Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon envitasyon pou tout moun!

Yon envitasyon pou tout moun!

Yon envitasyon pou tout moun!

POUKISA yo fè tout moun envitasyon sa a? Se pou yo kapab vizite youn nan filyal Temwen Jewova yo. An jeneral yo rele kote sa yo Betèl. Antou, gen 118 filyal nan diferan peyi nan monn nan. Souvan, moun k al vizite yo montre apresyasyon pou sa k ap fèt nan Betèl yo ak tout kè yo.

Men sa yon jèn etidyan Labib ki te enpresyone lè l te wè yon seri travayè k ap sèvi Jewova ak kè kontan nan filyal peyi Meksik la te di: “Ki sa pou m fè pou m rete isi a?” Yo te di l: “Anvan, ou bezwen batize. Apre sa, l ap bon pou w sèvi kòm pyonye, sètadi yon moun k ap preche Wayòm nan aplentan.” Jenòm nan te suiv konsèy yo te ba li yo. Dezan apre, yo te envite l vin sèvi nan Betèl Meksik la, e li gen ventan depi l ap travay la.

Ki sa Betèl ye?

Nan lang ebre a, “Betèl” vle di “Kay Bondye”. (Jen. 28:19, nòt, NW.) Nan plizyè filyal, gen konstriksyon yo itilize pou enprime Bib ak lòt piblikasyon e pou distribye yo. Anplis, yo ede plis pase 100 000 kongregasyon Temwen Jewova ki gen sou tè a nan domèn espirityèl. Gen anviwon 20 000 moun k ap travay nan Betèl, fi kou gason, ki soti nan diferan kouch sosyal, nan diferan kilti, ki nye tèt yo pou yo sèvi Jewova ansanm ak frè ak sè parèy yo aplentan. Gen moun ki gen anpil ane nan fòm sèvis sa a e k ap sèvi bò kote jèn ki gen fòs ak enèji. Leswa ak nan wikenn, moun ki fè pati fanmi Betèl yo pran plezi pou yo ansanm ak frè ak sè ki nan kongregasyon ki pa lwen Betèl lè y al nan reyinyon ak nan predikasyon. Yo sèvi ak tan lib yo genyen tou pou yo etidye Labib, pou yo detann yo e pou yo fè lòt aktivite pèsonèl.

Chak mwa, moun ki nan Betèl yo resevwa yon ti kòb pou depans pèsonèl yo fè. Yo manje manje ki byen gou e ki gen anpil vitamin. Chanm yo byen pwòp e yo konfòtab. Yo pa konstwi Betèl yo pou yo estravagan. Sepandan, yo bati yo yon jan ki apwopriye pou travay k ap fèt ladan yo a. Moun k ap vizite yo enpresyone nonsèlman poutèt kote a pwòp, yo byen pran swen lakou a, e travay k ap fèt nan Betèl la byen òganize, men tou paske nan Betèl la moun yo janti e yo kolabore byen youn ak lòt. Tout moun fè travay yo avèk dilijans, men pa gen moun ki twò okipe pou yo montre yo amikal ak lòt moun. Nan Betèl yo, pa gen distenksyon klas, ni pa gen moun ki santi yo siperyè lòt moun akoz travay y ap fè a. Tout travay k ap fèt anndan an enpòtan, kit se netwayaj, fè jaden, fè manje, travay nan enprimri oswa nan biwo. Moun k ap travay nan Betèl yo rele Betelit, yo travay ansanm, tankou yon ekip, pou yo soutni travay predikasyon Temwen Jewova yo ap fè a. —Kol. 3:23.

Ann fè konesans ak kèk Betelit

Ann fè yon ti pale de moun ki fè pati fanmi entènasyonal sa a. Ki sa ki te pouse yo anvi sèvi nan Betèl? Ann pran egzanp Mario. Lè Mario te vin Temwen Jewova, li t ap travay yon kote tòp nivo, kote yo vann machin. Yo te peye l anpil lajan e li te gen posiblite pou l jwenn pwomosyon. Yon ti tan apre batèm li, li te travay pandan yon semèn nan Betèl ki nan peyi l la. Lè l te kòmanse travay nan Betèl la, li t ap travay nan depatman enprimri. Mario te wè aklè diferans ki genyen ant moun ki t ap travay ansanm ak li nan Betèl la ak moun ki t ap travay avè l lè l te nan konpayi an. Se sa k fè li te ranpli yon fòmilè pou l travay aplentan nan Betèl. Anpil moun nan fanmi l ak anpil nan kòlèg travay li yo pa t konprann rezon ki fè li te pran desizyon sa a, sepandan, Mario byen kontan kounye a lefètke l ap travay nan Betèl Almay la.

Gen anpil moun ki antre nan Betèl san yo pa t gen tan aprann yon metye. Se te ka Abel, ki gen 15 an depi l ap sèvi nan Betèl Meksik la. Men sa li te di: “Mwen aprann anpil bagay nan Betèl.” Li te kontinye pou l di: “Mwen aprann kòman pou m sèvi ak yon seri gwo machin pou enprime. Mwen konnen avèk konesans sa a mwen ta kapab fè anpil kòb deyò Betèl la, men mwen pa t ap genyen sa m gen isit la: yon vi trankil ki ban m satisfaksyon kote mwen pa gen enkyetid e pa gen konpetisyon ki genyen nan travay nan monn nan. Mwen santi mwen te resevwa pi gwo fòmasyon yon moun te kapab resevwa. Fòmasyon sa a ede m grandi ni nan domèn espirityèl ni nan domèn entèlektyèl. Mwen pa t ap janm jwenn byenfè mwen jwenn yo, menm nan pi gwo inivèsite ki gen nan monn nan.”

