Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou resevwa pisans pou nou reziste kont tantasyon e pou nou konbat dekourajman

Nou resevwa pisans pou nou reziste kont tantasyon e pou nou konbat dekourajman

Nou resevwa pisans pou nou reziste kont tantasyon e pou nou konbat dekourajman

“Nou pral resevwa pisans lè lespri sen vin sou nou.” — TRA. 1:8.

1, 2. Ki èd Jezi te pwomèt l ap bay disip li yo, e sa k fè yo t ap bezwen èd sa a?

JEZI te konnen disip li yo pa t ap kapab obsève tout bagay li te ba yo lòd pou yo fè yo ak pwòp fòs yo. Lè nou konsidere tout sa yo t apral gen pou yo fè nan travay predikasyon an, gwo feblès lachè yo te genyen ak pisans opozan yo te genyen, li klè yo te bezwen pisans ki depase pisans lèzòm genyen an jeneral. Se sa k fè, yon ti tan anvan Jezi monte nan syèl la, men asirans li te bay disip li yo: “Nou pral resevwa pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Tra. 1:8.

2 Pwomès sa a te kòmanse reyalize nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè lespri sen te bay disip Jezi Kris yo pisans pou yo preche nan tout Jerizalèm. Okenn opozisyon pa t kapab kanpe travay sa a (Tra. 4:20). “Toulejou rive jis nan fen sistèm nan”, disip fidèl Jezi yo, san wete nou menm, t ap vrèman bezwen gen menm pisans sa a Bondye bay la. — Mat. 28:20.

3. a) Esplike diferans ki genyen ant lespri sen ak pisans. b) Ki sa pisans Jewova bay la kapab ede nou fè?

3 Jezi te pwomèt disip li yo ‘yo t apral resevwa pisans lespri sen t ava vin sou yo’. Mo “pisans” lan ak mo “lespri” a, se de mo ki pa vle di menm bagay. Lespri Bondye, oswa fòs li itilize pou l aji a, se enèji Bondye met nan moun oswa nan bagay ki pa gen vi nan yo pou l akonpli volonte l. Tandiske pisans se “kapasite pou aji oubyen pou pwodui yon efè”. Pisans lan kapab la nan yon moun oswa nan yon bagay e lè sa nesesè li ka itil pou pwodui yon rezilta. Pakonsekan, nou kapab konpare lespri sen ak kouran elektrik ki chaje yon batri, e pisans lan li menm plis sanble ak enèji ki nan batri a lè l fin chaje. Pisans Jewova bay sèvitè l yo pa mwayen lespri sen pèmèt nou chak kapab viv ann amoni ak ve nou te fè ba li antanke kretyen an, e lè sa nesesè, li ede nou reziste kont tout move enfliyans. — Li Mika 3:8; Kolosyen 1:29.

4. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a, e poukisa?

4 Kòman nou ka konnen yon moun gen pisans Bondye bay pa mwayen lespri sen an? Ki jan lespri sen kapab pouse nou aji oswa reyaji devan diferan sitiyasyon? Nan efò n ap fè pou nou sèvi Bondye avèk fidelite, nou rankontre anpil obstak ki soti swa bò kote Satan, swa nan monn l ap dirije a, oswa menm akoz lachè nou ki enpafè. Li enpòtan pou nou venk obstak sa yo pou nou kapab pèsevere antanke kretyen, pou nou kontinye patisipe regilyèman nan travay predikasyon an, e pou nou kenbe bonjan relasyon ak Jewova. Annou wè ki jan lespri sen ede nou venk tantasyon e ki jan l ede nou konbat fatig ak dekourajman.

Nou resevwa pisans pou nou reziste kont tantasyon

5. Ki jan lapriyè kapab ban nou pisans?

5 Men kòman Jezi te anseye disip li yo pou yo priye: “Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba Mechan an.” ​(Mat. 6:13). Jewova pap abandone sèvitè fidèl li yo ki fè l demann sa a. Gen yon lòt fwa, Jezi te di: “Papa nou ki nan syèl la ap bay moun lespri sen si yo mande l li.” ​(Lik 11:13). Se pa ti rekonfòte sa rekonfòte nou pou nou konnen Jewova pwomèt l ap ban nou fòs sa a k ap ede nou fè sa ki byen! Natirèlman, sa pa vle di Jewova pral anpeche nou jwenn tantasyon (1 Kor. 10:13). Men, lè nou devan tantasyon, se lè sa a pou nou priye ak plis fòs toujou. — Mat. 26:42.

