Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen rete okipe nan òganizasyon Jewova a

Mwen rete okipe nan òganizasyon Jewova a

Mwen rete okipe nan òganizasyon Jewova a

Dapre Vernon Zubko

MWEN te leve sou yon bitasyon kote yo fè elvaj, toupre Stenen, yon bouk nan pwovens Saskatchewan, nan peyi Kanada. Paran m yo, Fred ak Adella, te travay di pou yo pran swen ni Aurellia, gran sè m nan, ni mwen menm, san konte ti frè ak sè m yo, Alvin, Allegra ak Daryl. Yo te pran swen nou ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl. Jis jodi a, nou rekonesan anpil paske paran nou yo te anseye nou laverite.

Papa m se te yon kretyen ki gen esperans pou l al nan syèl, e se te yon pwoklamatè ki te gen anpil kran. Li te travay di pou l pran swen tèt li ak fanmi l, men tou, li te fè tout sa l kapab pou tout moun konnen li se yon Temwen Jewova. Li te toujou ap pale sou laverite. Li te gen zèl ak kouraj, e sa te gen gwo enfliyans sou lavi m. Li te toujou konn di m: “Rete okipe nan òganizasyon Jewova a, konsa w ap evite anpil pwoblèm.”

Byen souvan, nou te konn preche nan lari nan vil Stenen ak nan zòn ozalantou yo. Se pa t yon bagay ki te toujou fasil pou mwen. Nan chak vil te gen timoun ki te konn ap britalize lòt timoun, e yo te konn vin sou nou menm ki pi piti yo pou yo pase nou nan rizib. Lè m te gen uit an, pandan m te kanpe nan yon kafou ap ofri Toudegad ak Réveillez-vous!, yon bann jèn te vin ansèkle m. Yo rape bèl chapo tounèf mwen te gen nan tèt mwen an e yo mete l sou yon poto bò kote m nan. Chans pou mwen, yon frè ki te pi gran pase m ki t ap voye je sou mwen te wè sa k t ap pase a. Li pwoche bò kote m e l mande m: “Vern, tout bagay anfòm?” Ti mesye yo te bwaze tousuit. Byenke eksperyans sa a te yon ti jan kontrarye m, mwen te aprann lè yon moun ap preche nan lari, li dwe toujou ap bouje, li pa dwe rete tankou yon poto. Kalite eksperyans sa yo te yon fòmasyon pou mwen e yo te ban m kouraj mwen te bezwen pou m preche kay an kay.

Alvin avè m te batize an me 1951. Mwen te gen trèzan lè sa a. Mwen toujou sonje sa frè ki te bay diskou batèm nan, frè Jack Nathan, te di. Li te ankouraje nou pou nou pa janm pase yon mwa san nou pa pale de Jewova *. Nan fanmi pa nou, nou te toujou konsidere sèvis pyonye kòm pi bon karyè ki genyen. Se sa k fè, an 1958, apre m fin fè klas mwen, mwen t al viv Winnipeg, nan Manitoba, pou m ka sèvi kòm pyonye. Byenke papa m te kontan paske m ap travay avè l nan biznis fanmi an kòm moun k ap fè travay finisyon sou bwa, li menm ak manman m te ankouraje m pran sèvis pyonye e yo te dakò pou m deplase al Winnipeg.

Yon nouvo kay ak yon nouvo patnè

An 1959, filyal la te mande pou nenpòt moun ki kapab pou y al sèvi Kebèk, kote yo te bezwen anpil pwoklamatè. Mwen t al sèvi kòm pyonye Monreyal. Se te yon gwo chanjman pou mwen! Se te yon nouvo eksperyans nan lavi m, mwen t ap aprann pale fransè e m te dwe adapte m ak yon nouvo kilti. Men sa siveyan sikonskripsyon an te di m: “Pa janm di: ‘Se konsa nou te konn fè sa nan zòn kote m soti a.’” Se te yon bon konsèy. —1 Kor. 9:22, 23.

