Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byen pwofite lavi w antanke selibatè

Byen pwofite lavi w antanke selibatè

Byen pwofite lavi w antanke selibatè

“Yon moun ki ka suiv pawòl sa a, li mèt suiv li.” — MAT. 19:12.

1, 2. a) Kòman Jezi, Pòl, ak lòt moun wè kesyon seliba a? b) Sa k fè kèk moun kapab pa wè seliba kòm yon don?

PA GEN okenn dout sou sa, maryaj se youn nan kado Bondye bay lèzòm ki gen plis valè (Pwo. 19:14). Men, gen anpil kretyen selibatè ki gen yon vi ki gen sans e ki bay satisfaksyon. Men sa Harold, yon frè ki 95 an e ki pa t janm marye, di: “Se vre mwen renmen ret bò kot lòt moun e mwen renmen resevwa moun, men mwen pa janm santi m poukont mwen lè m pa gen moun avè m. M panse se toutbon mwen gen don pou m rete selibatè a.”

2 Jezi Kris ak apot Pòl te pale de seliba ak maryaj kòm don Bondye bay. (Li Matye 19:11, 12; 1 Korentyen 7:7.) Men, nou rann nou kont se pa tout moun ki selibatè ki chwazi sa. Pafwa, se sikonstans lavi a ki konn fè l difisil pou yo jwenn yon moun k ap bon pou yo. Pafwa tou, gen moun ki vin twouve yo poukont yo ankò sanzatann apre kèk ane, swa paske yo divòse, swa paske moun yo te marye avè l la mouri. Donk, nan ki sans seliba se yon don? Epitou, kòman kretyen ki selibatè yo kapab byen pwofite lavi yo antanke selibatè?

Yon don ki pa gen parèy

3. Byen souvan, ki avantaj kretyen ki selibatè yo genyen?

3 Souvan, yon moun ki pa marye gen plis tan, plis libète pou l fè yon seri bagay pase yon moun ki marye (1 Kor. 7:32-35). Sa yo se avantaj li genyen ki ka ba l posiblite pou l fè plis nan ministè a, pou l ouvri kè l e pou l vin pi pwòch ak Jewova. Se sa k fè, gen anpil kretyen lè yo wè avantaj seliba bay, yo deside “suiv pawòl sa a”, omwen pou yon tan. Gen lòt ki pa t planifye pou yo selibatè, men lè sitiyasyon yo vin chanje, yo reflechi nan lapriyè e yo rann yo kont grasa èd Jewova, yo menm tou yo ka pran desizyon pou yo ret selibatè. Konsa, yo aksepte chanjman sa a ki fèt nan lavi yo e yo suiv pawòl Jezi te di anrapò ak seliba a. — 1 Kor. 7:37, 38.

4. Sa k fè kretyen ki selibatè yo pa bezwen santi yo manke anyen nan sèvis y ap bay Bondye a?

4 Kretyen ki selibatè yo konnen yo pa oblije marye pou Jewova ak òganizasyon l lan apresye yo. Bondye renmen nou chak (Mat. 10:29-31). Pa gen pèsonn ni anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye gen pou nou an (Wom. 8:38, 39). Kit nou marye kit nou selibatè, nou gen tout rezon pou nou santi nou pa manke anyen nan sèvis n ap bay Bondye a.

5. Ki sa nou bezwen fè pou nou jwenn tout avantaj lavi antanke selibatè genyen?

5 Sepandan, menm jan lè yon moun gen don nan mizik oswa nan spò li oblije fè efò pou l devlope don sa a pou l ka byen pwofite l, se menm bagay la tou pou don seliba a. Kidonk, kòman kretyen ki selibatè jodi a kapab byen pwofite sitiyasyon sa a, kit yo se frè, sè, jèn oswa granmoun, kit yo te chwazi ret poukont yo, kit se sikonstans lavi a ki fè sa? Nou pral egzamine egzanp kèk kretyen nan kongregasyon premye syèk la ki ka ankouraje nou pou nou wè ki leson nou ka aprann nan men yo.

