Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!”

“Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!”

“Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!”

MEN pawòl Jezi te di pou l bay disip li yo yon avètisman: “Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon.” Sepandan, anvan li te bay avètisman sa a, li te di yo: ‘Nou pa bezwen pè pou sa nou pral soufri yo.’ Piske Satan kontinye menase vrè kretyen yo l ap fè mete yo nan prizon pou yo sispann preche bon nouvèl Wayòm nan, li kapab itilize kèk gouvènman pou l pèsekite yo (Rev. 2:10; 12:17). Donk, ki sa k ap ede nou prepare nou pou nou kontrekare manèv Satan yo e pou ‘nou pa pè’, jan Jezi te di sa?

Se sèten, pifò nan nou te deja rankontre yon sitiyasyon ki te fè nou pè. Sepandan, Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova ede nou pou nou pa abandone l paske nou pè. Ki jan l fè sa? Youn nan fason li ede nou prepare nou pou nou fè fas ak opozisyon, se lè li ede nou idantifye taktik Satan yo ak taktik akolit li yo (2 Kor. 2:11). Pou nou ka konprann sa, annou analize yon evènman ki te rive nan tan biblik yo. Anplis, nou pral egzamine egzanp kèk kwayan parèy nou nan epòk pa nou an ki fidèl e ki “kenbe tèt anba riz Satan” yo. —Efe. 6:11-13.

Yon wa ki gen krent pou Bondye fas ak yon dirijan ki mechan

Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, gen yon wa asiryen ki te mechan yo te rele Senakerib ki te ranpòte yon seri viktwa sou plizyè nasyon. Apre li te fin ranpòte viktwa sa yo, li te vin gen anpil konfyans nan tèt li. Konsa, li te deside pou l atake pèp Jewova a tou e pou l kraze kapital yo a, Jerizalèm, kote Izkiya, ki te gen krent pou Bondye, te wa (2 Wa 18:1-3, 13). Sandout, Satan te chèche pwofite sitiyasyon an, li te pouse Senakerib egzekite plan l yo yon fason pou l te ka efase vrè adorasyon an sou tè a. —Jen. 3:15.

Senakerib te voye yon delegasyon Jerizalèm pou y al mande moun nan vil sa a pou yo rann tèt yo. Nan delegasyon sa a, te gen Rabchake ki te sèvi kòm prensipal pòtpawòl wa asiryen an * (2 Wa 18:17). Rabchake te gen objektif pou l demoralize Juif yo e pou l fè yo rann tèt yo san batay. Ki metòd li te itilize pou l te fè Juif yo pè?

Yo kenbe lafwa yo menm lè yo izole yo

Men sa Rabchake te di reprezantan Izkiya yo: “Men mesay gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li [Izkiya]: Poukisa ou gen tout konfyans sa a? [...] W’al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l’ap antre nan men ou, l’ap blese ou.” ​(2 Wa 18:19, 21). Akizasyon Rabchake a pa t vrè, paske Izkiya pa t fè alyans avèk Ejip. Sepandan, nan akizasyon Rabchake a, li te montre sa l ta renmen Juif yo sonje byen klè: ‘Pa gen pèsonn k ap vin ede nou. Nou poukont nou. Nou izole.’

