Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Respekte maryaj ki se yon kado Bondye bay

Respekte maryaj ki se yon kado Bondye bay

Respekte maryaj ki se yon kado Bondye bay

“Se poutèt sa yon gason ap kite papa l ak manman l, e li dwe atache ak madanm li e yo dwe vin yon sèl chè.” — JEN. 2:24, NW.

1. Ki sa k fè Jewova merite pou nou respekte l?

JEWOVA DYE merite pou nou respekte l antanke Moun ki vin ak maryaj la. Piske li se Kreyatè nou, Souvren nou, e li se Papa nou ki nan syèl la, se nòmal pou Labib pale de li kòm Moun ki ban nou “tout bèl don ak tout kado pafè” a (Jak 1:17; Rev. 4:11). Se yon fason li montre gwo lanmou li gen pou nou (1 Jan 4:8). Tout sa li anseye nou, tout sa li mande nou fè, tout sa li ban nou se pou byen nou. — Iza. 48:17.

2. Ki enstriksyon Jewova te bay premye koup marye a?

2 Labib pale de maryaj kòm youn nan “bèl” kado Bondye bay yo (Rit 1:9; 2:12). Lè Jewova te fè premye maryaj la, li te bay Adan ak Èv yon seri enstriksyon byen presi pou yo ka reyisi maryaj yo. (Li Matye 19:4-6.) Si yo te suiv direksyon Bondye te ba yo a, yo t ap gen kè kontan pou toutan. Men, kòm de moun ki pèdi bonsans yo, yo pa t suiv kòmandman Bondye a e yo te peye sa chè. — Jen. 3:6-13, 16-19, 23.

3, 4. a) Ki jan anpil moun jodi a derespekte ni maryaj ni Jewova Dye? b) Ki egzanp nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Jodi a, menm jan ak Adan ak Èv, anpil moun k ap pran desizyon nan maryaj yo pa demontre respè pou direksyon Jewova bay. Gen kèk moun ki rejte maryaj nèt, e gen lòt menm ki tòde premye sans mo maryaj la genyen pou yo satisfè pwòp dezi egoyis yo (Wom. 1:24-32; 2 Tim. 3:1-5). Yo pa konsidere maryaj kòm yon kado Bondye bay, konsa yo derespekte kado sa a, e yo derespekte Jewova Dye tou, Moun ki bay kado a.

4 Pafwa, menm pami moun k ap sèvi Bondye yo gen kèk ki konn bliye pwennvi Jewova sou maryaj. Gen kèk kretyen ki marye ki konn deside separe oswa ki divòse san yo pa gen okenn rezon biblik pou yo fè sa. Kòman nou ka evite sa? Kòman enstriksyon Bondye bay nou jwenn nan Jenèz 2:24 la kapab ede kretyen ki marye yo pou yo fè maryaj yo vin pi solid? E ki jan moun ki anvizaje marye yo kapab prepare yo pou sa? Annou egzamine twa maryaj nan tan biblik yo ki te reyisi k ap montre nou nan ki pwen li esansyèl pou de moun marye yo respekte Jewova pou maryaj yo dire.

Fè efò pou w fidèl e pou w rete fidèl

5, 6. Ki sitiyasyon petèt ki te mete Zekarya ak Elizabèt aleprèv, e kòman Bondye te beni yo pou fidelite yo?

5 Zekarya ak Elizabèt te pran bon desizyon e yo te fidèl, anfèt yo te fè tout sa yo te dwe fè pou maryaj yo reyisi. Se te de moun ki espirityèl ki te marye ansanm. Zekarya te fidèl nan responsablite l te genyen antanke prèt, e yo toule de te fè tout posib yo pou yo obeyi Lwa Bondye a. Se sèten, yo te gen anpil rezon pou yo gen Bondye rekonesans. Poutan, si w t al lakay yo nan Jida, sa pa t ap pran w lontan pou w rann ou kont koup la te manke yon bagay. Yo pa t gen pitit. Elizabèt pa t ka fè pitit, e yo toule de te gen bon ti laj. — Lik 1:5-7.

