Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa Moyiz te vin fache ak Eleyaza ak Itama, de nan pitit Arawon yo, apre lanmò Nadab ak Abiyou frè yo, e ki sa k fè li pa t fache ankò? — Lev. 10:16-20.

Yon ti tan apre yo te fin met pretriz la an plas pou prèt yo ka fè sèvis yo nan tabènak la, Jewova te fè dife tonbe sou Nadab ak Abiyou, de nan pitit Arawon yo, paske yo te mete yon dife devan Jewova alòske li pa t mande yo fè sa (Lev. 10:1, 2). Moyiz te bay lòt pitit Arawon yo lòd pou yo pa tris poutèt frè yo ki te mouri. Pa lontan apre, Moyiz te vin fache ak Eleyaza ak Itama paske yo pa t manje kabrit yo te bay kòm sakrifis pou peche a (Lev. 9:3). Poukisa Moyiz te gen reyaksyon sa a?

Se paske nan lwa Jewova te bay Moyiz yo, gen yon lwa ki te di prèt ki ofri sakrifis pou peche a dwe manje yon pòsyon nan sakrifis la nan lakou tant reyinyon an. Se konsa li te fè pwopisyasyon pou peche moun ki te prezante sakrifis la. Sepandan, si yo te antre ak yon pòsyon nan san sakrifis la nan Sen an, premye konpatiman ki te nan tant reyinyon an, yo pa t dwe manje nan sakrifis la. Olye de sa, yo te dwe boule l. — Lev. 6:24-26, 30.

Apre evènman trajik sa a, sanble Moyiz te vle asire l yo te suiv tout kòmandman Jewova yo. Lè l te rann li kont yo te boule kabrit yo te ofri pou peche a, li te fache e li te mande Eleyaza ak Itama rezon ki fè yo pa t manje l, etandone yo pa t antre ak san bèt la devan Jewova anndan Sen an. — Lev. 10:17, 18.

Piske Arawon te dakò pou prèt ki pa t mouri yo boule kabrit la, se li menm ki te reponn Moyiz. Kòm de nan pitit li yo te mouri, petèt li te panse konsyans prèt yo pa t ap pèmèt yo manje nan sakrifis la jou sa a. Oubyen, petèt li te panse si prèt yo te manje nan sakrifis la, sa pa t ap fè Bondye plezi, byenke prèt yo pa t responsab sa Nadab ak Abiyou te fè a. — Lev. 10:19.

Arawon sitou te gen rezon pou l panse nan jou sa a manm fanmi l ki t apral aji antanke prèt pou premye fwa yo te dwe fè atansyon pou yo suiv tout ti detay yo te dwe suiv yon fason pou yo te fè Jewova plezi. Olye Nadab ak Abiyou te aji konsa, yo te montre yo pa gen okenn respè pou Jewova. Se sa k fè Jewova te vin an kòlè kont yo. Mete sou sa, Arawon te gendwa panse piske se moun nan fanmi l ki te peche, rès prèt ki nan fanmi l yo pa t diy pou yo manje sakrifis sa a ki te sakre.

Moyiz sanble te aksepte repons frè l la te ba li a, paske, men ki jan istwa a fini: “Lè Moyiz tande sa, sa te fè kè l kontan.” ​(Lev. 10:20). Li klè menm Jewova te aksepte repons Arawon te bay la.