Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w rayi sa lalwa kondane?

Èske w rayi sa lalwa kondane?

Èske w rayi sa lalwa kondane?

“Ou [Jezi] te rayi sa lalwa kondane.” — EBRE 1:9.

1. Ki sa Jezi te anseye sou lanmou?

POU Jezi Kris te ka montre jan lanmou enpòtan, men sa l te di disip li yo: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” ​(Jan 13:34, 35). Jezi te bay disip li yo lòd pou youn renmen lòt nan pwen pou youn dispoze fè sakrifis pou lòt. Se grasa lanmou sa a lòt moun t ap rive idantifye disip Jezi yo. Jezi te bay disip li yo lòd sa a tou: “Kontinye renmen ènmi nou, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” — Mat. 5:44.

2. Ki bagay disip Kris yo dwe aprann rayi?

2 Nonsèlman Jezi te anseye disip li yo sou lanmou, men li te anseye yo tou ki bagay yo dwe rayi. Men sa Labib di sou Jezi: “Ou te renmen sa ki jis e ou te rayi sa lalwa kondane [mechanste].” ​(Ebre 1:9; Sòm 45:7). Sa montre nonsèlman nou bezwen renmen sa ki jis, men tou nou dwe rayi peche oswa sa lalwa kondane. Gade ki pawòl enteresan apot Jan te di byen klè: “Yon moun k ap pratike peche, se bagay lalwa kondane l ap pratike tou. Kidonk, peche se bagay lalwa kondane.” — 1 Jan 3:4.

3. Nan kesyon rayi sa lalwa kondane a, ki kat domèn nan lavi nou atik sa a pral pale sou yo?

3 Donk, antanke kretyen, li ta bon pou nou poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske m rayi sa lalwa kondane?’ Annou wè ki jan nou kapab montre nou rayi sa ki mal nan kat domèn nou pral site la yo: 1) bwè depase limit, 2) pratik ki gen rapò ak movèzespri, 3) imoralite e 4) sa lalwa kondane.

Kenbe bwason ki gen alkòl nan plas yo

4. Poukisa Jezi te alèz pou l bay konsèy pou moun pa bwè depase limit?

4 Nan kèk okazyon, Jezi te konn bwè diven, sa ki montre li te konnen diven se yon kado Bondye fè lòm (Sòm 104:14, 15). Men, Jezi pa t janm mal sèvi ak kado sa a kòmkwa pou l ta lage kò l nan bwè depase limit (Pwo. 23:29-33). Se sa k fè, Jezi te alèz pou l bay moun konsèy sou kesyon bwè depase limit la. (Li Lik 21:34.) Lè yon moun bwè depase limit, sa ka mennen l fè lòt peche grav. Gade ki sa apot Pòl te ekri sou sa: “Pa soule tèt nou ak bwason ki gen alkòl, sa mennen nan debòch, men kontinye ranpli nou ak lespri.” ​(Efe. 5:18). Li te bay granmoun fi nan kongregasyon an konsèy tou pou yo pa “esklav anpil bwason ki gen alkòl”. — Tit 2:3.

5. Ki kesyon moun ki chwazi bwè bwason ki gen alkòl ta kapab poze tèt yo?

5 Si w chwazi bwè bwason ki gen alkòl, ou ta dwe poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske m wè kesyon bwè depase limit la jan Jezi te wè l la? Si mwen dwe bay lòt moun konsèy sou sa, èske m alèz pou m pale paske konsyans mwen klè nan domèn sa a? Èske mwen bwè pou m ka bliye pwoblèm oswa pou m bese nivo strès mwen? Ki kantite bwason ki gen alkòl mwen bwè chak semèn? Ki jan m reyaji lè yo fè m santi mwen genlè bwè twòp? Èske lè sa a mwen defann tèt mwen oubyen mwen vin gen rankin kont moun sa a?’ Lè nou vin esklav anpil bwason ki gen alkòl, sa ka afekte kapasite nou genyen pou nou rezone kòrèkteman e pou n pran bonjan desizyon. Disip Kris yo fè anpil efò pou yo pwoteje kapasite yo genyen pou yo reflechi. — Pwo. 3:21, 22.

Kouri pou pratik ki gen rapò ak movèzespri

6, 7. a) Ki jan Jezi te trete Satan ak demon yo? b) Jodi a, poukisa pratik ki gen rapò ak movèzespri yo gaye nan monn nan konsa?

