Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou resevwa pisans pou nou fè fas ak nenpòt eprèv

Nou resevwa pisans pou nou fè fas ak nenpòt eprèv

Nou resevwa pisans pou nou fè fas ak nenpòt eprèv

“Pou tout bagay mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” — FIL. 4:13.

1. Sa k fè pèp Jewova a rankontre anpil eprèv?

PÈP Jewova a jwenn tout kalite eprèv. Gen eprèv nou jwenn akoz enpèfeksyon nou oswa paske n ap viv nan yon monn Satan ap dirije. Gen kèk lòt eprèv nou jwenn se akoz rayisman ki egziste ant moun k ap sèvi Bondye yo ak moun ki pap sèvi l yo (Jen. 3:15). Depi byen bonè nan listwa lèzòm, Bondye toujou ede sèvitè fidèl li yo andire anba pèsekisyon yo jwenn nan domèn relijyon, li ede yo pou yo pa pran nan presyon lòt moun ap fè sou yo pou yo fè sa k pa sa, e li ede yo andire tout kalite lòt eprèv yo ka rankontre. Lespri sen kapab ban nou fòs tou pou nou fè fas ak bagay sa yo.

Nou resevwa èd pou nou andire anba pèsekisyon nou jwenn nan domèn relijyon

2. Nan ki objektif yo pèsekite moun nan domèn relijyon, e sou ki fòm pèsekisyon sa a ka vini?

2 Yon moun jwenn pèsekisyon nan domèn relijyon lè moun nui l, yo fè l abi oswa yo maltrete l akoz relijyon l ak kwayans li. Objektif jan de pèsekisyon sa yo se kraze kwayans moun nan, anpeche yo gaye, oswa fè moun nan sispann kwè nan sa li kwè yo. Pèsekisyon ka vin sou plizyè fòm. Genyen ki dirèk, gen lòt ki fèt anba anba. Bib la di lè Satan ap atake moun li fè sa tankou yon jèn lyon oswa tankou yon kobra. — Li Sòm 91:13.

3. Lè Satan ap pèsekite nou, ki jan li atake nou tankou yon lyon e tankou yon kobra?

3 Menm jan ak yon lyon sovaj, souvan, atak Satan yo fèt yon fason ki dirèk. Atak li yo gendwa vini sou fòm vyolans fizik, sou fòm anprizònman oswa sou fòm entèdiksyon (Sòm 94:20). Rapò ki parèt nan Annuaire yo ki pale sou aktivite Temwen Jewova yo nan epòk nou an gen anpil istwa ki montre taktik Satan itilize yo. Nan anpil peyi sou tè a, gen foul moun san fwa ni lwa ki konn maltrete pèp Bondye a. Pafwa se chèf relijye ki alatèt yo, pafwa se politisyen fanatik ki alatèt yo. Atak sa yo ki sanble ak fason lyon atake lakòz kèk moun sispann sèvi Jewova. Menm jan ak yon kobra ki atake moun detan l kache yon kote, Dyab la atake moun anba anba tou nan objektif pou l anpwazonnen lespri yo epi detounen yo pou yo ka fè volonte l. Objektif mòd atak sa yo se febli lafwa nou oswa fè nou fè konpwomi. Men, grasa lespri sen Bondye, nou kapab kenbe fèm devan toule de fòm pèsekisyon sa yo.

4, 5. Ki pi bon fason pou yon moun prepare l pou pèsekisyon, e poukisa? Bay yon egzanp.

4 Pi bon fason pou yon moun prepare tèt li pou pèsekisyon se pa lè l chita ap reflechi sou diferan fason li ka jwenn pèsekisyon. An reyalite, nou pa kapab konnen ki kalite pèsekisyon k ap tann nou. Se sa k fè, sa pap itil anyen pou n ap enkyete nou pou bagay ki ka pa janm rive. Sepandan, gen yon bagay nou kapab fè. Pifò moun ki rive andire anba pèsekisyon te rive fè sa paske yo te reflechi sou lavi moun entèg yo pale de yo nan Bib la e sou ansèyman Jezi yo ak egzanp li. Sa ede yo gen plis lanmou pou Jewova, e se lanmou sa a menm ki ede yo reziste kont kèlkeswa eprèv yo rankontre.