6 Nan tan lontan, fè pitit se te yon gwo bagay ann Izrayèl, e souvan moun yo te konn fè anpil pitit (1 Sam. 1:2, 6, 10; Sòm 128:3, 4). Nan epòk sa a, yon gason izrayelit te ka pote madanm li yon kou trèt lè l divòse avè l poutèt madanm nan pa ka fè pitit. Men, Zekarya te rete fidèl ak Elizabèt. Ni li menm ni madanm li pa t chwazi kraze maryaj yo. Byenke yo te tris paske yo pa t gen timoun, yo te kontinye sèvi Jewova ansanm avèk fidelite. Avèk letan, Jewova te fè yon mirak pou yo te fè pitit pandan yo granmoun, sa ki te yon gwo benediksyon. — Lik 1:8-14.

7. Ki lòt fason Elizabèt te demontre li fidèl ak mari l?

7 Elizabèt te demontre li fidèl nan yon lòt sans, e li merite felisitasyon pou sa. Lè Jan, pitit gason l lan te fèt, Zekarya pa t ka pale paske zanj Bondye a te fè l bèbè akoz li te gen dout sou sa zanj lan te di a. Men, siman Zekarya te fè yon jan pou l fè madanm li konnen zanj Jewova a te di l pou yo rele pitit la “Jan”. Vwazen yo ak fanmi yo te vle bay pitit la non papa l. Men, Elizabèt te montre li fidèl lè l te suiv direksyon mari l te ba li. Li te di: “Non. Se Jan l ap rele.” — Lik 1:59-63.

8, 9. a) Ki jan fidelite fè yon maryaj vin pi solid? b) Bay kèk fason pratik yon mari ak madanm li kapab demontre yo fidèl youn ak lòt.

8 Menm jan ak Zekarya ak Elizabèt, jodi a, moun marye yo konn ap tann yon seri bagay ki pa reyalize e anmenmtan yo jwenn lòt difikilte. Men, si moun marye yo pa fidèl youn ak lòt, maryaj la pap mache byen. Flète ak lòt moun, gade pònografi, fè adiltè ak lòt bagay ki ka kraze yon bon maryaj kapab detwi konfyans ki genyen ant konjwen yo nèt. E lè pa gen konfyans nan yon maryaj ankò, lanmou an ap kòmanse diminye. Nan yon sans, fidelite tankou yon kloti ki toutotou yon kay ki plizoumwen pwoteje yon fanmi kont move moun ak danje. Kidonk, lè yon mari ak yon madanm fidèl youn ak lòt, y ap santi yo an sekirite youn ak lòt e youn ap kapab ouvè kè l bay lòt la, sa k ap pèmèt lanmou yo grandi youn pou lòt. Wi, fidelite se yon bagay ki esansyèl.

9 Jewova te di Adan: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, e li dwe atache ak madanm li.” ​(Jen. 2:24, NW). Ki sa sa vle di? Apre de moun fin marye, yo dwe fè chanjman nan relasyon yo genyen ak zanmi yo e ak manm fanmi yo. Moun marye yo dwe bay youn lòt kantite tan ak atansyon youn dwe lòt. Yo pa ka kite zanmi yo oswa fanmi yo pran tout tan yo ankò e pou yo neglije nouvo fanmi yo fòme a. Nitou, yo pa dwe kite paran yo mele nan desizyon y ap pran nan fanmi an oswa nan ti dezakò yo genyen youn ak lòt. Kounye a, de moun marye yo dwe atache youn ak lòt. Se sa Bondye mande.

