Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede pitit ou yo pou yo renmen li ak etidye

Ede pitit ou yo pou yo renmen li ak etidye

Ede pitit ou yo pou yo renmen li ak etidye

DE NAN bagay ki gen anpil enpòtans pou avni pitit nou se aprann li ak etidye. Nou bezwen fè efò pou nou ede yo konn fè bagay sa yo. Se pa ti lajwa aktivite sa yo ka ba yo! Pou anpil timoun, pi bèl souvni yo genyen se lè paran yo t ap li ansanm avèk yo. Lekti se yon bagay moun kapab pran plezi ladan l, e rezilta l bay yo kapab bay kè kontan. Sa sitou vrè pou sèvitè Bondye yo, piske se lè yo etidye Bib la yo vin gen yon relasyon ki pi sere avèk Jewova. Gade sa yon papa ki kretyen te di: “Bagay ki pi enpòtan pou nou yo makònen ak li ak etidye.”

Lè pitit ou yo aprann gen bon abitid nan domèn etidye, sa ka ede yo vin gen yon relasyon ki pi sere avèk Bondye (Sòm 1:1-3, 6). Menmsi aprann li se pa yon kondisyon pou yon moun sove, Labib montre lekti ka fè nou jwenn gwo byenfè nan domèn espirityèl. Pa egzanp, men sa Revelasyon 1:3 di: “Benediksyon pou moun k ap li a ak moun yo k ap koute pawòl pwofesi a.” ​(Bib Kreyòl La). Anplis, apot Pòl montre byen klè li enpòtan pou moun aprann konsantre yo, yon bagay ki enpòtan nan etidye, lè l te bay Timote konsèy enspire sa a: “Reflechi sou bagay sa yo, lage kò w ladan yo.” Poukisa Timote te bezwen fè sa? Pòl te di l: “Konsa, l ap klè pou tout moun, w ap fè pwogrè.” —1 Tim. 4:15, Bib Kreyòl La.

Se vre, se pa sèlman konn li ak etidye k ap bay yon moun garanti l ap jwenn byenfè. Gen anpil moun ki gen kapasite pou yo li e pou yo etidye ki pa sèvi avèk kapasite sa yo jan yo ta dwe fè sa. Okontrè, yo okipe tan yo ak lòt aktivite ki gen mwens enpòtans. Devan sitiyasyon sa a, ki jan paran yo kapab fè timoun yo swaf pou yo gen konesans k ap itil yo a?

Demontre lanmou pou yo epi ba yo egzanp

Timoun yo vin renmen moman y ap etidye yo, lè moman sa yo gen yon anbyans lanmou ladan yo. Men sa Owen ak Claudia, de moun marye ki kretyen, sonje konsènan de pitit yo genyen yo: “Yo te konn ap tann moman pou etid la fèt la paske se te yon moman espesyal, yon moman kote yo te santi yo an sekirite e yo alèz. Yo te vin konsidere moman sa a kòm yon moman ki gen yon anbyans lanmou ladan l.” Menm lè timoun yo antre nan adolesans yo, yon peryòd kote yo ka jwenn pwoblèm, si nou kontinye kreye yon anbyans kote yo santi gen lanmou nan etid n ap fè an fanmi avèk yo, sa ap gen yon efè sou fason yo wè kesyon etidye a. Kounye a, timoun Owen ak Claudia yo ap sèvi kòm pyonye e yo kontinye jwenn byenfè grasa paran yo, paske yo renmen li e yo renmen etidye.

Yon mwayen efikas pou nou ede timoun nou yo ki mache ak lanmou, se egzanp nou ba yo antanke paran. Timoun ki konn wè paran yo ap li souvan e y ap etidye souvan gen plis chans pou yo konsidere aktivite sa yo kòm bagay ki nòmal pou yo fè nan lavi pa yo. Men, antanke paran, ki jan w ka ba yo egzanp menmsi lekti pa yon aktivite ki twò fasil pou w fè? Petèt, ou bezwen fè sa vin yon priyorite pou ou oswa ou bezwen chanje pwennvi w sou kesyon an (Wom. 2:21). Si lekti se youn nan aktivite enpòtan ou fè chak jou, sa ap gen yon gwo efè sou timoun ou yo. Lè w fè gwo efò espesyalman pou w li Bib la, pou w prepare reyinyon yo e pou w fè etid an fanmi, sa ap voye yon mesaj klè bay timoun yo konsènan enpòtans aktivite sa yo genyen.

Donk, lanmou w demontre pou timoun yo ak egzanp ou ba yo trèzenpòtan pou w ede yo renmen li. Men, ki sa w ka fè pou w ankouraje yo?

