Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova koute moun ki kraze yo lè y ap rele nan pye l

Jewova koute moun ki kraze yo lè y ap rele nan pye l

Jewova koute moun ki kraze yo lè y ap rele nan pye l

JAN wa Salomon, yon wa ki saj, te di sa nan tan lontan, “evènman moun pa prevwa rive [nou] tout”. (Ekl. 9:11, NW.) Yon evènman trajik ki rive nou oswa yon eprèv ki fè n soufri anpil kapab met lavi nou tètanba. Pa egzanp, lè nou pèdi yon manm fanmi nou ki te pwòch nou, sa kapab boulvèse nou. Plizyè semèn oswa plizyè mwa apre lanmò moun sa a, tristès ak santiman negatif kapab anvayi nou. Yon moun kapab tèlman pèdi kap li, li santi li pa diy pou l priye Jewova.

Nan yon sitiyasyon konsa, moun sa a bezwen ankourajman, konsiderasyon ak lanmou. Men sa David di ki rasire nou: “[Jewova] ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray.” ​(Sòm 145:14). Bib la di nou: “Senyè a ap veye tou sa k’ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouray.” ​(2 Kwo. 16:9). Li “rete avèk sila ki kraze a e ki enb nan lespri l la, pou [l] fè lespri moun ki enb yo reviv, e pou [l] fè kè moun ki kraze yo reviv”. (Iza. 57:15, NW.) Ki jan Jewova soutni e li rekonfòte moun ki kraze yo?

“Yon pawòl ki tonbe daplon”

Youn nan fason Jewova bay èd nan bon moman se pa mwayen fanmi nou fòme antanke kretyen an. Kretyen yo jwenn konsèy pou yo “pale yon fason pou [yo] konsole moun ki tris yo”. (1 Tes. 5:14.) Lè moun ki gen menm kwayans ak moun sa a di l kèk ti pawòl ki montre yo gen sousi pou li e yo renmen l, sa kapab ba l fòs lè li tris anpil. Lè yo di l pawòl ankourajan menm nan konvèsasyon tou kout yo gen avè l, sa kapab ede l anpil pou l rejwenn fòs lè l santi l dekouraje. Kòmantè ki byen reflechi sa yo, se gendwa yon moun ki te santi l strese anpil oswa ki konn gen santiman negatif ki anvayi l ki fè yo. Oubyen se gendwa yon zanmi ki gen anpil eksperyans nan lavi a, ki gen bon konprann, ki fè l yon remak ki gen sajès. Nan fason sa yo, Jewova bay moun ki kraze yo fòs.

Ann pran egzanp Alex, yon ansyen ki pa t gen lontan depi l marye, ki te vin pèdi madanm li sanzatann paske madanm nan te gen yon maladi ki pa t gen tretman pou li. Yon siveyan itineran ki gen kè sansib te deside pale ak Alex pou l konsole l. Li menm tou li te pèdi madanm li, men li te gentan remarye lè sa a. Siveyan an te di Alex jan li te santi l frajil akoz santiman ki te anvayi l yo. Li te di l li te santi l anfòm lè l avèk lòt moun nan ministè a ak lè l nan reyinyon yo. Men, lè l te antre nan chanm li e li te fèmen pòt li, li te santi l vrèman poukont li. Men sa Alex di: “Se pa ti soulaje mwen te santi m soulaje lefètke m te vin konprann li nòmal pou m santi m jan m santi m nan e gen lòt moun ki te fè menm eksperyans avè m.” Se sèten, “yon pawòl ki tonbe daplon” kapab rekonfòte moun ki tris yo. —Pwo. 15:23.

Gen yon lòt ansyen ki konnen plizyè moun ki te pèdi konjwen yo ki te vle di Alex kèk pawòl ankourajan. Avèk amou, li te fè l konnen Jewova konnen sa n santi ak sa n bezwen. Frè a te di l: “Si w ta vin santi w bezwen yon moun nan mwa oswa nan ane k ap vini yo, Jewova ofri w posiblite pou w remarye paske l renmen w.” Natirèlman, se pa tout moun ki pèdi konjwen yo e ki vle remarye ki kapab fè sa. Men, lè Alex te reflechi sou sa frè a te di l, men sa li te di: “Lè m sonje se Jewova ki pran dispozisyon pou moun remarye a, sa fè m santi m pap enfidèl anvè konjwen m ni anvè Jewova si m ta remarye.” —1 Kor. 7:8, 9, 39.

Salmis David te jwenn anpil eprèv ak difikilte nan lavi l. Men sa li te di: “Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon rèl yo fè pou mande sekou [...] e li sove moun ki gen lespri yo kraze.” ​(Sòm 34:15, 18, NW). Se sèten Jewova kapab reponn moun ki enb k ap rele nan pye l yo nan bon moman. Yon mwayen li fè sa se lè kretyen parèy yo ki gen matirite pale avèk yo e yo di yo pawòl ki montre yo gen bon konprann e yo gen konpasyon pou yo. Fason sa a Jewova reponn yo a gen anpil valè pou yo e li ede yo anpil.

