Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Renmen sa ki jis ak tout kè w

Renmen sa ki jis ak tout kè w

Renmen sa ki jis ak tout kè w

“Ou renmen sa ki jis.” — SÒM 45:7, NW.

1. Ki sa k ap ede nou mache nan “chemen dwat” la?

JEWOVA dirije pèp li a nan “chemen dwat” la pa mwayen Pawòl li ak lespri sen l (Sòm 23:3). Men, piske nou enpafè, nou gen tandans kite chemen dwat sa a. Lè sa a, pou nou ka retounen fè sa ki dwat ankò, sa mande pou nou fè bonjan efò. Ki sa k ap ede nou retounen fè sa ki dwat? Pou nou fè sa, menm jan ak Jezi, nou dwe renmen sa ki dwat. — Li Sòm 45:7.

2. Ki sa “chemen dwat” la ye?

2 Ki sa “chemen dwat” la ye? Yon chemen se yon ti wout yon moun suiv. Se Jewova ki montre nou ki “chemen” nou dwe suiv grasa prensip li mete devan nou yo ki jis. Nan lang ebre ak lang grèk, mo “jistis” la gen sans yon bagay ki “dwat” e ki makònen ak prensip moral yo. Piske Jewova “li menm [...] se kote jistis abite” a, moun k ap sèvi l yo kontan depann de li pou yo deside ki chemen ki dwat nan domèn moral yo dwe suiv. — Jer. 50:7, NW.

3. Ki jan nou ka rive aprann plis sou jistis Bondye?

3 Se sèlman lè nou fè tout sa n kapab ak tout kè nou pou nou obeyi prensip Bondye yo ki jis n ap rive fè l plezi toutbonvre (Det. 32:4). Pou kòmanse, nou bezwen aprann tout sa nou kapab sou Jewova Dye nan Pawòl li a, Labib. Plis nou aprann konnen l e plis nou pwoche pi pre l chak jou, se plis n ap vin renmen jistis li gen lakay li (Jak 4:8). Yon lòt bò, lè nou gen gwo desizyon pou nou pran nan lavi nou, nou dwe aksepte direksyon nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki enspire.

Chèche jistis Bondye

4. Ki sa sa mande pou yon moun chèche jistis Bondye?

4 Li Matye 6:33. Pou yon moun chèche jistis Bondye, sa mande pou l fè plis pase annik preche bon nouvèl Wayòm nan. Pou Jewova aksepte sèvis sakre n ap ba li a, nou ta dwe gen yon konduit ki ann amoni ak prensip wo nivo li yo chak jou. Ki sa tout moun k ap chèche jistis Jewova yo dwe fè? Yo “dwe abiye [yo] ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande”. — Efe. 4:24.

5. Ki sa ki ka ede nou venk dekourajman?

5 Toutpandan n ap fè efò pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis, pafwa nou ka santi nou dekouraje akoz feblès nou yo. Ki sa ki ka ede nou pa kite dekourajman pote nou ale, ki ka fè nou renmen sa ki jis epi pratike sa ki jis (Pwo. 24:10)? Nou dwe pwoche regilyèman bò kote Jewova nan lapriyè “ak tout kè nou e avèk yon lafwa total”. (Ebre 10:19-22.) Kit nou pami kretyen Bondye chwazi pou yo viv nan syèl la, kit nou gen esperans pou nou viv sou tè a nan paradi a, nou egzèse lafwa nan sakrifis ranson Jezi Kris la ak nan travay l ap fè kòm Gran Prèt ki pi estrawòdinè nou te ka genyen an (Wom. 5:8; Ebre 4:14-16). Depi nan premye atik Toudegad ki te parèt la, yo te mete aksan sou valè san Jezi te vèse pou nou an genyen (1 Jan 1:6, 7). Men sa ki te ekri nan atik sa a: “An reyalite, lè yon moun mete yon objè wouj anba limyè epi li gade l atravè yon kristal ki gen koulè wouj, objè a parèt blan. Se sa k fè, menmsi peche nou yo ta wouj anpil, lè nou mete tèt nou nan yon pozisyon pou Bondye wè peche nou yo atravè san Jezi Kris, yo parèt blan.” ​(Jiyè 1879, paj 6, ann anglè). Ranson an se vrèman yon kado estrawòdinè Jewova bay grasa Pitit gason li renmen anpil la! — Iza. 1:18.

