Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

N ap jwenn anpil benediksyon grasa Wa lespri sen Bondye ap gide a!

N ap jwenn anpil benediksyon grasa Wa lespri sen Bondye ap gide a!

N ap jwenn anpil benediksyon grasa Wa lespri sen Bondye ap gide a!

“Lespri Bondye a pral desann sou li.” — IZA. 11:2.

1. Ki enkyetid kèk moun fè konnen yo genyen anrapò ak pwoblèm ki gen nan monn nan?

“ÈSKE lèzòm ka rive viv 100 an ankò nan yon monn ki tètanba konsa nan domèn politik, nan domèn sosyal ak nan domèn anviwònman?” Kesyon sa a se yon syantifik ki rele Stephen Hawking ki te poze l an 2006. Men sa yo te ekri nan yon atik ki te parèt nan yon jounal: “Nou pa elimine povrete ni nou pa mete lapè nan monn nan. Anfèt, sanble se egzakteman lekontrè nou fè. Se pa kòmsi nou pa t eseye. Nou te eseye tout bagay, soti nan kominis rive nan kapitalis, nou te fòme Sosyete nasyon yo pou anpeche lagè fèt e nou stoke zam nikleyè pou menm rezon an. Nou deja fè twòp gè pou n eseye fini ak lagè pou n ta panse nou konn kòman pou n fini ak lagè.” — New Statesman.

2. Talè konsa, ki jan Jewova pral egzèse dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren sou tè a?

2 Sèvitè Jewova yo pa sezi tande pawòl sa yo. Labib di nou Bondye pa t kreye lèzòm pou yo dirije tèt yo (Jer. 10:23). Se sèl Jewova ki gen dwa dirije nou antanke Souvren. Piske se li ki Souvren an, li gen tout dwa pou l etabli prensip pou nou suiv, pou l di ki objektif nou dwe gen nan lavi nou, e pou l gide nou pou n atenn objektif sa a. Anplis, talè konsa, li pral sèvi ak otorite l pou l met fen nan efò lèzòm ap fè pou yo dirije tèt yo pa mwayen gouvènman ki pa efikas. Li pral detwi tout moun ki montre yo ta renmen lèzòm rete esklav peche, esklav enpèfeksyon ak “dye sistèm sa a”, anpalan de Satan Ledyab, lè yo rejte dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren. — 2 Kor. 4:4.

3. Ki sa Izayi te predi anrapò ak Mesi a?

3 Nan Paradi ki gen pou vini an, Jewova pral sèvi ak Wayòm Mesi a pou l egzèse souvrènte l avèk amou (Dàn. 7:13, 14). Men yon pwofesi Izayi te bay ki gen rapò ak Wa nan Wayòm sa a: “Menm jan yon ti plan pouse sòti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl sòti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral sòti nan ras David la. Lespri Bondye a pral desann sou li. L’ap ba li bon konprann ak lespri. L’ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L’ap fè l konn Senyè a, l’ap fè l gen krentif pou li.” ​(Iza. 11:1, 2). Ki jan lespri sen Bondye kalifye Jezi Kris, ‘ti plan ki sòti nan ras David la’, pou l dirije lèzòm? Ki benediksyon dominasyon l lan ap pote? E ki sa nou dwe fè pou n jwenn benediksyon sa yo?

Bondye kalifye Jezi pou l dirije

4-6. Ki konesans ki esansyèl Jezi genyen k ap pèmèt li sèvi antanke yon Wa, yon Gran Prèt ak yon Jij ki saj e ki gen konpasyon?

4 Jewova vle pou moun l ap dirije yo vin pafè anba direksyon yon Wa ki Gran Prèt e ki Jij anmenmtan, ki vrèman saj e ki gen konpasyon. Se sa k fè Bondye chwazi Jezi Kris e li ba l lespri sen ki fè l kalifye pou responsablite enpòtan sa yo. Ann egzamine kèk rezon ki fè Jezi ap reyisi jwe wòl Bondye ba li yo yon fason ki pafè.

5 Jezi konnen Bondye pi byen pase tout lòt moun. Sèl pitit Bondye fè a konn Papa a pi lontan pase tout lòt moun, petèt li konnen l depi plizyè milya ane. Pandan tout tan sa a, Jezi vin konn Jewova sitèlman byen, Bib la di li se “pòtre Bondye envizib la”. (Kol. 1:15.) Jezi te di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” — Jan 14:9.