Reyinyon yo ede nou

Li fasil pou yon moun ki dekouraje gen panse negatif, e sa ka lakòz li izole tèt li. Sepandan, men avètisman nou jwenn nan Pwovèb 18:1: “Moun k’ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.” Men sa Alex rekonèt: “Lè w pèdi konjwen w, lespri w anvayi ak panse negatif.” Li sonje li te konn mande tèt li: “‘Èske gen yon lòt bagay mwen te ka fè? Èske mwen te dwe demontre plis konsiderasyon pou madanm mwen?’ Mwen pa t vle rete poukont mwen. Mwen pa t vle rete selibatè. Li difisil pou w sispann panse konsa, paske chak jou ki pase ou rann ou kont ou poukont ou.”

Jodi a plis toujou, moun ki santi yo kraze yo bezwen moun ki gen bon enfliyans sou yo. Nou kapab jwenn moun konsa lè nou asiste reyinyon yo. Lè nou nan reyinyon yo, nou ouvè lespri nou e nou kite panse Bondye yo antre nan nou, panse ki pozitif e ki ankouraje nou.

Reyinyon yo pèmèt nou pi byen wè bagay yo. Pandan n ap koute pasaj y ap li yo e n ap medite sou yo, nou fikse lespri n sou bagay ki pi enpòtan yo, anpalan de jistifikasyon souvrènte Jewova ak sangtifikasyon non l, e nou pa konsantre sou sa n ap andire ki fè n soufri. Anplis, pandan n ap jwenn enstriksyon nan reyinyon yo, nou jwenn fòs lefètke nou konnen menmsi lòt moun pa konnen soufrans nou, oubyen yo pa konprann jan nou santi nou, se sèten Jewova li menm li konnen. Li konnen ‘lè nou nan lapenn, nou kagou’. (Pwo. 15:13.) Piske nou konnen vrè Dye a vle ede nou, sa ban nou fòs pou nou pa dekouraje. —Sòm 27:14.

Lè wa David te jwenn gwo presyon nan men ènmi l yo, li te rele nan pye Bondye, li te di: “Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.” ​(Sòm 143:4). Souvan, lè yon moun gen gwo pwoblèm, sa kapab febli l fizikman e mantalman, li kapab menm santi l boulvèse. Nou kapab ap soufri paske nou malad oswa paske nou gen yon pwoblèm fizik ki fè nou toujou santi nou fèb. Nou mèt gen konfyans Jewova ap ede nou andire (Sòm 41:1-3). Jodi a, Bondye pa fè mirak pou l geri moun, sepandan, li bay moun k ap soufri yo sajès ak fòs pou yo andire maladi yo. Pa bliye sa, lè eprèv te fè David dekouraje, li te konte sou Jewova. Li te di pawòl sa yo nan yon chante: “Mwen chonje tan lontan, m’ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.” —Sòm 143:5.

Lefètke pawòl Bondye a pale de santiman sa yo, sa montre Jewova konprann jan nou santi nou. Pawòl sa yo ban nou garanti li tande nou lè n ap sipliye l. Si nou kite Jewova ede nou, ‘l’a kenbe nou fèm’. —Sòm 55:22.

“Priye toutan”

Jak 4:8 di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” Yon fason pou nou pwoche bò kote Bondye, se lè nou priye l. Apot Pòl ban nou konsèy pou nou “priye toutan”. (1 Tes. 5:17.) Menmsi li difisil pou nou di sa n santi, “lespri a li menm li sipliye pou nou anrapò ak soupi nou fè ki pa soti”. (Wom. 8:26, 27.) Se sèten Jewova konnen sa n santi.

Monika, yon sè ki gen yon relasyon sere konsa ak Jewova, di: “Grasa lapriyè, lekti Labib ak etid pèsonèl mwen fè, mwen santi Jewova vin tounen pi bon zanmi m. Li vin tèlman reyèl pou mwen, se kòmsi mwen wè men l nan lavi m. Sa rekonfòte m lefètke mwen konnen menmsi mwen pa konn ki jan pou m di l sa m santi, li konprann mwen. Mwen konnen l ap kontinye aji byen avè m e li pap janm sispann beni m.”

Donk, se pou nou aksepte pawòl frè nou di nou ki montre yo renmen nou e k ap konsole nou, se pou nou aplike bon konsèy nou jwenn nan reyinyon yo ak rapèl ki fòtifye lafwa nou e se pou nou vide kè nou bay Jewova nan lapriyè. Tout bagay sa yo se fason Jewova montre li renmen nou. Men sa Alex di dapre eksperyans li fè: “Si nou fè tout sa nou kapab pou nou rete ajou ak tout sa Jewova ban nou pou l fòtifye lafwa nou, n ap gen ‘yon pisans ki depase yon pisans nòmal’ k ap ede nou andire anba eprèv.” —2 Kor. 4:7.

[Kare/Foto nan paj 18]

Rekonfò pou moun ki kraze yo

Nan liv Sòm nan, gen anpil pawòl ki montre santiman moun genyen e ki bay asirans Jewova koute moun ki kraze yo ki rele l lè yo santi yo about. Ann pran stwòf ki pi ba yo kòm egzanp:

“Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.” —Sòm 18:6.

“Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.” —Sòm 34:18.

“[Senyè a] ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L’ap geri moun ki blese yo.” —Sòm 147:3.

[Foto nan paj 17]

Lè nou gen pwoblèm, se pa ti rekonfòtan “yon pawòl ki tonbe daplon” rekonfòtan!