinye “konsole nou youn lòt e [annou] kontinye bati nou youn lòt, menm jan nou deja ap fè sa”. —1 Tes. 5:11.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa li nesesè pou nou bati lòt moun nan kongregasyon an?

• Ki jan de pwoblèm konsa nou kapab ede lòt moun fè fas ak yo?

• Poukisa nou bezwen èd lòt moun nan kongregasyon an?

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Lè yon kretyen parèy nou nan yon sitiyasyon difisil, nou kapab ede l.

[Foto nan paj 12]

Anpil jèn frè ak jèn sè nan kongregasyon an jodi a gen kapasite pou yo reyalize anpil bagay.