Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pawòl ki gen cham favorize bon relasyon

Pawòl ki gen cham favorize bon relasyon

Pawòl ki gen cham favorize bon relasyon

“Se pou pawòl nou toujou gen cham.” —KOL. 4:6, NW.

1, 2. Ki bon rezilta yon frè te jwenn poutèt pawòl li te gen cham?

MEN sa yon frè di: “Pandan m ap fè pòt an pòt, mwen rankontre yon mesye ki te tèlman vin an kòlè, bouch li ak tout kò l te pran tranble. Mwen te eseye itilize Ekriti yo pou m rezone avè l avèk dousè, men li te vin pi an kòlè toujou. Madanm li ak pitit li yo te vin mete ansanm avè l pou yo joure m. Mwen te rann mwen kont se pou m deplase. Mwen te ba yo asirans mwen pa t vini pou m fè chòk ak pèsonn e mwen ta renmen ale anpè. Apre sa, mwen montre yo Galat 5:22 ak 23, kote yo pale de lanmou, dousè, metriz ak lapè. Epi, mwen ale.

2 “Nan pita, pandan m ap fè kèk pòt sou lòt bò lari kote yo rete a, mwen wè fanmi an ki chita sou eskalye devan lakay yo a. Yo rele m vin jwenn yo. Nan kè m, mwen di: ‘Sa pou yo fè m kounye a?’ Mesye a te gen yon po ki te gen dlo fre ladan l, e li te ofri m bwè yon ti dlo. Li mande m pou m eskize l poutèt fason li te mal aji a e li felisite m paske mwen gen yon lafwa ki solid. Apre sa, nou separe nan lapè.”

3. Poukisa nou dwe fè atansyon pou nou pa kite lòt moun fè nou fache?

3 Nan monn sa a ki ap fè presyon sou tout moun, li difisil pou nou pa rankontre moun ki fache, menm nan ministè a. Lè sa fèt, li enpòtan pou nou aji “avèk dousè e avèk gwo respè”. (1 Pyè 3:15, NW.) Si frè nou mansyone anvan an te vin fache tou poutèt mèt kay la te vin fache e li te mal pale ak li, siman mesye a pa t ap vin adousi jan li te vin adousi a. Mesye a te gendwa vin pi fache toujou. Lefètke frè a te metrize tèt li e pawòl li te gen cham, sa te pase byen.

Ki sa ki ka fè pawòl nou gen cham?

4. Poukisa li enpòtan pou pawòl nou gen cham?

4 Kit se ak moun ki pa fè pati kongregasyon an, kit se ak frè ak sè nou yo nou gen rapò, kit se ak manm fanmi nou, li enpòtan anpil pou nou suiv yon konsèy apot Pòl te bay. Men sa li te di: “Se pou pawòl nou toujou gen cham, pou l sizonnen ak sèl”. (Kol. 4:6.) Pou nou gen bon kominikasyon ak moun e pou nou viv ak yo nan lapè, li enpòtan pou nou pale byen lè n ap pale ak yo.

5. Ki sa bon kominikasyon pa vle di? Bay yon egzanp.

5 Bon kominikasyon pa vle di di nenpòt sa w gen nan kè w, nan kèlkeswa moman an, espesyalman lè w fache. Ekriti yo montre lè yon moun pale ak kòlè san li pa metrize tèt li, sa se yon feblès. (Li Pwovèb 25:28; 29:11.) Moyiz te gen “plis imilite lontan” pase tout moun ki t ap viv nan epòk pa l la, men, nan yon okazyon, poutèt nasyon Izrayèl te montre li se yon nasyon ki rebèl, Moyiz te kite nasyon an lakòz li fè kòlè e li pa t bay Bondye glwa. Moyiz te di yo sa l gen nan kè l, men Jewova pa t kontan. Apre 40 an li te pase ap dirije Izrayelit yo, li te pèdi privilèj pou li fè yo antre nan Latè pwomiz. —Nonb 12:3, NW; 20:10, 12; Sòm 106:32.