5 Ann pran egzanp de nan sè nou yo k ap viv Malawi. Gen yon gwo foul moun vyolan ki te vle fòse yo achte kat pati politik, e piske sè nou yo pa t vle fè sa, yo bat yo, yo mete yo toutouni, e yo menase yo y ap vyole yo. Foul moun sa a te ba yo manti, yo te menm di yo frè nan Betèl yo te gentan achte kat pati pa yo. Men ki jan sè yo te reponn yo: “Nou menm se Jewova Dye sèlman n ap sèvi. Donk, si frè nan filyal yo achte kat pa yo, sa pap fè nou chanje. Menmsi nou ta touye nou, nou pap fè konpwomi!” Lè foul la wè pozisyon sè yo pran avèk anpil kran, yo kite yo ale.

6, 7. Ki jan Jewova bay sèvitè l yo fòs pou yo fè fas ak pèsekisyon?

6 Apot Pòl te remake kretyen Tesalonik yo te aksepte laverite “anba anpil tribilasyon”, men yo te gen “kè kontan [...] grasa lespri sen”. (1 Tes. 1:6.) Anfèt, kit se nan tan lontan, kit se nan epòk pa nou an, anpil kretyen ki te jwenn pèsekisyon e ki te kenbe fidelite yo fè konnen nan moman eprèv yo te pi rèd la, yo te vin santi yo anpè, e nou konnen lapè se youn nan aspè fwi lespri Bondye a (Gal. 5:22). E lapè sa a te ede yo pwoteje kè yo ak kapasite mantal yo. Wi, Jewova sèvi ak fòs li pou l bay sèvitè l yo fòs pou yo andire eprèv e pou yo aji avèk sajès lè yo gen pwoblèm *.

7 Moun k ap obsève pèp Bondye a konn sezi lè yo wè detèminasyon nou genyen pou n kenbe entegrite nou menm lè nou anba gwo pèsekisyon. Nan sitiyasyon sa yo, Temwen yo sanble moun ki jwenn yon fòs sinatirèl, e se vre. Men asirans apot Pyè ban nou: “Si yo fè nou sibi move tretman pou non Kris, nou mèt kontan, paske lespri ki gen glwa a, wi, lespri Bondye, poze sou nou.” ​(1 Pyè 4:14). Lefètke yo pèsekite nou paske n ap suiv prensip jis Jewova yo, se yon prèv li avèk nou (Mat. 5:10-12; Jan 15:20). Se pa ti kontan nou kontan poutèt Jewova beni nou lè li ban nou fòs!

Nou resevwa èd pou nou reziste kont presyon lòt moun fè sou nou

8. a) Ki sa ki te bay Jozye ak Kalèb fòs pou yo pa pran presyon? b) Ki sa nou ka aprann nan egzanp Jozye ak Kalèb?

8 Yon lòt fason sèvitè Jewova yo jwenn opozisyon ki plis anba anba toujou se lè lòt moun fè presyon sou yo pou yo fè sa k pa sa. Sepandan, piske lespri Jewova pi pisan pase lespri monn nan, nou kapab kenbe tèt ak moun ki pase nou nan betiz, ki bay manti sou nou, oswa ki eseye fè nou aji menm jan ak yo. Pa egzanp, ki sa k fè Jozye ak Kalèb pa t dakò ak opinyon lòt dis espyon yo te voye ansanm avèk yo nan peyi Kanaran an? Lespri sen te fè yo “pa aji tankou” lòt espyon yo, paske li te fè yo wè bagay yo yon lòt jan. — Li Nonb 13:30; 14:6-10, 24.