Ekipman konba Bondye ba ou a

6. Poukisa li trèzenpòtan pou n gade pou n wè si nou gen ekipman konba Bondye bay la sou nou?

6 Nou dwe toujou genyen “pwotèj pwatrin jistis la” sou nou paske se yon pati trèzenpòtan nan ekipman konba Bondye bay la (Efe. 6:11, 14). Kit nou pa gen lontan depi nou vwe lavi nou bay Jewova, kit nou deja gen plizyè dizèn ane depi n ap sèvi l, li esansyèl pou nou gade chak jou pou n wè si nou gen ekipman konba Bondye bay la sou nou. Poukisa? Se paske yo pimpe Dyab la ansanm ak demon l yo sou tè a (Rev. 12:7-12). Satan fache e li konnen li pa rete anpil tan devan l. Se sa k fè li atake pèp Bondye a pi plis chak jou. Kidonk, èske li pa vrèman enpòtan pou nou mete “pwotèj pwatrin jistis la” sou nou?

7. Ki jan n ap aji si nou vrèman konsyan nou bezwen “pwotèj pwatrin jistis la”?

7 Menm jan yon pwotèj pwatrin pwoteje kè a, se menm jan an tou jistis pwoteje kè senbolik nou an. Piske nou enpafè, kè nou gen tandans pou l trèt e pou l pa bon menm (Jer. 17:9). Piske kè nou gen tandans fè nou fè sa ki mal, li enpòtan pou nou fòme l e pou nou disipline l (Jen. 8:21). Si nou konsyan nou bezwen pwoteksyon “pwotèj pwatrin jistis la” bay la, nou pap pran chans retire l sou nou, menm pou yon ti moman, lè nou chwazi divètisman Bondye rayi, oubyen lè nou imajine tèt nou k ap fè bagay ki mal. Nou pap gaspiye tout tan nou ap gade televizyon alòske gen lòt bagay ki vrèman enpòtan nou ta kapab fè. Olye de sa, n ap kontinye fè efò pou n fè sa ki fè Jewova plezi. Menmsi sa ta rive nou gen panse imoral pandan yon ti moman, n ap reprann nou grasa èd Jewova. — Li Pwovèb 24:16.

8. Poukisa nou bezwen “gwo boukliye lafwa a”?

8 Nan ekipman konba Bondye bay la gen “gwo boukliye lafwa a” ladan l ki ede nou “etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou” yo (Efe. 6:16). Anplis de sa, lafwa ak lanmou sensè nou gen pou Jewova ede nou fè sa ki jis epi yo pèmèt nou rete sou wout k ap mennen nan lavi etènèl la. Plis nou aprann renmen Jewova, se plis jistis li ap gen valè pou nou. E konsyans nou menm? Ki jan li kapab ede nou nan efò n ap fè pou nou renmen sa ki jis?

Bat pou w toujou gen yon konsyans ki klè

9. Ki avantaj nou jwenn lè nou bat pou konsyans nou klè?

9 Lè nou te batize se mande nou te mande Jewova pou l ban nou “yon konsyans ki klè”. (1 Pyè 3:21.) Piske nou egzèse lafwa nan ranson an, san Jezi kouvri peche nou yo e sa fè nou pwòp nan je Bondye. Men, pou nou rete pwòp nan je Bondye, nou dwe bat pou konsyans nou toujou klè. Si pafwa konsyans nou akize nou oswa li avèti nou kont yon danje, nou mèt rekonesan dèske l ap fonksyone trè byen. Lè konsyans nou fonksyone konsa, sa montre prensip jis Jewova yo gen enfliyans sou li (1 Tim. 4:2). Konsyans lan jwe yon lòt wòl ankò pou moun ki ta renmen fè sa ki jis.

10, 11. a) Rakonte yon eksperyans ki montre rezon ki fè nou dwe koute konsyans nou ki fòme grasa Labib. b) Poukisa nou ka jwenn anpil plezi lè nou fè sa ki jis?

10 Lè nou fè sa ki mal, konsyans nou kapab kondane nou e li kapab kale nou. Te gen yon jèn gason ki te kite “chemen dwat” la, ki te lage kò l nan gade pònografi e ki te kòmanse ap fimen mariwana. Li te santi l koupab lè l al nan reyinyon yo e li te santi li se yon ipokrit lè l ap patisipe nan travay predikasyon an. Se sa k fè, li te sispann patisipe nan aktivite sa yo. Men sa l te di: “Mwen pa t panse move konduit mwen an t ap fè konsyans mwen kale m konsa.” Li te ajoute: “Mwen pa konn ki foli k te pran m ki fè m te pase anviwon katran nan bagay sa yo.” Apre sa, li te kòmanse reflechi fò l retounen nan laverite. Byenke li te panse Jewova pa t ap tande priyè l, li te priye l kanmenm e li te mande l padon. Apre l fin priye, nan espas dis minit, manman l te vizite l e li te ankouraje l rekòmanse asiste reyinyon yo. Li te ale nan reyinyon e li te mande yon ansyen fè etid Labib avè l. Annapre, li te vin batize e li te gen Jewova rekonesans paske li te sove lavi l.

