Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche benediksyon Jewova toutbonvre

Chèche benediksyon Jewova toutbonvre

Chèche benediksyon Jewova toutbonvre

“[Bondye] tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” —EBRE 11:6.

1, 2. a) Ki jan anpil moun chèche benediksyon Bondye? b) Poukisa nou ta dwe vrèman chèche jwenn benediksyon Jewova?

“BONDYE beni w!” Nan kèk peyi, li fasil pou w tande yon moun ki pa konnen yon lòt moun di l sa lè l estènen. Nan anpil relijyon, ou kapab wè chèf relijye yo ap beni moun, zannimo ak lòt bagay ankò. Gen moun ki konn vwayaje al nan yon seri zòn paske yo fè yo konprann y ap jwenn benediksyon kote sa yo. Gen politisyen ki konn ap mande benediksyon Bondye pou pèp yo a. Èske w panse pa gen pwoblèm pou moun fè demann sa yo pou yo jwenn benediksyon? Èske demann sa yo ap reyalize? Ki moun k ap jwenn benediksyon nan men Bondye toutbonvre, e poukisa?

2 Jewova te anonse nan dènye jou yo, li t ap gen yon pèp ki pwòp, ki anpè ki t ap fòme ak moun ki soti nan tout nasyon. Yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan nan tout rakwen tè a malgre moun yo t ap rayi yo e yo t ap pèsekite yo (Iza. 2:2-4; Mat. 24:14; Rev. 7:9, 14). Nou menm ki aksepte pou nou fè pati pèp sa a, nou vle jwenn benediksyon Bondye, e sa nesesè pou nou paske san benediksyon sa a, nou pa bezwen atann n ap janm reyisi (Sòm 127:1). Men, ki jan nou kapab jwenn benediksyon Bondye?

Bondye vide benediksyon sou moun ki obeyisan yo

3. Si Izrayelit yo te obeyisan, ki sa yo t ap jwenn?

3 Li Pwovèb 10:6, 7. Jis anvan nasyon Izrayèl la te antre nan Latè pwomiz, Jewova te fè yo konnen yo t ap gen pwosperite e yo t ap jwenn pwoteksyon yon fason san parèy si yo koute vwa l (Det. 28:1, 2). Bondye pa t ap sèlman bay pèp la benediksyon l, men li t ap “vide” benediksyon l sou li. Moun ki te obeyisan yo te gen asirans yo t ap jwenn benediksyon san mank.

4. Pou yon moun obeyi Bondye ak tout kè l, ki sa sa mande?

4 Ki fason Izrayelit yo te dwe montre obeyisans yo? Nan Lalwa Bondye a, Bondye te di yo pa t ap fè l plezi si yo pa ta sèvi l “tout bon ak kè kontan”. (Li Detewonòm 28:45-47.) Jewova pa merite pou moun annik obeyi lòd li bay sèlman paske li bay yo, menm jan bèt ak demon kapab fè sa (Mak 1:27; Jak 3:3). Pou yon moun obeyi Bondye ak tout kè l, sa mande pou l renmen l. Moun sa a kontan pou l fè sa paske l gen lafwa kòmandman Jewova yo pa lou e Jewova “tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”. —Ebre 11:6; 1 Jan 5:3.

5. Ki jan lafwa nan pwomès Jewova yo t ap ede yon moun ki te obeyi lwa nou jwenn nan Detewonòm 15:7, 8 la?

5 Annou egzamine ki jan Izrayelit ki te gen lafwa nan pwomès Bondye te fè pou l rekonpanse yo a t ap montre sa lè yo obeyi lwa nou jwenn nan Detewonòm 15:7, 8 la. (Li l.) Lè moun ki fè pati pèp Bondye a te obeyi lwa sa a, menmsi yo pa t fè sa ak tout kè yo, sa te ka fè moun ki pòv yo jwenn yon ti soulajman. Sepandan, èske sa t ap fè yo gen bon relasyon youn ak lòt e èske yo t ap viv nan yon anbyans kè kontan? E sa ki pi enpòtan an, èske yo t ap demontre yo gen lafwa nan kapasite Jewova genyen pou l bay sèvitè l yo sa yo bezwen e yo apresye privilèj yo genyen pou yo donan menm jan avè l? Non! Bondye te egzamine kè moun ki te vrèman donan yo e li te pwomèt l ap beni yo nan tout aktivite yo (Det. 15:10). Si yon moun te gen lafwa nan pwomès sa a, li t ap fè aksyon ki montre sa, e sa t ap fè l jwenn anpil benediksyon. —Pwo. 28:20.