9. Poukisa kretyen yo dwe dispoze diferan parapò ak majorite moun?

9 Lespri sen te ede apot Jezi yo tou paske li te ba yo fòs pou yo obeyi Bondye antanke chèf olye pou yo obeyi yon seri moun anpil moun te bay gwo respè kòmkwa yo se anseyan vrè relijyon an (Tra. 4:21, 31; 5:29, 32). Pifò moun renmen fè sa tout moun bò kote yo ap fè yon fason pou yo pa gen pwoblèm. Men, byen souvan, vrè kretyen yo yo menm oblije pran pozisyon pou sa yo konnen ki dwat. Sepandan, menm lè yo oblije fè sa, grasa fòs aktif Bondye a, yo pa pè montre yo diferan (2 Tim. 1:7). Annou konsidere yon domèn kote nou pa dwe pran presyon nan men moun.

10. Nan ki sitiyasyon difisil kèk kretyen konn twouve yo?

10 Gen kèk jèn ki kapab pa konn sa pou yo fè lè yon zanmi yo tonbe nan yon bagay Bib la kondane. Yo kapab panse si yo mande ansyen yo èd pou zanmi yo a, se trayi yo trayi konfyans li. Konsa, yo refize pale ak kèlkeswa moun nan sou sa paske, pou yo menm, si yo fè sa, yo pap montre yo fidèl ak zanmi yo a. Pafwa moun ki aji mal la ka fè presyon sou zanmi l pou yo kache peche l la. Byennantandi, se pa jèn yo sèlman ki konn jwenn pwoblèm sa a. Gen kèk adilt tou ki kapab santi li difisil pou y al kote ansyen yo pou yo revele peche yon zanmi yo oswa yon manm fanmi yo te fè. Men, ki sa vrè kretyen yo dwe fè nan ka konsa?

11, 12. Ki pi bon fason w ka reyaji si yon moun nan kongregasyon an mande w pou w pa devwale peche l, e poukisa?

11 Imajine sitiyasyon sa a. Ann sipoze Jak, yon jèn frè batize, vin konnen David, yon zanmi l nan kongregasyon an, lage kò l nan gade pònografi. Jak pale ak David sou sa e l fè l konnen li pè pou li. Men, David pa okipe Jak. Lè Jak ankouraje David al pale ak ansyen yo, David di l si l se zanmi l toutbonvre li pap mete koze l nan lari. Èske Jak dwe pè pou David pa zanmi l ankò? Jak gendwa mande tèt li kiyès ansyen yo ap kwè si l di yo sa epi David nye li gen pwoblèm nan. Antouka, bagay yo pap chanje si Jak pa di anyen. An reyalite, sitiyasyon an ka menm lakòz David pèdi relasyon l ak Jewova. Li t ap bon pou Jak sonje sa Bib la di: “Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Senyè a, ou pa bezwen pè anyen.” ​(Pwo. 29:25). Ki lòt bagay Jak ka fè? Li kapab ale kote David ankò pou l pale avè l sou pwoblèm nan yon fason ki montre li renmen l. Sa ap mande anpil kouraj. Petèt, lè sa a, David kapab byen deside pale sou pwoblèm nan. Jak dwe ankouraje David al pale ak ansyen yo sou pwoblèm nan epi li dwe esplike l si li pa fè sa nan yon delè ki rezonab, li menm li pral enfòme yo. — Lev. 5:1.

