Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Eskiz oswa rezon valab: ki sa Jewova panse?

Eskiz oswa rezon valab: ki sa Jewova panse?

Eskiz oswa rezon valab: ki sa Jewova panse?

“NONM lan reponn: Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m manje, epi mwen manje l. [...] Fanm lan reponn li: Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l.” Pawòl sa yo, Adan ak Èv, premye paran nou yo te di Bondye, se te premye eskiz nan lis tout lòt eskiz lèzòm t apral bay. —Jen. 3:12, 13.

Santans Jewova te bay Adan ak Èv paske yo te dezobeyi l volontèman an te montre byen klè rezon yo te bay yo pa t akseptab nan je l (Jen. 3:16-19). Èske sa vle di Jewova konsidere tout rezon nou ba li pou aksyon nou kòm eskiz? Oubyen, èske gen kèk rezon nou ba li pou aksyon nou ki valab? Si se sa, kòman nou ka fè diferans ant yon eskiz ak yon rezon ki valab? Pou nou reponn kesyon sa yo, annou egzamine toudabò ki lè yon moun bay yon eskiz.

Jeneralman yon moun bay yon eskiz lè l fè yon bagay ki pa bon, lè l pa t rive fè yon bagay li te dwe fè oswa lè l pa anvi fè yon bagay. Yon eskiz pa menm bagay ak yon rezon valab yon moun bay pou yon erè li te fè oswa ak lè yon moun mande padon sensèman, sa ki ka fè l merite pou yo padone l. Sepandan, jan sa te ye nan ka Adan ak Èv la, gen moun ki bay yon eskiz pou yo kache vrè rezon ki fè yo te fè yon bagay. Gen lòt moun menm ki bay eskiz pou yo ka evite peye konsekans aksyon yo.

Lè n ap bay rezon pou yon bagay, sitou pou yon bagay ki gen rapò ak sèvis n ap bay Bondye a, nou dwe fè atansyon pou nou pa “twonpe tèt nou ak fo rezònman”. (Jak 1:22.) Pou sa pa rive, annou egzamine kèk egzanp nan Bib la ak kèk prensip k ap ede n “kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi”. —Efe. 5:10.

Ki sa Bondye vle nou fè

Pawòl Bondye a gen yon seri kòmandman byen klè nou dwe obeyi antanke moun ki fè pati pèp Bondye a. Pa egzanp, kòmandman Kris te bay pou nou “ale, epi fè disip pami moun tout nasyon” an se yon kòmandman tout vrè disip Kris yo dwe obeyi jis jounen jodi a (Mat. 28:19, 20). An reyalite, li tèlman enpòtan pou n obeyi kòmandman sa a, apot Pòl te di: “Malè pou mwen si m pa t anonse bon nouvèl la!”—1 Kor. 9:16.

Malgre sa, gen kèk moun ki gen yon bon ti tan depi y ap etidye Labib avèk nou men ki yon ti jan renka pou y al preche bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 24:14). Gen lòt menm ki te konn patisipe nan travay predikasyon an e ki sispann fè sa. Ki rezon moun ki pa patisipe nan travay predikasyon an konn bay pafwa? Nan tan lontan, ki reyaksyon Jewova te genyen lè kèk moun te yon ti jan renka pou obeyi kòmandman byen klè li te bay yo?

Rezon Bondye pap aksepte

“Sa twò difisil.” Pou moun ki timid yo, li ka parèt twò difisil pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Annou wè ki leson nou ka aprann nan egzanp Yona a. Jewova te mande l pou l al bay yon mesaj jijman kont vil Niniv, yon responsablite ki te parèt difisil anpil pou li. Li pa difisil pou nou konprann rezon ki fè Yona te pè aksepte responsablite sa a. Niniv te kapital peyi Asiri, e moun peyi sa a te gen repitasyon moun ki te mechan anpil. Yona te kapab ap mande tèt li: ‘Ki jan sa pral ye pou mwen nan mitan moun sa yo?’ ‘Ki sa yo pral fè m?’ San pèdi tan, li te chape poul li. Aktout sa, Jewova pa t aksepte eskiz Yona te bay yo. Okontrè, Jewova te voye l al preche moun nan vil Niniv ankò. Fwa sa a, Yona te mete kouraj sou li pou l fè travay Jewova te ba li a, e Jewova te fè bagay yo byen fini pou li. —Yona 1:1-3; 3:3, 4, 10.

Si ou ta panse responsablite pou preche bon nouvèl la twò difisil pou ou, sonje sa: “Tout bagay posib pou Bondye.” ​(Mak 10:27). Ou mèt gen konfyans Jewova ap ba w fòs si w kontinye mande l èd li e l ap beni w si w met kouraj sou ou pou w fè travay predikasyon an. —Lik 11:9-13.