6. Ki asirans Ebre 11:6 la ban nou?

6 Nonsèlman Ebre 11:6 mete aksan sou enpòtans pou nou gen lafwa nan Jewova antanke Bondye k ap rekonpanse moun k ap sèvi l yo, men tou li mete aksan sou yon lòt kalite yon moun bezwen pou l jwenn benediksyon Bondye. Remake li di Jewova rekonpanse moun “k ap chèche l toutbonvre”. Nan lang orijinal la, mo yo itilize la a gen sans deplwaye yon fòs ak fè gwo efò. Sa ta dwe vrèman ban nou asirans n ap jwenn benediksyon! Paske moun ki sous benediksyon an se sèl vrè Bondye a, Bondye “ki pa ka bay manti” a (Tit 1:2). Pandan plizyè milye ane, li pwouve moun mèt fè pwomès li yo konfyans je fèmen. Pawòl li toujou reyalize (Iza. 55:11). Se sa k fè nou kapab gen yon konfyans total si nou montre nou gen vrè lafwa a, Bondye ap rekonpanse nou.

7. Ki jan nou kapab jwenn benediksyon pa mwayen “desandans” Abraram nan?

7 Jezi Kris se pati prensipal “desandans” Abraram nan, desandans Bondye te pwomèt la, e kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la se pati segondè “desandans” sa a. Yo te ba yo misyon pou yo “fè konnen kalite estrawòdinè sila a ki te rele [yo] sot nan fènwa a pou [yo] vin nan bèl limyè l la”. (Gal. 3:7-9, 14, 16, 26-29; 1 Pyè 2:9.) Nou pa kapab gen yon bon relasyon ak Jewova si nou pa rekonèt moun Jezi nome pou pran swen byen l yo. Si “esklav fidèl ki prevwayan an” pa t la pou l ede nou, nou pa t ap konprann sa nou li nan Pawòl Bondye a totalman, ni nou pa t ap ka aplike yo (Mat. 24:45-47). Lè nou mete sa nou aprann nan Ekriti yo an pratik, n ap jwenn benediksyon Bondye.

Konsantre w sou fè volonte Bondye

8, 9. Ki jan Jakòb te aji ann amoni ak sa l te mande?

8 Nou kapab panse ak Jakòb lè n ap fè gwo efò pou nou jwenn benediksyon Bondye bay. Li pa t konnen ki jan pwomès Bondye te fè Abraram nan t apral reyalize, men li te kwè Jewova t apral fè desandans granpapa l la vin anpil anpil, e desandans sa a t ap vin yon gwo nasyon. Se sa k fè nan ane 1781 anvan epòk nou an, Jakòb te vwayaje Aràn pou l al chèche yon madanm. Li pa t annik chèche yon fi ki te fè l plezi, okontrè, li te chèche yon fi ki espirityèl, ki t ap adore Jewova e ki t ap fè yon bon manman pou pitit li yo.

9 Nou konnen Jakòb te jwenn yon moun ki soti nan fanmi l ki te rele Rachèl. Li te renmen Rachèl e li te antann ak papa l, Labàn, pou l travay pou li pandan setan yon fason pou Rachèl te ka vin madanm li. Sa se pa jis yon istwa damou nou bezwen sonje. Se sèten Jakòb te konnen pwomès Bondye Toupisan an te fè granpapa l, Abraram, pwomès li te repete bay papa l, Izarak (Jen. 18:18; 22:17, 18; 26:3-5, 24, 25). Se sa k fè Izarak te di Jakòb, pitit li, pawòl sa yo: “Bondye Toupisan an ap beni w e l ap fè w kapab fè pitit e l ap fè w vin anpil, epi san mank, w ap vin yon asanble ki gen anpil pèp. E l ap ba w benediksyon Abraram nan, ou menm ak desandans ou, yon fason pou peyi w te abite ladan l kòm etranje a vin pa w, peyi Bondye te bay Abraram nan.” ​(Jen. 28:3, 4, NW). Konsa, efò Jakòb te fè pou l te jwenn yon bon fi e pou l vin gen yon fanmi te montre li te gen konfyans nan sa Jewova te di a.

10. Sa k fè Jewova te kontan beni Jakòb?

10 Jakòb pa t chèche gen richès pou l fè fanmi l viv nan satisfaksyon. Li te konsantre sou eritaj li a, sètadi pwomès Jewova te fè l konsènan desandan l yo. Li te konsantre l sou fè volonte Bondye. Jakòb te detèmine pou l fè tout sa l te kapab pou l jwenn benediksyon Bondye, malgre tout pwoblèm li te rankontre. Li te kenbe menm atitid sa a lè l te vin granmoun, e Jewova te beni l pou sa. —Li Jenèz 32:24-29.