6. Sa sa vle di pou nou gen diskresyon nan fason nou pale?

6 Ekriti yo ankouraje nou pou nou metrize nou e pou nou gen diskresyon, sètadi bon jijman lè n ap pale. Men sa Ekriti yo di: “Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.” ​(Pwo. 10:19; 17:27). Sepandan, gen diskresyon oswa bonjan konprann pa vle di pa janm pale. Li vle di pale yon fason ki “gen cham”, oubyen sèvi avèk lang nou pou nou geri moun olye pou nou blese yo. —Li Pwovèb 12:18; 18:21.

Gen yon “lè pou ou rete san pale” ak yon “lè pou ou pale”

7. Ki sa nou pa dwe di, e poukisa?

7 Menm jan pawòl nou dwe toujou gen cham e nou dwe toujou metrize nou nan fason n ap pale ni ak moun nou travay ansanm avèk yo, ni ak moun nou rankontre nan ministè a, se konsa tou pawòl nou dwe toujou gen cham lè n ap pale ak moun nan kongregasyon an e ak manm fanmi nou. Lè nou aji oswa nou pale avèk kòlè san nou pa reflechi ak konsekans sa ka genyen, nou kapab vrèman nui ni sante espirityèl nou ni sante fizik nou, nou kapab gen pwoblèm nan domèn afektif e nou kapab lakòz lòt moun gen pwoblèm nan domèn sa yo tou (Pwo. 18:6, 7). Lefètke nou enpafè, nou kapab gen yon seri santiman ki pa kòrèk. Nou bezwen veye pou nou metrize santiman sa yo. Li pa bon pou yon moun joure lòt moun, pou l pase yo nan betiz, pou l meprize yo oubyen pou l pale avèk yo avèk kòlè yon fason ki montre li rayi yo (Kol. 3:8; Jak 1:20). Bagay sa yo kapab kraze relasyon nou genyen ak lòt moun ansanm ak relasyon nou genyen ak Jewova. Men sa Jezi te anseye: “Nenpòt moun ki ret an kòlè kont frè l, l ap gen pou l rann kont nan tribinal. Nenpòt moun ki di frè l yon vye pawòl pou manke l dega, l ap gen pou l rann kont devan pi gwo Tribinal la. E nenpòt moun ki di frè l ‘moun fou! pa itil!’, li riske pou yo lage l nan dife jeyèn nan.” —Mat. 5:22, NW.

8. Ki lè pou n di sa k nan panse nou, e ki jan nou dwe fè sa?

8 Sepandan, gen bagay nou gendwa santi li pi bon pou n pale de yo. Si yon frè di w yon bagay oswa li fè w yon bagay ki tèlman ba w pwoblèm ou santi ou pa kapab annik pase sou sa, pa kite lahèn gonfle nan kè w kont li (Pwo. 19:11). Si yon moun fè w fache, ou bezwen metrize w dabò, apre sa, fè sa w kapab pou w rezoud pwoblèm nan. Men sa Pòl te ekri: “Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.” Si sa frè a te fè w oswa sa li te di w la kontinye ba w pwoblèm, chwazi yon bon moman pou w pale sou sa avè l avèk jantiyès. (Li Efezyen 4:26, 27, 31, 32.) Pale avèk li sou sa avèk franchiz, men ak pawòl ki gen cham, nan entansyon pou w ranje sitiyasyon an. —Lev. 19:17; Mat. 18:15.

9. Poukisa nou bezwen metrize tèt nou anvan nou pale ak yon moun konsènan yon pwoblèm nou gen avè l?

9 Sepandan, ou bezwen chwazi yon bon moman. Labib di gen yon “lè pou ou rete san pale” ak yon “lè pou ou pale”. (Ekl. 3:1, 7.) Men sa Labib di ankò: “Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons.” ​(Pwo. 15:28). Sa kapab mande pou w ret tann anvan ou pale sou pwoblèm nan ak moun nan. Si w fè sa pandan w fache toujou, sitiyasyon an ka vin pi mal. Anmenmtan tou, ou pa dwe kite twòp tan pase.

