Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w vrèman gen rekonesans pou benediksyon w jwenn yo?

Èske w vrèman gen rekonesans pou benediksyon w jwenn yo?

Èske w vrèman gen rekonesans pou benediksyon w jwenn yo?

APRE Jewova te fè gwo mirak pou l libere nasyon Izrayèl la anba esklavaj ann Ejip, okòmansman, Izrayelit yo te kontan paske yo te lib pou yo adore Jewova (Egz. 14:29–15:1, 20, 21). Sepandan, yon ti tan apre sa, yo pa t wè bagay yo menm jan ankò. Yo te kòmanse ap plenyen sou sò yo. Poukisa? Se paske yo te sispann konsantre yo sou sa Jewova te fè pou yo e yo te plis konsantre yo sou difikilte yo te jwenn nan dezè a. Men sa yo te di Moyiz: “Poukisa nou fè nou sòti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a [lamàn].” — Nonb 21:5.

Plizyè syèk annapre, David, yon wa nasyon Izrayèl tan lontan an, te chante pawòl sa yo: “Kanta pou mwen menm, se nan bonte plen lanmou ki lakay ou mwen mete konfyans mwen. Kite kè m rejwi nan delivrans ou bay la. M ap chante pou Jewova pou tout sa l fè pou mwen.” ​(Sòm 13:5, 6, NW). David pa t bliye ki jan Bondye te aji anvè l ak bonte ki plen lanmou. Okontrè, li te pran tan l pou l reflechi sou sa Bondye te fè pou li (Sòm 103:2). Jewova fè anpil bon bagay pou nou tou e n ap montre nou saj si nou pa pran tout sa l fè pou nou yo alalejè. Annou egzamine kèk nan benediksyon Bondye ban nou jodi a.

Jewova “zanmi” nou

Men sa salmis la te chante: “Senyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li.” ​(Sòm 25:14). Ala yon privilèj sa ye pou yon moun enpafè gen yon relasyon sere ak Jewova! Ki sa k t ap pase si nou ta vin tèlman okipe nan aktivite n ap mennen chak jou epi sa vin fè nou pase mwens tan ap priye? Fè yon ti reflechi sou ki enpak sa t ap genyen sou bon relasyon nou gen ak Jewova a. Antanke zanmi nou, Jewova vle nou fè l konfyans e pou nou louvri kè nou ba li lè n ap priye l. Li vle pou nou di l sa k fè nou pè, pou nou pale avè l sou dezi nou genyen ak bagay ki enkyete nou (Pwo. 3:5, 6; Fil. 4:6, 7). Donk, èske li pa enpòtan pou nou veye sou kalite priyè nou yo?

Te gen yon jèn Temwen ki rele Pòl ki t ap reflechi sou fason li priye e li te vin rann li kont li nesesè pou l amelyore kalite priyè li t ap fè yo *. Men sa l te di: “Mwen te gen abitid repete menm pawòl yo lè m ap priye Jewova.” Lè Pòl te fè rechèch sou sijè sa a nan Index des publications de la Société Watch Tower, li te aprann gen anviwon 180 priyè nan Bib la. Nan priyè sa yo, sèvitè Jewova nan tan lontan yo te louvri kè yo ba li pou yo te di l tout sa yo santi. Pòl te ajoute: “Lè m medite sou egzanp sa yo ki nan Bib la, mwen te aprann enpòtans pou m di Jewova egzakteman sa m santi. Sa te ede m louvri kè m ba li. Kounye a, se yon plezi pou m pwoche bò kote Jewova pou m priye l.”

“Manje nan bon moman”

Yon lòt benediksyon nou jwenn nan men Jewova se tout kantite verite nou aprann nan Pawòl li a. Tank n ap manje bonjan manje espirityèl sa yo Bondye ban nou, nou gen tout rezon pou nou “fè fèt tèlman [nou] kontan”. (Iza. 65:13, 14.) Men, nou dwe veye pou nou pa kite move enfliyans lakòz nou pèdi gou pou laverite. Pa egzanp, lè nou koute pwopagann aposta yo ap fè, sa ka bouche lespri nou epi fè nou pa wè valè “manje” espirityèl nou jwenn “nan bon moman” yo genyen, manje Jewova mete devan nou grasa “esklav fidèl ki prevwayan an”. — Mat. 24:45-47.

Andre, yon frè ki t ap sèvi Jewova pandan plizyè ane, te fè yon eksperyans ki terib paske li te kite panse aposta yo fè l kite laverite. Li te konprann si l te fè yon ti koudèy sèlman nan sit wèb aposta yo, sa pa t ap enfliyanse l. Men sa li di: “Okòmansman, sa k te atire m se te swadizan laverite aposta yo t ap pale de li a. Tank mwen t ap analize sa yo t ap di yo, se tank mwen te santi m gen rezon pou m kite òganizasyon Jewova a. Men annapre, kòm mwen te fè yon ti rechèch sou prèv aposta yo bay ki fè yo kont Temwen Jewova yo, mwen te vin rann mwen kont jis nan ki pwen fo anseyan sa yo gen riz lakay yo. Sa aposta yo rele prèv solid yo gen kont nou yo se yon seri enfòmasyon yo mal entèprete paske yo retire yo nan kontèks yo. Se sa k fè, mwen te deside rekòmanse li piblikasyon nou yo ankò e m te retounen al nan reyinyon ankò. Nan yon ti tan, mwen te vin wè tout sa m te pèdi.” Erezman, Andre te retounen nan kongregasyon an.

