Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou patisipe afon nan gwo rekòt espirityèl la

Annou patisipe afon nan gwo rekòt espirityèl la

Annou patisipe afon nan gwo rekòt espirityèl la

“Se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a.” —1 KOR. 15:58, NW.

1. Ki envitasyon Jezi te fè disip li yo ?

NAN fen ane 30 epòk nou an, pandan Jezi t ap vwayaje nan zòn Samari, li te pran yon ti poz bò kot yon pi ki toupre vil Sicha. Tout disip li yo te la avè l bò pi a lè li te di yo: “Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la.” ​(Jan 4:35, NW). Jezi pa t ap pale sou travay rekòt moun yo te konn fè nan jaden yo, men li t ap pale sou yon travay rasanbleman espirityèl kote moun ki jis yo t ava vin disip li. Nan pawòl Jezi te di yo, li te gen objektif pou l pouse disip yo aji. Se pa ti kantite travay ki te gen pou fèt nan yon tikras tan!

2, 3. a) Ki prèv nou genyen n ap viv nan epòk travay rekòt sa a? b) Sou ki sa atik sa a pral pale?

2 Pawòl Jezi te di konsènan travay rekòt la gen anpil enpòtans pou epòk nou an, yon epòk kote lemonnantye tankou yon gwo jaden ki “pare pou rekòt”. Chak ane, plizyè milyon moun resevwa envitasyon pou yo aksepte verite ki bay lavi a, konsa, grasa travay rekòt sa a, plizyè milye moun vin nouvo disip ki batize. Nou gen yon kokennchenn privilèj pou nou patisipe nan pi gwo travay rekòt k ap fèt depi lè rekòt la te kòmanse anba direksyon Mèt rekòt la, Jewova Dye. Èske w ‘toujou gen anpil bagay pou w fè’ nan rekòt sa a? —1 Kor. 15:58.

3 Pandan twazan edmi ministè Jezi sou tè a, li te prepare disip li yo pou wòl yo t apral gen pou yo jwe antanke travayè nan rekòt la. Atik sa a pral egzamine twa nan leson ki pi enpòtan Jezi te anseye disip li yo. Chak leson chita sou yon kalite ki gen anpil valè pou nou menm k ap fè tout sa nou kapab nan travay rasanbleman disip k ap fèt nan epòk nou an. Annou egzamine kalite sa yo youn apre lòt.

Imilite enpòtan anpil

4. Kiyès Jezi te pran kòm egzanp pou l montre imilite enpòtan?

4 Imajine sèn nan. Disip Jezi yo fèk fin fè yon diskisyon sou kiyès nan yo ki pi enpòtan. Kounye a, youn pa fè lòt konfyans, youn pa byen ak lòt, e sanble sa te parèt klè nan figi yo. Se sa k fè Jezi rele yon timoun piti, li mete l kanpe nan mitan yo, li atire atansyon yo sou timoun nan epi li di yo: “Nenpòt moun ki rabese tèt li pou l tankou timoun sa a, se li ki pi enpòtan nan wayòm syèl la.” ​(Bib Kreyòl La). (Li Matye 18:1-4.) Olye pou disip Jezi yo te panse menm jan ak moun ki nan monn nan, ki gade sou pouvwa moun genyen, sou richès yo ak sou ran sosyal yo pou yo jije yo, yo te bezwen konprann si yo vle enpòtan, se pou yo ‘rabese tèt yo’. Yo t ap jwenn benediksyon nan men Jewova e li t ap sèvi ak yo si sèlman yo te montre yo gen vrè imilite a.

5, 6. Poukisa li enpòtan anpil pou w gen imilite pou w kapab patisipe afon nan travay rekòt la? Bay yon egzanp.