6 Pandan Jezi te sou tè a, li te fèm nan fason li te opoze ni ak Satan ni ak demon yo. Li te rejte atak dirèk Satan te fè kont li pou fè l pa rete fidèl anvè Jewova (Lik 4:1-13). Li te idantifye manèv anba anba Satan te fè pou l te ka enfliyanse panse l ak aksyon l e li te reziste kont manèv sa yo (Mat. 16:21-23). Jezi te retire demon ki san pitye sou moun ki te merite pou l fè sa pou yo. — Mak 5:2, 8, 12-15; 9:20, 25-27.

7 Apre Jezi te fin Wa nan syèl la an 1914, li te pimpe Satan ak demon yo deyò nan syèl la. Konsa, li te delivre syèl la anba move enfliyans yo. Se sa k fè, jodi a Satan pi detèmine pou l “twonpe lemonnantye”. (Rev. 12:9, 10.) Donk, sa pa ta dwe fè nou sezi si nou wè moun tout kote renmen pratik ki gen rapò ak movèzespri e si nou wè tank tan ap pase gen plis moun toujou ki enterese nan pratik sa yo. Ki sa nou ka fè pou nou pwoteje tèt nou?

8. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou lè n ap chwazi divètisman?

8 Bib la bay avètisman ki byen klè sou danje ki genyen lè yon moun tonbe nan pratik ki gen rapò ak movèzespri yo. (Li Detewonòm 18:10-12.) Jodi a, Satan ak demon yo enfliyanse panse moun ak fim, liv ak jwèt videyo k ap fè pwopagann pou pratik ki gen rapò ak movèzespri. Se sa k fè, lè n ap chwazi divètisman, nou chak bezwen mande tèt nou: ‘Nan mwa ki sot pase yo, èske m te chwazi gade fim, pwogram nan televizyon, jwèt videyo, liv, oswa m te gade ti komik ki gen sèn ki gen maji ladan yo? Èske m konprann enpòtans pou m rejte enfliyans demon yo, oubyen èske m panse bagay sa yo pa ka fè m anyen? Èske m konn reflechi tou sou ki jan Jewova wè kalite divètisman mwen chwazi yo? Si m deja kite demon yo gen enfliyans sou mwen, èske lanmou mwen gen pou Jewova e pou prensip li yo ki jis ap pouse m pran bonjan dispozisyon pou m soti anba move enfliyans sa yo?’ — Tra. 19:19, 20.

Koute avètisman Jezi bay sou imoralite

9. Ki jan yon moun ka devlope lanmou pou sa lalwa kondane?

9 Jezi te soutni prensip Jewova bay yo sou imoralite seksyèl. Men sa l te di: “Èske nou pa t li sila a ki te kreye yo depi nan kòmansman an te fè yo gason ak fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’? Konsa, yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” ​(Mat. 19:4-6). Jezi te konnen sa nou wè ak je nou kapab enfliyanse kè nou. Se sa k fè, nan sèmon sou montay la, men sa l te di: “Nou tande yo te di: ‘Ou pa dwe fè adiltè.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” ​(Mat. 5:27, 28). Moun ki pa koute avètisman Jezi yo nan domèn moral, an reyalite se lanmou pou sa lalwa kondane y ap devlope lakay yo.

10. Rakonte yon eksperyans ki montre yon moun ka sispann gade pònografi.

10 Satan sèvi ak pònografi pou l fè pwopagann pou imoralite seksyèl. Monn n ap viv ladan l lan chaje ak pònografi. Moun ki lage kò yo nan gade pònografi rann yo kont li difisil pou yo efase sèn imoral yo nan lespri yo. Yo ka menm vin esklav pònografi. Ann wè sa k te rive yon kretyen. Men sa l di: “Mwen te konn gade pònografi an kachèt. Mwen te kreye yon monn ki pa reyèl nan tèt mwen e m te panse sa pa t gen anyen pou wè ak sèvis mwen t ap bay Jewova a. Mwen te konnen li pa bon pou m gade pònografi, men mwen te konvenk tèt mwen kòmkwa Jewova t ap kontinye aksepte sèvis m ap ba li a kanmenm.” Ki sa ki te chanje fason frè sa a te wè bagay yo? Li di: “Byenke se bagay ki te pi difisil pou m te fè, mwen te deside al pale ak ansyen yo sou pwoblèm mwen an.” Alafen, frè sa a te vin libere anba abitid sal sa a. Men sa li te admèt: “Apre m te fin derasinen peche sa a nan lavi m nèt, lavi m te vin pwòp e anfen mwen te vin gen yon konsyans ki vrèman klè.” Moun ki rayi sa lalwa kondane dwe aprann rayi pònografi.

11, 12. Ki jan nou ka montre nou rayi sa lalwa kondane nan mizik nou chwazi koute yo?