6 Apre Jewova, se Jezi ki pi byen konnen kreyasyon an e ki pi byen konnen lèzòm. Men sa nou li nan Kolosyen 1:16, 17: “Se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a, bagay ki vizib ak bagay ki envizib [...]. Epitou, li la anvan tout lòt bagay yo, e se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay yo.” Imajine sa! Antanke “ouvriye abil” Bondye a, Jezi te patisipe nan kreye tout lòt bagay. Se sa k fè, li konprann tout ti detay ki gen nan linivè, soti nan eleman ki pi piti nan yon atòm rive nan sèvo lèzòm ki estrawòdinè. Vrèmanvre, Kris se lasajès an pèsòn. — Pwo. 8:12, 22, 30, 31, NW.

7, 8. Kòman lespri Bondye te ede Jezi nan ministè l?

7 Lespri sen Bondye te chwazi Jezi. Jezi te di: “Lespri Jewova sou mwen, paske li deziyen mwen pou m anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la. Li voye m preche pou m fè konnen moun ki nan prizon yo ap libere, e moun ki avèg yo ap wè ankò. Li voye m pou m libere moun y ap toupizi yo, pou m preche konsènan ane Jewova apwouve a.” ​(Lik 4:18, 19). Sanble, lè Jezi te fin batize, lespri sen te fè l sonje sa l te aprann lè l t ap viv nan syèl la ak sa Bondye te vle l fè pandan ministè l sou tè a antanke Mesi a. — Li Izayi 42:1; Lik 3:21, 22; Jan 12:50.

8 Piske lespri sen te bay Jezi pouvwa e Jezi te pafè ni nan kò l ni nan lespri l, sa fè li se moun ki pi enpòtan ki te viv sou tè a e li se pi gran Anseyan an. Anfèt, moun ki t ap koute l yo te “rete bouch ouvè devan fason l anseye”. (Mat. 7:28.) Jezi te pale de sa ki lakòz pwoblèm limanite yo tankou peche, enpèfeksyon ak konesans moun yo pa genyen sou Bondye. Li te wè sa moun yo gen nan fon kè yo e li te boule avèk yo selon sa l te wè a. — Mat. 9:4; Jan 1:47.

9. Lè w reflechi sou eksperyans Jezi te fè sou tè a, ki efè sa genyen sou konfyans ou gen nan li antanke Chèf?

9 Jezi te viv sou tè a antanke moun. Eksperyans Jezi te fè antanke moun e kontak li te gen ak moun ki enpafè te ede l anpil pou l vin kalifye antanke Wa. Men sa apot Pòl te ekri: “[Jezi] te oblije vin tankou ‘frè’ l yo nan tout domèn, pou l ka vin yon gran prèt ki gen mizèrikòd e ki fidèl nan sèvis Bondye, yon fason pou l bay yon sakrifis pou peche pèp la, yon sakrifis ki rekonsilye yo ak Bondye. Piske li menm li te soufri lè l te anba eprèv, li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou.” ​(Ebre 2:17, 18). Lefètke Jezi te pase “anba eprèv”, sa ede l konprann moun ki gen gwo pwoblèm. Pandan ministè Jezi sou tè a, tout moun te ka wè li gen konpasyon pou moun. Moun ki malad, moun ki andikape, moun y ap toupizi e menm timoun te alèz pou yo pwoche kote l (Mak 5:22-24, 38-42; 10:14-16). Moun ki enb ak moun ki te grangou nan domèn espirityèl te pwoche kote l tou. Yon lòt bò, moun ki ògeye, ki awogan ak moun ki “pa gen lanmou pou Bondye” te rejte l, yo te rayi l e yo te opoze ak li. — Jan 5:40-42; 11:47-53.

10. Ki pi gwo fason Jezi te montre li renmen nou?

10 Jezi te bay lavi l pou nou. Sakrifis sa a se petèt pi gwo prèv ki montre Jezi se pi bon dirijan nou kapab genyen. (Li Sòm 40:6-10.) Kris te di: “ Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l.” ​(Jan 15:13). Kontrèman ak dirijan enpafè yo ki konn eksplwate moun y ap dirije yo pou yo ka viv nan liks, Jezi li menm te bay lavi l pou tout moun. — Mat. 20:28.