5 Jis jodi a, anpil moun nan monn nan konsantre tout lavi yo sou chèche pouvwa, richès ak gwo pozisyon nan sosyete a. Sa lakòz yo vin pa gen anpil tan pou bagay espirityèl oswa yo pa gen tan ditou pou bagay sa yo (Mat. 13:22). Yon lòt bò, moun ki fè pati pèp Jewova a byen kontan ‘rabese tèt yo’ pou yo ka jwenn benediksyon ak apwobasyon Mèt rekòt la. —Mat. 6:24; 2 Kor. 11:7; Fil. 3:8.

6 Annou egzamine egzanp Francisco, yon ansyen nan yon kongregasyon nan yon peyi ann Amerik disid. Lè l te yon jèn gason, li te kite inivèsite li te ladan l lan pou l te ka sèvi kòm pyonye. Men sa l rakonte: “Lè mwen te vin fiyanse pou m al marye, mwen te ka jwenn yon travay ki t ap pèmèt madanm mwen avè m santi nou plis an sekirite nan domèn ekonomik. Olye nou te chèche jwenn yon travay konsa, nou te deside mennen yon vi senp, konsa, nou toule de te kapab kontinye rete nan sèvis aplentan. Annapre, nou te vin gen timoun e bagay yo te vin pi difisil pou nou. Sepandan, Jewova te toujou ede nou kenbe desizyon nou te pran an fèm.” Francisco fini pou l di: “Pandan plis pase 30 an, mwen te gen priviIèj sèvi kòm ansyen, san konte yon pakèt lòt privilèj espesyal ankò. Nou pa janm regrèt menm pou yon ti tan desizyon nou te pran pou nou mennen yon vi senp.”

7. Ki fason ou eseye aplike konsèy ki nan Women 12:16 la?

7 Si w pa kite bagay ki nan monn nan fè ‘ògèy plen tèt ou’, men ou kite se ‘imilite ki dirije w’, ou menm tou, ou mèt espere w ap jwenn yon pakèt lòt benediksyon ak privilèj nan travay rekòt la. —Wom. 12:16, NW; Mat. 4:19, 20; Lik 18:28-30.

Dilijans bay bon rezilta

8, 9. a) Rezime parabòl talan Jezi te bay la. b) Pou kiyès espesyalman parabòl sa a kapab ankourajan anpil?

8 Yon lòt kalite ki enpòtan pou nou genyen k ap ede nou patisipe afon nan rekòt la se dilijans. Parabòl Jezi te bay sou talan yo montre sa byen *. Parabòl sa a pale sou yon mesye ki te gen pou l fè yon vwayaj aletranje. Anvan l pati, li konfye tout byen l bay twa esklav. Li bay premye esklav la senk talan, dezyèm nan, de talan, epi twazyèm nan, yon sèl talan. Apre mèt yo a fin pati, de premye esklav yo aji avèk dilijans, e yo pa pèdi tan pou yo fè talan yo te gen nan men yo a “travay”. Men, twazyèm esklav la te “parese”, se sa k fè li te mete talan li a anba tè. Lè mesye a tounen, li rekonpanse de premye esklav yo pou bon travay yo te fè e li ba yo privilèj pou yo responsab “pi gwo zafè” toujou. Men, li pran talan li te bay twazyèm esklav la nan men l epi li mete l deyò lakay li. —Mat. 25:14-30.

9 Pa gen dout ou gen dezi pou w imite de esklav dilijan yo ki nan parabòl Jezi te bay la e w gen dezi pou w fè tout sa w kapab pou w patisipe afon nan travay fè disip la. Men, ki sa w ka fè si sitiyasyon w pa pèmèt ou patisipe anpil nan travay sa a? Petèt ou gen gwo pwoblèm ekonomik ki fè w oblije travay anpil pou w rive bay fanmi w sa yo gen bezwen. Oswa petèt ou pa gen menm fòs ou te genyen lè w te jèn e ou pa gen bon sante. Si se nan sitiyasyon sa a w ye, parabòl talan an gen yon mesaj ankourajan pou ou.