10. Ki sa k ap ede de moun ki marye pou yo fidèl?

10 Fidelite pote byenfè menm nan kay kote de moun yo pa gen menm kwayans. Men sa yon sè ki gen yon mari enkwayan di: “Mwen gen Jewova rekonesans anpil paske li anseye m fason pou m soumèt devan mari m e pou m gen yon gwo respè pou li. Lefètke mwen fidèl, sa fè nou gen 47 ane depi youn renmen lòt e youn respekte lòt.” ​(1 Kor. 7:10, 11; 1 Pyè 3:1, 2). Kidonk, fè efò pou w fè mari w oswa madanm ou santi l an sekirite nan maryaj la. Chèche diferan fason, kit se an pawòl kit se nan aksyon, pou w ba l asirans li se moun ki pi enpòtan pou ou sou latè. Toutotan sa depann de ou, pa kite anyen ni pèsonn antre ant ou menm ak moun ou marye avè l la. (Li Pwovèb 5:15-20.) Men sa Ron ak Jeannette, ki gen plis pase 35 an depi yo marye e k ap viv ak kè kontan, di: “Lefètke nou fè sa Bondye mande nou fè yon fason ki fidèl, nou gen kè kontan nan maryaj nou e maryaj nou reyisi.”

Tèt ansanm ap fè maryaj la vin pi solid

11, 12. Ki jan Akila ak Prisil te kowopere youn ak lòt a) lakay yo, b) nan travay yo, e c) nan ministè a?

11 Lè apot Pòl te konn pale de Akila ak Prisil, de bon zanmi l, li pa t janm pale de youn san l pa t pale de lòt la. Koup sa a, ki te gen tèt ansanm, se yon bon egzanp ki montre sa Bondye te vle di lè l te di yon mari ak yon madanm dwe vin “yon sèl chè”. (Jen. 2:24, NW.) Yo te toujou travay ansanm lakay yo, nan travay yo, e nan ministè a. Pa egzanp, premye fwa Pòl rive Korent, Akila ak Prisil te envite l rete lakay yo, e sanble annapre, se la li te rete pou yon ti tan pou aktivite l. Apre sa, nan Efèz, yo te bay kay yo pou fè reyinyon kongregasyon an e yo te travay ansanm pou yo ede nouvo yo grandi nan domèn espirityèl, menm jan yo te fè pou Apolòs (Tra. 18:2, 18-26). Koup zele sa a te al Wòm e yo te bay kay yo ankò pou fè reyinyon kongregasyon an. Annapre, yo te tounen Efèz, e yo te fòtifye frè yo. — Wom. 16:3-5.

12 Pandan yon tan, Akila ak Prisil te travay tou nan fè tant avèk Pòl, paske yo toule twa te gen menm metye. Fwa sa a ankò, yo te travay ansanm san pwoblèm, san yo pa fè konpetisyon youn ak lòt (Tra. 18:3). Siman se moman yo te pase ansanm nan aktivite yo antanke kretyen ki te fè maryaj yo rete nan yon wo nivo espirityèl. Kit se te nan Korent, nan Efèz oswa nan Wòm, anpil moun te vin konnen yo kòm “konpayon travay [...] nan Kris Jezi”. (Wom. 16:3.) Yo te travay kòtakòt pou yo fè travay predikasyon an avanse kèlkeswa kote yo te ye.

13, 14. a) Ki sitiyasyon ki ka anpeche gen tèt ansanm nan yon maryaj? b) Bay kèk bagay de moun ki marye ka fè antanke “yon sèl chè” pou yo fè relasyon yo vin pi solid.

13 Toutbonvre, lè de moun marye gen menm objektif e yo fè menm aktivite, sa fè maryaj yo vin pi solid (Ekl. 4:9, 10). Malerezman, jodi a gen anpil koup ki pa pase anpil tan ansanm. Yo chak pase anpil tan nan travay pa yo. Gen lòt ki oblije vwayaje souvan akoz travay yo oswa ki pati al viv nan yon lòt peyi poukont yo pou yo travay epi voye kòb bay fanmi yo. Menm lè toude moun yo ap viv nan menm kay, chak moun konn sou bò pa l ap gade televizyon, ap pran detant, ap fè spò, ap jwe jwèt videyo oswa ap navige sou Entènèt. Èske se konsa sa ye lakay ou? Si se sa, èske nou pa ta ka fè yon fason pou nou pase plis tan ansanm? Èske nou pa ta ka fè kèk aktivite ansanm chak jou tankou fè manje, lave asyèt, oswa fè travay nan lakou a? Èske nou ka okipe timoun yo oswa pran swen paran nou ki aje ansanm?

