Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w pran devan nan onore kwayan parèy ou yo?

Èske w pran devan nan onore kwayan parèy ou yo?

Èske w pran devan nan onore kwayan parèy ou yo?

“Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak afeksyon ki pwofon nou gen youn pou lòt. Pran devan nan onore youn lòt.” —WOM. 12:10.

1, 2. a) Ki konsèy Pòl te bay nan lèt li te ekri Women yo? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

NAN lèt apot Pòl te ekri Women yo, li te montre, antanke kretyen, li enpòtan pou nou gen lanmou pou frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. Li fè nou sonje lanmou nou “pa [dwe] gen ipokrizi ladan l”. Li te pale tou de “lanmou nou gen pou frè nou yo” e li te di lanmou sa a ta dwe makònen ak yon “afeksyon ki pwofon”. —Wom. 12:9, 10a.

2 Natirèlman, lanmou nou gen pou frè nou yo se pa yon senp afeksyon nou gen nan kè nou pou yo. Nou bezwen demontre lanmou sa a nan aksyon nou. Anfèt, pèsonn pap konnen nou gen lanmou ak afeksyon pou yo si nou pa montre yo sa. Se sa k fè Pòl te bay konsèy sa a: “Pran devan nan onore youn lòt.” ​(Wom. 12:10b). Ki sa sa mande pou nou onore lòt moun? Poukisa li enpòtan pou nou pran devan nan onore kwayan parèy nou yo? Ki jan nou kapab fè sa?

Respè ak onè

3. Ki sans mo “onore” a genyen nan lang yo te ekri Bib la?

3 Nan lang ebre a, prensipal mo lè yo tradui l yo mete “onore” pou li a gen sans yon bagay ki “lou”. Yon moun yo onore se yon moun yo konsidere kòm yon moun ki gen pwa, sa vle di ki enpòtan. Pou menm mo ebre sa a, lè y ap tradui l nan Ekriti yo, souvan yo mete “glwa” pou li, sa ki montre yon fwa ankò gwo respè moun yo onore a jwenn (Jen. 45:13, NW). Nan Bib la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “onore” pou li a gen sans estim oubyen valè (Lik 14:10). Wi, moun nou onore yo se moun ki gen anpil valè nan je nou.

4, 5. Ki rapò ki gen ant respè ak onè? Bay yon egzanp.

4 Ki sa sa mande pou nou onore lòt moun? Pou nou onore lòt moun, sa mande pou nou gen respè pou yo. Anfèt, souvan, yo itilize mo “respè” a ak mo “onè” a ansanm, paske yo gen rapò sere youn ak lòt. Nou onore yon moun lè nou fè aksyon ki montre nou gen respè pou li. Respè gen rapò sitou ak fason nou frè ak sè n yo, tandiske onè gen rapò ak fason nou trete yo.

5 Ki jan yon kretyen kapab onore kwayan parèy li yo ak tout kè l si li pa gen bonjan respè pou yo (3 Jan 9, 10)? Menm jan pou yon plant grandi e pou l viv lontan fòk li byen anrasinen nan bon tè, se konsa tou, pou nou onore yon moun ak tout kè nou e pou nou kontinye fè sa, fòk respè nou gen pou li a byen anrasinen nan fon kè nou. Kòm lè yon moun pa onore lòt moun sensèman se paske li pa gen bonjan respè pou yo, se sa k fè li pap kontinye onore yo. Nou kapab konprann rezon ki fè anvan Pòl te bay konsèy konsènan onore lòt moun nan, li te di byen klè: “ Lanmou nou pa [dwe] gen ipokrizi ladan l.” —Wom. 12:9; li 1 Pyè 1:22.

Onore moun paske yo fèt “pòtre ak Bondye”

6, 7. Poukisa nou dwe gen respè pou lòt moun?

6 Piske pou nou onore lòt moun, li enpòtan pou kè nou pouse nou fè sa, nou pa ta dwe janm bliye rezon biblik nou genyen pou nou onore tout frè nou yo. Annou konsidere de nan rezon sa yo.

