Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou nou

Jèn, reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou nou

Jèn, reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou nou

“Se pou pawòl nou [...] sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” —KOL. 4:6.

1, 2. Ki jan anpil jèn santi yo lefètke yo diferan, e poukisa yo santi yo konsa?

PETÈT ou konn tande gen jèn ki konn fè presyon sou jèn parèy yo, oubyen petèt ou deja fè eksperyans sa a. Siman sa deja rive pou yon moun te pouse w fè yon bagay ki mal. Ki jan w santi w lè sa rive? Men sa Christopher ki gen 14 an di: “Pafwa m santi li t ap pi bon si m te envizib, oswa pou m ta menm jan ak lòt elèv yo, konsa mwen pa t ap oblije diferan.”

2 Èske lòt jèn parèy ou gen yon gwo enfliyans sou ou? Si repons lan se wi, poukisa? Èske se paske ou vle yo aksepte w? Si se sa, sa pa oblije yon move bagay. Anfèt, granmoun yo tou vle pou granmoun parèy yo aksepte yo. Pa gen pèsonn, kit li jèn kit li granmoun, ki renmen lè lòt moun rejte l. Men, reyalite a sèke ap toujou gen kèk moun ki pap dakò avè w si w vle fè sa ki byen. Sa te menm rive Jezi. Malgre sa, li te toujou fè sa ki byen. Alòske gen kèk moun ki te suiv Pitit Bondye a e ki te vin disip li, gen lòt menm ki te meprize l e ki “pat pran ka l menm”. —Iza. 53:3.

Presyon lòt jèn fè sou ou ka enfliyanse w

3. Poukisa se yon erè sa ye pou w aji menm jan ak lòt jèn yo?

3 Pafwa, ou ka anvi aji menm jan ak lòt jèn yo jis pou yo ka aksepte w. Se t ap yon erè si w ta fè sa. Kretyen yo pa dwe tankou ‘timoun, pou y ap fè ale vini tankou se lanm lanmè k ap balanse yo’. (Efe. 4:14.) Lòt moun fasil enfliyanse timoun piti. Men, ou menm, antanke jèn, ou sou wout pou w vin granmoun. Kidonk, si w kwè prensip Jewova yo la pou byen w, ou dwe viv selon konviksyon w (Det. 10:12, 13). Si w pa fè sa, se kòmsi ou ta bay lòt moun kontwole lavi w. Men sitiyasyon an: lè w pran nan presyon lòt jèn fè sou ou, ou vin tankou yon maryonèt nan men yo. —Li 2 Pyè 2:19.

4, 5. a) Nan ki presyon Arawon te pran, e ki leson ou tire nan sa? b) Ak ki metòd jèn parèy ou yo ka sèvi pou yo fè presyon sou ou?

4 Gen yon lè, Arawon, frè Moyiz la, te pran nan presyon lòt moun te fè sou li. Lè Izrayelit yo te fè presyon sou li pou l fè yon dye pou yo, li te fè l. Sepandan, Arawon pa t yon lach. Anvan sa, li te akonpaye Moyiz pou yo t al fè fas ak Farawon, moun ki te gen plis otorite nan peyi Ejip la. Lè sa a, Arawon te pale avèk kran, li te bay Farawon mesaj Bondye te gen pou li a. Poutan, li te vin pran nan presyon lòt Izrayelit yo te fè sou li. Lè lòt moun fè presyon sou nou, se pa ti enfliyans sa ka genyen sou nou! Li te pi fasil pou Arawon fè fas ak wa Ejip la pase pou l te reziste kont presyon Izrayelit parèy li yo t ap fè sou li. —Egz. 7:1, 2; 32:1-4.

Jan egzanp Arawon an montre sa, se pa jèn yo sèlman ki ka pran nan presyon lòt moun fè sou yo, nitou se pa moun ki gen tandans fè sa k pa sa sèlman ki ka pran nan presyon. Menm moun ki vle fè sa ki byen ak tout kè yo, san wete ou menm, kapab pran nan presyon lòt moun fè sou yo. Jèn parèy ou yo ka sèvi ak plizyè metòd pou yo eseye fòse w fè yon move bagay, pa egzanp, yo ka ba w defi, yo ka akize w oswa yo ka fawouche w. Men, kèlkeswa sa yon moun fè, li toujou difisil pou l reziste kont presyon lòt moun ap fè sou li. Premye bagay k ap ede w reziste se bat pou w vin gen konviksyon sa w kwè yo se laverite.