11. Ki aktivite nou ta dwe fè ann amoni ak sa nou konnen sou volonte Bondye?

11 Menm jan ak Jakòb, nou pa konnen tout detay anrapò ak fason objektif Jewova ap akonpli. Men, lefètke nou etidye Pawòl Bondye a, nou genyen yon vizyon global sou sa nou kapab atann konsènan “jou Jewova a”. (2 Pyè 3:10, 17.) Pa egzanp, nou pa konnen egzakteman ki lè jou sa a ap vini, men nou konnen li pre rive. Nou kwè nan Pawòl Bondye a ki di nou si nou bay yon temwayaj afon nan ti tan tou kout ki rete a, n ap sove ni tèt nou, ni moun ki koute nou. —1 Tim. 4:16.

12. De ki sa nou kapab sèten?

12 Nou konnen lafen an ka vini nenpòt ki lè. Jewova pa bezwen tann pou nou fin preche chak grenn moun sou tè a anvan pou l fè lafen an vini (Mat. 10:23). Anplis, nou jwenn bonjan enstriksyon sou fason pou nou fè travay predikasyon an avèk efikasite. Avèk lafwa, nou patisipe nan travay sa a avèk tout kapasite nou, e nou sèvi ak tout resous nou pou nou fè l. Èske tèritwa n ap preche ladan l lan ap toujou yon tèritwa ki bay anpil rezilta? An reyalite, nou pa ka konn sa alavans. (Li Eklezyas 11:5, 6.) Travay nou se preche, toutpandan nou konnen Jewova ap ban nou benediksyon l (1 Kor. 3:6, 7). Nou kapab sèten li wè tout gwo efò n ap fè pou nou fè travay la, e pa mwayen lespri sen l, l ap ban nou direksyon nou bezwen an. —Sòm 32:8.

Chèche gen lespri sen

13, 14. Ki prèv ki montre nou lespri sen Bondye anmezi pou l kalifye sèvitè Bondye yo jodi a?

13 Ki sa pou nou fè si nou pa santi nou ase kalifye pou yon asiyasyon e pou nou patisipe nan travay predikasyon an? Nou ta dwe mande Jewova pou l ban nou lespri sen l pou nou amelyore kapasite nou nan sèvis li a. (Li Lik 11:13.) Lespri Bondye kapab kalifye yon moun pou yon travay oswa pou yon privilèj kèlkeswa sitiyasyon moun nan te ladan l anvan ak eksperyans li te gen anvan. Pa egzanp, tousuit apre Izrayelit yo, ki te gadyen mouton e ki te esklav, te soti ann Ejip, lespri Bondye te ba yo kapasite pou yo te ranpòte laviktwa sou ènmi yo, malgre yo pa t gen eksperyans nan fè lagè (Egz. 17:8-13). Yon ti tan annapre, lespri Bondye te bay Betsalèl ak Owolyab anpil kapasite tou pou yo te fè travay pou bati tabènak la, yon travay Bondye te bay plan an pou li. —Egz. 31:2-6; 35:30-35.

14 Lespri sa a, ki pisan anpil, te bay sèvitè Bondye nan tan n ap viv la kapasite pou yo okipe yo de òganizasyon an lè l te vin nesesè pou yo kòmanse enprime piblikasyon. Nan yon lèt frè Robert Martin, ki te siveyan sèvis sa a, te ekri nan epòk la, men sa l te di sou sa yo te akonpli rive nan ane 1927: “Nan bon moman an, Seyè a te louvri chemen pou nou, e nou te vin gen yon gwo près pou nou enprime, yon près nou pa t konn anyen ni sou jan l fèt ni sou jan l mache. Men, Seyè a konnen ki jan pou l ogmante kapasite entèlektyèl moun ki devwe pou li. [...] Nan kèk semèn sèlman, nou te anmezi pou nou fè près la mache byen e li te kontinye mache, li te fè travay menm moun ki te fè l yo pa t kwè l te kapab fè.” Jewova kontinye beni tout efò nou fè nan travay sa a jis jounen jodi a.

