Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan w ka andire si konjwen w trayi w?

Ki jan w ka andire si konjwen w trayi w?

Ki jan w ka andire si konjwen w trayi w?

MARGARITA ak Raúl, mari l, te pase yon kantite ane ap sèvi Jewova ansanm antanke minis aplentan *. Men, yon tikras tan apre yo te fin gen premye pitit yo, Raúl te kòmanse vire do bay Jewova. Finalman, Raúl te kòmanse mennen yon vi imoral e li te vin eskominye nan kongregasyon kretyen an. Men sa Margarita di: “Lè tout bagay sa yo te rive, mwen te santi se kòmsi m t apral mouri. Sa te kraze m nèt, e mwen pa t konn ki sa pou m fè.”

Jane te fè mari l konfyans e li te renmen l, men, yon tikras tan apre maryaj yo, mari l te trayi l. Sepandan, aksyon mari l te fè a te diferan parapò ak sa mari Margarita te fè a. Li te kòmanse bat li. Men sa Jane di: “Premye fwa li te ban m yon kout pwen, mwen te sezi, mwen te santi m wont e mwen te santi m imilye. Sa te vin tounen yon abitid: chak fwa li fin bat mwen, li sipliye m pou m padone l. Mwen te panse mwen te gen obligasyon antanke kretyèn pou m toujou padone l e pou m bliye sa k te pase a. Anplis, mwen te panse se t ap yon trayizon si m ta esplike lòt moun pwoblèm nan, menm ansyen nan kongregasyon an. Menm bagay yo te kontinye pandan plizyè ane: li bat mwen, apre sa li mande m padon epi m padone l. Pandan tout tan sa a, mwen te panse mwen te ka fè yon bagay pou m fè mari m renmen m. Finalman, li te kite m ansanm ak pitit fi nou te genyen an, e lè sa a, mwen te santi m echwe, mwen te santi petèt mwen pa t fè ase oubyen mwen pa t pale yon fason pou m evite maryaj la kraze.”

Ou kapab santi w ap soufri anpil nan domèn afektif, ekonomik ak espirityèl, menm jan ak Margarita ak Jane, lefètke mari w te trayi w. Oubyen ou se yon mari k ap soufri e bagay yo difisil pou ou paske madanm ou te komèt enfidelite. Pa gen dout nan sa, jan Labib te predi sa, n ap viv nan ‘tan ki difisil anpil’. Pwofesi sa a montre nou pandan “dènye jou yo” fanmi yo t apral pran kou paske nan anpil fanmi pa t ap gen afeksyon natirèl ankò. Gen kèk moun ki t ap pretann y ap sèvi Bondye, men ki t ap aji yon fason ki kontrè ak sa yo pretann nan (2 Tim. 3:1-5). Vrè kretyen yo pa alabri pwoblèm sa yo. Donk, ki sa k ka ede w andire si konjwen w te trayi w?

Wè tèt ou jan Jewova wè w la

Okòmansman, ou ka twouve li difisil pou w kwè yon moun ou renmen kapab fè w mal konsa. Ou ka menm kòmanse akize tèt ou kòmkwa se ou ki lakòz li mal aji.

Men, pa bliye, menm Jezi, yon nonm pafè, te gen yon moun li te fè konfyans e li te renmen ki te trayi l. Jezi te priye anpil anvan l chwazi moun ki t ap pi pwòch li yo, sètadi apot li yo. Lè sa a, toule 12 t ap sèvi Jewova e yo te merite pou moun fè yo konfyans. Donk, se sèten sa te fè Jezi mal anpil lè Jida “te trayi” l (Lik 6:12-16). Sepandan, nan je Jewova, se pa t Jezi ki te responsab sa.

Se vre, pa gen okenn mari ni okenn madanm ki pafè kounye a. Ni mari, ni madanm fè erè. Men kèk pawòl reyalis yon salmis te ekri anba enspirasyon: “Si ou t’ap make tout zak nou fè, Senyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?” ​(Sòm 130:3). Menm jan ak Jewova, toule de konjwen yo ta dwe dispoze pase sou enpèfeksyon youn lòt. —1 Pyè 4:8.

Sepandan, “chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo”. (Wom. 14:12.) Si yon konjwen ta pran abitid pale oubyen aji yon fason pou fè lòt konjwen an mal, se li menm k ap gen pou l rann Jewova kont. Jewova kondane vyolans ak move pawòl, donk pa gen okenn rezon valab pou yon moun trete konjwen l yon fason ki manke lanmou ak respè (Sòm 11:5; Efe. 5:33; Kol. 3:6-8). Anfèt, si yon kretyen toujou ap plede fè kòlè e li pa chanje, yo ta dwe eskominye l nan kongregasyon kretyen an (Gal. 5:19-21; 2 Jan 9, 10). Yon mari oubyen yon madanm pa ta dwe santi l koupab si l ta fè ansyen yo konnen konjwen l gen yon konduit yon kretyen pa dwe genyen. Vrèman, Jewova gen konpasyon pou moun ki viktim anba move tretman konsa.