11 Èske nou pa jwenn anpil plezi lè nou fè sa ki jis? Tank n ap aprann renmen sa ki jis e tank n ap pratike sa ki jis pi plis toujou, se tank n ap jwenn plis lajwa nan fè sa ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi. Imajine sa! Gen yon jou k ap vini kote se sèlman kè kontan tout moun ap genyen tèlman konsyans yo ap klè. Yo pral reflete kalite Bondye yo san fay. Kidonk, depi kounye a, annou bat pou gen lanmou pou jistis byen fon nan kè nou yon fason pou nou fè kè Jewova kontan. — Pwo. 23:15, 16.

12, 13. Ki jan nou kapab fòme konsyans nou?

12 Ki sa nou ka fè pou nou fòme konsyans nou? Lè n ap etidye Labib ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, li enpòtan pou nou sonje “yon moun ki dwat kalkile [“medite”, NW] anvan li bay repons”. (Pwo. 15:28.) Ann wè enpòtans meditasyon genyen lè nou dwe deside si n ap aksepte yon travay oswa si nou pap aksepte l. Si li deja klè yon travay pa ann amoni menm ak sa Labib anseye, pifò nan nou ap obeyi enstriksyon klas Esklav fidèl la bay sou kesyon an. Men, lè nou pa fin konnen si nou dwe aksepte yon travay oubyen si nou pa dwe aksepte l, li enpòtan pou nou chèche ki prensip Labib ki ka ede nou pran bonjan desizyon, ansuit, nou bezwen medite epi priye sou prensip sa yo *. Nou ka suiv menm metòd sa a tou lè n ap konsidere prensip ki ka ede nou pa twouble konsyans lòt moun (1 Kor. 10:31-33). Nou ta dwe sitou egzamine prensip ki ka ede nou kenbe bonjan relasyon ak Jewova. Si Jewova reyèl pou nou, premye bagay n ap mande tèt nou se: ‘Èske si m aksepte travay sa a, sa pap fè Jewova lapenn? Èske sa pap fè l tris?’ — Sòm 78:40, 41.

13 Lè n ap prepare etid Toudegad oswa etid biblik kongregasyon an, nou bezwen toujou sonje li enpòtan pou nou medite sou enfòmasyon yo. Èske nou rann nou kont se kouri nou annik kouri souliye repons yo sot nan yon paragraf al nan yon lòt? Jan de preparasyon sa yo pap vrèman ede nou vin pi renmen sa ki jis oubyen ede nou vin gen yon konsyans ki sansib. Si nou ta vle renmen sa ki jis, nou bezwen pran etid nou oserye epi medite sou sa nou aprann nan Pawòl Bondye fè ekri pou nou an. Pa gen okenn lòt fason pou nou rive aprann renmen sa ki jis ak tout kè nou!

Se pou nou swaf sa ki jis

14. Ki jan Jewova ak Jezi vle nou santi nou nan sèvis sakre n ap bay la?

14 Jewova ak Jezi vle nou gen kè kontan nan sèvis sakre n ap bay la. Ki sa k ap ede nou gen kè kontan sa a? Li klè, se lanmou pou jistis! Nan diskou Jezi te bay yo rele sèmon sou montay la, men sa l te di: “Byennere moun ki swaf pou sa ki jis triyonfe, piske yo pral satisfè.” ​(Mat. 5:6). Ki enpòtans pawòl sa yo genyen pou moun ki ta renmen pratike sa ki jis?

15, 16. Ki jan Bondye pral satisfè bezwen moun ki swaf nan domèn espirityèl yo?

15 Se Mechan an k ap domine monn n ap viv ladan l lan (1 Jan 5:19). Nan kèlkeswa peyi nou ye a, depi nou ouvri yon jounal, n ap jwenn nouvèl sou gwo zak mechanste ak vyolans k ap fèt nan yon nivo yo pa t janm te konn fèt anvan. Sa bay moun ki jis la pwoblèm lè l wè jan lòm ap maspinen lòm parèy li (Ekl. 8:9). Antanke moun ki renmen Jewova, nou konnen se sèl Jewova ki kapab satisfè bezwen espirityèl moun ki swaf pou yo aprann sa ki jis yo genyen. Moun ki pa gen respè pou Bondye yo pral disparèt, e moun ki renmen sa ki jis yo pap kontinye soufri akoz moun k ap derespekte lalwa yo e akoz move aksyon moun sa yo ap fè (2 Pyè 2:7, 8). Se pa ti soulajman sa pral pote!