11 Mizik n ap koute yo ak pawòl ki ladan yo ka gen gwo enfliyans sou santiman nou ak kè senbolik nou. Mizik se yon kado Bondye fè nou e depi lontan mizik jwe yon bèl wòl nan vrè adorasyon an (Egz. 15:20, 21; Efe. 5:19). Men, monn Satan ap domine a ki mechan fè pwopagann pou mizik ki ankouraje imoralite (1 Jan 5:19). Ki jan w ka rive konnen si wi ou non mizik w ap koute yo ap kòwonp ou?

12 Ou ta ka kòmanse poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske mizik m ap koute yo ankouraje zak asasinay, adiltè, fònikasyon ak vye pawòl ki ankouraje moun pale Bondye ak lòt moun mal? Si m ta li pawòl ki nan kèk nan mizik sa yo pou yon moun, èske moun sa a t ap gen enpresyon mwen rayi sa lalwa kondane, oubyen èske pawòl sa yo t ap montre kè m fin sal nèt?’ Nou pa kapab ap di nou rayi sa lalwa kondane e pou n ap koute mizik k ap ankouraje bagay sa yo. Men sa Jezi te di: “Sa ki sot nan bouch yon moun se nan kè l yo soti, e se bagay sa yo ki sal moun nan. Pa egzanp, bagay tankou move rezònman, zak asasinay, adiltè, fònikasyon, vòl, fo temwayaj, vye pawòl, se nan kè a yo soti.” — Mat. 15:18, 19; konpare ak Jak 3:10, 11.

Wè moun ki renmen sa lalwa kondane yo menm jan ak Jezi

13. Ki jan Jezi te wè moun ki te anrasinen nan pratike peche?

13 Jezi te di se moun k ap pratike peche, sa vle di ki renmen sa lalwa kondane, li vin ede repanti (Lik 5:30-32). Ki jan Jezi te wè moun ki te vin anrasinen nan pratike peche? Jezi te bay bonjan avètisman kont move enfliyans moun konsa ka gen sou lòt moun (Mat. 23:15, 23-26). Men sa li te di tou byen klè: “Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan wayòm syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l. Jou sa a [jou jijman Bondye a], anpil moun pral di m: ‘Seyè, Seyè, èske se pa nan non w nou te pwofetize? Èske se pa nan non w nou te chase demon? Èske se pa nan non w nou te fè anpil zèv pisans?’” Men, li pral rejte moun sa yo ki pa repanti e ki kontinye ap fè sa lalwa kondane. Li pral di yo: “Rale kò nou sou mwen.” ​(Mat. 7:21-23). Poukisa se yon jijman konsa moun sa yo pral resevwa? Se paske yo derespekte Bondye e yo lakòz lòt moun soufri akoz vye bagay lalwa kondane y ap fè yo.

14. Poukisa yo mete moun k ap pratike peche deyò nan kongregasyon an si yo pa repanti?

14 Bondye bay lòd nan pawòl li, Labib, pou yo mete tout moun k ap pratike peche deyò nan kongregasyon an si yo pa repanti. (Li 1 Korentyen 5:9-13.) Sa nesesè pou omwen twa rezon: 1) pou yo pa sal non Jewova, 2) pou yo pa gen move enfliyans sou lòt moun nan kongregasyon an, e 3) pou ede moun ki peche a repanti si sa posib.

15. Si nou vle rete fidèl devan Jewova, ki kesyon enpòtan nou dwe poze tèt nou?

15 Èske w dakò ak fason Jezi wè moun ki anrasinen nan fè bagay ki mal? Nou bezwen reflechi sou kesyon ki vin apre yo: ‘Èske m ap chwazi pase tan regilyèman ak yon moun ki eskominye oubyen ki te retire tèt li nan kongregasyon kretyen an volontèman? E si moun sa a se yon manm fanmi pwòch mwen men li pap viv nan menm kay avè m ankò?’ Yon sitiyasyon konsa kapab yon gwo eprèv pou lanmou nou gen pou sa ki jis ak fidelite nou devan Bondye *.

16, 17. Ki difikilte yon manman ki Temwen te rankontre, e ki sa ki te ede l soutni dispozisyon pou yo eskominye yon moun ki fè yon peche grav san l pa repanti?

16 Ann pran ka yon sè ki te gen yon pitit gason l ki te gen lanmou pou Jewova, men ki te chwazi pratike sa lalwa Bondye kondane lè l te vin gran san li pa repanti. Sa te vin lakòz yo eskominye l nan kongregasyon an. Sè nou an te renmen Jewova, men li te renmen pitit li a tou, e li te twouve sa difisil anpil pou l obeyi kòmandman Labib ki mande pou l koupe tout kontak ak pitit gason l lan.