6. Lè Satan te tante Jezi, sou ki sa Jezi te baze repons li te bay yo?

6 Lè Dyab la te tante Jezi, Jezi te itilize Ekriti yo pou l reponn li. Pawòl Bondye a te klè nan lespri Jezi lè l te di: “Men sa ki ekri [...]. Men sa ki ekri tou [...]. Al fè wout ou, Satan! Paske, men sa ki ekri: ‘Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.’” Lanmou Jezi te gen pou Jewova ak Pawòl Li te pouse l rejte tantasyon Dyab la te mete devan l yo (Mat. 4:1-10). Satan t al fè wout li apre Jezi te fin reziste anba tantativ li te fè youn apre lòt pou l twonpe l yo.

7. Ki jan Bib la ede nou reziste kont tantasyon?

7 Si Jezi ki Jezi te itilize Ekriti yo pou l te reziste kont tantasyon Satan yo, alewè pou nou menm! Anfèt, premye bagay nou dwe genyen k ap ede nou gen kapasite pou nou reziste kont Dyab la ak patizan l yo se detèminasyon pou nou konnen prensip Bondye yo e pou n byen obsève tout. Gen anpil moun ki vin anvi suiv prensip ki nan Bib la ofiramezi y ap etidye l e ofiramezi y ap vin gen plis apresyasyon pou sajès Bondye ak jistis li. Vrèmanvre, “pawòl Bondye a” gen pisans pou l disène “panse ak entansyon ki nan kè yon moun”. (Ebre 4:12.) Plis yon moun li Labib e plis li medite sou sa l li yo, se plis l ap kapab ‘konprann Jewova veridik’. (Dàn. 9:13, NW.) Piske nou konnen sa, se pou nou medite sou vèsè ki nan Bib la ki gen rapò ak feblès nou genyen.

8. Ki sa ki ka ede nou jwenn lespri sen?

8 Jezi te ka reziste kont tantasyon paske li te konnen Ekriti yo, men tou paske li te “ranpli ak lespri sen”. (Lik 4:1.) Si nou ta renmen gen menm pisans lan ak menm kapasite a, nou bezwen pwoche bò kote Jewova lè nou pwofite tout dispozisyon li pran pou l ranpli nou ak lespri l (Jak 4:7, 8). Pami dispozisyon sa yo, nou gen etid Bib la, lapriyè ak okazyon nou genyen pou nou reyini ak frè ak sè nou yo. Anpil moun apresye byenfè yo jwenn lè yo patisipe afon nan aktivite yo genyen antanke kretyen ki ede yo kenbe lespri yo fikse sou panse ki kapab fòtifye yo nan domèn espirityèl.

9, 10. a) Ki kalite tantasyon ou pi fasil jwenn? b) Ki jan meditasyon ak lapriyè ka ba w pisans ou bezwen pou w venk tantasyon menm lè w santi w fatige?

9 Kont ki tantasyon nou dwe reziste? Èske sa deja rive pou w anvi flète ak yon moun ki pa konjwen w? Si w pa marye, èske w konn santi w anvi aksepte yon randevou ak yon moun ki pa kwayan? Lè kretyen yo ap gade televizyon oswa yo sou Entènèt, bridsoukou yon imaj imoral kapab parèt e yo ka anvi gade l. Sa te rive w deja? Ki jan w te reyaji lè sa a? Li ta bon pou nou reflechi seryezman sou kòman yon erè nou fè ka fè nou fè yon lòt erè epi, apre sa, fè nou tonbe nan peche grav (Jak 1:14, 15). Reflechi sou jan Jewova, moun nan kongregasyon an ak manm fanmi w t ap tris si w ta fè yon peche grav. Yon lòt bò, pou yon moun gen yon konsyans ki klè, se pou l rete fidèl ak prensip Bondye yo. (Li Sòm 119:37; Pwovèb 22:3.) Lè w jwenn kalite tantasyon sa yo, se pou w detèmine pou w priye pou Jewova ba w pisans pou w reziste.