Lè m te rive Kebèk, mwen pa t gen yon pyonye kòm patnè pou preche avè m. Men, te gen yon jèn ti sè ki rele Shirley Turcotte, yon sè m te rankontre Winnipeg, ki te vin tounen patnè m pou lavi lè nou te marye an fevriye 1961. Menm jan avè m, li te soti nan yon fanmi ki renmen Jewova. Byenke lè sa a mwen pa t byen rann mwen kont nan ki pwen li t apral vin yon gwo sous ankourajman ki t apral ban m fòs tank ane yo t ap pase, se sa l te vin ye pou mwen.

Yon kanpay predikasyon nan Gaspé

Dezan apre nou fin marye, nou te resevwa asiyasyon pou n al sèvi kòm pyonye espesyal Rimouski, nan Kebèk. Nan sezon prentan apre a, biwo filyal la te mande nou pou n al fè yon kanpay predikasyon nan yon ti preskil ki rele Gaspé, sou kot lès Kanada. Travay nou se te plante plis grenn laverite posib (Ekl. 11:6). Nou te chaje machin nou an ak plis pase 1 000 peryodik e ak prèske 400 liv, san konte manje ak rad, e nou te kòmanse yon kanpay predikasyon ki t ap dire yon mwa. Nou te travay tout ti bouk ki te gen nan Gaspé yo youn apre lòt. Estasyon radyo lokal la te avèti tout moun nan zòn nan Temwen Jewova yo ap vini, e yo te di yo pinga yo aksepte piblikasyon nou yo. Men, pifò moun yo te mal konprann anons lan e yo te panse se yon piblisite yo t ap fè pou piblikasyon nou yo, se sa k fè, olye yo te refize piblikasyon yo, se aksepte yo te aksepte yo pito.

Nan epòk sa a, se te yon bagay ki te yon ti jan nouvo pou moun ap preche alèz konsa nan kèk zòn nan Kebèk, se sa k fè, lapolis te konn kanpe nou souvan. Sa te rive nan yon vil kote nou t ap plase piblikasyon nan prèske chak kay nou te pase. Yon polisye te mande nou pou nou akonpaye l nan pòs polis la, e nou te suiv li. Mwen te vin aprann avoka ki travay pou vil la te bay lòd pou nou sispann preche. Piske chèf polis la pa t la jou sa a, mwen te bay avoka a yon lèt filyal Towonto a te ban m ki gen enfòmasyon ki montre, selon lalwa, nou gen dwa pou nou preche. Lè avoka a fin li lèt la, li di nou san pèdi tan: “Gade, m pa vle gen pwoblèm ak pèsonn. Se prèt pawas la ki te mande m pou m fè n sispann preche.” Kòm nou te vle moun nan zòn nan konnen travay n ap fè a pa ilegal, nou te retounen tousuit nan zòn nou te ye lè yo te arete nou an, e nou te kontinye preche.

Nan demen maten lè n retounen al wè chèf polis la, se pa ti fache l te fache lè l te aprann yo te arete nou. Fò n ta tande kòman li t ap pale ak avoka a nan telefòn! Chèf polis la te di nou nenpòt sa k ta rive nou, nou te mèt rele l pèsonèlman e li menm l ap regle sa. Byenke se etranje nou te ye e ti fransè nou te pale a pa t anpil, moun yo te ban nou bon jan e yo te byen resevwa nou. Men nou t ap mande tèt nou: ‘Ou kwè y ap janm rive konn laverite?’ Nou te jwenn yon repons plizyè ane apre lè nou te retounen Gaspé pou n al patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm toupatou nan zòn nan. Nou te wè yon pakèt nan moun nou te preche yo ki te vin frè nou kounye a. Se Jewova toutbonvre ki fè grenn verite grandi. —1 Kor. 3:6, 7.