“M pa anvi fè sa.” Ki sa w ka fè si w pa anvi patisipe nan travay predikasyon an? Pa bliye, Jewova kapab aji nan ou e li ka fè w anvi fè sa. Men sa Pòl te di: “Se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.” ​(Fil. 2:13). Se sa k fè, ou ka mande Jewova pou l fè w anvi fè volonte l. Se sa menm wa David te fè. Li te sipliye Jewova konsa: “Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la.” ​(Se nou menm ki mete mo yo ann italik; Sòm 25:4, 5). Ou kapab fè menm bagay la lè w priye Jewova ak tout kè w pou l fè w anvi fè l plezi.

Franchman, lè nou fatige oswa nou dekouraje, pafwa nou ka bezwen fòse tèt nou ale nan reyinyon nan Sal Wayòm nan oubyen pou n al preche. Nan ka sa yo, èske nou ta dwe kouri panse se renmen nou pa renmen Jewova toutbon? Non, se pa sa. Gen sèvitè fidèl Bondye nan tan lontan ki te oblije fè anpil efò pou yo fè volonte l. Ann pran egzanp Pòl ki te di se kòmsi li te ‘benyen kò l ak kou’ pou l te ka rive obeyi kòmandman Bondye yo (1 Kor. 9:26, 27). Kidonk, menmsi se fòse nou fòse tèt nou al preche, nou ka gen asirans Jewova ap beni nou. Poukisa l ap fè sa? Paske se lanmou nou gen pou li ki pouse nou fè tout sa n kapab pou nou fè volonte l, e se pi bon rezon ki genyen pou nou fè sa. Lè n aji konsa, nou bay Satan yon repons pou akizasyon li lage sou do sèvitè Bondye yo, kòmkwa y ap vire do ba Li lè yo anba gwo eprèv. —Jòb 2:4.

“M twò okipe.” Si ou pa patisipe nan travay predikasyon an paske ou santi w twò okipe, li enpòtan anpil pou w byen egzamine tèt ou pou w wè ki bagay ou bay plis enpòtans nan lavi w. Jezi te di: “Kontinye chèche wayòm nan an premye”. (Mat. 6:33.) Pou w ka suiv prensip sa a, ou ka bezwen fè lavi w vin pi senp oubyen pase mwens tan nan divètisman, epi sèvi ak tan sa a pou w preche. Se sèten, divètisman ak lòt aktivite pèsonèl gen enpòtans yo, men yo pa yon rezon valab pou yon moun neglije travay predikasyon an. Yon sèvitè Bondye bay aktivite ki makònen ak Wayòm nan premye plas nan lavi l.

“M pa santi m kalifye.” Ou ka santi w pa kalifye pou w sèvi kòm pwoklamatè bon nouvèl la. Gen kèk sèvitè Jewova nan tan lontan ki te konn santi yo pa kalifye ase pou yo fè travay Jewova te konfye yo. Ann pran egzanp Moyiz. Lè Jewova te ba l yon misyon espesyal, men sa l te di: “Eskize m wi, Senyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm kounyeya, depi w’ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.” Byenke Jewova te ba l asirans, Moyiz te reponn: “Eskize m wi, Senyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?” ​(Egz. 4:10-13). Ki sa Jewova te fè?

Jewova pa t annik bay yon lòt moun misyon an. Men, Jewova te chwazi Arawon pou l ede Moyiz nan travay la (Egz. 4:14-17). Anplis, nan ane ki te vin apre yo, Jewova te kanpe bò kote Moyiz pou l ba li tout sa li te bezwen pou l te ka rive byen fè travay la. Jodi a tou, ou ka gen asirans Jewova ap fè kretyen parèy ou ki gen eksperyans ede w nan travay predikasyon an. Sa k pi bèl la, Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova ap ban nou fòmasyon nou bezwen pou nou fè travay li ban nou lòd fè a. —2 Kor. 3:5; gade nan kare  “Pi bèl ane mwen pase nan lavi m”.

“Gen yon moun ki fè m fache.” Gen kèk moun ki sispann patisipe nan travay predikasyon an oswa ki sispann asiste reyinyon yo paske yon moun te fè yo fache. Yo panse Jewova pap pa aksepte rezon yo bay ki fè yo sispann patisipe nan aktivite espirityèl yo. Se vre nou ka fache lè yon moun fè nou yon bagay ki pa fè n plezi, men, èske se yon rezon valab pou nou sispann patisipe nan aktivite nou antanke kretyen? Pòl ak Banabas, yon kretyen parèy li, dwe te fache anpil apre yon dezakò te lakòz “yo pete yon sèl lobo”. (Tra. 15:39.) Men èske yo te sispann patisipe nan travay predikasyon an pou sa? Non!

Menm jan an tou, lè yon kretyen parèy ou fè w fache, pa janm bliye, vrè ènmi w lan se pa kretyen enpafè parèy ou a, men se Satan, sila ki vle devore w la. Dyab la pap reyisi fè sa toutotan w “kenbe tèt ak li, [e ou] rete fèm nan lafwa”. (1 Pyè 5:8, 9; Gal. 5:15.) Si w gen yon lafwa konsa, ou pap janm “wont”. —Wom. 9:33.

