Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede jèn yo vin byen konnen òganizasyon Jewova a

Ede jèn yo vin byen konnen òganizasyon Jewova a

Ede jèn yo vin byen konnen òganizasyon Jewova a

TIMOUN renmen aprann. Fè yon ti reflechi sou ki kalite kesyon timoun izrayelit ki te ann Ejip yo te petèt ap poze pandan nuit premye fèt Pak la: ‘Poukisa yo touye ti mouton an?’ ‘Poukisa Papa m ap mete san sou ankadreman pòt la?’ ‘Ki kote nou prale?’ Nou konnen kesyon sa yo te fè Jewova plezi lè nou sonje kòmandman li te bay chèf fanmi izrayelit yo. Jewova te di yo ki sa pou yo di timoun yo lè yo t ava selebre fèt Pak la alavni: “Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, n’a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n’ap fete pou Senyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t’ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t fè nou anyen.” ​(Egz. 12:24-27). Apre sa, Jewova fè paran yo sonje enpòtans pou yo reponn kesyon timoun yo poze sou “tout prensip ak tout kòmandman” l yo. —Det. 6:20-25.

Sa klè, Jewova te vle pou timoun yo jwenn bonjan repons pou kesyon yo poze sou vrè adorasyon an, repons ki t ap pouse yo renmen Jewova antanke Bondye yo ak Sovè yo. Jodi a, Jewova vle pou paran yo fè menm bagay la pou jèn yo. Youn nan fason paran yo kapab ede pitit yo vin gen yon lanmou sensè pou Bondye e pou pèp Bondye a se lè yo ede yo vin byen konnen òganizasyon Jewova a e yo ede yo konprann kòman yo kapab benefisye tout dispozisyon òganizasyon an pran pou l ede nou. Kounye a, annou konsidere kèk fason paran yo kapab ede jèn yo aprann plis bagay sou òganizasyon Bondye a.

Kongregasyon yo ladan l lan

Jèn yo bezwen byen konnen kongregasyon fanmi yo fè pati a. Pou w ede yo fè sa, antanke paran, ou bezwen mennen yo avè w nan tout reyinyon yo. Konsa, w ap suiv modèl Jewova te bay Izrayelit yo, lè l te di yo: “N’a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun [...] pou yo ka tande [...], pou yo ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l. Se konsa, pitit yo ki pat janm konn lalwa a va tande l. Y’a aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an.” —Se nou menm ki mete mo a ann italik; Det. 31:12, 13.

Depi timoun yo toupiti, yo kapab kòmanse aprann konnen sa k nan Pawòl Jewova a. Men sa apot Pòl te di Timote: “Se depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo.” ​(2 Tim. 3:15). Nan reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm yo, menm timoun ki pi piti yo kòmanse konprann enfòmasyon y ap bay yo e yo kòmanse abitye ak kantik Wayòm yo. Nan Sal la, nonsèlman yo aprann itilize Bib la, men tou, yo aprann respekte ni Bib la, ni piblikasyon ki baze sou li yo. Anplis, lè yo nan reyinyon yo, yo santi vrè lanmou an, kalite ki idantifye vrè disip Kris yo. Jezi te di: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” ​(Jan 13:34, 35). Lanmou sensè ki gen pami frè ak sè yo ak bonjan sekirite ki gen nan reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan ap atire timoun yo e y ap ede yo fè reyinyon yo antre nan aktivite yo fè nan lavi yo.

Lè w toujou rive alè nan Sal Wayòm nan e w fè yon ti rete apre reyinyon yo, pitit ou yo ap gen opòtinite fè zanmi nan Sal la. Olye pou w kite yo fè zanmi ak timoun parèy yo sèlman, poukisa ou pa fè yo fè konesans ak frè ak sè tout laj? Si pitit ou yo aprann konnen frè ak sè aje yo, y ap vin dekouvri frè ak sè sa yo te fè anpil bèl eksperyans e yo gen sajès. Menm jan Zekarya, yon moun nan tan lontan, te ‘moutre Ouziya jan pou l gen krentif Bondye’, e l te gen yon bon enfliyans sou jèn wa sa a ki t ap dirije peyi Jida, se konsa jodi a tou, moun ki pase plizyè ane ap sèvi Jewova fidèlman yo gen yon bon enfliyans sou jèn yo (2 Kwo. 26:1, 4, 5). Lè w nan Sal Wayòm nan, ou ka tou pwofite esplike timoun ou yo enpòtans bibliyotèk la, tablo afichaj la ak lòt bagay ankò.

Òganizasyon entènasyonal la

Timoun yo bezwen konprann kongregasyon yo ladan l lan se youn nan plis pase 100 000 kongregasyon ki genyen nan òganizasyon entènasyonal nou an. Esplike yo ki sa òganizasyon an ye, pou ki rezon l la e ki jan yo kapab soutni travay òganizasyon an ap fè a. Esplike yo pou ki rezon asanble sikonskripsyon yo, asanble distri yo ak vizit siveyan sikonskripsyon yo se yon seri evènman ki enpòtan pou ou. —Gade kare  “Sijè nou ka egzamine nan Adorasyon an fanmi an”, nan paj 28.