7 Kontrèman ak lòt kreyati ki sou tè a, lèzòm fèt “pòtre ak Bondye”. (Jak 3:9.) Se sa k fè nou gen kalite ki soti nan Bondye, tankou lanmou, sajès ak jistis. Remake ki sa ankò nou genyen grasa Kreyatè nou an. Salmis la di: “O Jewova, [...] ou menm yo pale de diyite w anlè nan syèl la! [...] Ou fè [lòm] yon tikras pi ba pase zanj yo e ou kouwone l ak glwa ak bote.” ​(Sòm 8:1, 4, 5 *, NW; 104:1). Lèzòm an jeneral gen diyite e Bondye kouwone yo ak glwa ak bote. Donk, lè nou trete lòt moun avèk diyite, se montre nou montre nou rekonèt se Jewova ki fè yo gen diyite. Donk, si nou gen rezon pou nou respekte tout moun an jeneral, alewè pou kwayan parèy nou yo! —Jan 3:16; Gal. 6:10.

Nou se manm yon sèl fanmi

8, 9. Dapre sa Pòl te di, ki rezon nou genyen pou nou respekte kwayan parèy nou yo?

8 Pòl te bay yon lòt rezon ankò ki fè nou respekte youn lòt. Anvan li te bay konsèy pou nou onore youn lòt la, men sa li te di: “Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak afeksyon ki pwofon nou gen youn pou lòt.” Ekspresyon grèk yo mete “afeksyon ki pwofon” pou li a gen rapò ak afeksyon ki pwofon ki ini yon fanmi kote moun yo renmen youn lòt e yo soutni youn lòt. Donk, lè Pòl te itilize ekspresyon sa a, li te mete aksan sou enpòtans pou frè ak sè yo nan kongregasyon an gen bonjan relasyon youn ak lòt, pou youn renmen lòt tankou yon fanmi kote moun yo gen relasyon sere youn ak lòt (Wom. 12:5). Anplis de sa, nou pa dwe bliye se kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la Pòl te bay konsèy sa a, e Jewova te adopte yo tout kòm pitit li. Donk, reyèlman, yo te fòme yon fanmi e yo te pwòch youn ak lòt. Se sa k fè, nan epòk Pòl la, kretyen Bondye te chwazi pou y al nan syèl la te gen bonjan rezon pou youn respekte lòt. Se konsa sa ye tou jodi a pou kretyen ki gen esperans sa a.

9 Men, e moun ki fè pati “lòt mouton” yo (Jan 10:16)? Byenke Bondye poko adopte yo antanke pitit li, pa gen pwoblèm pou youn rele lòt frè ak sè paske yo fòme yon fanmi entènasyonal ki ini (1 Pyè 2:17; 5:9). Donk, si moun ki fè pati lòt mouton yo byen konprann ki sa y ap di lè yo itilize mo “frè” a oswa mo “sè” a, yo menm tou yo gen bonjan rezon pou yo respekte kwayan parèy yo ak tout kè yo. —Li 1 Pyè 3:8.

Poukisa li vrèman enpòtan pou nou onore lòt moun?

10, 11. Poukisa li vrèman enpòtan pou nou gen respè pou frè n ak sè n yo e pou nou onore yo?

10 Poukisa li vrèman enpòtan pou nou respekte frè nou yo e pou nou onore yo? Se paske lè nou onore yo, nou kontribye pou kongregasyon an mache byen e pou gen inite ladan l.

11 Natirèlman, nou konnen se relasyon sere nou gen ak Jewova ansanm ak èd lespri sen l ki ban nou plis fòs antanke vrè kretyen (Sòm 36:7; Jan 14:26). Men, lè kretyen parèy nou yo montre yo apresye nou sensèman e yo onore nou sensèman, sa ankouraje nou tou (Pwo. 25:11). Lè konsa, sa ban nou plis fòs pou nou kontinye mache nan chemen lavi a avèk lajwa ak detèminasyon. Sandout ou konn santi sa deja.

12. Ki jan nou chak ka kontribye pou gen lanmou nan kongregasyon an?

12 Lefètke Jewova konnen nou fèt ak bezwen pou moun respekte nou, se sa k fè li ankouraje nou nan Pawòl li a pou nou “gen respè yonn pou lòt”. (Wom. 12:10, Bib la; li Matye 7:12.) Antanke kretyen, si nou suiv konsèy sa a ki valab pou kèlkeswa epòk la, n ap kontribye pou gen lanmou nan fanmi nou fòme a. Se sa k fè li enpòtan pou nou poze tèt nou kesyon sa a: ‘Ki dènye fwa m te respekte youn nan frè m yo oswa youn nan sè m yo nan kongregasyon an nan sa m te di oswa nan sa m te fè?’ —Wom. 13:8.

