Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ini grasa lanmou —Rapò sou reyinyon ànyèl la

Nou ini grasa lanmou —Rapò sou reyinyon ànyèl la

Nou ini grasa lanmou — Rapò sou reyinyon ànyèl la

NAN maten, jou ki te 3 oktòb 2009 la, te gen plis pase 5 000 moun ki te reyini nan Sal asanble Temwen Jewova ki nan vil Noujèze, Ozetazini. Yo te kontan anpil pou yo reyini pou 125yèm reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania a. Plizyè milye lòt moun t ap suiv pwogram nan an dirèk nan Betèl Etazini an ak nan Betèl Kanada a. Antou, 13 235 moun te ini grasa lanmou yo gen pou Jewova e yo te pran plezi suiv reyinyon sa a ki te dire twazèdtan.

Geoffrey Jackson, youn nan manm Kolèj santral la, t ap prezide reyinyon sa a. Pou l kòmanse pwogram nan, li te prezante yon koral ki fòme ak Betelit pou yo chante plizyè kantik nan nouvo liv kantik nou an. Se yon lòt manm Kolèj santral la, David Splane, ki t ap dirije koral sa a. Li te fè sa apre l te fin fè yon ti pale tou kout sou enpòtans mizik genyen nan vrè adorasyon an. Yo te envite oditwa a pou l chante twa nouvo kantik nan reyinyon an. Toudabò, koral la te chante yo poukont li, epi apre sa li te chante yo ansanm ak asistans lan. Sèvi yo te sèvi ak yon koral la, se pa yon modèl yo bay pou yo suiv ni nan reyinyon kongregasyon yo, ni nan asanble yo, ni nan kongrè yo.

Rapò sou aktivite kèk filyal

Plizyè manm Komite filyal te la e te gen rapò ki te bay konsènan senk filyal. Kenneth Little te fè konnen talè konsa se filyal Kanada a ki pral enprime pifò nan peryodik Etazini ak Kanada bezwen yo. Sa vle di kantite peryodik filyal sa a pral pwodui ap dis fwa plis pase kantite li te konn pwodui anvan. Pou sa kapab fèt, yo fèk resevwa yon près ki pral travay 16 èdtan pa jou. Ap gen de ekip k ap travay sou li e yo chak ap travay uit èdtan.

Reiner Thompson te bay yon rapò sou travay Wayòm nan k ap fèt nan Repiblik dominikèn e Albert Olih te pale sou aktivite nou yo nan Nijerya. Emile Kritzinger, ki soti Mozanbik, te fè konnen yo te anrejistre asosyasyon Temwen Jewova yo nan peyi sa a an 1992 apre yo te fin pase plizyè dizèn ane anba pèsekisyon. Kounye a, twa peyi sa yo vin gen yon gwo akwasman nan kantite pwoklamatè yo genyen. Viv Mouritz, ki soti nan filyal Ostrali a, te pale de akwasman ki gen nan travay Wayòm nan nan zòn Timò oryantal grasa èd frè Ostrali yo.

Komite ki gen nan Kolèj santral la

Nan ane 1976, tout aktivite Temwen Jewova yo te vin anba sipèvizyon sis komite ki nan Kolèj santral la. Annapre, gen moun ki fè pati lòt mouton yo yo te nome pou ede frè ki nan komite sa yo. Kounye a, gen 23 moun ki fè pati lòt mouton yo k ap ede frè sa yo. Yo te fè entèvyou ak sis ladan yo. Antou, sis frè sa yo gen 341 an nan sèvis aplentan. Yo chak gen an mwayèn 57 an nan sèvis sa a.

Don Adams, ki antre nan Betèl an 1943, esplike Komite kowòdonatè yo gen ladan l frè ki kowòdonatè nan senk lòt komite yo, sa ki fè komite sa yo travay ann amoni. Komite kowòdonatè yo okipe l de gwo ijans, pèsekisyon, ka ki devan lajistis, dezas ak lòt sitiyasyon ijan ki touche Temwen Jewova yo sou tout tè a.