17 Ki konsèy ou t ap bay sè sa a? Yon ansyen te ede l wè Jewova konprann soufrans li. Frè a te envite sè a reflechi sou ki kalite soufrans Jewova te dwe andire lè kèk nan zanj yo, ki te pitit li, te vire do ba li. Ansyen an te fè rezònman sa a avè l: Jewova konnen jan sa ka lakòz anpil soufrans, men se li ki mande pou yo eskominye moun ki peche e ki pa repanti a. Sè nou an te aksepte rapèl li te resevwa yo e li te montre li fidèl piske l te vin soutni dispozisyon pou yo eskominye moun nan *. Moun ki fidèl konsa fè kè Jewova kontan. — Pwo. 27:11.

18, 19. a) Lè nou koupe tout kontak ak yon moun k ap pratike sa lalwa kondane, ki sa sa montre nou rayi? b) Ki sa k ka rive lè nou montre nou fidèl anvè Bondye e anvè dispozisyon l pran?

18 Si w nan menm sitiyasyon ak manman sa a, tanpri, pa bliye Jewova konprann jan w santi w. Lè w koupe tout kontak ak moun ki eskominye a oswa ki retire tèt li volontèman nan kongregasyon an, se yon fason ou montre ou rayi atitid ak konduit ki te lakòz li pa nan kongregasyon an ankò a. Anmenmtan, ou montre se paske w renmen moun ki fè peche a ki fè w aji fason k ap pi bon pou li a. Lefètke w fidèl anvè Jewova, sa kapab fè l vin pi fasil pou moun ki jwenn disiplin nan repanti epi pou l retounen vin jwenn Jewova.

19 Men sa yon sè ki te eskominye e ki te vin reyentegre nan kongregasyon an te ekri: “Mwen kontan dèske Jewova renmen òganizasyon l lan e li asire l li rete pwòp. Sa ka parèt di pou moun ki pa fè pati òganizasyon Jewova a, men se yon bagay ki nesesè e ki vrèman montre Bondye gen lanmou pou pèp li a.” Èske w panse sè sa a t ap rive wè bagay yo konsa si manm kongregasyon an ak manm fanmi l te kenbe kontak avè l pandan l te eskominye a? Lè nou soutni dispozisyon biblik ki mande pou yo eskominye moun ki peche grav san yo pa repanti, sa montre nou renmen sa ki jis e nou rekonèt Jewova gen dwa pou l ban nou prensip pou gide nou.

“Rayi sa ki mal”

20, 21. Poukisa li enpòtan pou nou aprann rayi sa lalwa kondane?

20 Men avètisman apot Pyè te bay: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif.” Poukisa? Paske “Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore moun”. (1 Pyè 5:8.) Èske w ap kite lyon sa a devore w? Repons kesyon sa a depann anpil de efò ou fè pou w aprann rayi sa lalwa kondane.

21 Li pa fasil pou nou vin rayi sa ki mal paske nou fèt nan peche e n ap viv nan yon monn ki ankouraje nou suiv dezi lachè (1 Jan 2:15-17). Si nou imite Jezi e nou devlope yon lanmou pwofon pou Jewova Dye, n ap rive rayi sa lalwa kondane. Annou pran detèminasyon pou nou “rayi sa ki mal” toutpandan nou gen asirans Jewova ap ‘pwoteje pèp li a, e l ap delivre yo anba men mechan yo’. — Sòm 97:10.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade Toudegad 15 desanm 1981, paj 19-24 (fransè).

^ § 17 Gade Toudegad 15 janvye 2007 la tou, paj 17-20 (fransè).

Ki repons nou ta bay?

• Ki kesyon nou ka poze tèt nou k ap ede nou egzamine fason nou wè bwason ki gen alkòl?

• Ki sa nou ka fè pou n pwoteje tèt nou kont pratik ki gen rapò ak movèzespri yo?

• Poukisa gen danje nan gade pònografi?

• Ki jan nou ka montre nou rayi sa lalwa kondane lè yo eskominye yon moun nou renmen?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Si w chwazi bwè bwason ki gen alkòl, ki kesyon ou ta dwe poze tèt ou?

[Foto nan paj 30]

Fè atansyon pou n pa mete tèt nou anba enfliyans Satan ak divètisman n ap chwazi yo.

[Foto nan paj 31]

Si yon moun pran abitid gade pònografi, ki sa l ap aprann renmen?