Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou metrize kòlè nou pou nou ka kontinye “gen laviktwa sou sa ki mal”

Annou metrize kòlè nou pou nou ka kontinye “gen laviktwa sou sa ki mal”

Annou metrize kòlè nou pou nou ka kontinye “gen laviktwa sou sa ki mal”

“Byenneme, pa tire revanch pou tèt nou. [...] Okontrè, fè sa ki byen pou nou ka gen laviktwa sou sa ki mal.” —WOM. 12:19, 21, BIB KREYÒL LA.

1, 2. Ki bèl egzanp kèk kretyen ki t ap vwayaje te bay?

TE GEN 34 Temwen Jewova ki t ap vwayaje ansanm pou y al nan inogirasyon yon filyal. Kòm avyon an te vin gen pwoblèm, vòl la te vin anreta. Yo te sipoze pase inèdtan nan ayewopò yo te desann ladan l lan, kote yo te dwe fè gaz anmenmtan, men, finalman yo te pase 44 èdtan nan ayewopò sa a san yo pa t gen ase manje ak dlo. Anplis, pa t gen yon twalèt ijyenik. Anpil nan pasaje yo te vin fache anpil e yo te menase staf moun ki travay nan ayewopò a. Sepandan, frè ak sè yo yo menm te rete byen kalm.

2 Finalman, Temwen yo te rive kote yo t aprale a jis atan pou yo asiste dènye pati pwogram inogirasyon an. Byenke yo te fatige, lè pwogram nan te fini, yo pa t prese ale, men yo te pase yon moman ak frè ki te nan inogirasyon an. Annapre, yo te aprann gen moun ki te remake fason yo te rete pasyan e yo te metrize tèt yo lè yo te nan ayewopò a. Youn nan lòt pasaje yo te fè konpayi ayeryen an konnen “si pa t gen 34 kretyen ki te nan vòl la, t ap gen deblozay nan ayewopò a”.

N ap viv nan yon monn kote moun yo an kòlè

3, 4. a) Ki sa lèzòm fè lè yo an kòlè, e depi ki lè se konsa sa ye? b) Èske Kayen te kapab metrize kòlè l? Esplike.

3 Presyon moun jwenn nan sistèm kòwonpi sa a ka fè yo an kòlè (Ekl. 7:7). Souvan, lè moun yo an kòlè, sa ka fè yo vin gen hèn nan kè yo e sa ka fè yo vin vyolan. Gen peyi ki an gè youn ak lòt e gen gè sivil k ap fèt nan kèk peyi. Gen fanmi tou ki gen anpil tansyon ak pwoblèm lakay yo. Kalite kòlè ak vyolans nou sot mansyone yo la depi lontan. Kayen, premye pitit gason Adan ak Èv te genyen an, te jalou Abèl, ti frè l. Se sa k fè li te vin an kòlè kont Abèl e li te touye l. Kayen te fè move aksyon sa a malgre Jewova te fin ankouraje l metrize santiman l e malgre l te fin fè l pwomès li t ap beni l si l te fè sa. —Li Jenèz 4:6-8.

4 Byenke Kayen te fèt nan peche, li te ka chwazi ki jan pou l aji. Li te kapab metrize kòlè l. Se sa k fè li te responsab aksyon l lan, yon aksyon ki te vyolan. Lefètke nou menm tou nou fèt nan peche, li difisil pou nou evite fè kòlè e pou nou evite aji sou kòlè. Anplis, nan ‘tan sa a ki difisil anpil’ n ap viv la, gen lòt bagay negatif k ap fè presyon sou nou (2 Tim. 3:1). Pa egzanp, pwoblèm ekonomik fè sa. Lapolis ak kèk òganizasyon ki la pou ede fanmi fè konnen gen yon rapò ant pwoblèm ki gen nan sistèm ekonomik la ak moun k ap fè kòlè pi plis chak jou e ak vyolans ki kontinye gen nan fanmi yo pi plis chak jou.

5, 6. Ki fason monn nan konsidere kòlè ki kapab gen efè sou nou?