Lè nou aji avèk bonte, sa ede nou gen bon relasyon ak lòt moun

10. Ki jan bèl aksyon nou fè anvè lòt moun kapab amelyore relasyon nou gen avèk yo?

10 Lè pawòl nou gen cham e nou kominike byen ak lòt moun, sa ap pèmèt nou retabli relasyon pezib nou genyen ak yo epi kenbe relasyon sa yo. Anfèt, lè nou fè sa nou kapab pou nou amelyore relasyon nou gen ak lòt moun, sa kapab fè nou vin gen bonjan kominikasyon ak yo. Lè nou fè bèl aksyon avèk senserite anvè lòt moun, pa egzanp, lè nou chèche okazyon pou nou ede yo, nou ba yo kado ak tout kè nou, nou akeyan, sa kapab fè nou vin gen bon kominikasyon ak yo. Lè nou aji konsa ak yon moun, nou kapab ‘rasanble chabon dife’ sou tèt li, sa ki ka fè bèl kalite li genyen yo parèt. Konsa, l ap vin pi fasil pou nou pale avè l nan objektif pou nou rezoud pwoblèm nan. —Wom. 12:20, 21, Bib Kreyòl La.

11. Ki jan Jakòb te pran inisyativ pou l retabli relasyon li te gen ak Ezayi, frè l, e ki rezilta sa te bay?

11 Patriyach Jakòb te konprann sa. Ezayi, ki te frè jimo l la, te tèlman fache kont li, Jakòb te oblije al nan mawon paske li te pè pou Ezayi pa touye l. Apre anpil ane te fin pase, Jakòb retounen nan zòn nan. Ezayi te vin rankontre l ansanm ak 400 gason. Apre Jakòb fin priye Jewova pou l ede l, li voye yon bann bèt bay Ezayi kòm kado, epi li pran wout pou l al rankontre l. Kado a te bay rezilta Jakòb t ap atann nan. Lè de mesye yo rankontre, Ezayi kouri al bay Jakòb akolad, paske, kè Ezayi te vin adousi. —Jen. 27:41-44; 32:6, 11, 13-15; 33:4, 10.

Annou ankouraje lòt moun ak pawòl ki gen cham

12. Lè n ap pale ak frè nou yo, poukisa pawòl nou dwe toujou gen cham?

12 Kretyen yo se Bondye y ap sèvi, yo pap sèvi yon moun parèy yo. Malgre sa, li toutafè nòmal pou yo pa vle lòt moun gen pwoblèm ak yo. Lè pawòl nou gen cham, sa kapab rann li pi fasil pou frè n ak sè n yo pote chay yo. Sepandan, si nou kritike yo yon fason ki di, chay y ap pote a kapab vin pi lou pou yo, e sa ka fè yo menm mande tèt yo si Jewova lage yo. Se sa k fè, avèk senserite, nou bezwen pale avèk yo konsènan bagay ki ankourajan, ‘koze ki ka ede yo grandi nan konfyans yo nan Bondye. Konsa, se yon byen n’a fè pou moun k’ap tande nou yo’. —Efe. 4:29.

13. Ki sa ansyen yo pa dwe bliye a) lè y ap bay konsèy? b) lè y ap ekri lèt?

13 Ansyen yo sitou dwe gen “dousè” e yo dwe trete twoupo a avèk tandrès (1 Tes. 2:7, 8). Lè ansyen yo ap bay frè ak sè yo konsèy, yo dwe fè sa “avèk dousè”, menmsi se ak yon “moun ki pa dakò” avèk yo y ap pale (2 Tim. 2:24, 25). Lè sa nesesè, ansyen yo ekri lèt voye bay lòt kolèj ansyen oubyen bay biwo filyal la. Pawòl y ap ekri nan lèt sa yo dwe gen cham. Yo dwe montre yo janti e yo gen tak, nan entansyon pou yo aplike Matye 7:12.