16 Nou menm ki sèvitè Jewova e k ap suiv Jezi Kris, nou konnen bezwen tout moun ki swaf sa ki jis yo “pral satisfè”. Yo pral satisfè nèt grasa dispozisyon Bondye pran pou gen yon syèl tounèf ak yon tè tounèf kote “jistis ap abite”. (2 Pyè 3:13.) Kidonk, pa kite dekourajman pote n ale ni pinga nou sezi wè moun k ap toupizi moun ak moun k ap fè vyolans lakòz jistis disparèt nan monn Satan an (Ekl. 5:8). Jewova, Bondye Trèwo a, konnen pwoblèm nou yo e li pap pran tan pou l delivre moun ki renmen sa ki jis yo.

Moun ki renmen sa ki jis ap jwenn byenfè

17. Bay kèk byenfè yon moun ap jwenn lè l renmen sa ki jis.

17 Nan Sòm 146:8, salmis la pale de yon gwo byenfè moun k ap mache dwat yo ap jwenn. Men sa l te chante: “Senyè a renmen moun ki mache dwat devan li.” Imajine sa! Souvren linivè a renmen nou paske nou renmen sa ki jis! Piske Jewova renmen nou, nou gen asirans l ap ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl toutotan nou kontinye mete Wayòm nan an premye nan lavi nou. (Li Sòm 37:25; Pwovèb 10:3.) Finalman, se sèlman moun ki renmen sa ki jis yo ki pral pwofite lavi sou tè a (Pwo. 13:22). Pifò moun ki fè pati pèp Bondye a pral jwenn gwo lajwa ak lavi pou toutan sou tè a ki pral tounen yon bèl paradi paske y ap pratike sa ki jis. Menm jodi a, moun ki renmen jistis Bondye gen lakay li yo santi yo anpè ak tèt yo, e sa kontribye pou gen amoni nan fanmi yo ak nan kongregasyon yo. — Fil. 4:6, 7.

18. Ki sa nou dwe kontinye fè toutpandan n ap tann jou Jewova a?

18 Pandan n ap tann gran jou Jewova a, nou dwe kontinye chèche jistis li (Sef. 2:2, 3). Se sa k fè, annou kontinye montre nou renmen chemen Jewova yo ki dwat ak tout kè nou. Si nou renmen chemen Jewova yo, n ap kenbe “pwotèj pwatrin jistis la” nan plas li pou l ka pwoteje kè senbolik nou an, oswa moun nou ye pa anndan an. Nou bezwen bat pou konsyans nou toujou klè, sa k ap fè ni kè nou ni kè Bondye nou an kontan. — Pwo. 27:11.

19. Ki sa nou dwe detèmine pou nou fè e sou ki sa atik ki vin apre a pral pale?

19 Jewova “ap veye tou sa k’ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouray”. (2 Kwo. 16:9.) Se pa ti ankouraje pawòl sa yo ankouraje nou, nou menm k ap fè sa ki jis nan mitan gwo tèt chaje, vyolans ak mechanste ki kontinye ap ogmante nan monn makawon sa a! Se vre, fason jis nou aji yo ka parèt dwòl pou pil moun ki fè pati monn sa a ki lwen Bondye a. Men, se yon gwo byen nou fè tèt nou lefètke n ap mache nan jistis Jewova (Iza. 48:17; 1 Pyè 4:4). Donk, annou pran detèminasyon pou nou kontinye pran plezi nonsèlman pou nou renmen sa ki jis ak tout kè nou men tou pou nou fè sa ki jis ak tout kè nou. Sepandan, pou yon moun gen yon kè ki konplè devan Bondye, sa mande tou pou l rayi sa ki mal. Atik ki vin apre a pral esplike sa sa vle di pou nou rayi sa ki mal.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou kesyon ki gen rapò ak travay, gade Toudegad 15 avril 1999, paj 28-30 (fransè).

Ki repons nou ta bay?

• Pou yon moun renmen sa ki jis, poukisa li enpòtan pou l rekonèt valè ranson an genyen?

• Poukisa li enpòtan pou nou mete “pwotèj pwatrin jistis la” sou nou?

• Ki jan nou ka fòme konsyans nou?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Yon konsyans ki fòme ap ede n pran bon desizyon sou ki travay nou kapab aksepte.