5 Anplis, anpil nan moun nou gen kontak ak yo se moun ki “renmen tèt yo”, ki “awogan” e ki menm “brital”. Li fasil anpil pou moun ki gen defo sa yo detenn sou nou e li fasil anpil pou yo fè nou vin an kòlè (2 Tim. 3:2-5, Bib Kreyòl La). Anfèt, nan fim ak pwogram yo bay nan televizyon yo, souvan yo montre li bon pou moun fè vanjans e vyolans se yon fason toutafè nòmal pou moun regle pwoblèm yo genyen. Dabitid, istwa ki nan fim yo ak nan pwogram nan televizyon yo fè moun k ap gade yo ap tann pou yo wè ki lè bandi a ap “jwenn sa l merite”, e pi souvan se aktè prensipal la ki touye l yon fason vyolan.

6 Kalite pwogram sa yo pa ankouraje moun aji yon fason ki fè Bondye plezi, men yo plis ankouraje moun adopte “lespri k’ap travay nan moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn lan” ak lespri chèf monn nan ki an kòlè, anpalan de Satan (1 Kor. 2:12; Efe. 2:2; Rev. 12:12). Lespri sa a fè moun aji selon dezi lachè enpafè yo genyen e li opoze konplètman ni ak lespri sen Bondye ni ak fwi lespri sa a. Anfèt, gen yon ansèyman fondamantal nan krisyanis la ki mande pou nou pa reyaji mal lè nou jwenn pwovokasyon. (Li Matye 5:39, 44, 45.) Kidonk, ki jan nou kapab aplike ansèyman sa a Jezi te bay la pi plis toujou nan lavi nou?

Bon egzanp ak move egzanp

7. Ki sa k te pase lefètke Simeyon ak Levi pa t metrize kòlè yo?

7 Nan Bib la, yo ban nou anpil konsèy ki ankouraje nou metrize kòlè nou e yo ban nou anpil egzanp ki montre ki sa k ka pase lè nou fè sa ak lè nou pa fè sa. Ann pran sa k te pase lè Simeyon ak Levi, de pitit Jakòb, te tire revanj poutèt Chekèm te vyole Dina, sè yo a. Bib la di: “Yo te move, yo te fache anpil.” ​(Jen. 34:7). Annapre, lòt pitit Jakòb yo atake vil Chekèm, yo piye l e yo pran tout fi yo ak tout timoun yo kòm kaptif. Yo te fè tout sa poutèt Dina e paske yo pa t aksepte pou moun derespekte fanmi yo. Yo te santi Chekèm te ensilte ni yo menm, ni Jakòb, papa yo. Men, ki sa Jakòb te panse de sa yo te fè a?

8. Ki sa istwa Simeyon ak Levi a montre konsènan kesyon tire revanj lan?

8 Se sèten sa k te rive Dina a dwe te fè Jakòb mal anpil, sepandan li te kondane pitit li yo poutèt yo te tire revanj. Malgre sa, Simeyon ak Levi te chèche bay tèt yo rezon. Men sa yo te di: “Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!” ​(Jen. 34:31). Men, bagay yo pa t ret la, paske Jewova pa t kontan. Plizyè ane apre, Jakòb te anonse desandan Simeyon ak Levi yo t ap gaye nan mitan tribi Izrayèl yo. (Li Jenèz 49:5-7.) Wi, lefètke yo pa t metrize kòlè yo, ni Bondye ni papa yo pa t kontan avèk yo.

