Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Wòl lespri sen te jwe nan kreyasyon an

Wòl lespri sen te jwe nan kreyasyon an

Wòl lespri sen te jwe nan kreyasyon an

“Pa mwayen pawòl Jewova syèl la te fèt, e pa mwayen lespri bouch li tout lame ki nan syèl la te fèt.” — SÒM 33:6, NW.

1, 2. a) Ki jan lèzòm fè rive konn plis bagay ni sou lespas ni konsènan tè a ofiramezi tan ap pase? b) Ki kesyon ki bezwen yon repons?

LÈ Albert Einstein te vin ak premye teyori l te genyen sou relativite a an 1905, li menm ak anpil lòt syantifik te panse se yon sèl galaksi ki te genyen, anpalan de galaksi pa nou an, Lavwa lakte. Yo te vrèman twonpe yo sou gwosè linivè a. Jodi a, gen moun ki panse gen plis pase 100 milya galaksi nan linivè a, e gen ladan yo ki gen plizyè milya etwal. Plis y ap sèvi ak teleskòp ki pi pèfeksyone sou tè a oswa yo mete yo nan lespas, se plis y ap dekouvri gen plis galaksi.

2 Menm jan an 1905 moun pa t gen anpil konesans syantifik sou lespas, se konsa tou yo pa t gen anpil konesans konsènan tè a. Se vre, moun ki t ap viv sou tè a, sa gen yon syèk, te konn plis pase moun ki t ap viv anvan yo. Sepandan, jodi a, moun plis rann yo kont jan lavi bèl, jan li estrawòdinè, e yo plis konprann sa k fè lavi posib sou tè a. E se sèten, nan ane k ap vini yo, n ap kontinye aprann plis toujou konsènan tè a ak lespas. Donk, èske li pa vrèman apwopriye pou nou mande tèt nou ki jan tout bagay sa yo fè egziste? Nou rive jwenn repons kesyon sa a paske Kreyatè a ban nou l nan Labib.

Kreyasyon an se yon mirak

3, 4. Ki jan Bondye te kreye linivè, e ki jan sa l fè yo ba li glwa?

3 Premye pawòl ki ekri nan Bib la ede nou konprann ki jan linivè fè egziste: “Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè.” ​(Jen. 1:1). Pa t gen anyen ki te egziste anvan Jewova te kòmanse sèvi ak lespri sen l, fòs aktif li a, pou l kreye syèl la ak tè a ak tout lòt bagay ki egziste nan linivè. Yon atizan sèvi ak men l ansanm ak zouti l genyen yo pou l fè sa l ap fè yo, men, Jewova li menm te sèvi ak lespri sen l pou l fè sa li te kreye yo.

4 Nan Bib la, nan yon sans senbolik, yo di lespri sen se “dwèt” Bondye (Lik 11:20, nòt). “Sa Bondye te fè ak men l” yo, grasa pisans lespri sen l, ba li anpil glwa. Salmis David te di: ‘Syèl la fè parèt aklè pouvwa [“glwa”, NW] Bondye a e li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l.’ ​(Sòm 19:1). Vrèmanvre, kreyasyon an fè wè kokennchenn pouvwa lespri sen Bondye genyen (Wom. 1:20). Ki jan l fè sa?

Pisans Bondye san limit

5. Bay yon egzanp ki montre pisans lespri sen Jewova an rapò ak kreyasyon an.

5 Linivè a gran nan yon pwen nou pa ka imajine e li bay prèv pisans Jewova ak enèji li san limit. (Li Izayi 40:26.) Jodi a, syantifik yo konnen yo kapab transfòme matyè an enèji e enèji an matyè. Solèy la se yon etwal e li se yon bon egzanp ki montre matyè ka transfòme an enèji. Chak segonn, li transfòme apeprè 4 milyon tòn matyè ki tounen limyè, chalè ak lòt fòm enèji. Ti kantite enèji ki rive sou tè a sifi pou rann lavi posib sou li. Li klè, sa te mande anpil enèji pou Bondye kreye solèy la ak plizyè milya lòt etwal ki egziste yo. Jewova gen enèji ki te nesesè pou l kreye tout bagay sa yo e plis toujou.

6, 7. a) Poukisa nou kapab di Bondye itilize lespri sen l yon fason ki òdone? b) Ki sa ki montre se pa yon aza ki fè linivè egziste?