Lè nou pa ka fè anpil

Lè nou gade rezon ki nan paragraf anvan yo, li klè, selon Labib, pa gen okenn rezon ki bay yon moun dwa pou l dezobeyi kòmandman Jewova yo, ki gen ladan yo travay preche bon nouvèl la. Sepandan, nou ka gen rezon valab ki fè nou pa kapab fè anpil nan travay predikasyon an. Lòt responsablite Labib ban nou yo ka lakòz kantite tan nou pase nan travay predikasyon an pa anpil. Epitou, pafwa nou ka tèlman fatige oswa nou tèlman malad nou pa kapab fè tout sa nou ta renmen fè nan sèvis Jewova a. Sepandan, Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova konnen dezi nou gen nan kè nou e li konsyan nou gen limit. —Sòm 103:14; 2 Kor. 8:12.

Se sa k fè nou bezwen veye pou nou pa twò di ni ak tèt nou ni ak lòt moun sou kesyon sa yo. Men sa apot Pòl te ekri: “Kiyès ou ye pou w ap jije moun k ap travay lakay yon lòt moun? Se mèt li ki pou deside si pou l ret kanpe oswa si pou l tonbe.” ​(Wom. 14:4). Olye nou konpare sitiyasyon nou ak pa lòt moun, se pou nou sonje nou “chak pral rann Bondye kont pou tèt nou”. (Wom. 14:12; Gal. 6:4, 5.) Lè n ap priye Bondye pou n esplike l pou ki rezon nou vle aji tèl jan, nou dwe asire nou “konsyans nou klè”. —Ebre 13:18.

Rezon ki fè sèvi Jewova bay kè kontan

Nou tout kapab sèvi Jewova ak kè kontan paske kòmandman l yo toujou rezonab e nou tout kapab obeyi yo kèlkeswa sitiyasyon nou nan lavi a. Sa k fè nou ka di sa?

Men sa Pawòl Bondye a fè konnen: “Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa [...] ou ka fè sa.” ​(Pwo. 3:27). Ki sa w remake nan pwovèb sa a konsènan kòmandman Bondye yo? Jewova pa mande w fè tout efò w pou w fè sa frè w la ka fè, men li mande pou w sèvi l dapre sa “ou ka fè”. (Se nou menm ki mete mo a ann italik.) Wi, kit sa nou ka fè a piti, kit li anpil, nou chak kapab sèvi Jewova ak tout kè nou. —Lik 10:27; Kol. 3:23.

[Kare/Foto nan paj 14]

 “Pi bèl ane mwen pase nan lavi m”

Menmsi nou gen gwo pwoblèm sante oswa pwoblèm afektif, nou pa dwe kouri panse nou pa ka patisipe afon nan travay predikasyon an. Ann pran egzanp Ernest, yon frè k ap viv Kanada.

Ernest te gen yon pwoblèm ki te anpeche l pale klè e l te timid anpil. Apre li te fin pran yon gwo chòk nan do l, li te oblije kite travay li nan domèn konstriksyon. Malgre li te andikape, nouvo sitiyasyon l lan te pèmèt li gen plis tan pou l patisipe nan travay predikasyon an. Ankourajman yo te bay nan reyinyon yo pou moun pran sèvis pyonye oksilyè te fè Ernest vrèman anvi fè sa. Men, li pa t santi l kalifye pou sèvis sa a.

Li te ranpli yon fich pyonye oksilyè pou yon mwa pou l te ka wè si li pa t ap kapab vre. Se pa ti sezi li te sezi wè l te rive bay lè a. Apre sa li te di tèt li: ‘Mwen pa panse m ap janm kapab fè sa ankò.’ Pou l te ka wè si sa l te panse a se te vre, li te ranpli yon fich pyonye pou yon dezyèm mwa. Yon lòt fwa ankò, li te atenn objektif li.

Ernest te kontinye sèvi kòm pyonye oksilyè pandan yon ane, men li te di tèt li: “Mwen sèten m pap janm ka vin pyonye pèmanan.” Yon lòt fwa ankò, pou l te ka wè si sa l te panse a se te vre, li te ranpli yon fich pyonye pèmanan. Li te sezi wè li te fini premye ane sèvis li kòm pyonye pèmanan. Li te deside kontinye, e kòm benediksyon li te jwenn lajwa antanke pyonye pèmanan pandan dezan, jiskaske pwoblèm li te gen nan do a te vin pi grav e sa te lakòz li pèdi lavi l. Men, anvan l mouri, li te konn di tout moun ki vin vizite l yo ak dlo nan je: “Ane sa yo mwen te pase ap sèvi Jewova antanke pyonye, se pi bèl ane mwen pase nan lavi m.”

[Foto nan paj 13]

Nou kapab venk nenpòt obstak ki ta ka anpeche n patisipe nan travay predikasyon an.

[Foto nan paj 15]

Jewova kontan lè nou fè tout sa nou kapab selon sitiyasyon nou pou nou sèvi l ak tout kè nou.