Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou kapab santi nou an sekirite nan mitan pèp Bondye a

Nou kapab santi nou an sekirite nan mitan pèp Bondye a

Nou kapab santi nou an sekirite nan mitan pèp Bondye a

“M ap louwe w nan gran kongregasyon an.” —SÒM 35:18, NW.

1-3. a) Ki sa k ka mete relasyon kèk kretyen genyen ak Jewova an danje? b) Ki kote pèp Bondye a kapab jwenn pwoteksyon?

PANDAN Joe ak madanm li te an vakans, yo t ap naje nan yon lanmè nan yon zòn twopikal. Yo te gen yon mas nan figi yo ki te pèmèt yo respire anba dlo, e yo te ka wè pwason tout koulè, tout gwosè, ki te sou yon resif. Yo te naje al yon kote ki yon ti jan pi fon pou yo te ka admire resif la yo t ap gade ki te anba yo. Lè yo te remake yo te vin ap naje yon kote ki fon anpil, men sa madanm Joe te di: “Mwen panse nou al twò lwen.” Joe te reponn li: “Pa enkyete w. Mwen konn sa m ap fè.” Yon ti tan apre, Joe t ap mande tèt li: ‘Kote tout pwason yo fè?’ Li te pè lè l te wè rezon an. Nan fon dlo a ki te tou ble, li te wè yon reken k ap vin tou dwat sou li pandan li menm li te la san defans. Men, lè reken an rive a anviwon yon mèt toupre l, reken an chanje direksyon epi li ale.

2 Yon kretyen ka kòmanse kite bagay ki gen nan sistèm Satan an, tankou distraksyon, travay ak byen materyèl, tèlman atire l li pa menm rann li kont se nan yon sitiyasyon ki danjere l ap antre tèt li. Joe se yon ansyen nan kongregasyon kretyen an. Men sa l di konsènan eksperyans sa a li te fè a: “Eksperyans mwen te fè a fè m reflechi konsènan moun nou chwazi kòm zanmi nou. Nou bezwen naje kote nou an sekirite a e kote nou santi nou alèz la, anpalan de kongregasyon an.” Nan domèn espirityèl, nou bezwen veye pou nou pa naje nan dlo ki fon, sa vle di pou nou pa met tèt nou nan sitiyasyon kote nou izole tèt nou e nou mete tèt nou an danje. Si jamè ou ta twouve w nan sitiyasyon sa a, tousuit, ou ta dwe retounen ‘kote w an sekirite a’. Si w pa fè sa, ou ka mete relasyon w ak Jewova an danje.

3 Jodi a, monn nan se yon kote ki danjere pou kretyen viv (2 Tim. 3:1-5). Satan konnen jou l rete yo konte, e l ap chèche devore moun ki pa vijilan (1 Pyè 5:8; Rev. 12:12, 17). Sepandan, nou pa san pwoteksyon. Jewova mete pèp li a yon kote yo an sekirite nan domèn espirityèl. Kote sa a se kongregasyon kretyen an.

4, 5. Ki santiman anpil moun genyen konsènan lavni, e poukisa?

4 Sekirite sosyete a ofri ni nan domèn fizik, ni nan domèn afektif, se yon sekirite ki vrèman limite. Anpil moun santi sekirite yo menase akoz krim, vyolans, lavi chè ak pwoblèm anviwònman. Tout moun fè fas ak pwoblèm yo genyen lè yo vin aje ansanm ak pwoblèm sante. Gen lòt moun k ap travay, ki gen kay, ki gen ti kòb e ki plizoumwen gen bon sante ki kapab ap mande tèt yo pandan konbyen tan ankò y ap gen bagay sa yo.

5 Menm jan an tou, anpil moun pa santi yo an sekirite nan relasyon santimantal yo. Li tris pou nou di sa, anpil moun ki te gen espwa y ap jwenn lapè, y ap santi yo satisfè lè yo marye e yo gen yon fanmi, wè yo pa jwenn sa yo te espere yo. Nan domèn espirityèl, anpil moun ki manm legliz santi yo pèdi, e y ap mande tèt yo si ansèyman yo resevwa a gen valè vre. Yo santi sa sitou lè yo konsidere move konduit chèf relijye yo genyen ak ansèyman y ap bay yo ki pa baze sou Labib. Konsa, anpil moun santi sèl chwa yo kapab fè se mete konfyans yo nan lasyans oswa nan dispozisyon lèzòm parèy yo genyen pou yo fè byen e nan bonsans yo genyen. Donk, se pa etonan si anpil moun k ap viv bò kote nou pa santi yo an sekirite ditou e yo pa chèche panse twòp sou avni yo.

6, 7. a) Poukisa moun k ap sèvi Bondye yo ak moun ki pap sèvi l yo pa wè bagay yo menm jan? b) Ki sa nou pral egzamine?