9. Ki lè David te manke aji sou kòlè?

Wa David te diferan nèt parapò ak de mesye sa yo. Li te jwenn anpil okazyon pou l tire revanj sou Sayil, men li pa t fè sa (1 Sam. 24:3-7). Men, te gen yon lè li te manke aji sou kòlè. Te gen yon mesye rich ki rele Nabal ki te pale mal ak kèk mesye ki te avèk David, byenke gen yon lè mesye sa yo te pwoteje twoupo Nabal yo ansanm ak bèje l yo. Petèt se akoz kè David te fè l mal, sitou pou mesye l yo, ki fè li te deside pou l reyaji avèk vyolans. Pandan David ak mesye l yo sou wout pou y al atake Nabal ak tout fanmi l, gen yon jenòm ki fè Abigayil, madan Nabal, yon dam ki te gen sajès, konnen sa k te pase a e li te konseye l pou l aji. San Abigayil pa pèdi tan, li ranmase yon bann bagay pou l pote bay David e li pati pou l al rankontre l. Lè l rankontre David, avèk imilite, li mande l padon poutèt fason Nabal te aji avèk ensolans lan e li mande l pou l pa aji mal pa respè pou Jewova. Lè sa a, David tounen nan bonsans li, epi li di: “Benediksyon pou ou menm ki anpeche m fè san koule nan jounen sa a.” —1 Sam. 25:2-35, NW.

Atitid kretyen yo dwe genyen

10. Ki atitid kretyen yo ta dwe genyen sou kesyon tire revanj lan?

10 Istwa Simeyon ak Levi a ansanm ak istwa David ak Abigayil la montre aklè Jewova pa renmen pou moun fè kòlè e pou yo aji avèk vyolans, e li beni efò moun fè pou yo fè lapè. Men sa apot Pòl te ekri: “Kanta pou nou menm, depi sa posib, viv nan lapè avèk tout moun. Byenneme, pa tire revanch pou tèt nou. Okontrè, bay kòlè plas pou li aji. Paske, men sa ki ekri: ‘Se mwen ki pou tire revanch, m ap fè regleman.’ Se sa Senyè a di. Donk, si lènmi w grangou, ba li manje. Si li swaf, ba li bwè. Paske, lè ou fè sa, se chabon dife, w ap rasanble sou tèt li. Pa kite sa ki mal gen laviktwa sou nou. Okontrè, fè sa ki byen pou nou ka gen laviktwa sou sa ki mal.” —Wom. 12:18-21 *, Bib Kreyòl La.

11. Ki jan yon sè te aprann metrize kòlè l?

11 Nou kapab aplike konsèy sa a. Pa egzanp, gen yon sè ki te gen pwoblèm ak yon nouvo sipèvizè li te vin genyen nan travay li e ki t al pale ak yon ansyen sou sa. Li te dekri sipèvizè a, ki te yon fi, kòm yon moun ki pa jis e ki pa janti. Sè a te fache kont sipèvizè a e li te anvi kite travay la. Men, ansyen an te ankouraje l pou l pa kouri fè sa. Li te rann li kont lefètke sè a te fache poutèt sipèvizè a te mal boule avè l, sitiyasyon an te vin pi mal (Tit 3:1-3). Ansyen an te ede sè a konprann menmsi li ta jwenn yon lòt travay annapre, li te bezwen chanje fason li reyaji lè moun pa trete l avèk bonte. Li te konseye sè a pou l trete sipèvizè a fason li ta renmen sipèvizè a trete l, jan Jezi anseye sa. (Li Lik 6:31.) Sè a te dakò pou l eseye fè sa. Ki rezilta li te jwenn? Apre yon tan, sipèvizè a vin kòmanse trete l avèk bonte. Li te menm remèsye l pou travay li.

12. Poukisa lè nou gen pwoblèm ak kretyen parèy nou, sa fè nou mal plis toujou?

12 Lè nou gen pwoblèm ak yon moun ki pa fè pati kongregasyon an, sa gendwa pa etone nou. Nou konnen monn sa a chaje ak enjistis e nou bezwen lite pou nou pa kite moun k ap fè mechanste fè nou fache (Sòm 37:1-11; Ekl. 8:12, 13; 12:13, 14). Sepandan, lè nou gen pwoblèm ak frè ak sè nou yo, sa ka fè nou mal plis toujou. Men sa yon sè di: “Pi gwo pwoblèm mwen te genyen lè m te fèk vin nan laverite se rekonèt moun ki fè pati pèp Jewova a pa pafè.” Piske nou soti nan yon monn ki san lanmou kote moun pa gen sousi pou moun, nou atann pou tout moun nan kongregasyon an trete youn lòt avèk bonte, jan kretyen dwe fè sa. Se sa k fè, si yon kretyen parèy nou, sitou yon kretyen ki gen privilèj nan kongregasyon an, aji yon fason ki montre li pa gen konsiderasyon pou nou, oswa yon fason kretyen pa dwe aji, sa ka fè nou mal oswa sa ka fè nou fache. Nou kapab di tèt nou: ‘Kòman sa fè fèt nan mitan pèp Jewova a?’ An reyalite, menm kretyen wen yo nan epòk apot yo te aji pafwa yon fason ki montre yo pa t gen konsiderasyon pou lòt moun (Gal. 2:11-14; 5:15; Jak 3:14, 15). Ki jan nou dwe reyaji lè lòt moun montre yo pa gen konsiderasyon pou nou?