Nou resevwa yon eritaj

Lisa, pitit fi nou an, fèt an 1970. Eritaj sa a Jewova te ban nou an te pote anpil jwa nan lavi nou. Shirley ak Lisa te travay ansanm avè m nan ede frè ak sè yo konstwi plizyè Sal Wayòm. Kou Lisa te fin lekòl, li te di nou: “Bon, manmi, papi, kòm se mwen ki te retire nou nan sèvis aplentan pou yon ti tan, pou m ka eseye repare sa, m ap pran sèvis pyonye.” Sa gen plis pase ventan depi Lisa ap sèvi kòm pyonye, men kounye a l ap sèvi ansanm ak Sylvain, mari l. Ansanm, yo te gen privilèj travay sou plizyè pwojè konstriksyon entènasyonal. Objektif nou antanke fanmi se kontinye mennen yon lavi ki senp epi rann tèt nou disponib pou sèvis Jewova a. Mwen pa janm bliye pawòl Lisa te di lè l te kòmanse sèvi kòm pyonye. An reyalite, sa li te di a te ankouraje m retounen nan sèvis aplentan an 2001, e depi lè sa a, m ap sèvi kòm pyonye. Grasa sèvis pyonye a, mwen aprann mete konfyans mwen nan Jewova nan tout sa m ap fè e m aprann mennen yon lavi ki senp, ki ban m satisfaksyon ak kè kontan.

Travay konstriksyon mande pou nou gen lanmou ak fidelite

Nan fòmasyon mwen jwenn nan men Jewova, mwen vin aprann lè nou rann tèt nou disponib e nou aksepte kèlkeswa asiyasyon li ban nou, n ap rekòlte yon pakèt benediksyon. Mwen vrèman apresye privilèj mwen genyen pou m sèvi nan yon komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm e pou m travay ansanm ak frè ak sè ki soti toupatou nan Kebèk ak lòt kote ankò.

Menmsi kèk nan volontè yo gendwa pa gen kapasite pou yo bay bèl diskou sou lestrad, men yo bon nan travay konstriksyon Sal Wayòm nan. Frè ak sè sa yo nou renmen anpil bay tout yo menm nan travay la e talan yo parèt byen klè. Kòm rezilta, toujou gen yon bèl lokal kote moun vin adore Jewova.

Gen moun ki konn mande m: “Ki pi bèl kalite yon volontè k ap travay nan pwojè konstriksyon Sal Wayòm ta dwe genyen?” Selon eksperyans pa m, premyèman, yon moun dwe gen lanmou pou Jewova, pou Pitit li a e pou tout frè ak sè yo (1 Kor. 16:14). Dezyèmman, li dwe yon moun ki fidèl. Lè bagay yo pa fèt jan nou ta renmen yo fèt la, sa ki pap manke pa rive, moun ki fidèl la ap kontinye suiv direksyon òganizasyon an bay e l ap kontinye travay kòm volontè sou lòt pwojè konstriksyon.

Mwen gen Jewova rekonesans

Byenke papa m mouri an 1985, konsèy li te ban m pou m rete okipe nan òganizasyon Jewova a rete grave nan lespri m. Menm jan ak lòt frè ak sè ki resevwa asiyasyon yo nan pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la, san dout papa m okipe anpil tou (Rev. 14:13). Manman m gen 97 an. Li te fè yon stwok, e sa lakòz li pa pale byen ankò, men li toujou konn Bib li byen. Nan lèt li ekri nou yo, li site vèsè pou l ankouraje nou kontinye rete fidèl nan sèvis Jewova a. Se pa ti rekonesan mwen menm ak frè m ak sè m yo rekonesan dèske paran nou yo te renmen nou konsa!

Mwen rekonesan tou paske Jewova te fè m kado Shirley, ki se yon madanm ak yon patnè fidèl pou mwen. Li toujou suiv konsèy manman l te ba li: “Vern pral okipe anpil nan sèvis l ap bay Jewova a, e w pral oblije aprann pataje l ak lòt moun.” Lè nou te marye, sa gen 49 ane, nou te pran rezolisyon nonsèlman pou nou vin granmoun ansanm nan sèvis Jewova a, men tou, si nou toule de pase fen sistèm nan vivan, pou nou vin jèn ansanm, toutpandan n ap kontinye sèvi Jewova pou toutan. Wi, nou vrèman gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Jewova, bò kote pa l, pran swen nou toutbon e li asire l nou pa janm manke anyen ki bon.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Pou nou jwenn enfòmasyon sou istwa lavi frè Jack Halliday Nathan, gade Toudegad 1ye septanm 1990, paj 10-14 (fransè).

[Foto nan paj 31]

“Objektif nou antanke fanmi se kontinye mennen yon lavi ki senp epi rann tèt nou disponib pou sèvis Jewova a.”