14 Sa k pi enpòtan an, se pou nou pase tan ansanm regilyèman nan aktivite ki gen rapò ak adorasyon n ap bay Jewova a. Lè nou pale sou tèks pou jounen an e lè nou patisipe nan adorasyon an fanmi an, se de bon okazyon nou genyen pou nou panse menm jan nan fanmi an e pou nou gen menm objektif. Epitou, patisipe nan ministè a ansanm. Si sa posib, eseye pran sèvis pyonye ansanm, menmsi se sèlman pou yon mwa oswa pou yon ane sitiyasyon nou pèmèt nou fè sa. (Li 1 Korentyen 15:58.) Men sa yon sè ki te pyonye ansanm ak mari l di: “Travay predikasyon an se youn nan bagay ki te pèmèt nou pase plis tan ansanm e ki te pèmèt nou gen bonjan kominikasyon. Etandone nou toule de te gen objektif pou nou ede lòt moun nan domèn espirityèl, sa te fè m santi nou te fòme yon vrè ekip. Mwen te santi m vin pi pwòch li, ni antanke mari ni antanke bon zanmi.” Tank w ap fè bonjan aktivite ansanm ak konjwen w, se tank bagay ou enterese ladan yo, priyorite w, ak abitid ou ap pi mache ak pa konjwen w yo jiskaske, ofiramezi, n ap vin panse epi n ap aji pi plis tankou “yon sèl chè” menm jan ak Akila ak Prisil.

Suiv direksyon Bondye bay

15. Ki sekrè pou yon maryaj reyisi? Esplike.

15 Jezi te konnen enpòtans sa genyen pou nou suiv direksyon Bondye bay nan maryaj nou. Li te wè lè Jewova te fè premye maryaj la. Li te wè ki jan Adan ak Èv te kontan lè yo te suiv direksyon Bondye te ba yo, e li te wè tou ki kalite pwoblèm yo te vin genyen lè yo te sispann fè sa. Se sa k fè, lè Jezi t ap anseye lòt moun, li te repete enstriksyon Papa l te bay ki parèt nan Jenèz 2:24 la. Li te ajoute ide sa a tou: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” ​(Mat. 19:6). Kidonk, jiska prezan, gwo respè pou Jewova se sekrè pou yon maryaj reyisi. Nan sans sa a, paran Jezi te genyen pandan l sou tè a, anpalan de Jozèf ak Mari, bay yon trè bèl egzanp.

16. Kòman Jozèf ak Mari te demontre yo se moun espirityèl nan fason yo te viv antanke fanmi?

16 Jozèf te janti avèk Mari e li te respekte l. Lè l te aprann Mari ansent, li te deside aji avè l avèk mizèrikòd, alòske zanj Bondye a potko menm esplike l kòman Mari te fè ansent (Mat. 1:18-20). Lè yo te fin marye, yo te obeyi dekrè Seza a e yo te obeyi lwa Moyiz la byen tou (Lik 2:1-5, 21, 22). Byenke se sèlman gason yo ki te oblije ale nan gwo fèt ki te konn gen Jerizalèm yo ki te gen rapò ak vrè adorasyon an, Jozèf ak Mari te konn ale chak ane, ansanm ak rès moun nan fanmi yo (Det. 16:16; Lik 2:41). Nan fason sa yo ak nan lòt ankò, de moun sa yo ki te gen lakrentif pou Jewova te fè tout sa yo kapab pou yo fè l plezi e yo te demontre yon gwo respè pou bagay espirityèl. Nou pa sezi pou nou wè se yo menm Jewova te chwazi pou pran swen Jezi, Pitit li a, pandan premye pati nan lavi l sou tè a.

17, 18. a) Ki jan yon koup kapab suiv direksyon Bondye nan fanmi an? b) Ki avantaj y ap jwenn nan sa?