Pale avèk cham nan fanmi nou

14. Ki konsèy Pòl bay mari yo, e poukisa?

14 Li fasil pou nou pa fin konprann efè pawòl nou, jès nou fè ak figi nou ak kò nou kapab genyen sou lòt moun. Gen kèk gason ki pa fin konprann jan pawòl yo gen anpil efè sou fi. Men sa yon sè di: “Lè mari m fache e li pale fò avè m, sa fè m pè.” Pawòl moun di avèk fòs kapab gen plis efè sou yon fi pase sou yon gason e fi a kapab sonje yo pandan lontan (Lik 2:19). Sa nou di la a rive sitou lè moun ki di pawòl la se yon moun fi a renmen e li vle respekte. Pòl bay mari yo konsèy pou yo ‘kontinye renmen madanm yo, epi pa eksite sou yo’. —Kol. 3:19, NW.

15. Bay yon egzanp ki montre poukisa yon mari dwe trete madanm li avèk dousè.

15 Nan sans sa a, yon frè ki gen lontan depi li marye te bay egzanp ki vin annapre a pou l montre rezon ki fè mari yo dwe trete madanm yo avèk dousè, antanke “yon veso ki pi fèb” ​(NW). Men sa li di: “Lè yon moun kenbe yon po ki gen anpil valè e ki delika, li pa dwe kenbe l twò fò pou l pa fann. Menm apre yo ranje kote ki fann nan, mak fann nan ap parèt. Si yon mari pale ak madanm li twò di, li kapab blese l. Sa ka lakòz pwoblèm ki ka dire lontan nan maryaj la.” —Li 1 Pyè 3:7.

16. ki jan yon madanm kapab bati fanmi l?

16 Pawòl moun di kapab ankouraje gason yo tou e yo kapab dekouraje yo, e pawòl madanm yo tou ka gen efè sa a. “Yon fanm ki gen konprann”, yon fi mari l kapab vrèman “mete tout konfyans li nan li”, montre konsiderasyon pou santiman mari l, menm jan li vle pou mari l fè sa pou li (Pwo. 19:14; 31:11). Vrèmanvre, yon madanm kapab gen anpil enfliyans nan fanmi l, swa an byen, swa an mal. Bib la di: “Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.” —Pwo. 14:1.

17. a) Ki jan jèn yo dwe pale ak paran yo? b) Ki jan moun ki adilt yo dwe pale ak jèn yo, e poukisa?

17 Paran ak pitit dwe itilize pawòl ki gen cham lè y ap pale youn ak lòt (Mat. 15:4). Lè n ap pale ak jèn yo, si nou fè atansyon ak fason n ap pale avèk yo, sa ap ede nou pou nou pa “irite” yo oswa pou nou pa “fè yo fè kòlè”. (Kol. 3:21; Efe. 6:4, NW; nòt anba paj.) Menmsi yon paran panse pitit li bezwen disiplin, li bezwen pale avèk pitit li a avèk respè. Menm jan an tou, si yon ansyen panse yon timoun bezwen disiplin, li dwe pale avèk li avèk respè. Lè moun ki gen matirite yo aji konsa, yo fè li pi fasil pou jèn yo pote koreksyon ki nesesè nan konpòtman yo e pou yo kenbe bon relasyon yo genyen ak Jewova. Li pi bon pou nou aji konsa olye nou fè jèn yo santi nou panse yo se yon ka pèdi, sa ki ka fè yo menm tou yo panse sa. Jèn yo gendwa pa sonje tout konsèy yo jwenn, men y ap sonje fason lòt moun pale avèk yo.

Annou di bon bagay ki soti nan kè nou

18. Ki jan nou kapab retire move panse ak move santiman nou gen nan nou?

18 Lè vizaj yon moun parèt kalm lè l an kòlè, sa pa vle di li metrize kòlè l pou sa. Objektif nou se pa senpleman metrize nou. Si n ap fè efò pou nou parèt kalm, men pa anndan nou tankou yon vòlkan tèlman nou fache, sa ap fè nou strese. Se kòmsi nou ta nan yon machin e n ap bay gaz pandan pye nou sou fren an anmenmtan. Si nou ta sèvi konsa ak yon machin, sa pa t ap bon pou li; sa ta gendwa menm kraze l. Donk, pinga nou kite kòlè gonfle anndan nou epi pou nou eklate apre. Priye Jewova pou l retire tout move santiman nou gen nan kè nou. Kite lespri Jewova chanje mantalite nou ak kè nou yon fason pou nou ka fè volonte l. —Li Women 12:2; Efezyen 4:23, 24.