“Kontinye teste sa nou menm nou ye”

6, 7. a) Poukisa li enpòtan pou w gen konviksyon nan kwayans ou yo, e ki jan w ka vin gen konviksyon sa a? b) Ki kesyon konsa ou ka poze tèt ou k ap fè w vin gen plis konviksyon?

6 Premye bagay k ap ede w reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou ou, se konviksyon w genyen kwayans ou yo ak prensip w ap suiv yo bon. (Li 2 Korentyen 13:5.) Lè w gen konviksyon, sa ede w gen kran, menmsi ou se yon moun ki timid (2 Tim. 1:7, 8). Men, menm lè yon moun gen kran natirèlman, li ka difisil pou l defann yon bagay si l pa vrèman kwè ladan l. Kidonk, li t ap bon pou w konvenk tèt ou bagay yo te aprann ou nan Bib la se laverite yo ye toutbon. Ou kapab kòmanse ak kwayans de baz yo. Pa egzanp, ou kwè nan Bondye e ou tande lòt moun bay rezon ki fè yo kwè Bondye egziste. Sepandan, ou kapab mande tèt ou: ‘Ki sa k konvenk mwen Bondye egziste?’ Objektif kesyon sa a se pa pou fè w gen dout men se pou fè lafwa w vin pi solid. Nan menm objektif la, ou ka mande tèt ou: ‘Ki sa k di m se Bondye ki enspire Labib?’ ​(2 Tim. 3:16). ‘Poukisa mwen gen konviksyon n ap viv nan “dènye jou yo”?’ ​(2 Tim. 3:1-5). ‘Ki sa k pwouve m prensip Jewova yo bon pou mwen?’ —Iza. 48:17, 18.

7 Ou ka pa vle poze tèt ou kesyon sa yo paske w pè pou w pa jwenn repons pou yo. Si w ta fè sa, se t ap kòmsi ou pa ta vle gade kadran machin ou paske w pè pou egwi gaz la pa montre tank ou “vid”. Si machin ou pa gen gaz, ou bezwen chèche yon ponp gazolin pou w fè gaz. Menm jan an tou, li pi bon pou w analize kwayans ou yo epi rekonèt ki kote w manke konviksyon pou w ka travay pou w ranje sa. —Tra. 17:11.

8. Esplike kòman w ka vin gen plis konviksyon lòd Bondye bay pou w pa fè fònikasyon an se yon lòd ki saj pou w suiv.

8 Ann pran yon egzanp: Labib mande pou w “kouri pou fònikasyon”. Mande tèt ou: ‘Sa k fè li saj pou m suiv lòd sa a?’ Reflechi sou tout rezon ki fè jèn parèy ou yo fè fònikasyon. Reflechi tou sou divès rezon ki fè yon moun ki pratike fònikasyon “peche kont pwòp kò li”. (1 Kor. 6:18.) Kounye a, analize rezon yo, epi mande tèt ou: ‘Ki sa k pi bon pou m fè? Èske sa vo vrèman lapèn pou m lage kò m nan imoralite seksyèl?’ Ale pi lwen nan refleksyon an, mande tèt ou: ‘Ki jan m t ap santi m si m ta lage kò m nan imoralite seksyèl?’ Okòmansman, kèk nan jèn parèy ou yo ta ka dakò ak sa w fè a, men ki jan w t ap santi w apre lè w avèk paran w oswa ak lòt kretyen parèy ou nan Sal Wayòm nan? Ki santiman w t ap genyen lè w ta eseye priye Bondye? Èske w vrèman dispoze sakrifye bon relasyon w genyen ak Bondye a senpleman pou w fè kamarad lekòl ou yo plezi?

9, 10. Ki jan konviksyon w genyen nan kwayans ou ap ede w gen plis konfyans lè w ansanm ak lòt jèn parèy ou?

9 Si w se yon adolesan, ou nan yon peryòd nan lavi w kote “kapasite [w] genyen pou [w] rezone” a ap devlope anpil. (Li Women 12:1, 2.) Pwofite peryòd sa a pou w reflechi seryezman pou w wè poukisa sa enpòtan pou ou pou w se yon Temwen Jewova. Yon meditasyon konsa ap ede w vin gen plis konviksyon nan kwayans ou yo. Konsa, lè lòt jèn ap fè presyon sou ou, w ap kapab reponn byen vit e w ap fè sa ak konviksyon. W ap santi w menm jan ak yon jèn sè ki gen 21 an ki te di: “Lè m reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou mwen, se yon fason pou m fè yo konnen ki moun mwen ye. Pou mwen, relijyon m nan pa ‘yon relijyon’ tankou nenpòt relijyon, li enfliyanse fason m panse, objektif mwen, prensip mwen genyen, sa vle di li enfliyanse tout lavi m.”