Lè w kapab, envite siveyan itineran yo, misyonè yo, manm fanmi Betèl yo ak lòt sèvitè aplentan vin manje lakay ou. Pa panse moun sa yo pa gen tan pou jèn yo. Sèvitè aplentan yo fè tout sa yo kapab pou yo imite Jezi ki te toujou byen akeyi timoun yo e ki te konn pale avèk yo (Mak 10:13-16). Lè timoun ou yo tande sèvitè Jewova sa yo ap rakonte eksperyans yo fè e yo wè lajwa yo jwenn nan sèvis sakre y ap bay Jewova a, yo menm tou, yo kapab vin gen objektif pou yo antre nan sèvis aplentan.

Ki lòt bagay ou menm ak fanmi w kapab fè pou ede timoun yo vin konnen òganizasyon Jewova a pi byen? Men kèk konsèy: Mete sa nan pwogram ou pou w egzamine liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a ak fanmi w. Mete aksan sou zèl, imilite ak fidelite sèvitè Jewova yo genyen. Montre kòman Jewova te sèvi ak yo pou gaye bon nouvèl la sou tout kò tè a. Itilize videyo òganizasyon Jewova a fè pou w anseye yo leson enpòtan yo ka aprann nan sa k te pase nan tan lontan e nan sa k ap pase nan epòk nou an. Depi sa posib, al vizite biwo filyal ak fanmi Betèl ki nan peyi w ap viv la, oswa ki nan yon lòt peyi, ansanm ak pitit ou. Vizit sa yo ap pèmèt timoun yo wè ki jan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a, ki anba direksyon klas esklav la, òganize pou frè yo ki sou tout tè a jwenn manje nan domèn espirityèl ak direksyon, menm jan sa te fèt nan premye syèk epòk nou an. —Mat. 24:45-47; Tra. 15:22-31.

Aplike enfòmasyon an selon bezwen chak timoun

Lè w ap anseye timoun ou yo, pa janm bliye fason Jezi te konn anseye apot li yo. Gen yon lè li te di yo: “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a.” ​(Jan 16:12). Jezi pa t chaje disip li yo ak yon pil enfòmasyon. Men li te anseye yo verite enpòtan yo tikras pa tikras, yon fason pou yo te kapab byen konprann yo. Menm jan an tou, pa chaje timoun ou yo ak enfòmasyon. Lè w ba yo yon ti kantite enfòmasyon sou òganizasyon an, e ou fè sa regilyèman, w ap fè yo toujou enterese aprann plis bagay sou kongregasyon kretyen an e sa ap fè yo kontan. Tank bezwen timoun ou yo ap chanje, raple yo sa yo te deja konnen epi ba yo plis enfòmasyon.

Kongregasyon kretyen an se pi bon kote pou yon moun jwenn fòs nan domèn espirityèl, se sa k fè jèn ki zele nan aktivite kongregasyon an pi byen pare pou yo reziste kont enfliyans monn Satan an (Wom. 12:2). Nou gen asirans w ap jwenn anpil lajwa lè w ede pitit ou yo vin byen konnen òganizasyon Jewova a. Se pou Jewova beni timoun ou yo yon fason pou yo rete atache ak òganizasyon an e pou yo rete atache ak Jewova, Bondye n ap sèvi a ki renmen nou!

[Kare/Foto nan paj 28]

 Sijè nou ka egzamine nan Adorasyon an fanmi an

Men kèk sijè ki pale sou òganizasyon an nou kapab egzamine pandan Adorasyon an fanmi an.

▪ Egzamine istwa kongregasyon pa w la. Ki lè kongregasyon an te fòme, e ki jan sa te fèt? Nan konbyen Sal Wayòm kongregasyon w lan te pase? Pou w ka byen egzamine istwa kongregasyon an, ou ka envite yon moun ki gen anpil tan nan kongregasyon an lakay ou pou l kapab reponn kesyon timoun ou yo genyen.

▪ Esplike ki objektif diferan reyinyon kongregasyon an ak gwo asanble yo genyen e kòman timoun yo kapab pwofite okazyon sa yo omaksimòm.

▪ Egzamine objektif diferan lekòl ki gen nan òganizasyon Jewova a genyen. Rakonte eksperyans ki montre bon rezilta frè ak sè ki pase nan lekòl sa yo jwenn.

▪ Ede jèn yo wè enpòtans pou yo vin pwoklamatè ki aktif nan preche bon nouvèl la. Montre yo ki jan yo kapab kontribye nan rapò mondyal ki pibliye nan Annuaire des Témoins de Jéhovah a.

▪ Pale sou diferan fòm sèvis aplentan jèn yo kapab pran nan òganizasyon Jewova a. Chapit 10 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a bay bonjan enfòmasyon sou sa.

▪ Ede jèn yo konprann poukisa yon seri bagay fèt jan yo fèt nan kongregasyon an. Esplike yo poukisa yo pa dwe janm aji yon fason ki montre yo pa vle soumèt yo anba òganizasyon Jewova a menm nan bagay ki parèt tou piti. Montre yo kòman yo kapab kontribye pou gen bon lòd nan kongregasyon an lè yo suiv direksyon ansyen yo bay.

[Foto]

L ap bon anpil pou timoun ou yo fè zanmi ak moun ki gen lontan depi y ap sèvi Bondye.

[Foto nan paj 26]

Menm jan paran izrayelit lontan yo te konn fè sa, jodi a tou, paran yo fè tout sa yo kapab pou yo bay timoun yo bonjan repons pou kesyon yo poze sou òganizasyon Jewova a.