12 Si sa ta rive ou vin nan yon sitiyasyon konsa, okòmansman, zanmi w lan gendwa pa apresye efò w fè pou w ede l. Men, avèk letan, li ka vin rann li kont se nan enterè l ou ye. Si moun ki te peche a jwenn èd e li aksepte l, li ka toujou genyen w rekonesans pou fidelite w ak kouraj ou. Men, si li ret fache avè w, èske w panse yon moun konsa ta dwe zanmi w? Li toujou pi bon pou se Jewova, meyè Zanmi nou an, nou fè plezi. Lè nou ba l premye plas nan lavi nou, lòt moun ki renmen l yo ap respekte nou pou fidelite nou e y ap vin bon zanmi nou. Pinga nou janm kite jwen pou Dyab la nan kongregasyon kretyen an. Si nou ta kite sa rive, nou t ap vrèman fè lespri sen Jewova lapenn. Yon lòt bò, si nou fè sa nou kapab pou nou kenbe kongregasyon an pwòp, nou kolabore ak lespri sen Jewova. — Efe. 4:27, 30.

Nou resevwa pisans pou nou andire tout kalite eprèv

13. Ki kalite eprèv pèp Jewova a rankontre, e poukisa bagay sa yo kouran konsa?

13 Pwoblèm yo vini sou divès fòm. Nou gendwa gen pwoblèm lajan, nou gendwa pèdi travay nou, se gendwa yon katastwòf natirèl ki pase, se gendwa yon moun nou renmen ki mouri, nou gendwa gen gwo pwoblèm sante ak lòt pwoblèm ankò. Piske nou konnen “tan yo [...] di”, nou dwe atann n ap jwenn eprèv nenpòt ki lè (2 Tim. 3:1). Lè sa rive, li enpòtan pou nou pa pèdi tèt nou. Lespri sen kapab ban nou fòs pou n andire anba tout kalite eprèv.

14. Ki sa k te bay Jòb fòs pou l andire anba eprèv li yo?

14 Jòb te rankontre pwoblèm sou pwoblèm. Li te pèdi mwayen li te genyen pou l viv, li te pèdi tout pitit li, zanmi l ak sante l, e madanm li te vin pèdi konfyans nan Jewova (Jòb 1:13-19; 2:7-9). Sepandan, Eliyou te vrèman rekonfòte l nan soufrans li yo. Ni pawòl Eliyou yo, ni pawòl Jewova te di Jòb yo te gen yon sèl mesaj: “Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.” ​(Jòb 37:14). Ki sa ki te ede Jòb andire eprèv li yo e ki ka ede nou andire eprèv pa nou yo tou? Se lè nou sonje fason Jewova sèvi ak lespri sen l e li demontre pisans li e lè nou reflechi sou sa (Jòb 38:1-41; 42:1, 2). Petèt, nou sonje kèk moman nan lavi nou kote Bondye te montre li gen sousi pou nou pèsonèlman. Li toujou gen sousi pou nou.

15. Ki sa ki te bay apot Pòl fòs pou l andire anba eprèv li yo?

15 Akoz lafwa apot Pòl te genyen, li te viv kèk sitiyasyon ki te menase lavi l (2 Kor. 11:23-28). Ki jan li te fè kenbe ekilib li, e ki jan l te fè pou l pa pèdi tèt li nan sitiyasyon difisil sa yo? Li te priye Jewova e li te konte sou li. Pandan moman Pòl t ap andire eprèv ki te mennen nan lanmò l yo, men sa li te ekri: “Seyè a te kanpe toupre m e li te ban m pisans, dekwa pou, grasa mwen, predikasyon an ka fèt totalman, e pou tout nasyon yo ka tande mesaj la. E mwen te delivre anba bouch lyon an.” ​(2 Tim. 4:17). Donk, grasa eksperyans pèsonèl Pòl te fè, li te ka di kretyen yo: “Pa enkyete nou pou anyen.” — Li Filipyen 4:6, 7, 13.

16, 17. Bay yon egzanp ki montre ki jan Jewova bay moun ki fè pati pèp li a fòs lè yo anba eprèv nan epòk pa nou an.