13. Poukisa nou dwe chèche rezoud pwoblèm nou genyen youn ak lòt, e ki jan nou ka fè sa?

13 Men sa sè nou sot pale de li anvan an di: “Mwen aprann priye pou moun ki fè m sa yo pa dwe fè m. Sa toujou ede m.” Jan nou te li sa anvan, Jezi aprann nou pou nou priye pou moun k ap pèsekite nou (Mat. 5:44). Èske nou pa gen plis rezon pou nou priye pou frè ak sè n yo? Menm jan yon papa vle pou pitit li renmen youn lòt, se konsa tou Jewova vle pou sèvitè l yo ki sou tè a gen bon relasyon youn ak lòt. N ap tann pou moman an rive kote nou pral viv ansanm nan lapè ak kè kontan pou toutan. Jewova ap aprann nou fè sa depi kounye a. Li vle nou travay ansanm pou nou akonpli kokennchenn travay li ban nou fè a. Se sa k fè nou bezwen swa rezoud pwoblèm nou genyen youn ak lòt, swa “pase sou” ​(NW) yo, epi kontinye nan tèt ansanm nan travay la. (Li Pwovèb 19:11.) Olye nou rete lwen frè nou yo lè nou gen pwoblèm ak yo, nou youn dwe ede lòt rete nan mitan pèp Bondye a, kote nou santi nou an sekirite grasa “pouvwa [Jewova] ki p’ap janm fini” an. —Det. 33:27.

Lè nou trete tout moun avèk dousè, sa bay bon rezilta

14. Ki jan nou kapab konbat kont Satan nan efò l ap fè pou l met divizyon nan kongregasyon an?

14 Pou Satan ak demon l yo anpeche nou gaye bon nouvèl la, yo toujou ap chèche mete pwoblèm nan fanmi yo ak nan kongregasyon yo ki gen kè kontan. Yo eseye met divizyon nan kongregasyon an paske yo konnen si kongregasyon an divize, sa ka kraze l (Mat. 12:25). Pou nou ka konbat move enfliyans yo ka gen sou nou, l ap bon pou nou suiv konsèy sa a Pòl te bay: “Yon moun k’ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun.” ​(2 Tim. 2:24). Nou bezwen sonje “se pa ak moun” n ap goumen, “men, se ak move lespri” yo. Pou n genyen batay sa a, nou bezwen mete ekipman konba espirityèl la sou nou, sa gen ladan l “ekipman bon nouvèl lapè a” ​(NW). —Efe. 6:12-18.

15. Ki jan nou dwe reyaji lè moun ki pa fè pati kongregasyon an atake nou?

15 Ènmi Jewova yo ki pa fè pati kongregasyon an konn atake pèp li a, yon pèp k ap viv nan lapè, e yo konn fè sa avèk raj. Genyen nan ènmi sa yo ki atake Temwen Jewova yo fizikman. Gen lòt ki lage vèni sou nou nan laprès oswa nan tribinal. Jezi te di se pou disip li yo atann pou sa fèt (Mat. 5:11, 12). Ki jan nou dwe reyaji? Ebyen, “si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou”, kit se nan aksyon nou, kit se ak pawòl nou. —Wom. 12:17; li 1 Pyè 3:16.

16, 17. Ak ki sitiyasyon yon kongregasyon te fè fas?