6 Gen anpil prèv ki montre Jewova te sèvi ak lespri sen l yon fason ki vrèman òdone pou l kreye. Ann pran yon egzanp: Ann sipoze ou gen yon bwat ki gen ti boul tout koulè ladan l, ou pran bwat la, ou souke l pou w mele ti boul yo, apre sa, ou lage tout boul yo atè ansanm. Èske w panse boul ki menm koulè yo t apral menm kote, kòmkwa ble yo t ap ansanm, jòn yo t ap ansanm e lòt koulè yo t ap gwoupe yo ansanm tou? Ou pa t ap janm panse sa, pa vre? Aksyon ki fèt san kontwòl gen tandans fè gen mwens lòd olye pou gen plis lòd. Sa se yon reyalite tout moun aksepte kòm yon lwa natirèl *.

7 Si nou leve je nou pou nou gade syèl la oswa nou pran yon teleskòp pou nou fè sa, ki sa n ap wè? N ap wè yon bann galaksi, zetwal ak planèt ki vrèman annòd e k ap deplase avèk anpil presizyon. Se pa yon aza ki fè sa, ni se pa rezilta yon aksyon ki te fèt san kontwòl e san planifikasyon. Se sa k fè li ta bon pou nou poze tèt nou kesyon sa a: Okòmansman, ak ki fòs Bondye te sèvi pou l kreye linivè ak tout lòd sa a ladan l? Antanke moun, nou pa gen kapasite pou nou idantifye fòs sa a ak eksperyans syantifik sèlman. Men, Bib la fè nou konnen fòs sa a se lespri sen Bondye, pi gwo fòs ki genyen nan linivè a. Gen yon salmis ki te di: “Pa mwayen pawòl Jewova syèl la te fèt, e pa mwayen lespri bouch li tout lame ki nan syèl la te fèt.” ​(Sòm 33:6, NW). Lè nou leve je nou n ap gade syèl la, nan tout “lame” zetwal ki genyen yo, se yon vyepti kantite ladan yo nou wè.

Wòl lespri sen nan kreyasyon tè a

8. Ki kantite konesans nou vrèman genyen sou sa Jewova kreye yo?

8 Sa lèzòm konnen sou lanati pa reprezante anyen devan tout sa yo gen pou yo aprann sou li. Se sa k fè Jòb, yon moun ki te fidèl, te di sa nou konnen yo “se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou.” ​(Jòb 26:14). Plizyè syèk annapre, men sa Salomon, yon wa ki te konn pran tan l pou l egzamine kreyasyon Jewova a, te di: “[Bondye] fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay [li] fè a.” — Ekl. 3:11; 8:17.

9, 10. Ak ki fòs Jewova te sèvi pou l kreye tè a, e ki evènman ki te pase nan twa premye jou kreyasyon yo?

9 Sepandan, Jewova ban nou yon pakèt detay enpòtan sou kreyasyon l lan. Pa egzanp, Bib la fè nou konnen lespri sen, fòs aktif Bondye a, te ann aksyon sou tè a sa gen trè lontan. (Li Jenèz 1:2.) Nan epòk sa a, latè te kouvri ak dlo, pa t gen limyè sou li e sanble pa t gen lè pou moun respire.

10 Apre sa, Bib la pale de sa Jewova te fè pandan yon seri jou kreyasyon. Jou sa yo se pa jou 24 è, men se yon seri peryòd byen long. Nan premye jou kreyasyon an, Jewova te fè limyè parèt sou tè a. Etap sa a t ap fini nèt lè solèy la ak lalin nan ta vin parèt byen klè (Jen. 1:3, 14). Nan dezyèm jou a, Bondye te kòmanse prepare atmosfè a (Jen. 1:6). Nan dezyèm jou sa a, te gen dlo, limyè ak lè, men tè potko parèt. Byen bonè nan twazyèm jou a, Jewova te sèvi ak lespri sen l pou l fè tè parèt. Pou l te fè sa, petèt li te sèvi ak yon seri fòs natirèl ki gen nan tè a pou l fè kontinan yo, oswa tè, monte soti nan lanmè a (Jen. 1:9). T apral gen lòt kokennchenn evènman ki t apral fèt nan twazyèm jou sa a ak nan lòt peryòd ki t apral vin annapre yo.