Nan dènye ane ki pase yo, moun ki opoze ak vrè adorasyon an menase vrè kretyen yo y ap izole yo yon fason pou yo fè yo pè. Gen yon sè yo te mete nan prizon pou lafwa l e yo te mete l yon kote li pa t gen kontak ak lòt kwayan parèy li yo pandan plizyè ane. Li te rakonte annapre sa k te ede l pa abandone Bondye byenke li te pè. Men sa l te di: “Lapriyè te ede m pwoche pi pre Jewova. [...] Mwen te sonje asirans Bondye bay nan Izayi 66:2 a (NW), kote li di li veye sou ‘moun k ap soufri e ki gen tristès nan kè yo’. Sa te toujou ban m fòs ak anpil rekonfò.” Gen yon frè tou ki te pase plizyè ane nan yon kacho poukont li ki te di pawòl sa yo: “Mwen te vin konprann ti kacho an fòm rektang yo mete m ladan l lan pa t fè m santi m izole paske mwen te gen yon relasyon entim avèk Bondye.” Pa gen dout nan sa, lefètke de kretyen sa yo te gen yon relasyon sere avèk Jewova, sa te ba yo fòs yo te bezwen pou yo te fè fas ak izole yo te izole yo a (Sòm 9:9, 10). Moun ki t ap pèsekite Temwen sa yo te separe yo ak fanmi yo, ak zanmi yo ansanm ak lòt kwayan parèy yo, men Temwen sa yo ki te nan prizon te konnen moun sa yo pa t ap janm kapab separe yo ak Jewova. —Wom. 8:35-39.

Se sa k fè li vrèman enpòtan pou nou pwofite tout okazyon nou genyen pou nou fè relasyon nou ak Jewova vin pi solid (Jak 4:8). Nou ta dwe toujou poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Nan ki pwen Jewova reyèl pou mwen? Èske pawòl li gen yon gwo enfliyans sou desizyon m ap pran chak jou nan lavi a, kit se yon ti desizyon, kit se yon gwo desizyon?’ ​(Lik 16:10). Si n ap fè gwo efò pou nou kenbe bon relasyon sere nou gen avèk Bondye a, nou pa gen rezon pou nou pè. Pwofèt Jeremi, ki t ap pale nan non Juif ki t ap soufri yo, te di pawòl sa yo: “Nan twou kote m te ye a, Senyè, mwen rele ou! Ou tande vwa m. [...] Wi, lè m rele ou, ou pwoche. Ou di m mwen pa bezwen pè!” —Lam. 3:55-57.

Yo chèche mete dout nan lespri sèvitè Bondye yo

Rabchake te sèvi ak move rezònman nan objektif pou l te mete dout nan lespri pèp la. Li te di: “Se pa kote nou te mete apa pou [Jewova] yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas [Izkiya] te fè disparèt nan peyi a? [...] Se Senyè a menm ki di m atake peyi ou la pou m detwi l.” ​(2 Wa 18:22, 25). Konsa, Rabchake te fè konnen Jewova pa t ap goumen pou pèp li a paske li pa t pran plezi nan yo. Men, se pa t vre. Jewova te pran plezi nan Izkiya ak Juif ki te retounen ap pratike vrè adorasyon an. —2 Wa 18:3-7.

Jodi a, moun k ap pèsekite nou yo, ki gen move entansyon, konn mele verite ak manti yon fason pou yo ka mete dout nan lespri nou. Pa egzanp, yo konn di frè ak sè ki nan prizon yo yon frè ki gen responsablite nan òganizasyon an nan peyi yo a kite laverite e pap gen pwoblèm si yo fè menm bagay la tou e yo rejte kwayans yo genyen. Sepandan, kretyen ki gen disènman yo pa pran nan fo rezònman sa yo ki fèt pou mete dout nan lespri yo.

Annou egzamine sa k te pase yon sè pandan Dezyèm Gè mondyal la. Pandan l te nan prizon, yo te fè l li kèk pawòl ki te fè konnen gen yon frè ki gen responsablite nan òganizasyon an ki abandone lafwa l. Moun ki t ap pase sè a anba entèwogatwa a te mande l si l kwè nan Temwen sa a. Li te reponn li: “Se yon enpafè li ye.” Apre sa, li di toutotan li t ap suiv prensip biblik yo, Bondye te sèvi avè l. “Men, piske pawòl li yo pa ann amoni ak Bib la, li pa frè m ankò.” Sè sa a ki te fidèl te suiv avèk sajès pawòl Bib la di nan Sòm 146:3 yo: ‘Pa mete konfyans nou nan moun ki pa ka delivre nou.’