17 Èske w suiv direksyon Bondye menm jan an nan fanmi w? Pa egzanp, lè w gen desizyon enpòtan pou w pran, èske premye bagay ou fè se chèche prensip biblik ki gen rapò ak desizyon an? Èske w priye sou sa, e èske w chèche konsèy nan men yon kretyen ki gen matirite? Oswa èske w gen tandans rezoud pwoblèm yo fason pa w oswa fason fanmi w ak zanmi w ta renmen w fè sa? Èske w fè tout efò w pou w aplike tout konsèy pratik esklav fidèl ki prevwayan an bay sou lavi fanmi? Oswa, èske w remake se moun nan zòn ou an w ap imite, oswa se tandans ki gen nan monn nan w ap suiv? Èske nou priye ansanm regilyèman e nou etidye ansanm? Èske nou fikse objektif espirityèl, e èske nou pale sou sa ki gen priyorite pou fanmi an?

18 Men sa Ray di de 50 bèl ane maryaj li genyen yo: “Nou pa t janm gen yon pwoblèm nou pa t rive rezoud, paske Jewova te toujou fè pati ‘kòd twa branch’ ​(NW) nou an.” ​(Li Eklezyas 4:12.) Danny ak Trina dakò avèk Ray. Men sa yo di: “Maryaj nou vin pi solid tank n ap sèvi Bondye ansanm.” Sa fè plis pase 34 an yo marye e yo gen kè kontan nan maryaj yo. Si nou toujou bay Jewova premye plas nan maryaj nou, l ap ede nou reyisi e l ap beni nou anpil. — Sòm 127:1.

Kontinye respekte kado Bondye bay la

19. Poukisa Bondye te bay maryaj kòm kado?

19 Pou anpil moun jodi a, sèl bagay ki gen enpòtans pou yo se bonè pa yo. Men, sèvitè Jewova yo pa wè bagay yo menm jan an. Yo konnen Bondye te bay maryaj kòm kado pou l ka atenn objektif li genyen (Jen. 1:26-28). Si Adan ak Èv te respekte kado sa a, tout tè a t ap yon paradi ki chaje ak moun ki jis k ap sèvi Bondye ak kè kontan.

20, 21. a) Poukisa nou dwe konsidere maryaj kòm yon bagay ki sakre? b) De ki kado nou pral pale semèn pwochèn?

20 Avantou, sèvitè Bondye yo konsidere maryaj kòm yon posiblite pou yo bay Jewova glwa. (Li 1 Korentyen 10:31.) Jan nou te wè sa, lè konjwen yo fidèl, yo gen tèt ansanm e yo suiv direksyon Bondye bay, sa fè maryaj yo vin pi solid. Kidonk, kit se prepare n ap prepare nou pou nou marye, kit se solid nou vle fè maryaj nou vin pi solid, oswa nou vle anpeche l kraze, sa ki pi enpòtan se pou nou konsidere maryaj pou sa l ye a: yon aranjman Bondye vin avè l ki sakre. Si nou sonje verite sa a, sa ap pouse nou fè tout sa nou kapab pou nou pran desizyon nan maryaj nou ki baze sou Pawòl Bondye a. Lè nou fè sa, nou demontre nou respekte maryaj, ki se yon kado, men tou, nou demontre nou respekte Moun ki bay kado sa a, Jewova Dye.

21 Natirèlman, se pa maryaj sèlman Jewova ban nou kòm kado. Nitou se pa sèl fason pou yon moun jwenn kè kontan nan lavi a. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale de yon lòt bèl kado Bondye bay, anpalan de seliba.

Ki repons nou ta bay?

• Lè kretyen ki marye yo fidèl, ki enfliyans sa ka gen sou maryaj yo?

• Ki sa k fè maryaj kretyen yo ap vin pi solid lè yo fè kèk aktivite ansanm?

• Bay kèk fason moun ki marye yo kapab suiv direksyon Bondye bay.

• Ki jan nou ka demontre respè pou Jewova, Moun ki vin ak maryaj la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Lè moun ki marye yo travay ansanm, sa ede yo gen tèt ansanm.