Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsantre sou sa Jewova fè pou ou

Konsantre sou sa Jewova fè pou ou

Konsantre sou sa Jewova fè pou ou

YON ti tan apre rezirèksyon Jezi, de nan disip li yo t ap soti Jerizalèm pou y al Emayis apye. Selon Evanjil Lik la, “pandan yo t ap pale, Jezi pwoche e li kòmanse mache avèk yo. Men, yo pa t wè si se li menm”. Jezi di yo: “‘Sou ki sa n ap pale pandan n ap mache a?’” Lè sa a, “yo kanpe ak figi yo tou tris”. Poukisa yo te tris? Se paske, disip yo te panse Jezi t ap delivre Izrayelit yo anba men Women yo nan epòk yo t ap viv la, men se pa sa k te fèt. Olye de sa, se touye yo te touye l. Se sa k fè yo te tris. — Lik 24:15-21; Tra. 1:6.

Jezi te kòmanse rezone ak disip li yo. “Li te entèprete tout bagay ki te gen rapò avè l nan tout Ekriti yo pou yo, kòmanse depi sou Moyiz ak tout Pwofèt yo.” Vrèmanvre, gen anpil evènman enpòtan ki te pase nan ministè Jezi ki te kapab fòtifye lafwa yo. Pandan disip yo t ap koute esplikasyon Jezi t ap ba yo, yo pa t tris ankò, men yo te vin kontan. Nan pita, men sa yo te di: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap byen esplike nou Ekriti yo?” ​(Lik 24:27, 32). Ki leson nou ka tire nan fason disip Jezi yo te santi yo apre Jezi te fin pale avèk yo sou wout la?

Bagay n ap tann ki poko reyalize yo kapab gen efè sou nou

De disip ki te sou wout pou y al Emayis yo te tris paske sa yo te panse ki t apral rive a pa t rive. Yo te viv sa Pwovèb 13:12 di a: “Lè ou pa jwenn sa ou t’ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad.” Menm jan an tou, genyen nan nou jodi a k ap sèvi Jewova fidèlman depi plizyè dizèn ane ki gendwa te panse “gwo tribilasyon” an t ap gentan vini deja (Mat. 24:21; Rev. 7:14). Lefètke li poko vini, li posib pou sa fè nou tris.

Yon bagay pou nou sonje, sèke, de disip Jezi yo te vin kontan ankò apre Jezi te ede yo konsantre sou pwofesi ki te deja akonpli nan epòk yo a. Nou menm tou, nou kapab kenbe jwa nou e nou kapab sipòte bagay ki fè nou desi si nou fè menm jan an. Men sa yon ansyen ki gen anpil eksperyans te di: “Pa konsantre sou sa Jewova poko fè yo. Okontrè, konsantre sou sa li deja fè.” Se pa ti bon konsèy sa a bon!

Sa Jewova fè

Ann wè kèk bagay estrawòdinè Jewova deja fè. Jezi te di: “Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou, e l ap fè travay ki pi gwo pase sa.” ​(Jan 14:12). Jodi a, kretyen yo ap fè yon travay ki pi gwo lontan pase sa tout lòt kretyen nan tan lontan yo te fè. Gen plis pase sèt milyon moun k ap tann pou yo sove lè gwo tribilasyon an rive. Wi, se premye fwa gen tout kantite moun sa yo k ap sèvi Jewova avèk fidelite e ki aktif konsa nan tout peyi sa yo sou tè a! Jezi te fè konnen disip li yo t ap fè “travay ki pi gwo pase” travay li te fè a. Grasa Jewova, pawòl Jezi yo vin yon reyalite.

Ki lòt bagay Jewova fè pou nou? Jewova fè li posib pou moun ki onèt soti, nan yon sans senbolik, nan monn mechan sa a pou yo antre nan paradi espirityèl li kreye a (2 Kor. 12:1-4). Pran yon ti tan pou w reflechi sou kèk bagay nou jwenn nan paradi espirityèl sa a. Pa egzanp, si w gen yon bibliyotèk pèsonèl, fè yon ti gade liv ki ladan l yo, oswa gade liv ki nan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm ou an. Fè yon ti gade tou nan Index des publications Watch Tower yo, oswa nan Watchtower Library. Koute yon anrejistreman dram biblik. Reflechi sou sa w te tande ak sa w te wè nan yon kongrè w te asiste pa gen lontan. Anplis, fè yon ti reflechi sou bon relasyon w genyen ak frè ak sè yo. Èske Jewova pa montre li donan lè w wè kantite manje espirityèl li ban nou san konte frè ak sè nou yo ki renmen nou? Vrèmanvre, nou nan yon paradi espirityèl!

Salmis David te di: “Senyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou.” ​(Sòm 40:5). Wi, lè nou konsantre sou bèl bagay Jewova, Papa nou ki nan syèl la, deja fè pou nou e nou reflechi sou bèl panse li gen pou nou yo, n ap rejwenn fòs pou nou rete fidèl nan sèvis n ap ba li ak tout kè nou an. — Mat. 24:13.

[Foto nan paj 31]

Jezi te ede disip li yo konsantre sou sa Jewova te deja fè pou yo.

[Foto nan paj 32]

Reflechi sou sa w te tande ak sa w te wè nan yon kongrè w te asiste pa gen lontan.