Lè nou gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a e nou aplike konsèy li bay yo, sa ap ede nou veye kò nou ak rezònman ki ka twonpe nou, ki kapab febli detèminasyon nou genyen pou nou andire anba eprèv (Efe. 4:13, 14; Ebre 6:19). Donk, pou nou prepare nou pou nou kapab reflechi byen klè lè nou anba presyon, nou bezwen bay lekti Labib chak jou ak etid pèsonèl anpil valè (Ebre 4:12). Se sèten, kounye a se moman pou nou chèche ogmante konesans nou e pou nou fòtifye lafwa nou. Men sa yon frè ki te pase anpil ane nan yon kacho poukont li te di: “Mwen ta renmen ankouraje chak moun pou yo montre yo gen apresyasyon pou tout manje espirityèl nou resevwa, paske nou pa konnen egzakteman ki fason yo pral itil nou pi devan. Se sa k fè, si nou etidye Pawòl Bondye a ansanm ak piblikasyon klas esklav la ban nou yo avèk swen, lè nou nan moman ki difisil nan lavi nou, lespri sen ap “fè nou chonje” sa nou te aprann ladan yo. —Jan 14:26.

Menas yo pa rive atenn yo

Rabchake te chèche fè Juif yo menas. Men sa li te di yo: “Antann nou avè mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m’ap ban nou demil (2.000) chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo. Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an!” ​(2 Wa 18:23, 24). Nan je lèzòm, Izkiya ak pèp li a pa t gen posiblite ditou pou yo kenbe tèt ak lame Asiryen yo, ki te yon lame pisan.

Menm jan an tou, jodi a, moun k ap pèsekite nou yo ka parèt pisan anpil, sitou lè yo gen tout otorite Leta a dèyè yo. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, moun ki t ap pèsekite nou sou rejim Nazi a te gen Leta avèk yo. Yo te eseye fè anpil nan sèvitè Bondye yo pè. Gen yon frè, ki te pase anpil ane nan prizon, ki te dekri annapre menas yo te fè l yo. Yon lè, gen yon ofisye ki te poze l kesyon ki vin apre yo apre yo te fin tire yon frè l devan l: “Èske w wè ki jan nou sòt tire frè w la? Ki leson w tire nan sa?” Li te reponn ofisye a: “Mwen se yon Temwen Jewova e m ap rete yon Temwen Jewova.” Ofisye a te fè l menas sa a: “Enben, pwochen moun nou pral tire a se ou menm.” Sepandan, frè nou an te rete fèm, e ènmi an te kite l an repo. Ki sa k te ede l fè fas ak menas sa a? Li reponn: “Mwen te mete konfyans mwen nan non Jewova.” —Pwo. 18:10.

Lè nou gen yon fwa total nan Jewova, se kòmsi n ap mache ak yon gwo boukliye ki pwoteje nou kont tout manèv Satan ap fè pou l fè nou mal nan domèn espirityèl (Efe. 6:16). Kidonk, li bon pou nou mande Jewova nan lapriyè pou l fòtifye lafwa nou (Lik 17:5). Menm jan an tou, nou bezwen byen pwofite dispozisyon klas esklav fidèl la pran pou l fòtifye lafwa nou. Lè yo fè nou menas, n ap jwenn fòs pou nou fè fas ak menas yo si nou sonje asirans Jewova te bay pwofèt li, Ezekyèl, ki te gen pou l pote yon mesaj bay pèp la ki te gen kou rèd. Jewova te di l: “Mwen fè figi w parèt di menm jan ak figi pa yo e mwen fè fwon w di menm jan ak fwon pa yo. Mwen fè fwon w vin tankou yon dyaman, pi di pase wòch silèks.” ​(Eze. 3:8, 9, NW). Si sa nesesè, Jewova kapab ede nou pou nou solid tankou dyaman, menm jan ak Ezekyèl.