Fè timoun ou yo renmen lekti

Ki etap enpòtan konsa ou bezwen suiv lè w ap chèche ede timoun ou yo renmen li? Ba yo liv pou yo li depi yo toupiti. Gen yon ansyen paran l te ede l renmen li ki te bay konsèy sa a: “Aprann timoun nou yo kenbe liv. Si yo aprann fè sa, y ap vin renmen liv e y ap ba yo yon plas nan lavi yo.” Anpil timoun vin renmen liv ki baze sou Bib la, tankou liv Koute gran Anseyan an ak Liv istwa biblik mwen an, lontan anvan yo vin an mezi pou yo li yo. Lè w li liv sa yo avèk timoun ou yo, se pa sèlman pale w aprann yo pale, men tou, w aprann yo “bagay ki gen rapò ak Bondye” ak “pawòl ki ann akò ak lespri a”. —1 Kor. 2:13, NW.

Li awotvwa regilyèman. Pran abitid li avèk timoun ou yo chak jou. Lè w fè sa, w ap aprann yo pwononse mo yo yon fason ki kòrèk e w ap ranfòse abitid yo genyen pou yo li. Fason w li enpòtan tou. Li avèk antouzyas, e yo menm y ap li menm jan an tou. Anfèt, timoun yo gendwa mande w pou w li yon istwa pou yo plizyè fwa. Fè sa yo mande w la. Avèk letan, y ap mande w pou w li lòt sijè pou yo. Sepandan, veye pou w pa fòse yo li avè w. Jezi ban nou yon egzanp nan sans sa a; li te anseye moun ki t ap koute l yo sèlman “nan mezi yo te kapab tande”. (Mak 4:33, Bib Kreyòl La.) Si w pa fòse timoun ou yo, chak lè ou pral fè lekti ak yo, y ap anvi wè moman an rive. Konsa, w ap avanse pi pre objektif ou genyen pou w ede yo renmen li.

Ankouraje yo patisipe nan lekti a, epi pale sou sa w li a. Nan yon ti tan, w ap kontan wè pitit ou yo ki toupiti gentan konnen anpil mo, yo kapab pwononse yo e yo konprann siyifikasyon yo. Lè w pale sou sa w li a avèk yo, sa kapab ede yo pwogrese anpil. Gen yon liv ki pale sou fason pou nou ede timoun nou yo vin bon lektè ki esplike lè nou pale ak timoun yo, sa ede yo “aprann yon seri mo y ap bezwen konnen e y ap bezwen konprann lè y ap li”. Menm liv sa a di ankò: “Lè sèvo yon timoun ap devlope, pou l aprann li ak ekri, li enpòtan anpil pou w pale avè l; tank ou pale sou bagay ki enpòtan avè l, [...] se tank sa pi bon pou li.”

Ankouraje timoun ou yo li pou ou e ankouraje yo poze kesyon. Petèt ou kapab poze kesyon yo e ou kapab bay kèk repons. Konsa, timoun ou yo ap konprann liv se yon sous enfòmasyon e mo y ap li yo gen yon sans. Metòd sa a ap fè yo tire anpil pwofi, sitou si sa w ap li avèk yo a baze sou Pawòl Bondye a, liv ki pi enpòtan an. —Ebre 4:12.

Sepandan, pinga w janm bliye sa, li pa fasil pou yon moun devlope kapasite li genyen pou l li. Pou yon moun li byen, sa mande tan ak pratik *. Se poutèt sa tank timoun yo ap plis renmen li, w ap bezwen felisite yo anpil. Lè w felisite yo, sa ap ankouraje yo pou yo renmen fè lekti pi plis.

Y ap wè li enpòtan e y ap pran plezi ladan l

Lè w aprann pitit ou yo fason pou yo etidye, y ap li avèk objektif. Lè yon moun ap etidye, sa mande pou li aprann yon seri enfòmasyon e pou li konprann relasyon youn gen ak lòt. Sa mande pou l gen kapasite pou l òganize enfòmasyon yo, pou l sonje yo e pou l sèvi ak yo. Yonfwa yon timoun fin aprann fason pou l etidye e li wè jan sa ka itil li, l ap wè li enpòtan pou l fè sa e l ap pran plezi ladan l. —Ekl. 10:10.

Aprann yo baz yo bezwen pou yo etidye yo. Nan sware Adorasyon an fanmi yo, lè w ap fè tèks pou jounen an ak nan lòt okazyon ankò, ou gen posiblite pou w montre timoun ou yo fason pou yo etidye. Lè w chita avèk yo e ou egzamine yon sijè pandan kèk moman tou kout, se yon fason w aprann yo konsantre yo, ki se yon bagay ki trèzenpòtan lè yon moun ap aprann. Anplis, ou ka mande pitit gason w pou l di w ki jan sa l sot aprann nan gen rapò ak sa l te konnen deja. Sa ap aprann li fè konparezon. Ki sa w panse si w mande pitit fi w pou l fè rezime sa l sot li a ak pwòp mo pa l? Sa ap ede l konprann sans sa l sot li a e pou l sonje sans li. Yon lòt bagay ki ka ede timoun ou yo sonje sa yo li, se lè w aprann yo fè revizyon, sa vle di repete pwen kle ki gen nan sijè yo fin li a. Menm lè timoun yo toupiti, ou ka aprann yo pran nòt pandan w ap etidye avèk yo oswa nan reyinyon kongregasyon an. Sa ap ede yo aprann konsantre yo. Teknik sa yo tou senp, men yo fè ni ou menm ni timoun yo twouve li enteresan pou nou kontinye aprann etidye e yo fè nou jwenn anpil byenfè.