Dan Molchan te pale sou travay Komite pou pèsonèl la akonpli. Komite sa a veye sou byennèt espirityèl ak byennèt fizik 19 851 Betelit ki gen nan lemonnantye. David Sinclair te pale sou travay Komite edisyon an ki sipèvize acha materyèl ak ekipman pou filyal yo. Ansuit, Robert Wallen, k ap sèvi nan Betèl depi prèske 60 an, te pale sou fason Komite pou sèvis la sipèvize aktivite pèp Jewova a nan tèritwa yo ak nan kongregasyon yo. William Malenfant te pale de jan Komite pou ansèyman an travay di pou l prepare pwogram kongrè yo. Finalman, John Wischuk te pale sou fason Komite redaksyon an veye pou yo byen prepare enfòmasyon k ap parèt nan piblikasyon nou yo *.

Tèks pou ane 2010 la atire atansyon nou sou lanmou

Twa diskou ki te fèt apre yo, se manm Kolèj santral la ki te bay yo. Gerrit Lösch te kòmanse diskou l la ak kesyon sa a: “Èske w ta renmen pou lòt moun renmen w?” Li te esplike lanmou se yon bezwen lèzòm genyen ki fondamantal, e nou tout nou santi nou byen lè nou jwenn li. Se grasa lanmou ki fè nou gen lavi, paske se lanmou Jewova genyen, yon lanmou ki pa chèche enterè l, ki fè li kreye nou. Premye rezon ki fè nou preche moun yo e nou anseye yo se lanmou nou gen pou Jewova.

Piske nou gen lanmou ki baze sou prensip la, nou renmen ni pwochen nou ni ènmi nou (Mat. 5:43-45). Li te ankouraje oditwa a pou l reflechi sou sa Jezi te pase pou nou: yo te filange l, yo te pase l nan rizib, yo te krache sou li e yo te fè l sibi lòt brimad. Malgre tout sa, li te priye pou sòlda ki te kloure l sou poto yo. Èske sa pa fè nou renmen l plis toujou? Apre sa, frè Lösch te anonse tèks pou ane 2010 la, 1 Korentyen 13:7, 8 (NW), ki di: ‘Lanmou andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.’ Nonsèlman nou gen espwa n ap viv pou toutan, men tou, n ap renmen lòt moun e lòt moun ap renmen nou pou toutan.

Èske w ap kondui ak tank ou vid?

Samuel Herd te sèvi ak yon egzanp pou l kòmanse diskou l la. Li te di: ann sipoze yon zanmi w vin chèche w pou w fè yon vwayaj 50 kilomèt avèk li. Pandan w chita nan machin nan, ou wè egwi gaz la sou vid. Ou di zanmi w lan machin nan prèske pa gen gaz. Li di w ou pa bezwen pè, gen yon galon gaz toujou nan tank lan. Sepandan, yon ti tan apre, gaz la fini. Èske sa bon pou yon moun ‘kondui ak tank li vid’ e pou l panse li pap gen pwoblèm gaz? Èske l pa ta pi bon pou tank machin li toujou foul? Menm jan an tou, nan domèn espirityèl, tank nou dwe toujou foul ak konesans sou Jewova.

Pou tank nou toujou foul, nou bezwen ranpli l regilyèman. Gen kat fason nou kapab fè sa. Premyèman, se lè nou fè etid pèsonèl nou e nou li Labib chak jou pou nou vin byen konnen Bib la. Nou dwe chèche konprann sa nou li a, nou pa dwe annik li mo yo. Dezyèmman, se lè nou tire pwofi nan sware Adorasyon an fanmi an. Èske nou pran tan chak semèn pou nou plen tank nou, oswa èske se yon ti gaz toupiti nou annik mete ladan l? Twazyèmman, se lè nou asiste reyinyon kongregasyon an, kote nou etidye pawòl Bondye a ansanm. Katriyèmman, se lè nou medite sou chemen Jewova yo yon kote ki kalm, kote pa gen bagay k ap deranje nou. Men sa nou li nan Sòm 143:5 (NW): “Mwen sonje jou tan lontan yo, mwen medite sou tout aksyon w yo.”

“Moun ki jis yo ap klere kon solèy”

John Barr te bay twazyèm diskou a, ki te diskou final la. Ladan l, li te esplike egzanp Jezi te bay sou ble ak move zèb la (Mat. 13:24-30, 38, 43, Bib Kreyòl La). Nan egzanp sa a, Jezi te pale de yon “rekòt” ki t ap fèt kote yo t ap gen pou yo rasanble “pitit wayòm nan” e yo t ap separe yo ak move zèb la yo t apral boule.