Jèn ki selibatè

6, 7. a) Ki privilèj pitit fi Filip yo ki te vyèj te jwenn nan sèvis Bondye a? b) Nan ki sans Timote te byen pwofite tan li te pase antanke selibatè a, e ki benediksyon l te jwenn paske l te aksepte sèvi Bondye pandan l te jèn?

6 Filip, ki te konn evanjelize, te gen kat pitit fi ki vyèj ki te gen menm zèl avè l nan kesyon evanjelize a (Tra. 21:8, 9). Pami don lespri a te bay moun, te gen don pou pwofetize, e medam sa yo te resevwa don sa a, sa ki te reyalize pwofesi nou jwenn nan Yowèl 2:28, 29 la.

Timote se te yon jèn gason ki te byen pwofite lavi l antanke selibatè. Depi lè l toupiti, manman l Enis ak grann li Loyis te anseye l “sa ki ekri nan liv sakre yo”. (2 Tim. 1:5; 3:14, 15.) Petèt se ozanviwon ane 47 epòk nou an yo te vin kretyen, pandan premye vizit Pòl te fè nan Lis, kote yo te moun nan. Dezan apre, Timote te ka prèske gen 20 an oswa petèt li te fèk nan ventèn li lè Pòl te vizite Lis pou yon dezyèm fwa. Malgre l te jèn e li pa t gen anpil tan nan laverite, ansyen nan Lis ak ansyen nan Ikónyòm yo, yon vil ki pa t twò lwen Lis, te “pale an byen” de li (Tra. 16:1, 2). Se sa k fè, Pòl te envite Timote vin avè l nan vwayaj li t apral fè antanke misyonè (1 Tim. 1:18; 4:14). Nou pa konnen si Timote te janm marye. Men, nou konnen li te byen kontan aksepte envitasyon Pòl la pandan l te jèn, e pandan plizyè ane apre sa, li te sèvi antanke yon misyonè e yon siveyan ki selibatè. — Fil. 2:20-22.

8. Ki sa k te fè Jan Mak kapab pousuiv objektif espirityèl, e ki benediksyon li te jwenn poutèt sa?

8 Lè Jan Mak te jèn, li menm tou li te byen pwofite lavi l antanke selibatè. Li menm ak Mari, manman l, ansanm ak Banabas, kouzen l, te fè pati premye moun ki te nan kongregasyon Jerizalèm nan. Li posib tou pou fanmi Mak te gen mwayen, etandone yo te gen kay pa yo nan vil la e yo te gen yon sèvant (Tra. 12:12, 13). Malgre avantaj sa yo, Mak pa t yon jèn gason ki t ap pran lèz kò l ni ki te egoyis. Nitou li pa t chwazi pou l annik fonde yon fwaye pou l viv alèz. Li pwobab pou se depi nan premye rankont li ak apot yo li te anvi vin misyonè. Se sa k fè li te byen kontan ale avèk Pòl ak Banabas nan premye vwayaj misyonè yo te fè a e li te byen kontan rann yo sèvis (Tra. 13:5). Annapre, li te vwayaje ak Banabas, e apre sa ankò, li te travay avèk Pyè nan Babilòn (Tra. 15:39; 1 Pyè 5:13). Nou pa konn konbyen tan Mak te rete selibatè. Men, moun te vin konnen l kòm yon moun ki dispoze sèvi lòt moun e ki dispoze fè plis nan sèvis Bondye a.

9, 10. Jodi a, ki posiblite jèn kretyen yo genyen pou yo patisipe plis nan ministè a? Bay yon egzanp.