Jezi resevwa pouvwa pou l fè nou jwenn byenfè grasa ranson an

11. Sa k fè nou ka gen yon konfyans total nan Jezi antanke Moun ki te ban nou ranson an?

11 Èske sa pa apwopriye pou se Jezi, antanke Gran Prèt, ki fè nou jwenn byenfè sakrifis ranson l lan pote pou nou? Pandan ministè Jezi sou tè a, li te bay yon apèsi sou sa l pral fè pou nou, si nou fidèl, pandan Rèy mil an an antanke Moun ki ban nou ranson an. Li te geri moun ki malad ak moun ki enfim, li te leve moun ki mouri, li te bay foul moun manje e li te menm gen kontwòl sou lanati (Mat. 8:26; 14:14-21; Lik 7:14, 15). Sa k pi bèl la, li pa t fè bagay sa yo pou l fè moun wè li gen otorite ak pouvwa, men se lanmou ak konpasyon li gen pou moun ki te pouse l fè yo. Yon lè, yon moun ki te gen lèp te mande Jezi pou l geri l, men sa Jezi te di l: “Wi, mwen vle.” ​(Mak 1:40, 41). Jezi pral demontre menm konpasyon sa a pandan Rèy mil an an, men lè sa a l ap fè sa sou tout tè a.

12. Ki jan Izayi 11:9 pral akonpli?

12 Kris ansanm ak moun ki pral dirije avè l yo pral kontinye pwogram fòmasyon espirityèl Jezi te kòmanse sa gen anviwon 2 000 an an. Lè sa a, pawòl nou jwenn nan Izayi 11:9 la pral akonpli. Men sa vèsè a di: “Kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.” Nan fòmasyon sa a Bondye pral bay la, se sèten ap gen enstriksyon k ap montre nou fason pou nou pran swen tè a ak pakèt kreyati ki sou li yo, jan Bondye te mande Adan fè sa. Nan fen 1 000 an an, objektif Bondye genyen depi okòmansman an ki parèt nan Jenèz 1:28 la pral reyalize, e lè sa a, nou pral jwi tout byenfè sakrifis ranson Jezi a ap pote pou nou.

Jezi resevwa pouvwa pou l jije

13. Ki jan Jezi te demontre li renmen sa ki jis?

13 Kris se “[Moun] Bondye etabli pou jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri”. (Tra. 10:42.) Se pa ti rekonfòte sa rekonfòte nou pou nou konnen moun pa ka kòwonp Jezi, e jistis ak fidelite mare nan ren l tankou yon sentiwon (Iza. 11:5)! Li te demontre li rayi avidite, ipokrizi ak lòt bagay mal, e li te kondane moun sa pa di yo anyen lè yo wè lòt moun ap soufri (Mat. 23:1-8, 25-28; Mak 3:5). Mete sou sa, Jezi te montre li pa t kite aparans moun twonpe l, “paske li menm li te konnen ki sa ki nan lòm”. — Jan 2:25.

14. Ki jan Jezi demontre li renmen jistis nan epòk pa nou an, e ki kesyon nou ka poze tèt nou?

14 Jezi kontinye montre li renmen sa ki jis paske l ap sipèvize pi gwo travay predikasyon ak travay ansèyman k ap fèt nan tout listwa. Pa gen pèsonn, ni okenn gouvènman sou tè a, ni okenn movèzespri ki ka anpeche Bondye fè travay sa a jan l vle a. Se sa k fè, nou ka gen yon konfyans total, apre Amagedòn, jistis Bondye pral blayi sou tè a. (Li Izayi 11:4; Matye 16:27.) Mande tèt ou: ‘Èske m wè moun yo nan tèritwa a menm jan ak Jezi? Èske m bay Jewova tout mwen menm menmsi sante m oswa sitiyasyon m limite sa m ka fè?’

15. Ki sa nou bezwen sonje k ap ede nou sèvi Bondye ak tout nou menm?

15 Yon bagay k ap ede nou sèvi Bondye ak tout nou menm se lè nou sonje travay predikasyon an se travay pa l. Se li ki bay lòd pou l fèt, se li k ap dirije l pa mwayen Pitit li a, e se li menm ki bay moun k ap patisipe ladan l yo fòs pa mwayen lespri sen l. Ou gen privilèj sèvi Bondye antanke konpayon travay li e anba direksyon Pitit Gason l lan ki kite lespri sen dirije l, èske w bay privilèj sa a valè? Apa Jewova, kiyès ankò ki ta ka pouse plis pase sèt milyon moun preche mesaj Wayòm nan nan 236 peyi? Pifò nan moun sa yo se moun ki “pa t fè gwo etid, e [ki] òdinè”. — Tra. 4:13.