Wòl lespri sen nan kreyasyon plant ak zannimo yo

11. Ki sa tout bèl kreyati sa yo ki konplèks e ki gen amoni montre?

11 Bondye te sèvi ak lespri sen l pou l kreye yon seri bagay ki gen vi ladan yo. Li te fè yon pakèt espès plant ak zannimo ki te vrèman estrawòdinè ant twazyèm ak sizyèm jou kreyasyon an (Jen. 1:11, 20-25). Kreyasyon sa yo ki gen vi ladan yo konplèks, yo gen amoni, yo bèl anpil, e sa montre gen yon kokennchenn entèlijans ki dèyè bagay sa yo.

12. a) Ki wòl ADN nan jwe? b) Piske ADN nan kontinye jwe wòl li nòmalman, ki sa sa aprann nou?

12 Ann pran egzanp ADN (asid dezoksiribonikleyik) ki jwe yon wòl enpòtan nan pèmèt tout sa ki gen lavi ladan yo transmèt karakteristik yo genyen yo bay jenerasyon ki vin apre yo. Tout sa ki vivan sou tè a, kit se mikwòb, zèb, elefan, balèn ble ak lèzòm repwodui grasa ADN nan. Menmsi bagay sa yo diferan anpil youn ak lòt, kòd ki nan ADN nan detèmine karakteristik yo resevwa yo. Kòd sa a pa chanje e li pèmèt menm kreyati ki byen senp kenbe pwòp karakteristik pa yo. Donk, se volonte Jewova pou tout òganis vivan ki sou tè a kontinye fonksyone jan yo dwe fonksyone a (Sòm 139:16, NW). Kòd ADN nan efikas anpil e li bay plis prèv toujou ki montre kreyasyon an se travay “dwèt” Bondye, oswa lespri sen l.

Kreyati ki pi enpòtan ki gen sou tè a

13. Ki jan Bondye te kreye lòm?

13 Apre yon pakèt tan te fin pase, e apre Bondye te gentan fin kreye yon bann bagay sou tè a ki gen vi nan yo ak bagay ki pa gen vi nan yo, latè pa t rete nan stad li te ye lè li pa t ‘gen fòm e pa t gen anyen sou li’ a. Sepandan, Jewova potko fin sèvi ak lespri sen l pou l kreye. Li te gen pou l kreye kreyati ki pi enpòtan ki gen sou tè a. Prèske nan fen sizyèm jou kreyasyon an, Bondye te kreye lòm. Ki jan l te fè sa? Li te sèvi ak lespri sen l ansanm ak bagay ki gen nan tè a. — Jen. 2:7.

14. Nan ki sans lèzòm diferan ak zannimo yo?

14 Men sa nou li nan Jenèz 1:27: “Bondye kreye moun: li fè l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.” Lè Labib di Bondye te kreye nou pòtre ak li, sa vle di li te kreye nou avèk kapasite pou n demontre nou gen lanmou, pou n pran pwòp desizyon nou e pou nou menm gen yon relasyon pèsonèl avè l, li menm ki se Kreyatè nou an. Se sa k fè sèvo nou diferan ak sèvo bèt yo. Jewova te kreye sèvo nou yon fason espesyal pou n te kapab kontinye pran plezi nan aprann anpil bagay ni sou li, ni sou sa l kreye yo.

15. Ki posiblite Bondye te mete devan Adan ak Èv?

15 Okòmansman, lè Bondye te kreye lòm, li te bay Adan ak madanm li, Èv, tè a ak tout bèl bagay ki sou li yo pou yo chèche konprann yo e pou yo pran plezi ladan yo (Jen. 1:28). Jewova te ba yo anpil manje pou yo manje nan jaden kote yo te abite a. Yo te gen posiblite pou yo viv pou toutan e pou yo te vin paran plizyè milya moun pafè sou tè a ki t ap renmen yo. Men, bagay yo pa t pase konsa.

Annou rekonèt wòl lespri sen jwe

16. Byenke Adan ak Èv te peche, ki esperans nou genyen?

16 Olye pou Adan ak Èv te obeyi Kreyatè yo a avèk rekonesans, yo te montre yo egoyis lè yo te rebele kont li. Kòm rezilta, lèzòm vin enpafè, e piske yo se desandan de premye moun sa yo, yo soufri anpil poutèt sa. Sepandan, Bib la montre ki jan Jewova pral repare tout dega ki fèt akoz peche premye paran nou yo. Labib montre tou Jewova ap akonpli objektif li te gen okòmansman pou tè a. Tè a ap tounen yon paradi k ap gen moun sou li ki kontan, ki an sante e ki pral jwenn benediksyon pou toutan (Jen. 3:15). Pou nou kontinye gen lafwa nan bèl esperans sa a nou genyen an, nou bezwen èd lespri sen Bondye.

