Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Jezi te di moun ki t ap koute l yo: “Nou dwe pafè menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè.” Ki jan yon moun kapab “pafè” jodi a? —Mat. 5:48.

Pou nou jwenn repons pou kesyon sa a, li enpòtan pou nou konprann fason yo itilize mo “pafè” a ak mo “pèfeksyon” an nan Bib la. Se pa tout bagay Bib la di ki “pafè” ki pafè nèt. Byennantandi, Jewova li menm pafè nèt. Byenke Bib la di moun ak bagay kapab pafè, men li pa vle di yo pafè nèt. Mo ebre ak mo grèk lè yo tradui yo yo mete “pafè” pou yo a souvan gen sans “konplè”, “gen matirite”, oswa “ki san defo” selon yon seri prensip yon otorite etabli. Nan kèk lang, lè yo itilize mo pafè a nan konvèsasyon chak jou, li pa vle di pafè nèt. Pa egzanp, apre yon ti fèt ki te byen pase, yon moun ta kapab di “tout bagay te pafè”.

Lè Bondye te kreye Adan ak Èv, yo te pafè sou plan moral, sou plan espirityèl e sou plan fizik. Yo te pafè selon egzijans Kreyatè yo a. Men, lefètke yo te dezobeyi l, yo pa t rive nan nivo li t ap atann pou yo rive a, se sa k fè, yo pa t pafè ankò e pitit yo t apral fè yo pa t ap pafè tou. Se paske Adan ak Èv te peche ki fè lèzòm te vin pa pafè ankò e yo mouri. —Wom. 5:12.

Sepandan, jan Jezi te montre sa byen klè nan Sèmon sou montay la, menm moun ki enpafè kapab pafè nan yon sans. Nan diskou sa a, Jezi te montre ki jan yon moun kapab pafè oswa konplè nan fason li renmen moun. Se yon lanmou konsa Bondye montre li gen pou lèzòm. Jezi te di: “Kontinye renmen ènmi nou, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou, pou nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la, piske l fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon, e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki enjis.” ​(Mat. 5:44, 45). Si disip Jezi yo te demontre yon lanmou konsa, yo t ap montre yo imite Bondye ki bay yon egzanp ki pafè.

Jodi a, Temwen Jewova yo sou tout tè a fè efò pou yo demontre lanmou wo nivo sa a pou tout moun. Yo vle ede tout moun, kèlkeswa fòmasyon yo, klas sosyal yo, ras yo ak relijyon yo, pou yo vin gen konesans egzak sou verite ki nan Bib la. Aktyèlman, y ap kondui plis pase 7 000 000 etid biblik ak moun ki enterese nan 236 peyi.

Yon lè, Jezi te di: “Si se moun ki renmen nou nou renmen sèlman, ki rekonpans nou merite pou sa? Èske pèseptè yo pa fè menm bagay la tou? E si se frè nou sèlman nou salye, ki sa ki estrawòdinè nou fè la a? Èske moun ki nan nasyon yo pa fè menm bagay la tou?” ​(Mat. 5:46, 47). Vrè kretyen yo pa gen patipri nan fason yo trete moun ki pa gen menm fòmasyon, menm kilti oswa menm lang, ni yo pa montre yo gen lanmou sèlman pou moun ki renmen yo. Okontrè, yo ede moun ki pòv, ki malad, kit yo jèn, kit yo granmoun. Konsa, kretyen yo imite kalite lanmou Jewova genyen an e yo montre yo pafè nan sans sa a.

Èske n ap janm rive jwenn pèfeksyon Adan te pèdi a? Wi. Grasa lafwa moun ki obeyisan yo genyen nan sakrifis ranson Jezi te bay la, y ap vin pafè nèt pandan Rèy mil an Kris la, lè “Pitit Bondye a” pral “kraze travay Dyab la”. —1 Jan 3:8.