Frè Barr te fè konprann rasanbleman sa a pap kontinye nètale. Li te site Matye 24:34 ki di: “Gen moun nan jenerasyon sa a ki p’ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive.” Li te li kòmantè sa a de fwa: “Jezi te vle di pandan kretyen wen ki te wè kòmansman siy lan nan ane 1914 t ap vivan toujou, t ap gen lòt kretyen wen ki pi jèn e kretyen sa yo t ap wè kòmansman gwo tribilasyon an.” Nou pa konnen kantite tan egzak “jenerasyon sa a” ap dire, men nou konnen li gen de gwoup sa yo ladan l. Byenke kretyen wen yo ki nan de gwoup sa yo pa gen menm laj, yo fòme jenerasyon an e pandan yon sèten tan nan dènye jou yo, yo viv nan menm epòk. Sa se yon bagay ki ban nou fòs lefètke nou konnen kretyen wen ki pi jèn yo ki viv nan menm epòk ak kretyen wen ki pi aje yo, ki te wè kòmansman siy lan an 1914, pap mouri anvan gwo tribilasyon an deklannche.

“Pitit wayòm” yo ap tann pou yo jwenn rekonpans yo nan syèl la avèk enpasyans, men yo tout dwe rete fidèl, yo dwe kontinye klere tankou solèy jiska lafen. Ala yon privilèj nou genyen lefètke nou wè jan y ap rasanble “ble” a nan epòk pa nou an!

Apre yo te fin chante kantik final la, Theodore Jaracz, yon manm Kolèj santral la, te fè priyè final la. Pwogram reyinyon ànyèl la te fòtifye moun ki te asiste l yo anpil!

[Nòt anba paj]

^ § 10 Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou travay sis komite ki nan Kolèj santral la ap fè, gade Toudegad 15 me 2008, paj 29.

[Kare nan paj 5]

LEKÒL POU ANSYEN YO

Nan reyinyon ànyèl la, Anthony Morris, yon manm Kolèj santral la, te anonse ansyen yo ap kontinye resevwa fòmasyon. Gen yon lekòl pou ansyen ki te kòmanse fèt Ozetazini nan kòmansman ane 2008 la, nan sant ansèyman ki Patèsonn nan, nan Nouyòk. Yo te fèk fè 72yèm klas la. Antou, gen 6 720 ansyen ki deja resevwa fòmasyon sa a. Gen anpil travay toujou ki gen pou fèt. Ozetazini sèlman gen plis pase 86 000 ansyen. Se sa k fè Kolèj santral la te bay apwobasyon l pou yo kòmanse yon lòt lekòl nan Bwouklin, nan Nouyòk, nan jou ki t ap 7 desanm 2009 la.

Pandan de mwa, yo te gen pou yo bay kat siveyan itineran fòmasyon nan Patèsonn pou yo ka vin enstriktè, e siveyan sa yo t ap gen pou y al Bwouklin pou yo anseye. Apre sa, yo t ap bay kat lòt moun fòmasyon. Ansuit, kat lòt moun sa yo t apral anseye nan lekòl ki t ap fèt Bwouklin nan, men kat premye moun ki te resevwa fòmasyon yo t apral anseye nan lekòl ki t ap gen pou fèt nan Sal asanble ak nan Sal Wayòm. Yo t ap gen pou yo fè menm jan an jiskaske nan peyi Etazini gen 12 enstriktè pou anseye ann anglè nan sis lekòl chak semèn. Apre sa, yo t ap fòme kat lòt frè pou yo anseye ann espayòl. Lekòl sa a pap ranplase Lekòl ministè Wayòm nan. Yo fè lekòl sa a nan objektif pou yo ka ogmante espirityalite ansyen yo. Nan lemonnantye, filyal yo pral kòmanse òganize lekòl sa yo nan Sal asanble ak nan Sal Wayòm pandan ane sèvis 2011 lan.

[Foto nan paj 4]

Yo te kòmanse reyinyon ànyèl la ak kèk kantik ki soti nan nouvo liv kantik nou an: “Ann chante pou Jewova”.