9 Gen anpil jèn nan kongregasyon an jodi a ki kontan patisipe plis nan ministè a pandan yo selibatè toujou. Menm jan ak Mak ak Timote, yo rann yo kont lefètke yo selibatè, sa pèmèt yo “toujou sèvi Seyè a san [yo] pa distrè”. (1 Kor. 7:35.) Sa se yon bonjan avantaj. Moun ki selibatè yo gen anpil posiblite: yo ka pyonye, yo ka sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, yo ka aprann yon lòt lang, yo ka ede nan konstriksyon Sal Wayòm oswa nan konstriksyon filyal yo, yo ka asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl e yo ka sèvi nan Betèl. Si w jèn toujou e ou selibatè, èske w byen pwofite tout posiblite ou genyen yo?

10 Gen yon frè ki rele Mark ki te kòmanse sèvis pyonye anvan l te gen ventan, apre sa li te asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl e li te jwenn divès kalite asiyasyon toupatou sou tè a. Men sa l di anpalan de 25 an li gen nan sèvis aplentan: “Mwen te fè efò pou m travay ak tout moun nan kongregasyon an, sa vle di mwen te preche avèk yo, mwen te vizite yo nan kad vizit pastoral, mwen te konn envite yo vin manje lakay mwen, e mwen te menm fè kèk ti rankont pou youn fòtifye lòt. Tout bagay sa yo te ban m anpil jwa.” Jan pawòl Mark yo montre sa, pi gwo jwa yon moun jwenn nan lavi a se lè l bay. E lè yon moun pase lavi l nan sèvis sakre a, li gen anpil posiblite pou l bay lòt moun (Tra. 20:35). Kèlkeswa sa k enterese w nan lavi a antanke jèn, kèlkeswa talan w genyen oswa eksperyans ou, gen anpil bagay ou ka fè jodi a nan travay Seyè a. — 1 Kor. 15:58.

11. Bay kèk byenfè yon jèn ap jwenn si l pa kouri marye.

11 Byenke pifò jèn ta renmen marye yon lè, gen anpil bon rezon pou nou pa kouri marye. Pòl ankouraje jèn yo pou yo tann yo pase peryòd kote yo “twò jèn” nan, peryòd kote dezi seksyèl yo pi fò pase tout lòt lè (1 Kor. 7:36). Pou yon moun konprann tèt li e pou l gen eksperyans ki nesesè pou l chwazi yon moun k ap fè yon bon konjwen pou li, sa mande tan. Ve moun k ap marye yo fè a se yon ve yo dwe pran oserye e se yon ve yo dwe respekte pou lavi. — Ekl. 5:2-5.

Granmoun ki selibatè

12. a) Ki jan Àn, ki te vèv, te fè fas ak sitiyasyon l ki te vin chanje? b) Ki privilèj li te jwenn?

12 Nan Evanjil Lik la, yo pale de Àn. Li dwe te tris anpil lè mari l te mouri sanzatann apre setan maryaj sèlman. Nou pa konnen si yo te gen timoun oswa si Àn te janm gen entansyon remarye. Men, Labib fè nou konnen lè Àn te gen 84 an li te toujou vèv. Selon sa Labib fè nou konnen, nou ka di Àn te pwofite sitiyasyon l ki te chanje a pou l vin pi pwòch Jewova. Li pa t “janm pa nan tanp lan pou l bay Bondye yon sèvis sakre lajounen kou lannuit, li te konn fè jèn e li te konn fè siplikasyon”. (Lik 2:36, 37.) Donk, li te bay bagay espirityèl yo premye plas nan lavi l. Sa te mande pou l gen bonjan detèminasyon e pou l fè bonjan efò, men Bondye te byen rekonpanse l. Li te gen privilèj pou l wè Jezi pandan Jezi te tibebe e li te bay temwayaj konsènan liberasyon Mesi a t apral bay la. — Lik 2:38.

13. a) Ki sa k montre Dòkas te aktif nan kongregasyon an? b) Ki benediksyon Dòkas te jwenn paske li te fè byen pou lòt moun e li te janti avèk yo?

