Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Non ki nan vale a

Non ki nan vale a

Non ki nan vale a

SAINT MAURICE. Èske w konn tande non sa a? Ou gendwa konn tande l deja, paske se yon kote anpil moun sou tè a tande pale de li. Kote sa a nan yon vale an Suis ki rele vale Engadine, yon kote anpil moun konn al vizite. Saint Maurice se youn nan kote ki atire anpil moun e ki fè yo vin vizite bèl vale sa a ki twouve l nan mitan mòn yo rele Alp yo ki gen nèj sou yo. Vale sa a nan sidès peyi Suis, toupre fwontyè Itali a. Se la pak nasyonal suis la ye. Pak sa a bèl anpil, li gen anpil diferan plant ak bèt ki bay Jewova, Gran Kreyatè nou an, glwa (Sòm 148:7-10). Gen yon tradisyon nan zòn sa a ki la depi disetyèm syèk la ki bay Jewova glwa tou.

Sou anpil kay nan vale sa a, gen yon detay ou ka pa wè souvan ki kapab atire atansyon w. Li fasil pou w wè non Bondye sou fasad kay yo, pa egzanp anlè tèt pòt antre kay yo. Pandan syèk ki pase yo, moun nan zòn nan te gen abitid ekri sou kay yo pou yo dekore yo. Swa yo pentire sa y ap ekri a sou kay la, swa yo grave l sou krepisaj la oswa sou wòch. Nan foto ki pi ba a, w ap wè yon kay ki nan yon bouk yo rele Bever. Men tradiksyon sa ki ekri a: “Nan ane 1715. Jewova se kòmansman an, e Jewova se lafen an. Tout bagay posib grasa Bondye, e san li anyen pa posib.” Jan ou kapab wè sa, non Jewova parèt de fwa nan pawòl ki ekri yo.

Nan bouk yo rele Madulain nan, ou kapab wè kèk lòt pawòl yo ekri ki la depi pi lontan toujou. Men yon egzanp: “Sòm 127. Si se pa Jewova ki bati kay la, se pou granmesi moun ki bati l yo travay di pou yo bati l. Lucius Rumedius. Ane 1654.”

Poukisa non Bondye parèt an piblik konsa nan vale sa a? Ebyen, nan epòk Refòm nan, Labib te parèt nan lang womanch, yon lang ki soti nan laten yo pale nan vale Engadine. An reyalite, Bib la se premye liv yo te tradui nan lang sa a. Akoz sa anpil moun ki viv nan zòn nan te li nan Pawòl Bondye a, nonsèlman yo te ekri non pa yo pa deyò kay yo, men yo te ekri sitasyon ki soti nan Bib la tou ki gen non Bondye ladan yo.

Jis nan epòk nou an, pawòl yo te ekri yo kontinye fè konnen Jewova se non Bondye, e yo fè lwanj pou Jewova byenke gen plizyè syèk depi yo te ekri yo. Ni moun ki vin vizite zòn nan, ni moun ki abite nan zòn nan gen posiblite pou yo aprann plis sou Jewova, Bondye nou an ki estrawòdinè, lè y al vizite yon lòt kay nan Bever ki pote non Jewova tou: Sal Wayòm Temwen Jewova yo.

[Liy kredi pou foto nan paj 7]

© Stähli Rolf A/age fotostock