16 Roxana se yon pyonye ki wè fason Jewova pran swen moun ki fè pati pèp li a. Yon jou li mande patwon l kèk jou konje pou l ka al asiste yon kongrè distri. Patwon an reponn li byen move, li di l si l ale nan kongrè a, l ap revoke l. Roxana te ale kanmenm e li te priye Jewova ak tout kè l pou l pa pèdi travay la. Apre l fin priye Jewova, li te santi kè l poze. Jan patwon an te pwomèt li sa, lè l retounen nan travay la nan lendi apre kongrè a, patwon an revoke l. Roxana te enkyete anpil. Byenke li pa t touche byen nan travay la, li pa t vle pèdi travay la paske se li ki te ede l pran swen fanmi l. Yon lòt fwa ankò, li priye Bondye, e l te panse kòm Bondye te pran swen l nan domèn espirityèl nan asanble a, li ka pran swen l tou nan domèn fizik. Pandan Roxana ap mache pou l retounen lakay li, li wè yon ti ansèy ki montre y ap chèche moun ki gen eksperyans sou machin a koud endistriyèl e li aplike pou travay la. Patwon an te rann li kont sè a pa t gen okenn eksperyans, men li te ba l travay la kanmenm e li te ofri l prèske de fwa plis kòb pase sa l t ap touche nan ansyen travay li a. Roxana te santi Jewova te koute priyè l. Sepandan, pi gwo benediksyon li te jwenn se privilèj pou l pataje bon nouvèl la ak plizyè nan konpayon travay li yo. Senk ladan yo te aksepte laverite e yo te batize. Youn nan moun sa yo se patwon an.

17 Pafwa, nou kapab santi Bondye pa reponn priyè nou yo, petèt li pa reponn tousuit, oubyen li pa reponn yo fason nou t ap atann nan. Si w ta wè sa, ou mèt konnen gen bonjan rezon pou sa. Jewova konn rezon an, men se petèt alavni n ap vin konn rezon an nou menm. Yon bagay nou mèt gen asirans sou li sèke Bondye pap abandone fidèl li yo. — Ebre 6:10.

Nou jwenn èd pou nou venk eprèv ak tantasyon

18, 19. a) Poukisa li nòmal pou nou atann n ap jwenn eprèv ak tantasyon? b) Ki jan w kapab fè fas ak eprèv yo?

18 Pèp Jewova a pa sezi lefètke yo jwenn tantasyon, dekourajman, pèsekisyon ak presyon nan men lòt moun. Monn nan pa renmen nou ditou (Jan 15:17-19). Sepandan, lespri sen kapab ban nou fòs pou nou venk nenpòt eprèv nou ta ka rankontre nan sèvis n ap bay Bondye a. Jewova pap kite nou jwenn tantasyon depase sa nou ka sipòte (1 Kor. 10:13). Li pap janm kite nou e li pap janm abandone nou (Ebre 13:5). Lè nou obeyi Pawòl enspire li a, nou jwenn pwoteksyon e nou jwenn fòs. Anplis, lespri sen Bondye kapab pouse kwayan parèy nou yo pou yo ede nou nan moman nou plis bezwen sa.

19 Se pou nou tout kontinye chèche jwenn lespri sen pa mwayen lapriyè ak etid nou fè nan Ekriti yo. Se pou nou kontinye “vin pisan avèk tout pisans, selon pisans [Bondye] ki gen glwa, pou nou andire nèt e pou nou pran pasyans ak kè kontan”. — Kol. 1:11.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Gen kèk bèl eksperyans nan Toudegad 1ye me 2001 (fransè), paj 16; ak nan Révéillez-vous! 8 fevriye 1993, paj 21 ak 22.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan w ka prepare w pou w ka andire pèsekisyon?

• Ki sa w ta dwe fè si yon moun ta mande w pou w pa revele yon peche li fè?

• Ki asirans ou kapab genyen lè w devan kèlkeswa eprèv la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Ki sa nou ka aprann nan men Jozye ak Kalèb?

[Foto nan paj 29]

Ki jan w kapab ede yon zanmi w ki komèt yon peche?