13 Gen yon fi ki te rele Dòkas, oswa Tabita, ki t ap viv Jope, yon ansyen waf nan direksyon nòdwès parapò ak Jerizalèm. Kòm Labib pa pale de mari l, sanble li pa t marye nan epòk la. Dòkas “te konn fè anpil bèl aksyon, e li te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil”. Li te fè anpil rad pou vèv ki nan nesesite yo e pou lòt moun ankò, e moun yo te renmen l anpil poutèt sa. Se sa k fè, lè l te vin rete konsa li malad epi li mouri, tout kongregasyon an te voye chèche Pyè, yo te sipliye l pou l resisite sè yo a yo renmen anpil la. Lè nouvèl rezirèksyon l lan te gaye nan tout Jope, gen anpil moun ki te vin kwè (Tra. 9:36-42). Petèt Dòkas te ede kèk nan moun sa yo grasa bonte estrawòdinè li te genyen an.

14. Ki sa k pouse kretyen ki pa marye yo pou yo vin pi pwòch Jewova?

14 Gen anpil moun nan kongregasyon an jodi a tou ki selibatè alòske yo fin granmoun. Genyen petèt ki pa t jwenn yon moun ki t ap fè yon bon mari oswa yon bon madanm pou yo. Gen lòt ki divòse oswa moun yo te marye avè l la mouri. Lefètke kretyen ki pa marye yo pa gen yon konjwen pou yo rakonte afè yo, souvan sa fè yo aprann konte plis sou Jewova (Pwo. 16:3). Silvia, yon sè selibatè k ap sèvi nan Betèl depi plis pase 38 an, konsidere sa kòm yon benediksyon. Men sa li admèt: “Pafwa mwen konn bouke dèske se mwen ki toujou la pou tout moun. Mwen konn mande tèt mwen: ‘Ki moun k ap ankouraje m?’ Men, lefètke mwen gen konviksyon Jewova konn sa m bezwen pi byen pase m, sa ede m vin pi pwòch li. E mwen toujou jwenn ankourajman, pafwa yo soti kote m pa t ap janm panse.” Chak fwa nou pwoche kot Jewova, li toujou demontre plis tandrès e li toujou ban nou plis asirans.

15. Ki jan kretyen ki selibatè yo kapab “ouvri kè” yo?

15 Lè yon moun selibatè sa ba l yon posiblite san parèy, posiblite pou l “ouvri kè [l]”, sa vle di pou l demontre plis lanmou. (Li 2 Korentyen 6:11-13.) Men sa Jolene, yon sè ki selibatè e ki gen 34 an nan sèvis aplentan, di: “Mwen te fè anpil efò pou m gen bon zanmi, pa sèlman moun ki gen menm laj avè m, men moun tout laj. Lè yon moun selibatè se yon bonjan opòtinite li genyen pou l depanse l pou Jewova, pou fanmi l, pou frè ak sè yo san wete pou pwochen l. Plis m ap granmoun, se plis mwen kontan dèske mwen selibatè.” Se sèten moun ki granmoun yo, moun ki enfim yo, paran k ap leve pitit poukont yo, jèn yo ak lòt moun nan kongregasyon an apresye lefètke moun ki selibatè yo ede yo san se pa yon enterè pèsonèl y ap defann. Vrèmanvre, chak fwa nou demontre lòt moun nou renmen yo, nou santi nou pi byen. Èske ou menm tou ou ka “ouvri kè [w]”?

Moun ki ret selibatè tout vi yo

16. a) Poukisa Jezi te rete selibatè tout vi l? b) Ki jan Pòl te byen pwofite sitiyasyon l antanke selibatè?