Yon devwa nou tout genyen

13. a) Kiyès ki dwe pran devan nan kesyon onore youn lòt la? b) Ki sa pawòl ki nan Women 1:7 la montre?

13 Kiyès ki ta dwe pran devan nan kesyon onore youn lòt la? Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te fè konnen se ansyen yo “k ap dirije nou”. (Ebre 13:17.) Antanke moun k ap dirije nou, ansyen yo pran devan nan divès aktivite nan kongregasyon an. Antanke bèje, se sèten yo bezwen pran devan tou nan onore kwayan parèy yo, san wete lòt ansyen yo. Pa egzanp, lè ansyen yo reyini pou yo pale de bezwen espirityèl kongregasyon an, yo onore youn lòt lè yo koute avèk atansyon lè youn nan yo ap pale. Yo onore youn lòt tou lè yo pran pwennvi tout lòt ansyen yo an konsiderasyon anvan yo pran yon desizyon (Tra. 15:6-15). Sepandan, nou dwe sonje, lèt Pòl te ekri Women yo, se pa t pou ansyen yo sèlman li te ekri l, men se te pou tout moun nan kongregasyon an (Wom. 1:7). Se sa k fè, konsèy pou nou pran devan nan onore youn lòt la se yon konsèy pou tout kretyen yo suiv jodi a.

14. a) Bay yon egzanp ki montre diferans ki genyen ant onore youn lòt ak pran devan nan onore youn lòt. b) Ki kesyon nou ka poze tèt nou?

14 Remake yon lòt aspè nan konsèy Pòl la. Li te ankouraje kretyen parèy li yo, ki t ap viv nan vil Wòm, nonsèlman pou youn onore lòt, men tou pou yo pran devan nan onore youn lòt. Poukisa sa enpòtan? Ann pran yon egzanp. Èske yon pwofesè ap mande etidyan l yo pou yo aprann li si yo deja konn li? Non. Men, li ka vle ede yo vin konn li pi byen. Menm jan an tou, lefètke nou youn renmen lòt e sa pouse nou onore youn lòt, sa deja idantifye nou antanke vrè kretyen (Jan 13:35). Sepandan, menm jan yon etidyan ki deja konn li kapab pwogrese pou l vin li pi byen, se konsa tou nou kapab pwogrese nan onore youn lòt lè nou pran devan nan domèn sa a (1 Tes. 4:9, 10). Se nou tout ki gen devwa sa a. Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m pran devan nan onore moun ki nan kongregasyon an?’

Onore moun ki “piti” yo

15, 16. a) Nan kesyon onore lòt moun nan, kiyès nou pa dwe bliye, e poukisa? b) Ki sa ki ka montre si nou vrèman gen respè pou tout frè n ak sè n yo?

15 Nan efò n ap fè pou nou onore youn lòt, kiyès nou pa dwe bliye nan kongregasyon an? Men sa Pawòl Bondye a di: “Lè ou [“fè piti a favè”, NW], se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.” ​(Pwo. 19:17). Ki jan prensip nou jwenn nan pawòl sa yo kapab ede nou nan efò n ap fè pou nou onore moun nan kongregasyon an?

16 Siman w ap dakò majorite moun onore moun ki nan pi gwo pozisyon pase yo, men yo pa gen anpil respè pou moun yo konsidere ki pi ba pase yo. Sepandan, Jewova li menm pa konsa. Men sa li di: “Moun ki onore m, m ap onore yo tou.” ​(1 Sam. 2:30, NW; Sòm 113:5-7). Jewova onore tout moun ki sèvi l e ki onore l. Li pa meprize “piti” yo. (Li Izayi 57:15; 2 Kwo. 16:9.) Li toutafè nòmal pou nou anvi imite Jewova. Se sa k fè, si nou vle wè si nou sensè lè n ap onore lòt moun, nou bezwen mande tèt nou ki jan nou trete moun ki pa gen gwo responsablite nan kongregasyon an (Jan 13:14, 15). Repons nou jwenn pou kesyon sa a ap montre jis nan ki pwen nou gen respè pou lòt moun. —Li Filipyen 2:3, 4.

