Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon kanpay espesyal nan Bilgari ki te reyisi

Yon kanpay espesyal nan Bilgari ki te reyisi

Yon kanpay espesyal nan Bilgari ki te reyisi

“Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” —MAT. 9:37, 38.

KI JAN pawòl sa yo Jezi te di mache ak sitiyasyon ki egziste nan Bilgari, ki se yon bèl peyi nan sidès Ewòp! Nan peyi sa a, yo bezwen plis pwoklamatè pou pote bon nouvèl la bay plis pase sèt milyon moun k ap viv ladan l yo. Gen anviwon 1 700 pwoklamatè nan Bilgari, men yo pa rive kouvri tout tèritwa a. Se sa k fè Kolèj santral la te dakò pou yo envite Temwen ki pale lang yo pale nan peyi sa a ki nan anpil peyi ann Ewòp pou yo vin patisipe nan yon kanpay espesyal an 2009. Kanpay sa a te dire sèt semèn pandan sezon ete a. Li te kontinye jis nan dat kongrè distri “Kontinye veye!” a ki te fèt nan yon vil ki rele Sofya, soti 14 pou rive 16 out 2009.

Yo reponn yon fason estrawòdinè

Frè ki te nan filyal Sofya yo te mande tèt yo ki kantite frè ki t ap soti an Frans, ann Almay, nan peyi Lagrès, ann Itali, nan Polòy ak ann Espay ki t ap reponn envitasyon an. Paske yon moun k ap vini ap gen pou l peye vwayaj la ak lajan pa l epi l ap pase vakans li ap preche. Se pa ti kontan yo te kontan lè yo te wè kantite moun ki fè demann pou yo vini an te rive jiska 292 moun! Li t ap posib pou yo voye kantite volontè sa yo nan twa vil diferan nan Bilgari: Kazanlak, Sandanski ak Silistra. Siveyan sikonskripsyon nan Bilgari yo te ankouraje pyonye ak pwoklamatè ki nan peyi a pou yo soutni kanpay sa a tou. Finalman, gen 382 volontè ki te preche avèk zèl nan yon seri tèritwa bon nouvèl la pa t prèske touche.

Yo te voye frè ki soti nan kongregasyon ki toupre yo anvan pou yo te kapab al fè preparasyon pou resevwa frè k ap vini yo. Yo te lwe kay e yo te fè rezèvasyon chanm otèl ki pa chè. Frè sa yo te travay di pou yo ede volontè ki t apral vini yo pou yo jwenn kote pou yo rete e pou yo pran swen yo. Yo te lwe kote pou yo rete nan toule twa vil sa yo. Yo te fè aranjman pou frè ki vin vizite yo òganize reyinyon menm jan yo konn fè yo nan tout kongregasyon. Sa te vrèman ba yo anpil kè kontan pou yo wè menm kote ki pa t gen yon sèl Temwen k ap viv ladan l te gen 50 pwoklamatè ki reyini ansanm pou yo louwe Jewova.

Zèl moun ki te soti nan lòt peyi yo te demontre nan kanpay la te estrawòdinè. Pandan sezon ete a, tanperati a konn rive 100 degre Farennay. Sepandan, anyen pa t ka anpeche frè ak sè sa yo demontre zèl yo. Yo te bay yon temwayaj afon pandan twa premye semèn yo nan Silistra, yon vil ki bò kote rivyè Danib, ki gen plis pase 50 000 moun ladan l. Ansuit, frè yo t al preche nan ti vil ki toupre yo, yo te menm rive nan Tutrakan, ki a 55 kilomèt alwès Silistra. Nòmalman, yo te kòmanse preche a 9:30 a.m. Apre poz midi a, souvan, yo te kontinye preche rive jiska 7:00 p.m. oswa pita toujou. Menm jan an tou, grasa zèl volontè sa yo te demontre, kanpay la te fèt nan Kazanlak ak Sandanski e li te touche lòt bouk ak lòt vil ki toupre yo.

Ki sa yo te akonpli?