Yo reziste devan tantasyon

Lè opozan yo fè tout sa yo kapab pou yo kraze entegrite yon moun, e yo wè sa pa mache, pafwa, yo konn eseye fè moun nan kèk bèl òf. Rabchake te anplwaye metòd sa a tou. Li te di moun Jerizalèm yo konsa: “Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l, pou nou rann tèt nou ba li. [...] Lè wa a va vin isit la pita, l’a pran nou, l’a mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin [pou nou fè pen] ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n’a viv, nou p’ap mouri.” ​(2 Wa 18:31, 32). Posiblite yo te ofri moun ki te anndan vil la pou yo jwenn pen fre pou yo manje ak bonjan diven pou yo bwè dwe te parèt vrèman enteresan!

Gen yon lè yo te fè yon misyonè ki te nan prizon yon òf menm jan an pou yo te ka febli detèminasyon l. Yo te di l yo t ap mennen l abite pandan simwa nan yon “bèl kay” ki nan yon “bèl jaden” pou l te ka reflechi. Men, frè a te rete vijilan nan domèn espirityèl e li pa t fè konpwomi ak prensip kretyen li t ap suiv yo. Ki sa k te ede l kenbe? Men sa l esplike annapre: “Mwen te toujou konsidere esperans Wayòm nan kòm sèl vrè esperans lan. [...] Lefètke konesans mwen gen sou wayòm nan te fòtifye m, mwen te gen konfyans nan Wayòm nan, e mwen pa t janm gen dout sou li, menm pou yon ti moman, yo [otorite yo] pa t ka konvenk mwen pou yo fè m pèdi lafwa.”

Èske Wayòm Bondye a vrèman reyèl pou ou tou? Patriyach Abraram, apot Pòl ak Jezi te kapab andire anba eprèv paske Wayòm nan te yon bagay reyèl pou yo (Fil. 3:13, 14; Ebre 11:8-10; 12:2). Si nou kontinye mete Wayòm nan nan premye plas nan lavi nou e nou kontinye kenbe nan lespri nou benediksyon li pral pote yo, k ap dire pou toutan, nou menm tou, n ap kapab reziste devan tantasyon yo ka mete devan nou lè yo ofri nou yon soulajman pou yon ti tan anba yon eprèv. —2 Kor. 4:16-18.

Jewova pap bliye nou

Malgre tout efò Rabchake te fè pou l te fè Juif yo pè, Izkiya ak moun li t ap dirije yo te mete konfyans yo nan Jewova totalman (2 Wa 19:15, 19; Iza. 37:5-7). Jewova, bò kote pa l, te reponn priyè yo te fè l pou yo mande l èd li lè l te voye yon zanj touye 185 000 gèrye nan kan Asiryen yo nan yon sèl nuit. Nan demen, Senakerib te kouri retounen Niniv, kapital peyi l la, tou wont, ansanm ak ti kras moun ki te rete nan lame l la. —2 Wa 19:35, 36.

Sa klè, Jewova pa t bliye moun ki te mete konfyans yo nan li yo. Egzanp frè ak sè nan epòk n ap viv la ki rete fèm anba eprèv yo rankontre montre jodi a tou Jewova pa bliye moun ki met konfyans yo nan li. Se sa k fè Papa nou ki nan syèl la gen tout rezon pou l ban nou asirans sa a: “Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M’ap pran men nou, m’ap di nou: Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!” —Iza. 41:13.

[Nòt anba paj]

^ § 6 “Rabchake” se tit yon gwo fonksyonè asiryen te pote. Men, yo pa bay non mesye sa a nan istwa a.

[Antrefilè nan paj 13]

Plis pase 30 fwa nan Pawòl Jewova a, li bay sèvitè l yo asirans sa a: “Nou pa bezwen pè.”

[Foto nan paj 12]

Ki jan taktik Rabchake yo sanble ak taktik ènmi pèp Bondye a itilize kont li jodi a?

[Foto nan paj 15]

Lè nou gen yon relasyon sere sere avèk Jewova, sa ede nou kenbe entegrite nou lè nou jwenn eprèv.