19. Ki sa nou ka fè k ap ede nou pa fè kont ak lòt moun avèk kòlè?

19 Aji yon fason k ap ede w metrize santiman w. Si w nan yon sitiyasyon ki mete w sou presyon e w santi kòlè ap gonfle anndan w, petèt l ap bon pou w fè yon deplase, konsa, sa ap pèmèt ou metrize w (Pwo. 17:14). Si moun w ap pale avè l la kòmanse vin fache, fè yon ti efò anplis pou w itilize pawòl ki gen cham. Pa bliye sa: “Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w’ap fè l pi eksite.” ​(Pwo. 15:1). Si w pale yon fason ki blese moun oswa ou pale yon fason ki agresif, menmsi w fè sa ak yon vwa dous, w ap mete abse sou klou (Pwo. 26:21). Donk, lè w nan yon sitiyasyon ki vle fè w pèdi metriz ou, “pa kouri pale, pa prese fè kòlè”. Priye Jewova pou l ba w lespri l yon fason pou w di bon bagay e pou move pawòl pa soti nan bouch ou. —Jak 1:19.

Annou padone ak tout kè nou

20, 21. Ki sa ki kapab ede nou padone lòt moun, e poukisa nou dwe fè sa?

20 Malerezman, pèsonn pa gen kontwòl sou lang yo nèt (Jak 3:2). Malgre tout efò manm fanmi nou ansanm ak frè ak sè nou yo fè, sa ka rive yo di nou bagay ki fè nou mal. Olye nou kouri fache, li pi bon pou nou analize sitiyasyon an epi eseye konprann rezon ki fè moun nan te di sa l te di a. (Li Eklezyas 7:8, 9.) Èske l te anba presyon? Èske l te pè? Èske l pa t santi l byen? Èske li gen yon pwoblèm pèsonèl oswa l ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil?

21 Rezon sa yo pa bay okenn moun dwa pou yo eklate sou lòt moun. Sepandan, lè nou konprann rezon ki fè pafwa kèk moun kapab di oswa yo kapab fè kèk bagay ki fè nou mal, sa ap pouse nou padone yo. Nou tout nou konn di pawòl e nou konn fè aksyon ki fè lòt moun mal, e nou espere y ap padone nou avèk bonte (Ekl. 7:21, 22). Jezi te di si nou vle Bondye padone nou, nou menm tou nou dwe padone lòt moun (Mat. 6:14, 15; 18:21, 22, 35). Se sa k fè nou dwe dispoze mande eskiz e nou dwe dispoze padone. Konsa, n ap kontinye mache nan lanmou, ‘kòd ki mare nou ansanm yonn ak lòt la’, ni nan fanmi nou, ni nan kongregasyon an. —Kol. 3:14.

22. Poukisa sa vo lapèn pou nou fè efò pou pawòl nou toujou gen cham?

22 Ofiramezi fen monn sa a ap vin pi pre, n ap kontinye jwenn plis bagay k ap fè li difisil pou nou kenbe jwa nou e pou nou kontinye gen tèt ansanm. Si nou aplike prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a, sa ap ede nou itilize lang nou byen, olye nou sèvi avè l pou n fè moun mal. Konsa, nonsèlman relasyon nou genyen ak frè ak sè yo nan kongregasyon an e relasyon nou genyen ak manm fanmi nou ap vin pi pezib, men tou, egzanp nou ap yon temwayaj sou Jewova, “Bondye [nou an] ki gen kè kontan an”. —1 Tim. 1:11, NW.

Èske w ka esplike?

• Poukisa li enpòtan pou nou chwazi yon bon moman pou nou pale ak yon moun nou gen pwoblèm avè l?

• Poukisa moun ki nan menm fanmi dwe toujou di youn lòt ‘pawòl ki gen cham’?

• Ki jan nou ka fè pou nou pa di moun pawòl k ap blese yo?

• Ki sa ki ka ede nou dispoze padone?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Ret tann ou vin kalm, apre sa chèche yon bon moman pou w pale.

[Foto nan paj 23]

Yon mari dwe toujou pale ak madanm li avèk jantiyès.