10 Gen yon lòt bagay nou bezwen sonje sou tantasyon Dyab la mete devan nou. Satan te tante Jezi apre Jezi te fin pase 40 jou nan dezè a san manje. Pa gen dout, Satan te panse se te vrèman yon “bon okazyon” pou l teste entegrite Jezi (Lik 4:13). Satan ap chèche bon okazyon pou l teste entegrite nou tou. Se sa k fè, li esansyèl pou nou rete djanm nan domèn espirityèl. Byen souvan, Satan atake yon moun nan moman li santi moun nan pi fèb la. Donk, lè nou santi nou fatige oswa nou santi nou dekouraje, se lè sa a nou dwe gen plis detèminasyon pou nou sipliye Jewova pou nou mande l pwoteksyon l ak lespri sen l. — 2 Kor. 12:8-10.

Nou resevwa pisans pou nou konbat fatig ak dekourajman

11, 12. a) Poukisa anpil moun santi yo dekouraje jodi a? b) Ki sa k ka ban nou fòs pou nou konbat dekourajman?

11 Antanke enpafè, detanzantan nou santi nou dekouraje. Gen plis rezon pou nou santi nou konsa jodi a paske n ap viv nan yon epòk ki stresan anpil. Petèt epòk n ap viv la se epòk ki pi difisil pase tout lòt epòk (2 Tim. 3:1-5). Tank Amagedòn ap pwoche, se tank pwoblèm ekonomik, pwoblèm afektif ak lòt pwoblèm ankò ap vin pi plis. Sa pa ta dwe etone nou si, de jou an jou, kèk moun twouve li vin pi difisil pou yo rive pran swen fanmi yo kòmsadwa. Yo santi yo fatige, yo gen twòp chay sou do yo, yo faya. Si se ka pa w, ki jan w ka fè fas ak presyon sa yo?

12 Sonje Jezi te pwomèt disip li yo l ap ba yo yon èd, anpalan de lespri sen Bondye. (Li Jan 14:16, 17.) Se fòs ki pi pisan ki gen nan linivè. Avèk fòs sa a, Jewova kapab ban nou “plis [pisans] lontan pase” sa nou bezwen pou nou andire nenpòt pwoblèm nou jwenn (Efe. 3:20). Selon apot Pòl, si nou konte sou fòs sa a Jewova ap ban nou an, n ap resevwa “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”, menm lè “nou nan eto tout jan”. (2 Kor. 4:7, 8.) Jewova pa pwomèt l ap anpeche nou gen strès, men li ban nou asirans l ap ban nou fòs pa mwayen lespri sen l pou nou konbat strès la. — Fil. 4:13.

13. a) Ki jan yon jèn te resevwa pisans pou l andire yon sitiyasyon difisil? b) Èske w konn lòt moun ki fè eksperyans konsa?

13 Ann pran egzanp Stephanie, yon pyonye pèmanan ki gen 19 an. Lè l te gen 12 an, li te fè yon stwok e doktè te wè li gen yon timè nan sèvo l. Li gentan fè de operasyon, li fè sa yo rele radyoterapi, e li fè de lòt stwok ankò, sa ki fè l pa ka fè anpil mouvman ak bò goch li e ki fè li pa wè byen ankò. Stephanie oblije repoze ase pou l ka gen fòs pou bagay li konsidere ki pi enpòtan yo tankou reyinyon yo ak travay predikasyon an. Malgre sa, li santi Jewova ba l fòs divès fason pou l andire. Eksperyans lòt kretyen ki parèt nan piblikasyon ki baze sou Bib la rekonfòte l lè l dekouraje. Frè ak sè yo soutni l anpil ak lèt yo voye ba li e ak bon ti pawòl ankourajan yo di l ni anvan reyinyon yo ni apre. Gen moun tou ki enterese nan laverite ki ale kay Stephanie pou yo resevwa enstriksyon biblik nan men l paske yo apresye ansèyman l ap ba yo a. Pou tout rezon sa yo, Stephanie gen Jewova rekonesans. Vèsè Labib li pi renmen an se Sòm 41:3. Li panse vèsè sa a akonpli nan ka pa l.

14. Ki sa nou pa dwe fè lè nou fatige oswa lè nou anba presyon, e poukisa?

14 Lè nou fatige oswa lè nou anba presyon, nou pa dwe janm panse pi bon fason pou nou jere strès la se diminye nan aktivite espirityèl yo. Se pi move bagay nou ta ka fè. Sa k fè sa? Paske se pa mwayen aktivite tankou etid pèsonèl, etid an fanmi, travay predikasyon an ak asistans reyinyon yo nou resevwa lespri sen ki reban nou fòs. Aktivite nou genyen antanke kretyen yo toujou ankourajan. (Li Matye 11:28, 29.) Souvan, gen frè ak sè ki rive nan reyinyon yo tou dekouraje, men, lè lè a rive pou y al lakay yo se kòmsi yo vin gen enèji ankò!