10. Kòman mèt nan parabòl talan an te montre li rezonab, e poukisa sa ankourajan pou ou?

10 W ap remake mèt nan parabòl Jezi a te byen konprann chak esklav li yo gen kapasite pa yo. Li te montre sa lè l te bay “yo chak” yon kantite talan ‘dapre kapasite yo’. (Mat. 25:15, Bib Kreyòl La.) Li toutafè nòmal pou premye esklav la te fè plis benefis pou mèt la pase dezyèm esklav la. Aktout sa, mèt la te montre li rekonèt toule de esklav yo te travay avèk anpil dilijans lè l te di yo yo ‘bon e yo fidèl’, e li te ba yo menm rekonpans (Mat. 25:21, 23, NW). Menm jan an tou, Mèt rekòt la, Jewova Dye, konnen byen ki kantite travay sitiyasyon w pèmèt ou fè nan sèvis li. Li pap manke pa wè tout efò ou fè ak tout kè w pou w kapab sèvi l e li pap manke pa rekonpanse w pou sa. —Mak 14:3-9; li Lik 21:1-4.

11. Bay yon egzanp ki montre ki jan dilijans kapab fè yon moun jwenn anpil benediksyon menm lè li nan sitiyasyon ki difisil anpil.

11 Egzanp Selmira, yon kretyèn k ap viv nan peyi Brezil, fè wè yon moun kapab dilijan nan sèvis Bondye a menm lè lavi a ap maltrete l. Sa gen venndezan depi vòlè te tire mari l pandan vòlè yo t ap fè yon vòl. Sè Selmira te vin san mari ak twa pitit fi pou l leve. Travay li antanke sèvant kay moun te pran prèske tout tan l, paske li te dwe fè anpil travay e li te dwe vwayaje nan machin piblik ki chaje ak moun, tout sa te fè l fatige. Malgre tout difikilte sa yo, li te òganize aktivite l yon fason pou l te kapab sèvi antanke pyonye pèmanan. Annapre, de nan twa pitit fi li yo te vin akonpaye l nan sèvis pyonye a. Men sa sè Selmira rakonte: “Pandan ane ki pase yo, mwen etidye Labib avèk plis pase 20 moun e yo vin tankou fanmi m. Jis jounen jodi a, mwen kontinye benefisye lanmou yo ak amitye yo. Sa se yon trezò lajan pa ka achte!” Se pa ti rekonpanse Mèt rekòt la rekonpanse tout efò Selmira fè avèk dilijans!

12. Ki fason ou kapab montre w dilijan nan travay predikasyon an?

12 Sitiyasyon lavi w kounye a kapab limite kantite tan ou ka pase nan ministè a. Sepandan, ou kapab eseye ogmante patisipasyon w nan rekòt la lè w fè efò pou w vin pi efikas ladan l. Lè w aplike, avèk swen, konsèy pratik ou jwenn chak semèn nan Reyinyon sèvis la, ou kapab amelyore kapasite ou genyen pou w preche e ou kapab jwenn nouvo metòd w ap ka itilize pou w prezante bon nouvèl la (2 Tim. 2:15). Anplis, si sa posib, si w gen aktivite ki pa vrèman enpòtan, ki anpeche w soutni regilyèman aranjman yo fè pou moun nan kongregasyon an soti al preche, ou ka fè aktivite sa yo yon lòt lè yon fason pou w ka soutni aranjman sa yo. —Kol. 4:5.

13. Ki sa k enpòtan anpil nou bezwen genyen pou nou gen dilijans e pou nou toujou aji avèk dilijans?

13 Pa bliye sa, se lanmou ak rekonesans nou gen nan kè nou pou Bondye k ap pouse nou aji avèk dilijans (Sòm 40:8). Twazyèm esklav la Jezi te pale de li nan parabòl li a te pè mèt la. Li te konsidere l kòm yon moun ki egzijan e ki pa rezonab. Se rezon sa a ki te pouse l fouye yon twou pou l mete talan pa l la olye pou l te itilize l pou l fè byen mèt li a vin pi plis. Pou w pa vin parese konsa tou, ou bezwen travay pou w vin gen yon relasyon sere sere ak Mèt rekòt la, Jewova, e ou bezwen konsève relasyon sa a avè l. Rezève tan pou w etidye e pou w medite sou bèl kalite Jewova yo, tankou lanmou li, pasyans li ak mizèrikòd li. Si w fè sa, kè w ap pouse w fè tout sa w kapab nan sèvis li a. —Lik 6:45; Fil. 1:9-11.