Annou onore lòt moun lè nou ba yo nan tan nou

17. Ki bon fason nou kapab pran devan nan onore youn lòt, e sa k fè sa?

17 Yon bon fason nou kapab pran devan nan onore tout moun nan kongregasyon an, se lè nou ba yo tan nou. Poukisa nou di sa? Antanke kretyen, nou chaje ak aktivite. Aktivite enpòtan nou gen nan kongregasyon an pran anpil nan tan nou. Donk, sa pa etonan si tan nou gen anpil valè nan je nou. Sa fè nou konprann tou nou pa dwe egzije pou frè n ak sè n yo ban nou twòp nan tan yo. Menm jan an tou, nou apresye lè lòt moun nan kongregasyon an konprann yo pa dwe egzijan nan kantite tan yo mande pou nou ba yo.

18. Jan foto nan paj 18 la montre sa, ki jan nou kapab montre nou dispoze bay kwayan parèy nou yo nan tan nou?

18 Sepandan, nou rekonèt tou, lè nou dispoze kanpe sou aktivite nou pou nou bay kwayan parèy nou yo nan tan nou, se montre nou montre nou gen respè pou yo. Moun k ap sèvi antanke bèje nan kongregasyon an konn sa trè byen. Ki jan nou montre nou gen respè pou kwayan parèy nou yo? Lè nou kanpe sou aktivite nou pou nou bay frè nou yo nan tan nou, se kòmsi nou di yo: ‘Ou tèlman gen valè nan je m, mwen pito pase yon ti tan avè w olye m kontinye fè sa m ap fè a.’ ​(Mak 6:30-34). Yon lòt bò, si nou pa dispoze kanpe sou aktivite nou pou nou bay frè nou yo nan tan nou, nou gendwa fè yo santi yo pa gen anpil valè nan je nou. Byennantandi, pafwa gen bagay n ap fè ki ijan e nou pa ka kanpe sou yo. Sepandan, nou montre nou gen yon respè sensè pou frè n ak sè n yo lè nou dispoze ba yo nan tan nou, konsa tou, lè nou pa dispoze fè sa, nou montre nou pa gen respè pou yo. —1 Kor. 10:24.

Annou detèmine pou nou pran devan

19. Apa de lè nou bay kwayan parèy nou yo nan tan nou, ki lòt fason ankò nou onore yo?

19 Gen lòt fason enpòtan nou ka onore kwayan parèy nou yo. Pa egzanp, lè nou ba yo nan tan nou, nou dwe koute yo lè y ap pale avèk nou. Yon lòt fwa ankò, Jewova ban nou egzanp. Salmis David di: “Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye l.” ​(Sòm 34:15). Nou fè efò pou nou imite Jewova lè nou veye sou enterè frè nou yo e lè nou koute yo avèk anpil atansyon, sitou lè yo vin mande nou èd. Lè nou aji konsa, nou onore yo.

20. Ki rapèl nou jwenn sou kesyon onore youn lòt la nou bezwen kenbe nan lespri nou?

20 Jan nou sot wè sa, nou bezwen kenbe klè nan lespri nou rezon ki fè nou dwe gen yon respè sensè pou kwayan parèy nou yo. Anplis, nou chèche okazyon pou nou pran devan nan onore tout moun, menm moun ki piti yo. Lè nou fè sa, nou ranfòse lanmou ak inite ki gen nan kongregasyon an. Kidonk, annou kontinye onore youn lòt, men sitou, annou kontinye pran devan nan domèn sa a. Èske w detèmine pou w fè sa?

[Nòt anba paj]

^ § 7 Pawòl David di nan 8yèm Sòm nan se pawòl pwofetik tou. Yo gen rapò ak Jezi Kris antanke moun pafè. —Ebre 2:6-9.

Èske nou sonje?

• Ki rapò ki gen ant onè ak respè?

• Pou ki rezon nou dwe onore kwayan parèy nou yo?

• Poukisa li enpòtan pou nou youn onore lòt?

• Ki jan nou kapab onore kwayan parèy nou yo?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Ki jan nou kapab onore kwayan parèy nou yo?