15. a) Èske Jewova pwomèt kretyen yo yon lavi fasil? Baze repons lan sou Bib la. b) Ki sa Bondye pwomèt nou, e ki kesyon sa fè nou poze?

15 Byennantandi, sa pa vle di chay kretyen yo ap pote a pa gen pwa ditou. Sa mande efò pou yon moun vin yon kretyen fidèl (Mat. 16:24-26; Lik 13:24). Sepandan, Jewova kapab bay moun ki fatige a fòs pa mwayen lespri sen. Men sa pwofèt Izayi te ekri: “Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y’ap pran zèl pou yo leve ale. Y’ap kouri san yo p’ap janm bouke. Y’ap mache, yo p’ap janm febli.” ​(Iza. 40:29-31). Piske vèsè a montre Jewova ban nou fòs, si nou santi aktivite nou antanke kretyen vin twò lou pou nou, l ap bon anpil pou nou mande tèt nou ki sa k fè sa.

16. Ki sa nou ka fè pou nou elimine tout sa ki ka fè nou fatige oswa ki ka fè n dekouraje?

16 Pawòl Jewova a ankouraje nou “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”. (Fil. 1:10.) Anba enspirasyon lespri sen, apot Pòl te konpare lavi yon kretyen ak yon kous apye sou yon distans ki long. Men konsèy li te bay: “Annou voye tout pwa lou jete [...]. Epi annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans.” ​(Ebre 12:1). Sa l te vle di sèke nou dwe abandone tout aktivite ki pa enpòtan oswa evite mete chay lou sou do nou san nesesite, bagay k ap fatige nou. Petèt kèk nan nou ap eseye fè twòp bagay alafwa malgre tout okipasyon nou deja genyen. Donk, si w wè ou toujou fatige e w santi w toujou strese, li ta bon pou w egzamine ki valè tan ak enèji ou bay travay ou, konbyen fwa ou vwayaje jis pou bon plezi w, e jis nan ki pwen ou lage kò w nan fè spò oswa nan lòt fòm detant. Si nou bat pou nou rezonab e pou nou modès, sa ap pèmèt nou rekonèt limit nou epi chèche gen mwens aktivite ki pa nesesè.

17. Sa k ka lakòz kèk moun dekouraje, men ki garanti Jewova bay?

17 Sa ka rive tou, kèk nan nou santi nou yon ti jan dekouraje paske nou pa t panse fen sistèm nan t ap pran tout tan sa a anvan l rive (Pwo. 13:12). Nenpòt moun ki santi l konsa kapab jwenn ankourajman nan pawòl ki nan Abakouk 2:3 yo. Men sa l di: “Ekri l paske se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive. Men, li p’ap pran lontan ankò pou l rive. Li gen pou l rive vre. Si li pran reta pou l rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a.” Jewova ban nou garanti fen sistèm nan ap vini lè pou l vini an!

18. a) Ki pwomès ki ba w fòs? b) Ki jan atik ki vin apre a ap pwofitab pou nou?

18 Vrèmanvre, tout sèvitè fidèl Jewova yo ap tann ak anpil enpasyans jou kote fatig ak dekourajman pap la ankò, lè tout moun ap vin “fre tankou lè [yo] te jenn”. (Jòb 33:25.) Depi kounye a, moun nou ye pa anndan an kapab gen pisans grasa lespri sen pandan n ap patisipe nan aktivite espirityèl yo ki ban nou fòs (2 Kor. 4:16; Efe. 3:16). Pa kite fatig fè w pèdi benediksyon etènèl k ap tann ou yo. Tout eprèv nou rankontre, kit se akoz tantasyon, kit se akoz fatig oswa dekourajman, pral disparèt. Si yo pa disparèt kounye a, y ap disparèt nan monn nouvo Bondye a. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki jan lespri sen bay kretyen yo fòs pou yo andire pèsekisyon, pou yo reziste kont presyon lòt moun fè sou yo, e pou yo andire yon pakèt lòt eprèv.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan lekti Labib ban nou pisans?

• Ki jan lapriyè ak meditasyon ban nou pisans?

• Ki jan ou ka evite bagay ki ka lakòz ou dekouraje?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Reyinyon nou yo ka ban nou fòs nan domèn espirityèl.