Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou dwe toujou alè?

Poukisa nou dwe toujou alè?

Poukisa nou dwe toujou alè?

LI PA toujou fasil pou nou toujou alè. Pami tout bagay ki kapab anpeche nou rive alè yon kote, gen distans n ap pakouri a, anbouteyaj ak anpil travay nou gen pou nou fè. Malgre sa, li enpòtan pou nou toujou alè. Pa egzanp, nan travay, lè yon moun toujou alè, yo konsidere l kòm yon moun yo ka konte sou li e ki pran travay li oserye. Yon lòt bò, lè yon moun rive anreta, li kapab pètibe travay lòt moun e li kapab gen efè sou kalite yon pwodui ak yon sèvis. Lè yon elèv gen abitid rive anreta, sa kapab fè li rate kèk kou, sa ki ka anpeche l pwogrese nan etid li. Lè yon moun rive anreta nan yon randevou li genyen kay doktè, sa kapab gen efè sou tretman li resevwa.

Sepandan, gen kèk kote moun yo panse sa pa enpòtan pou yon moun toujou alè. Lè yon moun ap viv yon kote konsa, li fasil pou l vin gen abitid rive anreta. Si se nan sitiyasyon sa a w ye, li enpòtan anpil pou w fè efò pou w gen dezi pou w toujou alè. Lè nou konprann rezon ki fè nou dwe toujou alè, sa ap ede nou pou nou fè efò nan sans sa a. Ki rezon konsa nou genyen pou nou toujou alè? Ki sa nou kapab fè pou nou toujou alè? Ki byenfè nou kapab atann n ap jwenn lè nou toujou alè?

Jewova: yon Dye ki toujou alè

Pi gwo rezon ki fè nou dwe toujou alè se paske nou vle imite Bondye n ap adore a (Efe. 5:1). Jewova se yon gwo gwo egzanp pou nou nan domèn sa a. Li pa janm anreta. Lè l ap akonpli objektif li, li toujou fè sa nan yon lè li fikse davans. Pa egzanp, lè Jewova te deside pou l detwi monn mechan nan tan Noye a nan yon delij, men sa li te di Noye: “Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen.” Pandan dènye moman yo t ap rive, Jewova te di Noye pou l antre nan lach la, e li te fè l konnen: “Nan sèt jou ankò, m’ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M’ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.” “Sou sèt jou vre, dlo [te] kouvri tout latè.” ​(Jen. 6:14; 7:4, 10). Èske w reflechi sou sa k te ka rive Noye ak tout fanmi l si yo pa t nan lach la alè. Menm jan ak Bondye yo t ap adore a, yo te dwe alè.

Apre anviwon 450 an apre delij la, Jewova te di patriyach Abraram li t ap gen yon pitit e se pa mwayen pitit sa a Desandans lan t ap vini (Jen. 17:15-17). Annapre, Bondye te di Izarak t ap fèt “lanne k’ap vini an, lè konsa”. Èske sa te fèt vre? Men sa Ekriti yo di: “Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l la.” —Jen. 17:21; 21:2.

Gen anpil egzanp nan Bib la ki montre Bondye gen yon lè pou l fè tout bagay (Jer. 25:11-13; Dàn. 4:20-25; 9:25). Labib di pou nou kenbe jou jijman Jewova ki gen pou vini an nan lespri nou. Li di tou menm si antanke imen jou sa a sanble ap “pran tan”, nou mèt gen asirans “li pap anreta”. —Aba. 2:3, NW.

Li enpòtan pou adoratè Jewova yo toujou alè

Tout gason ki te Izrayelit te dwe la alè kote ki te chwazi pou yo “fè fèt pou Senyè a”. (Lev. 23:2, 4.) Bondye te fikse yon lè tou pou yo te ofri kèk sakrifis (Egz. 29:38, 39; Lev. 23:37, 38). Èske sa pa montre Bondye vle pou sèvitè l yo toujou alè anrapò ak adorasyon y ap ba li a?

Nan premye syèk la, lè apot Pòl te bay Korentyen yo enstriksyon konsènan fason yo te dwe kondui reyinyon yo, men ankourajman li te ba yo: “Tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplin.” ​(1 Kor. 14:40). Ann amoni ak sa li te di Korentyen yo, reyinyon kretyen yo te òganize yo te dwe kòmanse nan yon lè fiks. Pwennvi Jewova pa chanje (Mal. 3:6). Ki sa nou kapab fè pou nou toujou rive alè nan reyinyon yo?

Sa ki ka ede nou pou nou toujou alè

Gen frè ak sè ki twouve lè yo planifye alavans, sa ede yo (Pwo. 21:5). Pa egzanp, si w vle rive yon kote nan yon lè fiks e w oblije vwayaje yon bon distans pou w rive kote a, èske li t ap saj pou w kite kote w ye a nan yon lè k ap pèmèt ou rive prèske egzakteman nan lè w vle rive a? Èske w pa t ap aji avèk pridans si w ta pati nan yon lè ki t ap pèmèt ou rive kèk minit anvan lè, yon fason pou w pa anreta si ta gen yon “evènman enprevi” ki rive pandan w sou wout (Ekl. 9:11, NW)? Men sa yon jenòm ki toujou alè ki rele José * di: “Yon bagay ki kapab ede tout moun pou yo rive alè se pou yo byen konnen konbyen tan y ap fè nan wout.”