Lè youn nan konjwen yo fè adiltè, nonsèlman li peche kont konjwen ki inosan an, men tou, li peche kont Jewova (Mat. 19:4-9; Ebre 13:4). Si konjwen ki inosan an ap fè efò pou l viv ann amoni ak prensip biblik yo, li pa gen okenn rezon pou l santi l koupab poutèt peche lòt konjwen an fè lefètke li te trayi l lè l te komèt adiltè.

Pa bliye, Jewova konnen ki jan w santi w. Li te dekri tèt li kòm mari nasyon Izrayèl la, pwopriyetè l. Nan Pawòl li, gen anpil pasaj touchan ki pale de fason li te soufri akoz adiltè nasyon sa a te fè nan domèn espirityèl lefètke yo pa t adore l avèk fidelite (Iza. 54:5, 6; Jer. 3:1, 6-10). Ou mèt gen asirans Jewova wè chak gout dlo ki sot nan je w poutèt konjwen w te trayi w (Mal. 2:13, 14). Li konnen ki jan w bezwen rekonfò ak ankourajman.

Fason Jewova rekonfòte w

Youn nan fason Jewova rekonfòte w se pa mwayen kongregasyon kretyen an. Jane te resevwa rekonfò sa a. Men sa l di: “Vizit siveyan sikonskripsyon an te byen tonbe, li te fèt nan yon moman kote moral mwen te ba anpil. [Siveyan sikonskripsyon an] te konnen nan ki pwen mwen te santi m deprime lefètke mari m te mande m divòs. Li te pran tan pou l ede m rezone sou kèk vèsè tankou 1 Korentyen 7:15. Vèsè biblik yo ak pawòl ankourajan li te di m te ede m sispann santi m koupab e yo te ede m pou lespri m plizoumwen anpè *.”

Margarita, nou te site pi wo a, li menm tou li te aprann Jewova kapab ede nou pa mwayen kongregasyon kretyen an. Men sa l di: “Lè sa te parèt klè mari m pa t ap repanti, mwen te pran pitit mwen yo, e mwen te bwote pou m al viv nan yon lòt vil. Lè m te rive, mwen te lwe de pyès kay. Nan demen, pandan m t ap ouvri malèt nou yo, tou tris, mwen te tande yo frape pòt la. Mwen te panse se te dam ki te mèt kay la. Li te abite akote nou. Se pa ti sezi m te sezi lè m te wè se te sè ki te etidye Labib ak manman m nan e ki te ede fanmi nou konn laverite! Li pa t konnen si m te la, li te vin nan kay la paske li t ap etidye ak dam ki mèt kay la. Mwen te tèlman santi m soulaje m pa t ka kontwole santiman m. Mwen te esplike l sitiyasyon m e nou te kriye ansanm. Tousuit, li te fè aranjman pou nou te ka asiste reyinyon menm jou a. Kongregasyon an te byen akeyi nou, e ansyen yo te pran dispozisyon pou ede m pran swen bezwen espirityèl fanmi m.”

Fason lòt moun kapab ede w

Pa gen dout nan sa, moun ki fè pati kongregasyon kretyen an kapab ede nou divès fason. Pa egzanp, Margarita te vin bezwen yon travay. Gen yon fanmi nan kongregasyon an ki te ofri l y ap veye sou timoun li yo lè yo sot lekòl si l bezwen sa.

Margarita di: “Sa m vrèman apresye, se lè frè ak sè yo ofri m y ap akonpaye m ak pitit mwen yo nan predikasyon.” Lè manm kongregasyon an bay èd yo konsa, se ede “yonn ede lòt pote chay yo”, konsa, yo obeyi “lalwa Kris la”. —Gal. 6:2.

Moun k ap soufri akoz peche lòt moun apresye kalite èd sa yo. Mari Monique te abandone l, li te kite l ak yon dèt 15 000 dola ameriken sou kat kredi l ak kat timoun pou l okipe. Men sa l di: “Frè ak sè espirityèl mwen yo demontre yo gen anpil lanmou pou mwen. Mwen pa ka imajine ki jan mwen t ap ka kontinye san èd yo. Mwen santi frè ak sè Jewova te ban mwen pou ede m yo se pi bon moun ki te ka genyen. Yo te fè tout sa yo kapab pou yo ede pitit mwen yo. Mwen te kontan wè pitit mwen yo ki t ap grandi nan domèn espirityèl e ki te rive gen matirite grasa èd yo te ba yo. Lè m te bezwen konsèy, ansyen yo te ede m. Lè m te bezwen moun pou pale avè m, yo te koute m.” —Mak 10:29, 30.