6 Gen yon gwo diferans ant fason moun ki fè pati kongregasyon kretyen an wè bagay yo ak fason moun ki pa fè pati l yo wè bagay yo! Byenke nou menm, antanke moun ki fè pati pèp Jewova a, nou fè fas ak anpil pwoblèm pwochen nou yo rankontre, fason nou reyaji devan pwoblèm yo diferan. (Li Izayi 65:13, 14; Malaki 3:18.) Sa k fè sa? Se paske, nan Bib la, nou jwenn esplikasyon ki satisfè nou konsènan sitiyasyon limanite ladan l lan e nou ekipe pou nou fè fas ak pwoblèm nou jwenn nan lavi a. Se sa k fè nou pa enkyete nou twòp konsènan avni nou. Lefètke nou se sèvitè Jewova, sa fè nou jwenn pwoteksyon kont fo rezònman ki pa baze sou Bib la, kont konduit imoral ansanm ak move konsekans moun jwenn lè yo gen yon konduit konsa. Konsa, moun ki fè pati kongregasyon kretyen an santi yo gen yon lapè lòt moun pa genyen. —Iza. 48:17, 18; Fil. 4:6, 7.

7 Gen kèk egzanp ki kapab ede nou reflechi sou sekirite moun k ap sèvi Jewova yo jwenn kontrèman ak moun ki pap sèvi l yo. Egzanp sa yo kapab pouse nou egzamine fason nou panse ak konduit nou e yo kapab pouse nou egzamine tèt nou pou nou wè si nou bezwen aplike konsèy Bondye yo pi plis toujou, konsèy ki la pou pwoteje nou. —Iza. 30:21.

“Pye m te prèske devye” ​(NW)

8. Ki sa sèvitè Jewova yo te toujou oblije fè?

8 Depi byen bonè nan listwa lèzòm, moun ki te chwazi pou yo sèvi Jewova e pou obeyi l pa t chèche gen relasyon sere ak moun ki pa t fè sa. Anfèt, Jewova te anonse t ap gen yon rayisman ant moun k ap adore l yo ak moun k ap suiv Satan yo (Jen. 3:15). Piske sèvitè Bondye yo pran yon detèminasyon fèm pou yo suiv prensip Bondye yo, sa fè yo aji yon fason ki diferan parapò ak moun k ap viv bò kote yo (Jan 17:15, 16; 1 Jan 2:15-17). Li pa toujou fasil pou yon moun pran detèminasyon sa a. Dayè, pafwa gen nan sèvitè Jewova yo ki konn ap mande tèt yo si li saj pou yo mennen yon vi sakrifis.

9. Ki sa k te bay moun ki te ekri Sòm 73 la pwoblèm?

9 Youn nan sèvitè Jewova ki te kòmanse ap mande tèt li si li te pran yon desizyon ki saj, se moun ki te ekri Sòm 73 la, ki sanble te yon desandan Asaf. Salmis sa a te mande poukisa souvan mechan yo sanble reyisi, yo gen kè kontan e y ap byen mennen, alòske moun k ap fè efò pou yo sèvi Bondye yo jwenn eprèv ak pwoblèm. —Li Sòm 73:1-13.

10. Poukisa li enpòtan pou w reflechi seryezman sou kesyon salmis la te soulve yo?

10 Èske sa rive ou poze tèt ou jan de kesyon sa yo menm jan ak salmis la? Si sa rive, ou pa bezwen santi w twò koupab pou sa, ni ou pa bezwen panse ou pèdi lafwa. An reyalite, gen yon kantite sèvitè Jewova, sa gen ladan l kèk moun Jewova te itilize pou yo ekri pòsyon nan Bib la, ki te gen panse konsa (Jòb 21:7-13; Sòm 37:1; Jer. 12:1; Aba. 1:1-4, 13). Anfèt, tout moun ki vle sèvi Jewova dwe reflechi seryezman sou kesyon sa a epi aksepte repons lan: Èske sèvi Bondye epi obeyi l se pi bon bagay yon moun kapab fè? Kesyon sa a gen rapò ak kesyon Satan te soulve nan jaden Edenn nan. Se yon kesyon enpòtan ki makònen ak kesyon souvrènte Bondye sou linivè a (Jen. 3:4, 5). Kidonk, nou tout dwe egzamine pwoblèm salmis la te pale a. Èske nou ta dwe anvye mechan k ap vante tèt yo e ki sanble pa gen pwoblèm nan lavi yo? Èske nou ta dwe kite pye nou “devye” pou nou sispann sèvi Jewova e pou nou imite yo? Se sa egzakteman Satan ta renmen nou fè.