“Se pou nou sen”

14. Ki kòmandman enpòtan moun ki vle travay nan rekòt la dwe obeyi?

14 Apot Pyè te site kèk pawòl ki soti nan Ekriti ebrayik yo pou l te montre volonte Bondye genyen pou sèvitè l yo k ap viv sou tè a. Men sa l te di: “Menm jan sila ki te rele nou an sen, nou menm tou, se pou nou sen nan tout konpòtman nou. Paske, men sa ki ekri: ‘Se pou nou sen, paske mwen menm, mwen sen!’” ​(1 Pyè 1:15, 16, Bib Kreyòl La; Lev. 19:2; Det. 18:13). Pawòl sa yo montre moun k ap travay nan rekòt la bezwen pwòp ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Nou ka obeyi kòmandman enpòtan sa a lè nou fè sa nou kapab pou nou vin pwòp. Ki sa k ka ede nou nan sans sa a? Se verite ki nan Pawòl Bondye a.

15. Ki sa verite ki nan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l fè pou nou?

15 Verite ki nan Pawòl Bondye a tankou dlo moun itilize pou yo lave kò yo pou yo ka pwòp. Pa egzanp, apot Pòl te fè konnen kongregasyon kretyen wen yo fòme a, ki tankou yon lamarye ki fidèl ki gen pou marye ak Kris, pwòp nan je Bondye. Li te fè konnen tou Kris ‘lave l ak dlo pawòl Bondye a pou l ka vin sen e pou l ka vin san defo’. (Efe. 5:25-27, NW.) Anvan sa, Jezi li menm tou te pale de pouvwa pawòl Bondye li t ap preche a genyen pou l netwaye moun pou l fè yo pwòp. Lè l t ap pale ak disip li yo, li te di yo: “Grasa pawòl mwen di nou yo, nou menm, nou deja pwòp.” ​(Jan 15:3, Bib Kreyòl La). Donk, verite ki nan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l fè nou pwòp ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Se sèlman si nou kite verite sa yo lave nou pou yo fè nou pwòp nan domèn sa yo, Bondye ap aksepte adorasyon n ap ba li a.

16. Ki jan nou ka fè pou nou rete pwòp ni nan domèn espirityèl ni nan domèn moral?

16 Kidonk, pou nou ka sèvi kòm travayè nan rekòt Bondye a, toudabò, nou dwe sispann pratike tout bagay ki pa pwòp ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Wi, si nou vle toujou kalifye pou nou gen privilèj pou nou travay nan rekòt la, nou dwe yon egzanp nan fason nou suiv prensip wo nivo Jewova ban nou nan domèn moral ak nan domèn espirityèl yo. (Li 1 Pyè 1:14-16.) Menm jan nou toujou veye pou kò nou pwòp, se konsa tou nou dwe toujou kite verite ki nan Pawòl Bondye a aji sou nou pou l netwaye nou nan domèn espirityèl. Sa mande pou nou li Labib e pou nou asiste reyinyon yo. Epitou, sa vle di nou dwe fè tout efò nou pou nou suiv rapèl Bondye ban nou yo nan lavi nou. Lè nou fè bagay sa yo, sa ap ede nou venk tandans nou genyen pou nou peche e sa ap ede nou konbat move enfliyans monn nan ka gen sou nou (Sòm 119:9; Jak 1:21-25). Pa gen dout nan sa, lefètke nou konnen verite ki nan Pawòl Bondye a kapab “lave” nou anba menm gwo peche grav, sa vrèman rekonfòte nou! —1 Kor. 6:9-11, Bib Kreyòl La.