15. Ki ankourajman yon moun k ap fè fas ak tantasyon ka jwenn nan Women 8:11 lan?

15 Lespri Jewova aji yon pakèt fason. Tout sèvitè Bondye ka jwenn lespri sa a e l ap ede yo venk gwo obstak. Ki sa nou kapab fè si gen yon tantasyon ki soti pou l fè nou tonbe? Nou kapab chèche jwenn fòs nan pawòl Pòl te di nan Women 7:21, 25 ak Women 8:11 lan. Wi, “lespri sila a ki te leve Jezi pami mò yo” kapab travay nan nou, li kapab ban nou fòs pou nou gen laviktwa nan batay n ap mennen kont dezi lachè. Yo te ekri pawòl sa yo pou kretyen Bondye chwazi pou y al viv nan syèl la, men prensip ki ladan yo a valab pou tout sèvitè Bondye. N ap jwenn lavi si nou egzèse lafwa nan Kris, si nou fè manm kò nou mouri anrapò ak move dezi yo e si nou viv ann akò ak direksyon lespri a ban nou.

16. Ki sa nou dwe fè pou nou jwenn lespri sen Bondye?

16 Èske nou kapab atann Bondye ap ban nou fòs aktif li a san nou pa fè okenn efò pou sa? Non. Pou nou jwenn lespri Bondye, nonsèlman nou dwe priye l pou l ban nou l, men tou nou dwe byen nouri nou ak Pawòl Bondye enspire a (Pwo. 2:1-6). Anplis, lespri sen Bondye rete sou kongregasyon kretyen an. Lè nou asiste reyinyon yo regilyèman, nou montre nou gen dezi pou nou “tande sa lespri a di kongregasyon yo”. (Rev. 3:6.) Epitou, nou dwe reyaji avèk imilite devan sa nou aprann yo. Pwovèb 1:23 ban nou konsèy sa a: “Koute reprimann mwen. Konsa, m ap vide lespri m sou nou.” ​(NW.) Vrèmanvre, se “moun ki obeyi [Bondye] antanke chèf yo” Bondye bay lespri sen l. —Tra. 5:32.

17. Ak ki sa nou ka konpare efè benediksyon Bondye genyen sou efò nou fè yo?

17 Toutpandan nou bezwen fè bonjan efò pou nou jwenn benediksyon Bondye, nou bezwen sonje se pa efò n ap fè yo sèlman ki ka fè nou jwenn tout bon bagay Jewova bay pèp li a. Nou kapab konpare efè benediksyon l yo genyen sou efò n ap fè yo ak efè bonjan manje nou manje genyen sou kò nou. Bondye fè kò nou yon fason pou nou pran plezi nan manje e pou l ka nouri nou jan nou bezwen sa. E se li ki ban nou manje. Nou pa konnen ki jan manje yo fè gen vitamin ki ladan yo a, ni pa gen anpil nan nou ki ka esplike ki jan manje nou manje yo rive bay kò nou fòs. Tout sa nou konnen, sèke travay sa a fèt nan kò nou e lè nou manje nou kontribye pou l fèt. Si nou chwazi manje bonjan manje, sa ap pi bon pou kò nou. Menm jan an tou, Jewova ban nou yon seri kòmandman pou fè nou jwenn lavi etènèl e li ban nou èd nou bezwen pou nou suiv yo. Li klè, se li ki fè tout travay la e li merite glwa. E nou menm, nou bezwen kowopere avè l, sètadi nou dwe aji ann amoni ak volonte l, pou nou ka resevwa benediksyon nan men l. —Aga. 2:18, 19.

18. Ki detèminasyon w genyen, e poukisa?

18 Donk, chak responsablite yo konfye w, fè tout sa w kapab pou w byen akonpli l. Toujou konte sou Jewova pou w reyisi (Mak 11:23, 24). Pandan w ap fè sa, ou mèt gen asirans “tout moun k ap chèche ap jwenn”. (Mat. 7:8.) Kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la ap jwenn “kouwòn lavi a” kòm benediksyon nan syèl la (Jak 1:12). “Lòt mouton” Kris yo k ap fè tout sa yo kapab pou yo resevwa benediksyon grasa desandans Abraram nan ap byen kontan lè yo va tande Kris di: “Vini, nou menm Papa m beni, vin resevwa wayòm ki te prepare pou nou depi lè monn nan te fonde a.” ​(Jan 10:16; Mat. 25:34). Wi, “moun Senyè a beni va pran [tè] a pou yo. [...] Y’ap rete [sou li] tout tan”. —Sòm 37:22, 29.

Èske w ka esplike?

• Pou yon moun obeyi Bondye ak tout kè l, ki sa sa mande?

• Ki sa yon moun bezwen fè pou l jwenn benediksyon Bondye?

• Ki jan nou ka jwenn lespri sen Bondye, e ki sa l ka fè pou nou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Jakòb te lite ak yon zanj pou l jwenn benediksyon nan men Jewova.

Èske ou menm tou, ou fè bonjan efò pou sa?

[Foto nan paj 10]

Lespri sen Bondye te bay Betsalèl ak Owolyab anpil kapasite.