11, 12. a) Ki jan salmis la te venk dout li yo, e ki sa sa aprann nou? b) Ki sa k ap ede w wè bagay yo menm jan ak salmis la?

11 Ki sa k te ede salmis la venk dout li yo? Byenke li admèt pye l te prèske devye, sa vle di li te prèske sispann pratike sa ki jis, li te chanje pwennvi lè l te antre ‘lakay Bondye’, sa vle di lè l te reyini nan tabènak Bondye a oswa nan tanp lan ak moun ki espirityèl e li t ap reflechi sou objektif Bondye. Lè sa a, salmis la te vin konprann klè li pa t vle jwenn menm sò ak moun ki t ap pratike sa ki mal yo. Li te konprann fason y ap viv la ak chwa yo fè nan lavi yo te fè y ap mache nan “yon chemen glise”. Salmis la te konprann tout moun ki kite Jewova e ki pa kenbe pawòl yo avè l ‘ap fini anvan yon bat je, y ap disparèt’ nan laperèz alòske Jewova ap soutni moun k ap sèvi l yo. (Li Sòm 73:16-19, 27, 28.) Se sèten ou konnen pawòl sa yo se verite. Anpil moun kapab panse li nan avantaj yo pou yo viv pou tèt yo e pou yo pa teni kont de lwa Bondye yo, men yo pap ka evite konsekans k ap tonbe sou yo poutèt yo viv konsa. —Gal. 6:7-9.

12 Ki lòt bagay nou aprann nan eksperyans salmis la? Li te jwenn sekirite e li te aprann sajès nan mitan pèp Bondye a. Li te kòmanse reflechi byen e li te wè bagay yo klè lè l te ale kote yo t ap adore Jewova a. Menm jan an tou, jodi a, nou ka jwenn moun ki saj k ap ban nou konsèy e nou ka jwenn bon manje espirityèl nan reyinyon kongregasyon an. Se sa k fè Jewova gen tout rezon l pou l mande sèvitè l yo pou yo asiste reyinyon yo. Se la yo jwenn ankourajman ak fòs pou yo aji avèk sajès. —Iza. 32:1, 2; Ebre 10:24, 25.

Byen chwazi zanmi w yo

13-15. a) Ki eksperyans Dina te fè, e ki sa sa montre? b) Poukisa lè w frekante lòt kretyen parèy ou, sa se yon pwoteksyon pou ou?

13 Dina, pitit fi Jakòb la, se yon moun ki te tonbe nan pwoblèm grav paske li te mare zanmi ak moun ki te nan monn nan nan epòk pa li a. Liv Jenèz la rakonte nou li te gen abitid frekante jèn medam peyi Kanaran yo, nan zòn kote fanmi l t ap viv la. Kananeyen yo pa t ap suiv prensip moral wo nivo sèvitè Jewova yo t ap suiv yo. Okontrè, enfòmasyon akeyològ yo jwenn konsènan epòk sa a montre fason yo t ap viv la te fè peyi yo a vin chaje ak idolatri, imoralite, adorasyon kòwonpi ki baze sou sèks ak vyolans (Egz. 23:23; Lev. 18:2-25; Det. 18:9-12). Pinga nou bliye sa k te rive Dina lefètke li te konn frekante moun sa yo.

14 Gen yon mesye, Chekèm, ‘tout moun kay papa l te gen anpil konsiderasyon pou li’, ki te wè Dina, ki te ‘mete men sou li e ki te fè kadejak sou li’. (Jen. 34:1, 2, 19.) Èske se pa t yon sitiyasyon ki te tris? Èske w panse Dina te janm imajine yon bagay konsa te ka rive l? Petèt li te sèlman ap chèche pou l zanmi ak jèn yo ki te nan zòn nan e li pa t panse yo t ap fè l anyen ki mal. Men, Dina te vrèman twonpe tèt li.

15 Ki sa istwa sa a aprann nou? Li aprann nou byen klè nou pa ka panse n ap frekante moun ki pa kwayan pou nou pa sibi okenn move konsekans. Labib di “move zanmi gate bon mannyè”. (1 Kor. 15:33, Bib Kreyòl La.) Yon lòt bò, lè w fè zanmi ak moun ki gen menm kwayans avè w, ki gen prensip moral wo nivo e ki renmen Jewova, se yon pwoteksyon pou ou. Zanmi sa yo ap ankouraje w aji avèk sajès. —Pwo. 13:20.