17. Si nou vle rete pwòp, ki konsèy Labib bay nou dwe koute?

17 Èske w aksepte pou verite ki nan Pawòl Bondye a lave w? Pa egzanp, ki fason w reyaji lè yo ba w konsèy kont danje ki genyen nan patisipe nan divètisman imoral ki gaye nan monn nan (Sòm 101:3)? Èske w evite pase tan san nesesite ansanm ak elèv nan lekòl ou oswa kolèg travay ou ki pa gen menm kwayans avè w (1 Kor. 15:33)? Èske w fè efò sensèman pou w venk feblès ou yo ki kapab rann ou sal nan je Jewova (Kol. 3:5)? Èske w veye pou w pa pran pa nan diskisyon politik moun nan monn nan ap fè e pou w pa gen tandans nasyonalis ki makònen ak anpil spò? —Jak 4:4.

18. Lè nou pwòp nan domèn moral e nan domèn espirityèl, ki jan sa ede nou jwenn pi bon rezilta antanke travayè nan rekòt la?

18 Obeyisans ou ak fidelite w nan domèn sa yo ap bay trè bon rezilta. Jezi te konpare disip li yo ak branch nan yon pye rezen, men sa l te deklare: “[Papa m] koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou.” ​(Se nou menm ki mete mo yo ann italik; Jan 15:2). Tank ou kite dlo ki soti nan verite ki nan Labib yo pwòpte w, se tank w ap bay plis fwi.

N ap jwenn benediksyon ni kounye a ni alavni

19. Ki benediksyon disip Jezi yo te resevwa poutèt yo te patisipe afon nan rekòt la?

19 Disip Jezi yo, ki te fidèl, te aplike fòmasyon yo te resevwa nan men l. Annapre, yo te resevwa pouvwa lespri sen nan Pannkòt ane 33 epòk nou an pou yo te vin temwen Jezi “jouk nan dènye bout latè”. (Tra. 1:8.) Annapre, yo te sèvi kòm manm kolèj santral, misyonè ak siveyan itineran, e yo te jwe yon wòl enpòtan nan preche bon nouvèl la “bay tout moun sou latè”. (Kol. 1:23.) Se pa de benediksyon yo te rekòlte e se pa ti lajwa yo te fè lòt moun jwenn!

20. a) Ki benediksyon ou jwenn dèske w patisipe afon nan rekòt espirityèl la? b) Ki sa w pran detèminasyon pou w fè ladan l?

20 Se sèten, lè nou montre nou enb, nou travay avèk dilijans e nou suiv prensip wo nivo nou jwenn nan Pawòl Bondye a nan lavi nou, n ap kontinye pran plezi pou nou patisipe afon nan rekòt espirityèl k ap fèt kounye a. Moun ki nan monn sa a ap soufri paske yo materyalis e se plezi sèlman y ap chèche nan lavi yo, tandiske nou menm, kè nou kontan e nou gen bonjan satisfaksyon (Sòm 126:6). Sa ki pi enpòtan, sèke nou sèten “anrapò ak Seyè a, nou p ap travay pou granmesi”. (1 Kor. 15:58, NW.) Mèt gwo rekòt la, Jewova Dye, pral rekonpanse nou pou toutan paske “nou montre lanmou nou pou non li”. —Ebre 6:10-12, Bib Kreyòl La.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Parabòl talan an gen rapò toudabò ak relasyon ki egziste ant Jezi ak disip wen li yo, men prensip ki nan parabòl sa a enpòtan pou tout vrè kretyen yo.

Èske nou sonje?

Pandan w ap chèche patisipe afon nan travay rekòt la...

• poukisa li enpòtan pou w chèche gen imilite?

• ki jan w kapab chèche gen dilijans epi toujou aji avèk dilijans?

• poukisa li enpòtan pou nou rete pwòp nan domèn moral ak nan domèn espirityèl?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Si nou gen imilite, sa ka ede nou mennen yon vi senp pou nou ka konsantre nou sou travay Wayòm nan.