Natirèlman, yon zanmi ki gen lanmou ap konnen ki lè pou l pa pale ak yon zanmi l konsènan move eksperyans zanmi sa a te fè (Ekl. 3:7). Men sa Margarita di: “Souvan, mwen renmen pale ak sè nan kongregasyon m ye kounye a konsènan travay predikasyon an, etid biblik nou yo, pitit nou; tout bagay, sof konsènan pwoblèm mwen genyen yo. Mwen byen apresye lefètke yo pa fè m pale sou sa k te pase e yo ede m rekòmanse a zewo.”

Pa chèche tire revanj

Ou gendwa pa santi w responsab peche konjwen w, men ou gendwa an kòlè lefètke moun nan fin fè peche l epi w ap soufri poutèt sa. Si w kite santiman sa a ogmante nan ou menm, sa kapab minen detèminasyon w genyen pou w ret fidèl devan Jewova. Pa egzanp, ou gendwa gen tandans chèche mwayen pou w fè konjwen w ki enfidèl la peye sa l te fè w la.

Si w rann ou kont santiman sa yo ap grandi nan ou, l ap bon pou w reflechi sou egzanp Jozye ak Kalèb. De mesye fidèl sa yo te riske lavi yo pou yo espyone Latè pwomiz. Lòt espyon yo te manke lafwa e yo te fè pèp la sispann obeyi Jewova. Gen kèk nan Izrayelit yo ki te menm vle kalonnen Jozye ak Kalèb ak wòch paske yo te eseye ankouraje nasyon an pou yo rete fidèl (Nonb 13:25–14:10). Akoz nasyon an, Jozye ak Kalèb te vin oblije ap monte desann nan dezè a pandan 40 an tou, non pa paske yo menm yo te peche, men akoz lòt moun te peche.

Sandout sa te fè Jozye ak Kalèb mal, men yo pa t kite peche frè yo fè fè yo vin an kòlè. Yo te fè tout efò yo pou yo te ka rete ekilibre nan domèn espirityèl. Apre 40 an yo te pase nan dezè a, Jewova te rekonpanse ni yo menm, ni Levit yo, paske nan tout jenerasyon sa a, se yo menm ak Levit yo ki te rete vivan e ki te vin gen posiblite pou yo rantre nan Latè pwomiz. —Nonb 14:28-30; Joz. 14:6-12.

Aksyon konjwen w ki enfidèl la kapab fè w soufri pandan yon bon tan. Maryaj la ka kraze, anplis ou ka soufri nan domèn afektif e ou ka gen pwoblèm ekonomik apre sa. Sepandan, olye w kite panse negatif rete nan lespri w, ou dwe sonje se Jewova ki pi byen konnen fason pou l boule ak moun ki chwazi meprize prensip li yo. Sa k te rive Izrayelit ki pa t fidèl yo nan dezè a montre sa. —Ebre 10:30, 31; 13:4.

Ou kapab reyisi!

Olye w kite panse negatif yo kraze w, ou bezwen ranpli lespri w ak panse Jewova yo. Men sa Jane di: “Mwen te santi lefètke m te konn koute anrejistreman Toudegad ak Réveillez-vous!, sa te ede m fè fas ak sitiyasyon an. Mwen te jwenn anpil fòs tou nan reyinyon yo. Lefètke mwen te patisipe nan reyinyon yo, sa te ede m pou m pa konsantre twòp sou pwoblèm mwen yo. Travay predikasyon an te ede m menm jan an. Lefètke m te ede lòt moun gen plis lafwa nan Jewova, sa te ede m ranfòse lafwa pa m. E lefètke mwen te gen etidyan mwen t ap ede, sa te ede m fikse lespri m sou bagay ki pi enpòtan yo.”

Men sa Monique, nou te mansyone pi wo a, di: “Piske mwen asiste reyinyon yo regilyèman, e piske mwen patisipe nan predikasyon otan m kapab, sa pèmèt mwen gen andirans. Nou vin pi pwòch youn ak lòt nan fanmi an e nou vin pi pwòch ak kongregasyon an tou. Sitiyasyon m ap viv la ede m rekonèt pwen fèb mwen yo. Se yon eprèv pou mwen, men avèk èd Jewova, mwen andire sitiyasyon an.”

Ou menm tou ou kapab ap debouye w ak menm kalite eprèv yo. Byenke w kapab santi w gen lapenn akoz yon trayizon, fè efò pou w suiv konsèy Pòl te bay anba enspirasyon lè l te di: “Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n’a rekòlte lè lè a va rive.” —Gal. 6:9.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gen non moun yo chanje.

^ § 13 Pou nou ka jwenn plis detay sou sa Labib di konsènan separasyon ak divòs, gade nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a nan paj 125-130, 219-221.

[Foto nan paj 31]

Moun ki gen konjwen yo ki kite yo apresye lè moun soutni yo nan ministè a.