“Bondye lave nou”

16. Ki sa apot Pòl te di anrapò ak kèk moun nan kongregasyon Korent lan?

16 Kongregasyon an ede anpil moun pirifye tèt yo anba yon seri pratik imoral. Lè apot Pòl t ap ekri premye lèt li te ekri voye bay kongregasyon Korent lan, li te pale sou chanjman kretyen ki te nan kongregasyon sa a te fè pou yo konfòme yo ak prensip Bondye yo. Genyen nan yo ki te konn pratike fònikasyon, ki te konn adore zidòl, ki te konn fè adiltè, ki te omoseksyèl, ki te vòlè, ki te tafyatè, eksetera. Men sa Pòl te di yo: “Men, Bondye lave nou.” ​(Bib Kreyòl La). —Li 1 Korentyen 6:9-11.

17. Ki jan prensip ki nan Bib la chanje lavi anpil moun k ap viv ann akò ak prensip sa yo?

17 Moun ki pa gen lafwa yo pa gen bon prensip pou gide yo. Yo viv jan yo pito, oswa yo lage kò yo nan imoralite, menm jan gen kèk Korentyen ki te konn viv konsa anvan yo te vin kwayan (Efe. 4:14). Men, lè yon moun gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a e li konnen objektif Bondye, sa kapab ede l chanje lavi l si l aplike sa l aprann nan Ekriti yo (Kol. 3:5-10; Ebre 4:12). Jodi a, anpil moun ki fè pati kongregasyon an kapab di w anvan yo te aprann prensip Jewova yo ki jis e anvan yo te kòmanse aplike yo nan lavi yo, yo pa t gen okenn moralite. Yo pa t satisfè de tèt yo e yo pa t ap viv ak kè kontan. Yo te vin viv anpè sèlman lè yo te kòmanse frekante pèp Bondye a e yo te kòmanse viv ann akò ak prensip ki nan Bib la.

18. Ki eksperyans yon jèn te fè, e ki sa sa montre?

18 Sepandan, gen kèk moun ki te chwazi sispann naje ‘kote yo an sekirite a’, sètadi nan kongregasyon an, e kounye a yo regrèt desizyon yo te pran an. Gen yon sè nou bay non Tanya ki esplike li “te plizoumwen konnen laverite”, men lè l te gen 16 an, li te kite kongregasyon an pou l “pousuiv bagay atiran ki gen nan monn nan”. Li te rekòlte anpil move konsekans, pami yo, li te vin ansent san l pa t vle sa e li te jete timoun nan. Men sa l di: “Twazan m te pase lwen kongregasyon an kite m ak yon seri pwoblèm afektif ki pa ka efase. Yon bagay mwen pa ka bliye se timoun mwen te jete a. [...] Mwen vle di tout jèn ki ta anvi al fè eksperyans nan monn nan, li mèt se pou yon ti tan toupiti: ‘Pinga nou fè sa!’ Okòmansman, nou ka santi nou byen, men sa ap fini vrèman mal pou nou. Sèl sa monn nan kapab ban nou se tètchaje. Mwen konn sa paske mwen te fè eksperyans lan. Rete nan òganizasyon Jewova a! Se sèl lè nou viv ann amoni ak prensip nou jwenn ladan l yo, nou kapab viv ak kè kontan!”

19, 20. Kont ki sa kongregasyon kretyen an pwoteje w, e ki jan l fè sa?

19 Imajine ki jan w t ap ye si w ta kite kote w jwenn pwoteksyon an, sètadi kongregasyon kretyen an. Anpil moun, ki sonje fason yo te konn viv anvan yo te aksepte laverite, fremi lè yo panse ak kesyon sa a (Jan 6:68, 69). Ou kapab kontinye santi w an sekirite e w kapab jwenn pwoteksyon kont pwoblèm ak soufrans ki gen nan monn Satan an lè w rete kole ak frè ak sè w yo. Amitye w gen avè yo ak asiste ou asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman ap ede w toujou sonje li saj pou w suiv prensip Jewova yo ki jis e sa ap ankouraje w viv ann akò ak prensip sa yo. Menm jan ak salmis la, ou gen tout rezon pou w ‘louwe Jewova nan gran kongregasyon an’. —Sòm 35:18.

20 Sandout, gen anpil rezon ki fè tout kretyen pase moman kote yo santi l difisil pou yo kenbe entegrite yo. Yo kapab bezwen yon moun pou montre yo sa pou yo fè egzakteman. Ki sa w ka fè pou w ede kwayan parèy ou yo nan moman difisil sa yo? E ki sa lòt moun nan kongregasyon an ka fè pou yo ede yo? Atik ki vin apre a egzamine fason pou w ‘kontinye konsole frè w yo e pou w kontinye bati yo’. —1 Tes. 5:11, NW.

Ki repons nou ta bay?

• Ki sa nou aprann nan eksperyans moun ki ekri Sòm 73 la te fè a?

• Ki sa eksperyans Dina a aprann nou?

• Poukisa se nan kongregasyon kretyen an ou kapab an sekirite?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

Naje kote w an sekirite a, anpalan de kongregasyon an!