16 Jezi pa t marye, li te gen pou l prepare l pou ministè l e pou l akonpli l. Li te vwayaje anpil, li te konn kòmanse travay byen bonè nan maten pou rive byen ta nan aswè, e finalman li te sakrifye lavi l. Nan ka pa l, lefètke li te selibatè se te yon avantaj sa te ye. Apot Pòl te fè plizyè milye kilomèt ap vwayaje e li te fè fas ak gwo difikilte nan ministè l (2 Kor. 11:23-27). Byenke li posib Pòl te marye anvan sa, li te chwazi rete selibatè apre Jezi te fin chwazi l kòm apot (1 Kor. 7:7; 9:5). Ni Jezi ni Pòl te ankouraje lòt moun fè menm jan avèk yo si sa posib yon fason pou yo ka akonpli ministè yo. Men, ni youn ni lòt pa t di yon sèvitè Bondye oblije rete selibatè. — 1 Tim. 4:1-3.

17. Ki jan kèk moun jodi a suiv egzanp Jezi ak Pòl, e poukisa nou ka sèten Jewova apresye moun ki fè kalite sakrifis sa a?

17 Jodi a tou, gen kèk moun ki chwazi rete selibatè yon fason pou yo ka akonpli ministè yo pi byen. Sa fè plis pase 56 an depi Harold, frè nou te pale de li anvan an, ap sèvi nan Betèl. Men sa l di: “Mwen potko gen 10 an nan Betèl e mwen te deja wè anpil koup marye ki te oblije kite Betèl la swa akoz maladi, swa paske yo te gen pou yo pran swen paran yo ki granmoun. Ni manman m ni papa m te deja mouri. E mwen te tèlman renmen Betèl la, mwen pa t vle pran chans marye pou m pa t pèdi privilèj sa a.” Menm jan an tou, sa gen kèk ane depi Margaret ki te gen lontan depi l pyonye te di: “Mwen te jwenn plizyè posiblite pou m marye, men sèvis pyonye a te tèlman enteresan pou mwen, maryaj pa t enterese m. Men, mwen te gen posiblite sèvi ak libète mwen te genyen antanke selibatè a pou m rete okipe nan ministè a, e sa te ban m anpil kè kontan.” Se sèten Jewova pap janm bliye okenn moun ki fè kalite sakrifis sa a pou vrè adorasyon an. — Li Izayi 56:4, 5.

Byen pwofite sitiyasyon w

18. Ki jan lòt moun ka ankouraje kretyen ki selibatè yo e ki jan yo ka ede yo?

18 Tout kretyen ki pa marye k ap fè tout posib yo pou yo sèvi Jewova merite pou nou felisite yo sensèman e pou nou ankouraje yo. Nou renmen yo pou moun yo ye a e pou kokenn koutmen y ap bay nan kongregasyon an. Si nou se bonjan “frè, sè, manman, pitit” espirityèl pou moun sa yo, yo pap janm santi yo poukont yo. — Li Mak 10:28-30.

19. Ki sa w ka fè pou w byen pwofite lavi w antanke selibatè?

19 Kit se chwazi ou chwazi ret selibatè, kit se sikonstans lavi a ki fè sa, nou swete pou egzanp sa yo ki soti nan Bib la ak egzanp moun nan tan pa nou an ba w asirans lavi w ka bèl e li ka enteresan. Rete selibatè kapab tankou yon kado w ap tann, oswa tou li kapab tankou yon kado ou pa t ap atann. Gen kèk moun ki aksepte kado sa a byen vit, gen lòt menm se avèk letan yo vin apresye l. Donk, sa depann anpil de atitid nou. Ki sa w ka fè pou w byen pwofite lavi w antanke selibatè? Vin pi pwòch Jewova, toujou gen anpil bagay pou w fè nan travay Seyè a, epi ouvri kè w. Menm jan ak maryaj, seliba kapab pote benediksyon pou nou si nou wè l menm jan ak Bondye e si nou byen pwofite don sa a.

Èske nou sonje?

• Nan ki sans seliba kapab yon don?

• Ki jan seliba kapab yon benediksyon lè w jèn?

• Ki posiblite kretyen ki selibatè yo genyen pou yo vin pi pwòch Jewova e pou yo ouvri kè yo?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Èske w byen pwofite tout posiblite w genyen nan sèvis Bondye a?