16 Kèlkeswa sa Dyab la fè kont nou, lè nou “fè sa ki byen pou nou ka gen laviktwa sou sa ki mal”, nou kapab bay yon bon temwayaj. Ann pran egzanp yon kongregasyon ki nan youn nan zile pasifik yo ki te lwe yon lokal pou yo fè Memoryal la. Lè chèf yon legliz nan zòn nan te aprann sa, yo te di moun ki nan legliz yo a pou yo rasanble nan lokal la pou yo fè yon sèvis nan lè frè yo te planifye pou yo selebre Memoryal la. Sepandan, chèf lapolis la te bay chèf legliz la lòd pou yo kite lokal la nan lè sa a. Poutan, lè lè a rive, lokal la te chaje ak manm legliz la e yo te kòmanse sèvis yo a.

17 Pandan lapolis t ap prepare pou yo fè moun yo bay lokal la, prezidan legliz la pwoche bò kot youn nan ansyen yo epi li mande l: “Èske w te planifye yon bagay espesyal pou aswè a?” Frè a reponn li epi li pale l de Memoryal la frè yo te planifye selebre. Lè sa a, mesye a di l: “O, m pa t konnen non!” Gen yon polisye, lè l tande sa, ki di: “Men, nou te di w sa maten an!” Kounye a, prezidan legliz la vire epi li di ansyen an ak yon souri nan dan: “Ki sa w pral fè kounye a? Lokal la chaje ak moun. Èske w ap mande lapolis pou yo fòse nou sòti?” Mesye a te planifye bagay yo yon jan pou moun te kapab konprann Temwen Jewova yo ap pèsekite moun. Ki jan frè nou yo t apral reyaji?

18. Ki jan frè yo te reyaji devan yon pwovokasyon, e ki rezilta sa te bay?

18 Temwen yo te dakò pou legliz la fè yon sèvis ki t ap dire demi èdtan, e apre sa, frè yo t ap selebre Memoryal la. Sèvis la te dire plis pase demi èdtan, men, apre manm legliz yo fin soti, frè yo te selebre Memoryal la. Nan demen, manm gouvènman an te mete yon komite sou pye pou fè yon envestigasyon sou sa k te pase a. Apre komite a fin analize sitiyasyon an, li fòse responsab legliz yo pibliye enfòmasyon ki di se pa Temwen yo ki te lakòz pwoblèm nan, men se te prezidan legliz la. Manm komite a te remèsye Temwen Jewova yo poutèt yo te jere sitiyasyon difisil sa a avèk pasyans. Lefètke Temwen sa yo te efòse yo pou yo “viv nan lapè avèk tout moun”, sa te bay bon rezilta.

19. Ki lòt bagay ki kapab ede nou viv anpè ak tout moun?

19 Yon lòt bagay ki kapab ede nou kontinye viv anpè ak tout moun, se lè pawòl nou toujou gen cham. Atik ki vin apre a pral pale de sa sa vle di pou pawòl nou toujou gen cham; li pral pale tou konsènan ki jan nou kapab aprann pale konsa e nan ki sitiyasyon nou kapab sèvi ak pawòl ki gen cham.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Ekspresyon “chabon dife” a gen rapò ak yon ansyen metòd yo konn itilize kote yo mete chabon dife ni anlè ni anba yon minrè, wòch oswa tè ki gen metal, pou yo retire metal ki ladan l lan. Lè nou aji avèk bonte ak moun ki mal aji ak nou, souvan sa ka fè atitid yo chanje e sa ka fè bèl kalite yo genyen yo parèt.

Èske w ka esplike?

• Poukisa moun yo an kòlè konsa jodi a nan monn nan?

• Ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki montre rezilta yon moun jwenn lè l metrize kòlè l ak konsekans sa ka genyen lè l pa fè sa?

• Ki jan nou dwe reyaji si yon kretyen parèy nou fè nou sa ki mal?

• Ki jan nou dwe reyaji lè moun ki pa nan kongregasyon an aji mal ak nou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 16]

Simeyon ak Levi ki retounen lakay yo apre yo fin aji sou kòlè.

[Foto nan paj 18]

Lè nou aji avèk bonte ak lòt moun, sa ka adousi yo.