Kreye yon anviwònman ki ankouraje yo etidye. Yon kote ki gen bon van, ki byen klere, ki kalm e ki fè yo alèz ap fè yo kapab konsantre yo pi fasilman. Natirèlman, fason paran yo konsidere etid trèzenpòtan. Men sa yon manman di: “Li enpòtan pou ou menm ou rezève tan regilyèman pou w li e pou w etidye. Sa ap ede timoun ou yo aprann òganize yo. Y ap aprann chak bagay gen yon lè pou yo fè l.” Gen anpil paran ki tou senpleman pa pèmèt timoun yo fè lòt bagay nan moman pou yo etidye yo. Selon yon mesye ki nan domèn edikasyon, metòd sa a se yon metòd ki efikas anpil lè paran yo ap aprann pitit yo pou yo devlope bon abitid nan fason yo etidye.

Mete aksan sou enpòtans etidye genyen. Finalman, ede timoun ou yo wè fason yo ka sèvi ak sa yo aprann nan etid yo fè. Lè yo sèvi ak enfòmasyon yo aprann yo, y ap wè vrè rezon ki fè yo etidye. Men sa yon jèn frè di: “Si m pa wè ki jan yon bagay m ap etidye ap itil mwen, se vrèman yon konba pou mwen pou m anvi etidye l. Men, si m wè ki jan l ka ede m pèsonèlman, lè sa a mwen vin anvi konprann li.” Lè yon jèn konsidere etidye kòm yon bagay ki ka fè l atenn objektif ki enpòtan pou li, l ap renmen pou l pase tan l ap fè sa. L ap kòmanse renmen etidye, menm jan li te deja renmen li.

Pi gwo byenfè y ap jwenn nan

Nan atik sa a, li enposib pou nou pale de tout byenfè timoun ou yo ap jwenn lè w ede yo pou yo renmen li. Sepandan, men kèk byenfè y ap jwenn: y ap reyisi nan lekòl yo, y ap efikas nan travay yo, y ap gen bon relasyon ak lòt moun, y ap konprann monn y ap viv ladan l lan e y ap gen bon relasyon ki baze sou lanmou ak nou menm, paran yo, e san nou pa bliye lekti ak etid ap fè yo jwenn anpil satisfaksyon.

Sa ki pi enpòtan, si timoun ou yo renmen etidye, sa ka fè yo vin moun ki espirityèl. Moun ki renmen etidye gen nan men yo yon kle pou yo louvri lespri yo ak kè yo pou yo konprann “ni lajè, ni longè, ni pwofondè, ni wotè” verite ki nan Bib la (Efe. 3:18, Bib Kreyòl La). Natirèlman, paran ki kretyen yo gen anpil bagay pou yo aprann timoun yo. Lè paran yo konsakre tan pou pitit yo, yo ba yo atansyon yo bezwen e yo fè tout sa ki posib pou yo ba yo yon bon baz nan lavi a, yo espere finalman timoun yo ap chwazi pou yo sèvi Jewova. Lè w aprann timoun ou yo pou yo gen bon abitid nan fason yo etidye, ou ba yo mwayen pou yo genyen yon bon relasyon avèk Bondye e pou yo kenbe relasyon sa a. Se sa k fè, tank w ap fè tout sa w kapab pou w ankouraje timoun ou yo renmen li ak etidye, ou gen tout rezon pou w chèche benediksyon Jewova nan lapriyè. —Pwo. 22:6.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Gen timoun ki gen pwoblèm pou yo aprann, yo kapab gen bonjan difikilte pou yo li e pou yo etidye. Pou paran yo ka konnen sa pou yo fè pou yo ede yo, yo bezwen gade Réveillez-vous! 22 fevriye 1997, paj 3-10 (fransè).

[Kare/Foto nan paj 26]

Pou w ede timoun ou yo renmen li:

• Ba yo liv pou yo li.

• Li awotvwa.

• Ankouraje yo patisipe.

• Pale sou sa w li a avèk yo.

• Ankouraje yo li pou ou.

• Ankouraje yo poze kesyon.

Pou w ede timoun ou yo renmen etidye:

• Ba yo bon egzanp antanke paran.

• Aprann yo:

○ konsantre yo,

○ fè konparezon,

○ fè rezime,

○ fè revizyon,

○ pran nòt.

• Kreye yon anviwònman ki ankouraje yo etidye.

• Mete aksan sou enpòtans etidye genyen.