Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Favè Bondye egal lavi etènèl

Favè Bondye egal lavi etènèl

Favè Bondye egal lavi etènèl

“Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w’ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.” — SÒM 5:12.

1, 2. Ki sa Eliya te mande vèv Safat la fè, e ki asirans li te ba li?

NI DAM nan, ni pitit li a, ni pwofèt Bondye a te grangou. Pandan vèv vil Safat la t apral limen yon dife pou l fè manje, pwofèt Eliya mande l dlo ak yon moso pen. Vèv la te dispoze ba l yon bagay pou l bwè, men sèl sa vèv la te genyen pou l manje se te “yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy”. Li pa t panse li te anmezi pou l bay pwofèt la manje e li te di l sa. — 1 Wa 17:8-12.

2 Men, Eliya te pèsiste pou l di l: “Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l vini. Apre sa, w’a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan. Paske men pawòl Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p’ap janm vid.” — 1 Wa 17:13, 14.

3. Ki desizyon enpòtan nou tout gen pou nou pran?

3 Vèv la pa t gen sèlman pou l deside si li t ap bay nan manje li te genyen an, men li te gen yon pi gwo desizyon pou l pran. Èske li t ap gen konfyans Jewova kapab sove ni li menm ni pitit li a? Èske li t ap montre relasyon l gen ak Jewova ak favè L pi enpòtan pase bagay materyèl? Nou menm tou nou gen yon desizyon konsa pou nou pran. Èske n ap montre li pi enpòtan pou nou gen favè Bondye olye pou n mete konfyans nou nan bagay materyèl? Nou gen tout rezon posib pou nou fè Bondye konfyans e pou nou sèvi l, e gen bagay nou kapab fè pou nou chèche jwenn favè l.

‘Ou diy pou yo adore w’

4. Sa k fè Jewova diy pou nou adore l?

4 Jewova gen dwa pou l atann pou lèzòm sèvi l yon fason li aksepte. Gen yon gwoup nan sèvitè l yo ki nan syèl la ki te rekonèt sa. Yo te di: “Jewova, Bondye nou an, ou diy pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” ​(Rev. 4:11). Lefètke Jewova se Kreyatè nou, li diy pou nou adore l.

5. Poukisa lanmou Bondye gen pou nou an ta dwe pouse nou sèvi l?

5 Yon lòt rezon ki fè nou dwe sèvi Jewova se paske pa gen okenn moun ki renmen nou plis pase l. Labib di “Bondye kreye moun: li fè [yo] pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.” ​(Jen. 1:27). Lòm gen libète pou li deside e Bondye ba l kapasite pou l reflechi e pou l pran desizyon. Piske se Jewova ki ban nou lavi, li se Papa nou (Lik 3:38). Menm jan ak tout bon papa, li fè tout sa li kapab pou l bay pitit gason l ak pitit fi l yo tout sa yo bezwen pou yo ka jwi lavi. Li “fè solèy li leve” e “li fè lapli tonbe” yon fason pou tè a kapab bèl e pou l ban nou anpil manje. — Mat. 5:45.

6, 7. a) Ki malè Adan te fè tonbe sou tout desandan l yo? b) Ki sa sakrifis Jezi a pral fè pou moun k ap chèche jwenn favè Bondye yo?

6 Jewova deja fè sa li kapab pou l sove nou anba move konsekans peche genyen. Lè Adan te peche, li te fè tèt li sanble ak yon moun ki renmen jwe aza k ap vòlè lajan fanmi l pou l ka jwe aza. Lè Adan te rebele kont Jewova, li te lakòz pitit li yo pèdi posiblite pou yo viv pou letènite. Li te montre li egoyis, e aksyon l lan te fè lèzòm vin esklav enpèfeksyon ki se yon mèt ki san pitye. Se sa k fè tout moun konn malad, yo konn santi yo tris e finalman yo mouri. Pou yon moun libere yon esklav, li bezwen peye yon pri pou sa. Se sa k fè Jewova te peye pri ki kapab sove nou anba konsekans terib peche genyen sou lèzòm. (Li Women 5:21.) Kòm Jezi Kris te vle fè volonte Papa l, li te vini sou tè a pou l bay “nanm li kòm ranson pou anpil moun”. (Mat. 20:28.) Talè konsa, moun ki gen favè Bondye yo pral resevwa anpil byenfè grasa ranson an.