Yo te bay yon temwayaj estrawòdinè pandan sèt semèn sa yo. Jan yo te di sa nan epòk apot yo, moun nan vil sa yo te ka di yo: ‘Nou gaye ansèyman nou an nan vil nou an.’ ​(Tra. 5:28). Temwen ki te patisipe nan kanpay sa a te plase anviwon 50 000 peryodik e yo te kòmanse 482 etid biblik. Apati 1ye septanm 2009, yo te kontan wè yon kongregasyon fòme nan Silistra, e te gen gwoup ki te fèt nan Kazanlak ak nan Sandanski. Se yon bagay ki ba yo kè kontan lè yo te wè moun ki te tande bon nouvèl la pou premye fwa pandan kanpay sa a fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl.

Nan premye wikenn kanpay la, gen yon sè pyonye espesyal ki pale lang yo pale Bilgari a ki te soti ann Espay e ki te preche Karina, yon dam nan Silistra ki t ap vann jounal nan lari. Karina te montre li enterese e li te vin nan reyinyon. Li te aksepte fè yon etid Labib tousuit. Mari l se yon moun ki ate, se sa k fè li te mande pou yo fè etid la sou yon plas. De pitit fi l yo te asiste etid la. Pi gran an, Daniela, te montre li apresye verite biblik yo anpil. Li te li liv Sa Labib anseye a nan yon semèn e tousuit li te kòmanse aplike sa Labib anseye konsènan itilizasyon imaj nan adorasyon. Apre sa, li te kòmanse pataje laverite ak zanmi l yo. Sèlman twa wikenn apre l te fin asiste premye reyinyon l nan kongregasyon an, li te di sè ki t ap kondui etid la avè l la: “Mwen santi m menm jan ak nou. Ki sa pou m fè pou m kòmanse preche tou?” Daniela kontinye fè bonjan pwogrè, menm jan ak manman l ak ti sè l la.

Nan Kazanlak, gen yon frè yo rele Orlin, ki soti ann Itali pou l vin patisipe nan kanpay la, ki te fin preche e ki t ap retounen lakay li. Pandan l nan wout, li wè de jèn gason chita sou yon plas. Li te plase yo yon liv Sa Labib anseye e li te pran randevou avèk yo pou l retounen vizite yo nan demen. Nan vizit sa a, Orlin te kòmanse yon etid biblik avèk Svetomir, e yo te kontinye l nan jou apre a. Pandan nèf jou, Orlin te fè etid la uit fwa avèk Svetomir. Men sa Svetomir di l: “De jou anvan m te rankontre w, mwen te priye Bondye pou l ede m konnen l. E mwen te pwomèt li si l ede m konnen l, mwen t ap vwe lavi m ba li.” Apre Orlin te retounen ann Itali, frè nan peyi a te kontinye etidye ak Svetomir, e li pran laverite.

Moun ki te fè sakrifis yo jwenn anpil benediksyon

Ki jan moun ki te aksepte pran tan vakans yo e ki te aksepte peye vwayaj yo pou y al preche bon nouvèl la nan yon lòt peyi santi yo? Gade sa yon frè k ap sèvi kòm ansyen ann Espay te ekri: “Kanpay la te fè frè ann Espay k ap preche moun ki pale lang yo pale nan peyi Bilgari a vin pi pwòch youn ak lòt. Li te gen yon gwo efè sou frè ki te patisipe ladan l yo.” Gen yon frè ak madanm li ki soti ann Itali ki te ekri pawòl sa yo: “Se te pi bèl mwa nou te ka pase nan vi nou!” Men sa yo te ajoute: “Kanpay la te pote chanjman nan lavi nou! Kounye a, nou pa menm moun nan ankò.” De moun sa yo te kòmanse reflechi seryezman sou posiblite pou yo t al rete Bilgari pou yo ka sèvi yon kote ki gen bezwen plis pwoklamatè. Carina se yon sè ki pyonye pèmanan e ki selibatè ki soti ann Espay pou l vin soutni kanpay la nan Silistra. Apre kanpay la, li te kite travay li pou l vin Bilgari pou l soutni yon nouvo kongregasyon nan vil sa a. Li te ekonomize ase lajan pou l te rete nan peyi Bilgari pandan ennan. Men sa l di anrapò ak desizyon sa a li te pran an: “Mwen kontan anpil Jewova te pèmèt mwen vin sèvi isit la nan Bilgari e mwen espere m ap kapab vin rete isi a pandan lontan. Mwen gentan gen senk etid biblik, e twa ladan yo asiste reyinyon.”

