Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Ki kote kwayans nan desten an soti?

Relijyon yo rele Kalvinis la mete aksan sou doktrin desten an. Ansèyman Jean Cauvin (Jean Calvin) yo, yon patizan refòm nan, gaye nan relijyon tankou Legliz refòme, presbiteryen, kongregasyonis ak lòt mouvman yo rele mouvman Piriten yo. — 1/9-F, paj 18-21.

• Kiyès ki te vin madanm Kayen?

Madanm Kayen te soti nan youn nan desandan Èv yo. Bib la di Èv te vin gen “lòt pitit gason ak pitit fi”. (Jen. 5:4.) — 1/9-F, paj 25.

• Pami zanj Bondye yo, kiyès Bondye te voye devan pèp Izrayèl la pou l fè l soti nan peyi Ejip (Egz. 23:20, 21)?

Gen rezon pou nou kwè zanj sa a ki ‘t’ap fè tout sa li t’ap fè nan non [Jewova] a’ se te premye Pitit li a, ki te vin Jezi annapre. — 15/9, paj 21.

• Poukisa nan 1 Korentyen Bib la pale de moun ki te konn sakrifye vyann bay zidòl?

Yo te konn fè sakrifis zannimo nan tanp grèk yo ak nan tanp women yo, men, sanble yo te konn vann vyann ki te rete apre sakrifis sa yo nan mache. Byenke kretyen yo pa t konn patisipe nan adorasyon sa yo, sa pa t vle di yo te dwe konsidere rès vyann sakrifis sa yo, yo te konn vann nan mache, kòm vyann ki kontamine. Men sa apot Pòl te ekri: “Nou ka kontinye manje tout sa yo vann nan mache vyann, san nou pa poze kesyon, poutèt konsyans nou. Paske, ‘tè a ak tout sa ki ladan l se pou Jewova’.” ​(1 Kor. 10:25, 26) — 1/10-F, paj 12.

• Bay kèk rezon moun bay pou yo pa patisipe nan vrè adorasyon an Bondye pap aksepte.

‘Sa twò difisil. M pa anvi fè sa. M twò okipe. M pa santi m kalifye. Gen yon moun ki fè m fache.’ Rezon sa yo pa bay pèsonn dwa dezobeyi kòmandman Bondye yo. — 15/10, paj 12-15.

• Bay kèk bagay ou ka fè pou w fòtifye tèt ou ak lòt moun nan reyinyon yo.

Prepare alavans. Asiste yo regilyèman. Rive alè. Vini ak tout sa w bezwen. Pa kite anyen distrè w. Patisipe. Fè kòmantè ki kout. Fè patisipasyon w genyen yo. Felisite moun ki te gen patisipasyon yo. Pale ak frè ak sè yo anvan e apre reyinyon yo. — 15/10, paj 22.

• Jodi a, maladi lèp la gen maladi yo rele maladi Hansen nan ladan l tou. Nan ki istwa nan Bib la, ki gen yon tifi ladan l, yo pale de maladi lèp la?

Nan dezyèm liv Wa a, nan chapit 5 lan, yo pale de yon tifi izrayelit, yon sèvant lakay Naamàn, yon chèf nan lame asiryen an. Piske misye te gen lèp, tifi a te di l si l al jwenn pwofèt Elicha l ap geri. — 1/11-F, paj 22.

• Arawon te pran nan presyon lòt Izrayelit te fè sou li, ki leson nou ka aprann nan sa?

Pandan Moyiz pa t la, Izrayelit yo te mande Arawon fè yon dye pou yo. Li te pran nan presyon e l te fè sa yo te mande l la. Sa montre se pa jèn yo sèlman ki ka pran nan presyon. Menm granmoun ki vle fè sa ki byen ka pran nan presyon tou. Nou bezwen reziste kont move enfliyans lòt moun ka gen sou nou. — 15/11, paj 8.

• Se verite oubyen se pa verite?

Satan se yon moun reyèl: se verite (2 Kor. 11:14). Lè moun mouri, y al nan monn espri yo: se pa verite (Ekl. 9:5). Zanj ki fidèl yo gen sousi pou nou: se verite (Sòm 34:7). Jezi egal ak Bondye: se pa verite (1 Kor. 11:3). — 1/12-F, paj 8-9.