Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Li ede m touche kè moun yo”

“Li ede m touche kè moun yo”

“Li ede m touche kè moun yo”

PORTO ALEGRE se yon vil nan sid peyi Brezil, e yon lè yo te fè yon konferans entènasyonal sou pwoblèm sosyal nan zòn sa a. Plizyè milye moun ki te soti nan 135 peyi te asiste evènman sa a. Pandan moman poz yo, yon gwoup Temwen Jewova ki soti nan yon kongregasyon nan Porto Alegre t al pale ak plizyè dizèn delege nan objektif pou yo preche yo mesaj bon nouvèl Wayòm nan ki baze sou Bib la. Kòman yo te rive pale youn ak lòt?

Men sa Elizabete, yon pyonye, te di: “Nou te sèvi ak ti bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an.” Li te ajoute: “Anpil nan delege yo pa t janm tande mesaj Wayòm nan anvan sa, men yo te byen reyaji devan mesaj la. Nou te pale ak moun ki te soti nan peyi Bolivi, Lachin, Lafrans, End, Izrayèl ak Nijerya. Nou te gen piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang kèk nan delege yo, e yo te byen kontan aksepte yo.”

Nan peyi Meksik, yon pyonye ki rele Raúl te itilize ti bwochi sa a tou e l te jwenn anpil bon rezilta. Pa gen lontan depi l te pale ak yon mesye arab ki te gen 80 an ki te fèk pèdi madanm li. Apre mesye a te fin li mesaj Wayòm nan nan bwochi a, dlo te koule nan je l tèlman l te kontan. Poukisa? Lè l te li pwomès Bondye fè nan Revelasyon 21:3, 4 la nan pwòp lang li, ki fè konnen pap gen lanmò ankò, sa te touche kè l anpil. Nan yon lòt okazyon pandan Raúl t ap bay temwayaj enfòmèl, li te rankontre yon mesye ki pale pòtigè. Mesye sa a tou te gen yon moun li te renmen anpil ki mouri, se te pitit gason l. Raúl te ba l li mesaj la an pòtigè nan bwochi a. Lè mesye a fin li l, li fè Raúl konnen li ta renmen aprann plis sou Bib la e l te aksepte yon etid.

Raúl te sèvi ak bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an pou l te bay moun mesaj la nan lòt lang tankou: amenyen, chinwa, anglè, fransè, alman, indi, koreyen, miks, pès, ris, ak zapotèk. Men sa li di: “Mwen vin wè jan li enpòtan pou m itilize zouti sa a nan predikasyon. Li ede m touche kè moun yo menm lè m pa pale menm lang avè yo.”

Kòm gen plis moun k ap vwayaje e k al viv aletranje, nou gen plis opòtinite pou n rankontre moun ki pale lòt lang. N ap kapab ba yo mesaj Wayòm nan lè nou itilize bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an. Èske w toujou mache avè l?

[Foto nan paj 32]

Raúl k ap sèvi ak bwochi ki ede l touche kè moun yo.