10 Wi, sa mande pou w fè efò pou w rete fidèl ak sa w konnen ki byen (Lik 13:24). Petèt w ap mande tèt ou si sa vo lapèn. Men, sonje sa: si w parèt yon moun ki regrèt oswa ki wont pozisyon l pran pou sa ki byen, lòt moun ap santi sa, e yo ka ba w plis presyon toujou. Si w pale ak konviksyon, ou ka sezi wè lòt jèn yo ba w vag byen vit. —Konpare ak Lik 4:12, 13.

‘Medite anvan w bay repons’ ​(NW)

11. Ki byenfè w ap jwenn lè ou prepare pou w fè fas ak presyon lòt jen ap fè sou ou?

11 Yon lòt bagay enpòtan pou w fè k ap ede w reziste devan presyon lòt jèn ap fè sou ou se lè w prepare w. (Li Pwovèb 15:28.) Prepare w vle di panse alavans sou sitiyasyon ki ka prezante devan w. Pafwa, yon ti preparasyon ka ede w evite yon gwo diskisyon. Pa egzanp, imajine w ap mache epi w gade devan w ou wè yon gwoup elèv ki nan lekòl ou k ap fimen. Gen anpil chans pou yo ofri w yon sigarèt, pa vre? Kòm ou deja wè sa, ki sa w ka fè? Men sa Pwovèb 22:3 di: “Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l.” Si w fè yon lòt wout, ou ka evite fè fas ak yo. Se pa lach sa ye, sa se sajès.

12. Ki sa w kapab fè lè jèn parèy ou ap fè presyon sou ou?

12 Men, e si w devan yon sitiyasyon ou pa ka evite? Imajine yon jèn mande w sou yon ton ki montre li etone: “Pa di m ou poko janm gen mennaj?” Solisyon an se suiv konsèy nou jwenn nan Kolosyen 4:6 la: “Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” Jan vèsè sa a montre sa, fason pou w reponn kesyon sa a pral depann de sikonstans yo. Ou pap bezwen fè yon diskou pou w reponn kesyon an. Petèt yon repons senp men ki fèm ap sifi. Pa egzanp, lè yo mande w si w poko gen mennaj, ou ka annik di: “Non, m pa gen mennaj.” Oswa w ka di: “Sa se bagay ki konsène m.”

13. Ki jan bon konprann kapab ede w reponn lè lòt jèn ap fawouche w?

13 Souvan, Jezi te konn bay yon repons tou kout lè l te santi sa pa t ap itil anyen si l ta kontinye pale. Pa egzanp, lè Ewòd te poze Jezi kesyon, li pa t di anyen (Lik 23:8, 9). Byen souvan, lè w pe bouch ou, ou pa di anyen, se yon bon fason pou w reponn kesyon moun poze w yo pa gen dwa poze w (Pwo. 26:4; Ekl. 3:1, 7). Yon lòt bò, ou ka rann ou kont sanble moun ki poze w kesyon an ta renmen vrèman konprann kwayans ou anrapò ak sèks pa egzanp, menmsi okòmansman li gendwa t ap pale w mal (1 Pyè 4:4). Nan ka sa a, li ta bon pou w bay plis esplikasyon sou rezon biblik ki fè se pozisyon sa w pran. Lè sa a, pa fè bak paske w pè. Se pou w toujou ‘pare pou w defann ou’. —1 Pyè 3:15.

14. Nan kèk sitiyasyon, avèk tak, ki jan w ka mete presyon sou moun k ap fè presyon sou ou?

14 Nan kèk sitiyasyon, ou ka gen posiblite mete presyon an sou yo. Men, ou dwe eseye fè sa avèk tak. Pa egzanp, si yon kamarad lekòl ou ba w defi pou w fimen yon sigarèt, ou ka di: “Non, mèsi.” Epi ou ka ajoute: “Mwen te panse w te pi entèlijan pase sa!” Èske w wè ki jan w mete presyon an sou li? Olye pou se ou menm ki esplike l poukisa w pa fimen, se li menm ki oblije reflechi pou l wè poukisa li menm li fimen *.