7 Se Jewova, Kreyatè nou an, ki fè plis bagay pou nou ka viv ak kè kontan e pou nou mennen yon vi ki gen sans. Si nou gen favè l, n ap gen privilèj pou nou wè fason li pral efase tout malè ki tonbe sou limanite. Jewova ap kontinye montre nou chak pèsonèlman ki jan li tounen “sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre” yo. — Ebre 11:6.

“Pèp ou a ap ofri tèt li volontèman”

8. Ki sa eksperyans Izayi a montre nou konsènan sèvis n ap bay Bondye a?

8 Pou nou jwenn favè Bondye, sa mande pou nou byen sèvi ak libète nou genyen pou nou deside a. Paske, Bondye pa fòse okenn moun sèvi l. Nan epòk Izayi a, li te mande: “Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou?” Piske Jewova te rekonèt pwofèt la te gen dwa pou li deside pou tèt li, li te montre li gen respè pou pwofèt la. Imajine jan Izayi dwe te santi l lè l te di Jewova: “Men mwen. Voye m!” — Iza. 6:8.

9, 10. a) Ki jan nou ta dwe sèvi Bondye? b) Poukisa li bon pou nou sèvi Jewova ak tout nanm nou?

9 Lèzòm gen libète pou yo deside si y ap sèvi Bondye oswa si yo pap sèvi l. Sepandan, Jewova vle pou nou sèvi l ak tout kè nou. (Li Jozye 24:15.) Yon moun ki pap sèvi Bondye ak tout kè l pap janm rive fè Bondye plezi, nitou Bondye pap aksepte adorasyon moun ap ba li pou yo fè wè (Kol. 3:22). Si nou “ezite” pou nou sèvi Bondye kòrèkteman paske nou kite lòt bagay pran pye sou adorasyon n ap ba li a, sa pap fè nou jwenn favè l (Egz. 22:29, NW). Jewova konnen li bon pou nou lè nou sèvi l ak tout nanm nou. Moyiz te ankouraje Izrayelit yo pou yo chwazi lavi lè yo ‘renmen Senyè a, Bondye yo a, lè yo koute l e yo pa lage l menm’. — Det. 30:19, 20.

10 Nan Izrayèl tan lontan an, nan yon chante wa David te konn chante pou Jewova li te di: “Pèp ou a ap ofri tèt li volontèman nan jou w ap mennen lame w la nan lagè. Gwoup jènjan w yo bèl e yo sen. Yo tankou gout lawouze douvanjou.” ​(Sòm 110:3, NW). Anpil moun k ap viv jodi a se sekirite ekonomik ak plezi sèlman y ap chèche. Sepandan, moun k ap sèvi Jewova yo bay sèvis sakre y ap ba li a premye plas nan lavi yo. Fason yo preche bon nouvèl la avèk zèl montre ki sa yo bay priyorite. Yo gen yon konfyans total nan kapasite Jewova genyen pou l ba yo sa yo bezwen chak jou. — Mat. 6:33, 34.

Sakrifis k ap fè nou jwenn favè Bondye

11. Ki sa Izrayelit yo te panse yo t ap jwenn lè yo te ofri Jewova sakrifis?

11 Sou Lalwa, Pèp Bondye a te ofri Bondye sakrifis li te aksepte pou yo te ka jwenn favè l. Men sa Levitik 19:5 (NW) di: “Si se yon sakrifis kominyon n ap sakrifye pou Jewova, nou ta dwe sakrifye l pou nou gen apwobasyon [l].” Men sa nou li nan menm liv sa a: “Si w ofri Jewova yon sakrifis pou w remèsye l, ou dwe ofri sakrifis la pou w jwenn favè l.” ​(Lev. 22:29, NW) Lè Izrayelit yo te ofri sakrifis sou lotèl Jewova a jan yo te dwe fè sa, lafimen ki te monte a te fè vrè Dye a “plezi ak bon sant li”. (Lev. 1:9, 13.) Sakrifis sa yo moun nan pèp Bondye a te konn fè pou yo montre lanmou yo gen pou li te konn fè l santi l byen (Jen. 8:21, nòt, NW). Gen yon prensip nou jwenn nan Lalwa konsènan sakrifis yo ki valab pou nou jodi a: Moun ki ofri Jewova sakrifis li aksepte jwenn favè l. Men, ki kalite sakrifis Jewova aksepte? Ann konsidere de aspè nan lavi nou: konduit nou ak pawòl nou.