“Tout frè nou yo”

Tout frè nou yo ki sou tout kò tè a e ki gen lanmou ak inite nan mitan yo se yon benediksyon Jewova bay (Sòm 133:1). Apot Pyè te gen rezon pou l te ekri: “Renmen tout frè nou yo.” ​(1 Pyè 2:17). Piske nou nan gwo fanmi kretyen entènasyonal sa a, nou benefisye bonte yon pakèt papa, manman, frè ak sè ki nan chemen laverite a avèk nou e k ap ede nou. — Mak 10:29, 30.

Malgre sa, gen yon pakèt sikonstans ki ka kreye pwoblèm nan relasyon nou genyen ak frè ak sè nou yo. Pa egzanp, li fasil pou nou santi nou about ak yon moun akoz enpèfeksyon l jiskaske nou tonbe ap kritike moun nan. Si sa ta rive, èske li pa ta bon pou nou sonje Jewova renmen tout sèvitè l yo malgre yo enpafè? Mete sou sa, “si nou deklare: ‘Nou san peche’, se tèt nou n ap twonpe, e laverite pa nan nou”. (1 Jan 1:8.) Èske nou pa ta dwe fè tout efò nou pou nou youn “kontinye sipòte lòt e [...] pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou”? — Kol. 3:13.

Te gen yon jèn fi ki rele Ann ki te fè yon move eksperyans, e sa te fè l wè enpòtans frè ak sè nou yo genyen. Li te aji tankou pitit gason gaspiyè nan egzanp Jezi a e li te vire do bay kongregasyon kretyen an. Annapre, li te retounen nan bonsans li e li te retounen vin sèvi Jewova (Lik 15:11-24). Ki sa Ann te aprann nan move eksperyans li te fè a? Men sa li rakonte: “Kounye a, piske mwen retounen nan òganizasyon Jewova a, mwen bay tout frè ak sè yo enpòtans yo genyen malgre enpèfeksyon yo. Nan tan lontan, mwen te konn kouri ap kritike yo pou ti krik ti krak. Men, kounye a mwen pran detèminasyon pou m pa kite anyen fè m pèdi benediksyon mwen jwenn lè m pami kwayan parèy mwen yo. Pa gen anyen deyò a ki vo lapenn pou nou vire do bay bonjan paradi espirityèl nou an.”

Toujou montre w rekonesan pou benediksyon w jwenn yo

Wayòm Bondye a pral rezoud pwoblèm lemonnantye. Esperans sa a se yon trezò ki san parèy. Lè nou te fèk tande pale de esperans Wayòm Bondye a, se pa ti rekonesan nou te rekonesan pou sa! Nou te santi nou menm jan ak komèsan nan parabòl Jezi a ki te “vann tout sa l genyen” pou l te ka achte “yon pèl ki gen anpil valè”. (Mat. 13:45, 46.) Jezi pa t janm di komèsan sa a te sispann bay pèl la valè. Menm jan an tou, annou pa janm sispann bay esperans estrawòdinè nou an valè li merite. — 1 Tes. 5:8; Ebre 6:19.

Ann pran egzanp Jina, yon sè ki gen 60 an depi l ap sèvi Jewova. Men sa li di: “Lefètke m pale ak lòt moun sou esperans Wayòm Bondye a, sa ede m kenbe esperans sa a nan lespri m. Lè m wè fason yo reyaji lè yo vin konprann sa Wayòm nan ye, sa fè yon gwo efè sou mwen. Lè m wè jan laverite sou Wayòm nan chanje lavi moun k ap etidye Labib yo, sa fè m di tèt mwen: ‘Ala yon verite estrawòdinè mwen gen posiblite pataje ak lòt moun!’”

Nou gen bonjan rezon pou nou gen Jewova rekonesans pou tout benediksyon li ban nou yo. Menmsi nou ta anba eprèv tankou pèsekisyon, maladi, vyeyès, depresyon, nou ta gen moun nou ki mouri, oswa nou ta gen pwoblèm lajan, nou konnen bagay sa yo pap la pou toutan. Anba dominasyon Wayòm Bondye a, anplis benediksyon nou jwenn nan domèn espirityèl, nou pral anfòm nèt fizikman. Pa gen youn nan soufrans nou konnen jodi a ki pap disparèt nan monn nouvo Bondye pwomèt nou an. — Rev. 21:4.

Annatandan, annou montre nou rekonesan pou tout benediksyon Jewova ban nou yo menm jan ak salmis la ki te chante: “Senyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Senyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.” — Sòm 40:5.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Yo chanje non moun yo.

[Foto nan paj 18]

Nou jwenn benediksyon nan men Bondye nan moman difisil yo.