15. Ki lè li pi bon pou w vire do w ale lè jèn parèy ou ap fè presyon sou ou, e poukisa?

15 Men, e si malgre tout efò w fè, lòt jèn kontinye fè presyon sou ou? Nan ka sa a, li pi bon pou w deplase. Plis ou rete, se plis gen chans pou w pran nan presyon an. Kidonk, vire do w ale. Ou pa bezwen santi w pèdi batay la pou sa. An reyalite, se ou ki gen kontwòl sitiyasyon an. Ou pa t vin tankou yon maryonèt nan men kamarad ou yo, e ou te fè kè Jewova kontan. —Pwo. 27:11.

Lè w gen ‘plan, sa pote avantaj’

16. Ki jan lòt jèn ki di yo se kretyen ka fè presyon sou ou?

16 Pafwa, se kapab lòt jèn ki di y ap sèvi Jewova ki ka fè presyon sou ou pou w fè sa k pa sa. Pa egzanp, si w rive nan yon fèt yon jèn konsa ap fè, epi w wè pa gen okenn granmoun ki la pou bay kontwòl, ki sa w ap fè? Oubyen, e si lè w rive ou jwenn gen anpil alkòl e gen moun ki kòmanse ap bwè twòp? Gen yon seri sitiyasyon ki ka prezante kote w ap bezwen suiv konsyans ou ki fòme grasa Labib. Men sa yon jèn fi ki gen 16 an fè konnen: “Mwen menm ak ti sè m nan, nou te kite yon sal sinema paske fim nan te gen twòp vye mo ladan l. Lòt jèn yo ki te nan gwoup la te deside rete. Paran nou te felisite nou pou sa. Men, lòt jèn yo te fache paske sa nou te fè a te fè yo parèt kòm moun ki pa bon.”

17. Lè w al nan yon fèt, ki sa w ka fè pou w obeyi prensip Bondye yo?

17 Jan eksperyans sa a montre sa, lè w koute konsyans ou ki fòme grasa Labib, sa ka fè w vin twouve w nan yon sitiyasyon ki pa enteresan. Men, fè sa w konnen ki bon pou w fè a. Se pou w prepare w. Si w pral nan yon fèt, prepare yon plan pou w kite fèt la tousuit si bagay yo pa jan w te panse yo t ap ye a. Gen kèk jèn ki planifye ak paran yo pou yo rele yo vin chèche yo mennen lakay yo tousuit (Sòm 26:4, 5). ‘Plan konsa pote avantaj.’ —Pwo. 21:5, NW.

‘Pwofite jennès ou’

18, 19. a) Poukisa w ka gen konfyans Jewova vle w gen kè kontan? b) Ki santiman Bondye genyen pou moun ki reziste devan presyon lòt moun fè sou yo?

18 Jewova kreye w yon fason pou w pwofite lavi a e li vle pou w gen kè kontan. (Li Eklezyas 11:9.) Pa bliye sa, se sèlman “plezi pou yon ti tan nan peche” anpil nan jèn parèy ou yo jwenn (Ebre 11:25). Vrè Dye a vle yon pi bon bagay pase sa pou ou. Li vle pou w gen kè kontan pou toutan. Se sa k fè, lè w devan tantasyon pou w fè yon bagay ou konnen ki pa bon nan je Jewova, pa bliye, sa l mande w fè yo ap toujou pi bon pou ou alalong.

19 Antanke jèn, ou dwe konprann menmsi ou ta jwenn apwobasyon jèn parèy ou kounye a, nan kèk ane ankò, li pwobab pou pifò ladan yo pa menm sonje non w. Men, lè w reziste kont presyon y ap fè sou ou, Jewova li menm li note sa, e li pap janm bliye ni ou menm ni fidelite w. L ap ‘louvri syèl la pou l vide benediksyon sou ou an kantite’. (Mal. 3:10.) Mete sou sa, depi kounye a, l ap vide lespri sen sou ou chak fwa sa nesesè. Wi, Jewova ka ede w reziste devan presyon jèn parèy ou yo ap fè sou ou!

[Nòt anba paj]

^ § 14 Gade tablo ki rele “Contre la pression du groupe” la nan liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2, paj 132 ak 133.

Èske w sonje?

• Ki enfliyans presyon lòt jèn fè sou ou ka genyen?

• Ki jan bon konprann kapab ede w reziste kont presyon lòt jèn fè sou ou?

• Ki jan w ka prepare w pou w fè fas ak presyon lòt jèn fè sou ou?

• Kòman w fè konnen fidelite w gen valè pou Jewova?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Poukisa Arawon te aksepte fè ti bèf annò a?

[Foto nan paj 10]

Prepare alavans sa w pral di.