Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Efò nou fè yo vo lapenn!

Efò nou fè yo vo lapenn!

Efò nou fè yo vo lapenn!

ADORASYON an fanmi enpòtan si nou vle leve pitit nou yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay”. (Efe. 6:4.) Sepandan, si w gen timoun, siman w konnen jan li difisil pou w kapte atansyon yo. Ki jan w ka rive fè sa? Annou egzamine sa kèk paran konn fè.

Men sa George k ap viv Kalifòni, Ozetazini, te di: “Lè timoun nou yo te pi jèn, madanm mwen avè m te fè yon fason pou n kenbe adorasyon an fanmi an enteresan. Pafwa, lè n ap li istwa ki nan Liv istwa biblik mwen an avèk yo, nou te konn abiye nou menm jan ak pèsonaj ki nan liv la e nou te konn imite yo. Nou te konn menm fè pwòp epe nou, baton nou, pànye nou ak tout lòt ekipman ki te nesesè. Nou te konn fè jwèt devinèt tou ki baze sou Labib e nou te fè yon jwèt kote nou te reponn yon seri kesyon, genyen ladan yo ki te fasil e genyen ki te difisil. Epitou, nou te konn gen pwojè ansanm kote nou te konn konstwi yon modèl lach Noye a oswa nou te konn trase yon liy epi nou mete kèk dat sou li ki bay ki lè kèk evènman nan Bib la te pase. Pafwa, nou te konn gen lè pou nou fè desen ki gen pèsonaj biblik ladan yo oswa ki reprezante yon istwa nan Bib la. Aktyèlman, nou gen pwojè pou n desine ekipman konba espirityèl yo pale de li nan Efezyen 6:11-17 la, e nou chak gen pou n bay esplikasyon sou yon pati nan ekipman sa a. Metòd sa yo te ede nou pran plezi nan adorasyon an fanmi an.”

Men sa Debi, yon manman k ap viv nan Michigan, Ozetazini, te di: “Li te difisil pou mari m avè m rive kapte atansyon tifi nou an lè l te gen anviwon twazan. Yon jou, pandan nou t ap li istwa Izarak ak Rebeka a awotvwa nan Liv istwa biblik mwen an avè l, mwen te pran de poupe e m te kòmanse pran pòz se poupe yo ki t ap pale. Kounye a, li pran tan pou l koute tout sa n ap di yo! Nan mwa ki te vin apre yo, nou te fè de poupe sa yo jwe wòl plizyè lòt pèsonaj biblik. Chak fwa nou fin li yon istwa, pitit fi nou an te chèche jwenn jwèt oswa lòt bagay nan tout kay la ki ta ka pèmèt nou jwe istwa a. Se te tankou yon jwèt pou li! Yon bwat soulye ak yon ne wouj te reprezante kay Rahab la ak kòd wouj la. Nou te gen yon koulèv an jwèt ki te mezire 1 mèt 50 nou te woule nan yon bwa bale ki te byen reprezante koulèv an kuiv yo mansyone nan Nonb 21:4-9 la. Nou te kenbe tout bagay sa yo nan yon gwo sak an twal. Souvan, nou te konn wè pitit fi nou an ki chita nan salon an ap fouye nan sa l te konsidere kòm sak istwa biblik li a, e sa te vrèman fè nou plezi. Se pa ti kontan nou te konn kontan wè l k ap reprezante pèsonaj biblik yo nan pwòp fason pa l!”

Leve timoun pa fasil! Adorasyon an fanmi nou fè avèk yo chak semèn nan pa sifi pou nou rive fè yo anvi sèvi Jewova. Sepandan, adorasyon an fanmi an se yon mwayen pou nou bay pitit nou lòt enstriksyon nan domèn espirityèl. Pa gen dout nan sa, efò nou fè yo vo lapenn!