Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Bagay li te fè yo akonpaye l’

‘Bagay li te fè yo akonpaye l’

‘Bagay li te fè yo akonpaye l’

THEODORE JARACZ, youn nan manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, mouri mèkredi 9 jen 2010, nan maten. Konsa, li fini kous li sou tè a. Li te gen 84 an. Li kite Melita, ki te madanm li pandan 53 an. Li kite tou yon sè l ansanm ak yon neve ak de nyès.

Frè Jaracz te fèt 28 septanm 1925, yon kote yo rele Pike County, nan Kentucky, Ozetazini. Li te batize 10 out 1941 pou l montre li te vwe lavi l bay Jewova. Li te gen 15 an lè sa a. Dezan apre, lè l te gen 17 an, li te pran sèvis pyonye pèmanan. Se konsa li te kòmanse yon bèl karyè nan sèvis aplentan. Li te pase prèske 67 an nan fòm sèvis sa a.

An 1946, lè frè Jaracz te gen 20 an, li te asiste setyèm klas Lekòl Gileyad. Apre l fin gradye, yo te ba l asiyasyon pou l sèvi antanke siveyan sikonskripsyon nan zòn Cleveland, Ohio, Ozetazini. An 1951, li te jwenn asiyasyon pou l al travay nan filyal Ostrali a, kote li t ap sipèvize travay k ap fèt nan filyal sa a. Annuaire des Témoins de Jéhovah 1983 a fè konnen frè Jaracz “te ankouraje frè yo anpil nan peyi a paske li te aplike enstriksyon li te resevwa nan men esklav la avèk anpil anpresman e grasa bèl egzanp li te bay nan travay predikasyon an”.

Apre l retounen Ozetazini, li te marye ak Melita Lasko jou ki te 10 desanm 1956 la. Lè yo te kòmanse lavi yo ansanm, frè Jaracz t ap sèvi kòm siveyan itineran. Li te sèvi ni antanke siveyan sikonskripsyon, ni antanke siveyan distri nan yon gwo tèritwa Ozetazini. Nan fen ane 1974, yo te envite l pou l vin manm Kolèj santral Temwen Jewova yo.

Anpil moun ap sonje frè Jaracz pandan lontan kòm yon moun ki te bay Jewova tout lavi l e ki te rete konsantre sou aktivite teyokratik yo ak tout kè l. Se te yon mari ki te renmen madan m li e ki te pran swen l, e se te yon moun espirityèl ki te wè lòt moun anvan tèt li (1 Kor. 13:4, 5). Li te enterese sensèman nan lòt moun, e sa te parèt aklè nan sousi li te genyen pou yo trete tout moun san patipri e avèk mizèrikòd. Anplis, li pa t janm sispann montre li gen lanmou ak sousi pou moun nan fason li te konn patisipe nan ministè a avèk zèl.

Nou menm ki fè pati fanmi Betèl la, nou tris anpil paske nou pèdi yon frè ki te konn travay di, yon frè ni nou menm ni tout lòt frè ak sè sou tout tè a te renmen. Sepandan, nou kontan paske frè Jaracz te sèvi Jewova fidèlman pandan plizyè dizèn lane. Nou sèten ‘li te rete fidèl jiska lamò e li resevwa kouwòn lavi a’. (Rev. 2:10.) Nou sèten tou ‘bagay li te fè yo akonpaye l’. —Rev. 14:13.