W ap jwenn benediksyon pa mwayen Kris

16. Ki sa Jenèz 22:18 montre anrapò ak benediksyon Bondye?

16 Jewova te di Abraram: “Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te [“koute vwa mwen”, NW].” ​(Jen. 22:18). Sa vle di, moun ki gen rekonesans yo ka ret tann benediksyon Mesi a pral bay yo avèk konfyans. E toutpandan yo kenbe benediksyon sa yo nan lespri yo, yo rete aktif nan sèvis y ap bay Bondye a.

17, 18. Ki pwomès Jewova fè nou jwenn nan Detewonòm 28:2, e ki sa sa vle di pou nou?

17 Yon lè, men sa Bondye te di desandan Abraram yo, anpalan de nasyon Izrayèl la: “Tout benediksyon sa yo [yo pale de yo nan Lalwa a] dwe vin sou ou e yo dwe atenn ou, paske ou kontinye koute vwa Jewova Bondye w la.” ​(Det. 28:2, NW). Menm bagay la valab pou sèvitè Bondye yo jodi a. Si w vle jwenn benediksyon nan men Jewova, se pou w “kontinye koute” vwa l. Lè sa a, benediksyon l yo ap “vin sou ou e [y ap] atenn ou”. Men, ki sa sa vle di pou nou “koute”?

18 Koute gen ladan l pran sa nou jwenn nan Pawòl Bondye a ak sa nou jwenn nan manje espirityèl li ban nou yo an konsiderasyon (Mat. 24:45). Sa vle di se pou nou obeyi Bondye ak Pitit Gason l lan. Jezi te di: “Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan wayòm syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l.” ​(Mat. 7:21). Koute Bondye vle di tou dispoze soumèt nou anba ansyen yo ki se “gason kòm kado” Jewova ban nou anndan kongregasyon an ki egziste grasa Li. — Efe. 4:8.

19. Ki sa nou ka fè pou nou jwenn benediksyon?

19 Pami “gason kòm kado” yo, gen manm Kolèj santral la ki se reprezantan tout kongregasyon kretyen an (Tra. 15:2, 6). Anfèt, fason nou konsidere frè espirityèl Kris yo enpòtan paske se youn nan bagay k ap detèmine ki jan Bondye pral jije nou pandan gwo tribilasyon an (Mat. 25:34-40). Pakonsekan, youn nan bagay nou kapab fè k ap fè nou jwenn benediksyon se soutni moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo fidèlman.

20. a) Ki prensipal responsablite “gason kòm kado” yo genyen? b) Ki jan nou ka montre nou apresye frè sa yo?

20 Manm Komite filyal yo, siveyan itineran yo ak ansyen yo nan kongregasyon yo se “gason kòm kado” yo ye tou, e se lespri sen ki chwazi yo (Tra. 20:28). Prensipal responsablite frè sa yo se fòtifye pèp Bondye a “jiskaske nou tout nou rive fè yon sèl nan lafwa ak nan konesans egzak sou Pitit Bondye a, pou nou fin grandi nèt, jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l”. (Efe. 4:13.) Se vre, mesye sa yo enpafè menm jan avèk nou, men, n ap jwenn benediksyon si nou gen rekonesans pou fason yo pran swen nou avèk amou antanke bèje nou. — Ebre 13:7, 17.

21. Sa k fè li ijan pou nou obeyi Pitit Gason Bondye a?

21 Talè konsa, Kris pral aji kont sistèm Satan an ki mechan. Lè sa a, lavi nou pral nan men Jezi, paske Bondye ba l dwa pou l gide “gwo foul” la “nan sous dlo lavi yo”, gwo foul yo pale de li nan Bib la (Rev. 7:9, 16, 17). Kidonk, nou dwe fè tout sa nou kapab depi kounye a pou nou soumèt nou anba Wa lespri Jewova ap dirije a e pou nou genyen l rekonesans.

Ki sa nou te aprann nan...

Izayi 11:1-5?

Mak 1:40, 41?

Travay 10:42?

Jenèz 22:18?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Konpasyon Jezi genyen an te parèt klè lè l te resisite pitit fi Jayiris la.

[Foto nan paj 18]

Jezi Kris ap sipèvize pi gwo travay predikasyon k ap fèt nan tout listwa.