Yon vizit ki kapab ankouraje w

Vizite yon moun vizite Betèl sèlman kapab gen yon bon enfliyans sou li nan domèn espirityèl. Se sa k te rive Omar k ap viv nan peyi Meksik. Manman l te aprann li verite ki nan Bib la, men, lè li te vin gen 17 an, li te sispann al nan reyinyon e li te sispann preche. Finalman, li te vin gen yon seri vis e li te vin ap mennen yon vi materyalis. Annapre, pandan li t ap travay pou yon konpayi kominikasyon, li te pami yon delegasyon yo te voye vizite Betèl Meksik la pou montre fason pou yo itilize kèk ekipman. Men sa Omar te di: “Apre nou te fin montre fason pou yo itilize ekipman yo, moun ki te resevwa nou yo te fè nou vizite Betèl la. Sa m te wè ak fason yo te trete m te fè m reflechi sou lavi mwen t ap mennen lwen Jewova a. San pèdi tan, mwen te rekòmanse asiste reyinyon yo e mwen te rekòmanse etidye Labib. Simwa apre vizit mwen te fè Betèl la, mwen te batize. Mwen remèsye Jewova poutèt ankourajman mwen te jwenn lè m te vizite Betèl la.”

Yon lòt egzanp se Masahiko. L ap viv nan peyi Japon. Li menm tou li te leve nan yon fanmi Temwen Jewova. Sepandan, li te kòmanse panse lavi li t ap mennen antanke kretyen te met twòp restriksyon sou li. Li te kòmanse patisipe nan anpil aktivite ki gen nan lekòl li, li te sispann ale nan reyinyon yo e li te sispann preche. Men sa li sonje: “Yon jou, fanmi nou ansanm ak kèk frè ak sè ki te zanmi fanmi an te deside yo pral vizite Betèl. Piske fanmi m te ankouraje m plizyè fwa pou m ale tou, mwen te ale. Pandan mwen t ap vizite Betèl la, mwen te santi m repran fòs. Mwen pa t santi m konsa anvan. Pandan vwayaj la, mwen te vrèman pran plezi pou m bò kote lòt kretyen yo. Mwen pa t janm santi m konsa ak zanmi m ki pa Temwen yo. Mwen te vin anvi viv menm jan ak kretyen yo e mwen te deside mande pou yo etidye Labib avè m.” Kounye a, Masahiko se yon pyonye pèmanan nan kongregasyon l.

Gen yon sè Temwen Jewova ki te soti peyi Lafrans pou l al travay nan vil Moskou. Nan vil sa a, li te pèdi kontak ak pèp Jewova a e li te vin fèb nan domèn espirityèl. Li te tonbe nan fè sa ki mal e finalman li te marye ak yon enkwayan. Annapre, te gen yon lòt sè Temwen Jewova ki te kite Lafrans pou l al wè l. Lè l te rive Larisi, yo toule de te vwayaje ansanm pou y al St. Petersburg nan objektif pou yo vizite Betèl la. Men sa sè ki te vin marye ak enkwayan te di: “Lè n te rive Betèl, yo te byen kontan akeyi nou, e sa te touche m anpil. Betèl la te pezib. Mwen te santi lespri sen Jewova te la. Kòman m te fè fè erè sa a pou m kite òganizasyon Jewova a? Apre mwen te fin vizite Betèl, mwen te priye Jewova pou l ede m e mwen te rekòmanse etidye Labib avèk timoun mwen yo avèk yon lòt detèminasyon.” Sè sa a ki te vin fèb nan domèn espirityèl te jwenn anpil lòt èd, sepandan, vizit li te fè nan Betèl la te ankouraje l anpil. E apre vizit sa a, li te fè bon pwogrè.

Èske moun ki pa abitye ak Temwen Jewova yo kapab enpresyone tou lè y al vizite Betèl? An 1988, Alberto, yon mesye ki te fon nan politik, t al vizite Betèl peyi Brezil la. Li te enpresyone anpil lè l te wè jan Betèl la te pwòp, tout bagay te annòd, e sitou lè l te wè jan travay ki t ap fèt la pa t fèt an kachèt. Pa lontan anvan vizit Alberto te fè nan Betèl la, li t al vizite seminè kote bòfrè l la t ap sèvi antanke prèt. Li te remake diferans ki te genyen ant de kote sa yo. Men sa Alberto di: “Tout bagay nan seminè a nèt te fèt an kachèt.” Yon ti tan apre vizit li te fè Betèl la, li te kòmanse etidye Labib e li te sispann fè politik. Kounye a li se yon ansyen nan youn nan kongregasyon Temwen Jewova yo.

Vin vizite Betèl!

Gen anpil moun ki fè anpil efò pou y al vizite filyal ki nan peyi yo. Pa egzanp, nan peyi Brezil, Paulo ak Eugenia te ekonomize lajan pandan katran pou yo te kapab gen kòb pou yo pran bis pou y al vizite Betèl Brezil la. Yo te pakouri 3 000 kilomèt e sa te pran de jou. Men sa yo di: “Sa te vo lapèn. Kounye a nou pi byen konprann òganizasyon Jewova a. Lè nou esplike etidyan nou yo ki travay k ap fèt nan Betèl la, pafwa yo konn mande nou: ‘Èske nou janm al la?’ Kounye a nou kapab di wi.”

Èske gen yon filyal ak yon Betèl nan peyi kote w ap viv la oubyen nan yon lòt peyi ki toupre? Nou envite w al fè yon vizit. Se sèten y ap byen kontan akeyi w e w ap jwenn gwo benediksyon lè w al vizite Betèl.

[Foto nan paj 18]

Mario

[Foto nan paj 18]

Abel

[Foto nan paj 18]

Almay

[Foto nan paj 18]

Japon

[Foto nan paj 18]

Brezil