12. Ki sa nou pa dwe pratike si nou pa vle derespekte Bondye lè nou ‘prezante l kò nou kòm sakrifis’?

12 Men sa apot Pòl te di nan lèt li te ekri bay kretyen Wòm yo: “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone.” ​(Wom. 12:1). Pou yon moun jwenn favè Bondye, sa mande pou l kenbe kò l sen, konsa, Bondye ap aksepte moun nan. Si kò l vin pa sen paske l fimen oswa l pran tabak, li pran dwòg oswa li bwè twòp, kò l li prezante kòm sakrifis la pap gen okenn valè nan je Bondye (2 Kor. 7:1). Mete sou sa, piske Bib la di yon “moun k ap pratike fònikasyon peche kont pwòp kò li”, moun ki gen kèlkeswa konduit ki imoral la derespekte Jewova lè l prezante l kò l kòm sakrifis (1 Kor. 6:18). Pou yon moun fè Bondye plezi, li dwe ‘vin sen nan tout konduit’ li. — 1 Pyè 1:14-16.

13. Poukisa li toutafè nòmal pou n fè lwanj Jewova?

13 Yon lòt sakrifis Jewova pran plezi ladan l se pawòl nou. Depi lontan, moun ki renmen Jewova yo te toujou pale de li an byen kit se an piblik, kit se an prive. (Li Sòm 34:1-3.) Li Sòm 148 rive nan Sòm 150, e remake konbyen fwa yo ankouraje nou fè lwanj Jewova. Pa gen dout nan sa: “Nou tout k’ap mache dwat devan li, li bon pou n fè lwanj li.” ​(Sòm 33:1). Jezi Kris, Modèl nou an, te montre li enpòtan pou nou fè lwanj Bondye lè nou preche bon nouvèl la. — Lik 4:18, 43, 44.

14, 15. Ki kalite sakrifis Ocheya te ankouraje Izrayelit yo bay Jewova, e ki jan Jewova te reyaji?

14 Lè nou preche avèk zèl, nou montre nou renmen Jewova e n ap chèche jwenn favè l. Gade ki jan pwofèt Ocheya te konseye Izrayelit yo pou yo chèche favè Bondye apre yo te fin tonbe nan idolatri (Och. 13:1-3). Ocheya te ankouraje yo pou yo sipliye Jewova konsa: “Padone erè nou yo epi aksepte sa ki bon nan men nou. E nou menm bò kote pa nou n ap ofri pawòl ki sot nan bouch nou tankou jèn towo.” — Och. 14:1, 2, NW.

15 Bèt ki te pi chè yon Izrayelit te ka ofri Jewova se te yon towo. Donk, ekspresyon “pawòl ki sot nan bouch nou tankou jèn towo” a gen rapò ak pawòl yon moun di ki sensè e li byen reflechi sou yo anvan l di yo yon fason pou l fè lwanj vrè Dye a. Ki jan Jewova te konsidere moun ki t ap ofri l kalite sakrifis sa a? Men sa li te di: “M’ap renmen yo ak tout kè m.” ​(Och. 14:4). Jewova padone moun ki ofri l lwanj konsa kòm sakrifis, li fè yo favè e li konsidere yo kòm zanmi l.

16, 17. Lè se lafwa yon moun genyen nan Jewova ki pouse l preche bon nouvèl la, ki jan Jewova wè sa?

16 Fè lwanj Jewova an piblik te toujou yon pati enpòtan nan vrè adorasyon an. Gen yon salmis ki te twouve sa tèlman enpòtan pou yon moun fè lwanj Jewova, li te sipliye Jewova konsa: “O Jewova, tanpri, pran plezi nan ofrann mwen ba w ak tout kè m ki soti nan bouch mwen.” ​(Sòm 119:108, NW) Men, e jodi a menm? Men yon pwofesi Izayi te bay konsènan yon gwoup moun nan epòk nou an: ‘Y’ap pwonmennen fè lwanj Senyè a toupatou. Y’a ofri yo [ofrann yo] pou boule sou lotèl mwen an [lotèl Bondye a]. Sa va fè m plezi.’ ​(Iza. 60:6, 7). Pwofesi sa a jwenn akonplisman l jodi a kote plizyè milyon moun ap “bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, [y ap] fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch” yo. — Ebre 13:15.

17 Èske ou menm ou bay Bondye ofrann li aksepte? Si w poko ap fè sa, èske w ka fè chanjman ki nesesè yo pou w kòmanse fè lwanj pou li an piblik? Lè lafwa w pouse w kòmanse preche bon nouvèl la, ofrann ou bay la “va fè Senyè a plezi pi plis pase si [w] ta ofri l yon bèf”. (Li Sòm 69:30, 31.) Ou mèt gen asirans sakrifis w ap bay Jewova yo ki fè l “plezi ak bon sant” yo genyen yo ap rive devan l e y ap fè w jwenn favè l (Eze. 20:41). Lè sa a, lajwa w ap santi a pap gen tankou l.

“Ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou”

18, 19. a) An jeneral, ki fason moun yo konsidere sèvis Bondye jodi a? b) Sa k rive lè yon moun pèdi favè Bondye?

18 Jodi a, gen anpil moun ki wè bagay yo menm jan ak kèk moun nan epòk Malaki a ki te panse: “Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Senyè a mande?” ​(Mal. 3:14). Lefètke yo materyalis, pou yo menm, li enposib pou Bondye reyalize objektif li e lwa l yo pa itil nou anyen ankò. Pou yo menm, predikasyon bon nouvèl la se tan pèdi e se yon bagay ki kontrarye yo.

19 Tandans sa a te parèt pou premye fwa nan jaden Edenn. Se Satan ki te konvenk Èv pou l pa bay lavi Jewova te ba li a tout valè li merite e pou l meprize favè Jewova. Jodi a, Satan toujou ap chèche konvenk moun yo kòmkwa sa pap itil yo anyen pou yo fè volonte Bondye. Sepandan, Èv ak mari l te vin rann yo kont lefètke yo te pèdi favè Bondye, yo t ap pèdi lavi yo tou. Talè konsa, se menm bagay la ki pral rive moun ki aji menm jan ak yo jodi a. — Jen. 3:1-7, 17-19.

20, 21. a) Ki sa vèv Safat la te fè, e ki jan bagay yo te pase pou li? b) Ki jan nou kapab imite vèv sa a, e poukisa nou dwe fè sa?

20 Remake diferans ki genyen ant fason bagay yo te mal fini pou Adan ak Èv ak fason bagay yo te fini pou vèv Safat la. Apre vèv la te fin tande pawòl ankourajan Eliya yo, li te kòmanse fè pen an e li te sèvi pwofèt la anvan. Li te ba l yon ti pen. Annapre, Jewova te fè sa li te di Eliya li t ap fè pou vèv la. Men sa Bib la di: “Pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l lan, ni [Eliya], yo tout [te] jwenn manje pou yo manje. Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Senyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt [Eliya].” — 1 Wa 17:15, 16.

21 Vèv Safat la te fè yon bagay anpil moun pa dispoze fè jodi a. Li te mete tout konfyans li nan Bondye, e Bondye pa t lage l. Istwa sa a ak lòt istwa ankò nan Bib la montre Jewova merite pou nou fè l konfyans. (Li Jozye 21:43-45; 23:14.) Anpil Temwen Jewova k ap viv jodi a fè eksperyans ki montre Jewova pap janm lage moun ki gen favè l yo. — Sòm 34:6, 7, 17-19 *.

22. Poukisa li enpòtan pou nou chèche jwenn favè Bondye san pèdi tan?

22 Jou Bondye pral jije “tout moun ki abite sou tè a” toupre (Lik 21:34, 35). Jou sa a ap vini sou tout moun. Pa gen okenn richès ak bagay materyèl k ap ka konpare ak pawòl sa yo Jij Bondye a pral di moun ki gen favè Bondye yo: “Vini, nou menm Papa m beni, vin resevwa wayòm ki te prepare pou nou [an].” ​(Mat. 25:34). Vrèmanvre, ‘Senyè a beni moun ki obeyi l. Li kouvri yo avèk favè l, li kanpe bò kote yo pou l pran defans yo’. (Sòm 5:12.) Kidonk, èske nou tout nou pa ta dwe chèche jwenn favè Bondye?

[Nòt anba paj]

^ § 21 Gade Toudegad 1ye avril 2005, paj 9, paragraf 15; Toudegad 1ye out 1997, paj 20-25 (fransè).

Èske nou sonje?

• Poukisa Jewova merite pou nou adore l ak tout kè nou?

• Jodi a, ki sakrifis Jewova aksepte?

• Ak ki sa ekspresyon “pawòl ki sot nan bouch nou tankou jèn towo” a fè referans, e poukisa nou dwe bay Jewova ofrann sa yo?

• Poukisa nou dwe chèche jwenn favè Bondye?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Ki desizyon pwofèt Bondye a te mande yon manman ki te pòv e ki te grangou pou l pran?

[Foto nan paj 15]

Ki byenfè nou jwenn lè nou bay Jewova louwanj kòm sakrifis?

[Foto nan paj 17]

Si w vrèman fè Jewova konfyans, ou pap janm desi.