Pou kèk nan nou, li gendwa nesesè pou nou fè aranjman pou nou kite travay nou bonè yon fason pou nou ka rive bonè nan reyinyon yo. Se sa yon Temwen k ap viv Etyopi te fè lè li te rann li kont li t ap rive nan reyinyon yo 45 minit anreta akoz chanjman ki te fèt nan lè travay li. Nan sware li te gen reyinyon yo, li te fè aranjman ak yon kòlèg travay li ki t ap vin travay pou li pi bonè yon fason pou li menm li te kapab ale nan reyinyon yo. Anretou, Temwen an te aksepte pou l travay setèdtan anplis pou kòlèg travay la.

Si nou gen timoun piti, li kapab difisil pou nou rive alè nan reyinyon yo. Nòmalman, se manman an ki responsab pou li pare timoun yo, men lòt manm fanmi an kapab ede manman an, e yo ta dwe fè sa. Gen yon sè meksikèn ki rele Esperanza k ap leve uit timoun poukont li. Kounye a, timoun yo gen ant 5 a 23 an. Esperanza esplike ki sa fanmi l fè pou yo rive alè nan reyinyon yo: “Pitit fi m ki pi gran yo ede pi piti yo prepare yo. Sa pèmèt mwen fini travay mwen gen pou m fè nan kay la e pou m gentan pare pou reyinyon yo nan yon lè fiks.” Fanmi sa a gen yon lè fiks pou yo kite kay la e tout moun fè sa yo kapab pou yo kite kay la nan lè sa a.

Nou tire pwofi nan reyinyon yo lè nou toujou alè

Si nou reflechi sou tout benediksyon nou jwenn lè nou rive nan reyinyon yo alè, sa kapab ranfòse dezi nou genyen pou nou fè tout sa nou kapab pou nou rive alè. Men sa yon jèn dam ki rele Sandra ki gen abitid rive nan reyinyon yo alè di: “Rezon ki fè mwen renmen rive bonè, sèke sa ban m okazyon pou m salye frè ak sè yo, pou m pale ak yo e pou m aprann konnen yo pi byen.” Lè nou rive nan Sal Wayòm nan bonè, nou kapab tire pwofi lè nou tande jan frè nou yo kenbe fidelite yo e y ap sèvi Bondye avèk andirans. Nou menm tou nou kapab gen bon enfliyans sou frè ak sè n yo lefètke nou la nan reyinyon yo e nou pale ak yo. Lè konsa, nou “yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou” e nou “yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen”. —Ebre 10:24, 25.

Kantik yo chante ak priyè yo fè nan kòmansman reyinyon yo se yon pati enpòtan nan adorasyon n ap bay Bondye a (Sòm 149:1). Kantik nou yo pèmèt nou fè lwanj pou Jewova, yo fè nou sonje kalite nou bezwen kiltive yo e yo ankouraje nou pou nou patisipe nan ministè a avèk lajwa. E priyè yo menm? Nan tan lontan, Jewova te rele tanp li an “kay kote yo fè lapriyè pou mwen an”. (Iza. 56:7.) Jodi a, nou rasanble ansanm pou nou priye Bondye nan reyinyon nou yo. Nan priyè yo fè nan kòmansman reyinyon yo, nonsèlman yo mande Jewova direksyon l ak lespri sen l, men tou, priyè sa yo ede nou prepare lespri nou ak kè nou pou nou resevwa enfòmasyon yo pral prezante yo. Nou dwe pran detèminasyon pou nou rive nan reyinyon yo alè pou nou chante kantik yo e pou nou koute priyè yo fè nan kòmansman reyinyon yo.

Helen gen 23 an, e men sa l te di yon lè pandan li t ap pale sou rezon ki fè li vin nan reyinyon yo bonè: “Mwen panse se yon fason pou m montre Jewova lanmou mwen gen pou li, piske se grasa li mwen jwenn tout enfòmasyon yo prezante nan reyinyon yo, san wete kantik yo ak priyè yo fè anvan reyinyon yo kòmanse.” Èske nou pa ta dwe wè bagay yo menm jan ak li? Wi! Se sa k fè nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou pran abitid pou nou toujou alè nan tout sa n ap fè, sitou lè sa gen rapò ak adorasyon n ap bay vrè Dye a.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Yo chanje non moun yo.

[Foto nan paj 26]

Prepare w byen alavans.

[Foto nan paj 26]

Pati bonè pou si ta gen yon “evènman enprevi”.

[Foto nan paj 26]

W ap tire pwofi lè w rive nan reyinyon yo bonè.