Gen yon sè ann Itali ki te vle patisipe nan kanpay la, men lefètke li te fèk jwenn yon nouvo travay, li pa t gen okenn jou vakans. Malgre sa, li te mande pou l pa travay yon mwa, e yo pa t ap bezwen peye l. Li te pare pou l kite travay la si yo pa t dakò ak demann li an. Li te etone lè patwon an te reponn li: “Oke! Men, gen yon kondisyon: Pandan w Bilgari, ou dwe voye yon kat postal ban mwen.” Sè a te santi Jewova te vrèman reponn priyè l yo.

Stanislava, yon jèn sè ki soti nan yon vil nan Bilgari ki rele Varna, te nan yon travay aplentan ki byen peye. Li te pran konje pou l te ka patisipe nan kanpay la nan Silistra. Lè l te wè lajwa anpil pyonye ki soti byen lwen pou yo vin preche bon nouvèl la nan peyi l genyen, dlo te koule nan je l. Li te kòmanse ap mande tèt li ki sa l ap fè ak lavi l, etandone l ap pousuiv karyè li. Apre de semèn, li te retounen lakay li, li te kite travay la e li te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan. Kounye a, li santi li vrèman gen kè kontan, paske li sonje Kreyatè l la pandan l jèn nan. —Ekl. 12:1.

Lè yon moun aktif nan sèvis Jewova, sa se yon gwo benediksyon! Pa gen anyen ou ka fè ki pi bon pase sa: bay tan w ak fòs ou nan travay anseye ak preche a, yon travay ki enpòtan anpil. Èske gen posiblite pou w patisipe plis nan travay sove lavi a? Petèt kapab gen kote nan peyi w ki gen anpil bezwen. Èske w ka al viv youn nan kote sa yo? Oubyen, ou kapab gade si w ta ka aprann yon lòt lang pou w ede moun nan peyi w ki swaf laverite ki nan Bib la e ki pale lang sa a. Kèlkeswa ajisteman ou fè pou w patisipe plis nan ministè a, ou mèt gen asirans Jewova ap beni w anpil.—Pwo. 10:22.

[Kare/Foto nan paj 32]

Yon jou yo pa ka bliye!

Anpil moun ki te soti nan lòt peyi ann Ewòp pou yo vin soutni kanpay espesyal sa a ki t ap fèt nan peyi Bilgari a te planifye pou yo asiste kongrè distri ki gen pou tit “Kontinye veye!” ki t ap fèt nan vil Sofya. Sa te ankouraje frè ak sè lokal yo pou yo fè konesans ak anpil moun ki te soti nan divès peyi ki te vin vizite Bilgari. Se pa ti kontan 2 039 moun ki te la yo te kontan lè frè Geoffrey Jackson, yon manm Kolèj santral la, te prezante Bib la, Tradiksyon monn nouvo a, nan lang Bilgari a! Tout moun ki t ap asiste kongrè a jou vandredi sa a te eksprime apresyasyon yo ak tout kè yo; yo te kontan e yo te fè lontan ap bat bravo. Dlo te koule nan je anpil moun tèlman yo te kontan. Tradiksyon sa a ki egzak e ki fasil pou moun konprann ap ede moun nan Bilgari aprann konnen Jewova.

[Kat jeyografik nan paj 30, 31]

(Gade peryodik la)

BILGARI

SOFYA

Sandanski

Silistra

Kazanlak

[Foto nan paj 31]

Yo te bay yon gwo temwayaj pandan sèt semèn.