17. Ki fason moun yo panse nou pa dwe adopte?

17 Nou bezwen priye Jewova pou li ban nou lespri sen l (Lik 11:13). Si nou fè sa, sa ap ede nou gen plis konviksyon kreyasyon an se travay Bondye fè ak men l. Jodi a, gen pwopagann k ap vale teren kòmkwa pa gen Bondye e si lavi egziste se grasa evolisyon. Pwopagann sa yo baze sou rezònman kwochi ki pa chita sou anyen. Nou pa dwe kite bagay sa yo ni lage n nan konfizyon ni entimide nou. Tout kretyen dwe prepare yo pou yo fè fas ak tout pwopagann sa yo ansanm ak presyon pwopagann sa yo ka fè sou yo. — Li Kolosyen 2:8.

18. Si yon moun pa ta panse gen yon Kreyatè entèlijan ki fè linivè ak lèzòm, poukisa nou ta kapab di moun sa a pa gen bon jijman?

18 Se sèten lafwa nou nan Bib la ak nan Bondye ap ogmante si nou pran tan pou nou egzamine prèv ki montre se Bondye ki kreye tout bagay. Gen anpil moun, lè y ap reflechi sou orijin linivè ak orijin lèzòm, ki pa panse li rezonab pou moun kwè gen yon lòt fòs ki te jwe yon wòl nan kreyasyon linivè ak lèzòm apa de fòs lasyans pwouve ki egziste yo. Sepandan, si nou ta wè bagay yo konsa, nou pa t ap konsidere tout prèv ki genyen yo san patipri. Mete sou sa, nou pa t ap pran an konsiderasyon tout sa Bondye kreye “nou pa ka fin konte” yo ki gen lòd ladan yo e ki gen rezon yo ki fè yo egziste (Jòb 9:10; Sòm 104:25, NW). Antanke kretyen, nou sèten se Jewova ki te sèvi ak lespri sen l avèk entèlijans pou l kreye tout bagay.

Lespri sen ak lafwa nou nan Bondye

19. Ki sa ki montre nou pèsonèlman Bondye egziste e li sèvi ak lespri sen l pou l ede nou?

19 Nou pa bezwen konn tout bagay sou kreyasyon an pou nou gen lafwa nan Bondye, pou nou renmen l e pou nou gen anpil respè pou li. Menm jan amitye nou gen ak yon moun pa sèlman baze sou sa moun nan fè, se konsa tou lafwa nou nan Bondye pa sèlman baze sou sa li fè. Menm jan de moun ap vin pi bon zanmi tank y ap konn youn lòt pi byen, se konsa tou n ap vin gen plis lafwa nan Bondye ofiramezi n ap vin konnen l pi byen. Vrèmanvre, nou wè li egziste lè li reponn priyè nou yo ak lè nou remake bonjan rezilta nou jwenn lè nou aplike prensip li yo nan lavi nou. Nou vin pi pwòch Jewova toujou tank nou wè plis prèv ki montre li dirije nou, li pwoteje nou, li beni efò nou fè nan sèvis li e li ban nou sa nou bezwen. Tout bagay sa yo bay bonjan prèv ki montre Bondye egziste e li sèvi ak lespri sen l pou l ede nou.

20. a) Poukisa Bondye te kreye linivè ak lèzòm? b) Ki sa n ap jwenn si nou kontinye kite lespri sen Bondye gide nou?

20 Bib la se yon egzanp estrawòdinè ki montre fason Jewova ka sèvi ak lespri sen l, fòs aktif li a, paske moun Jewova te itilize pou ekri Bib la “te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo”. (2 Pyè 1:21.) Lè w pran tan w pou w etidye Labib, sa ka fè w gen plis lafwa nan Bondye, sila ki fè tout bagay la (Rev. 4:11). Se lanmou, bèl kalite atiran sa a Jewova gen lakay li, ki te pouse l kreye sa l kreye yo (1 Jan 4:8). Kidonk, annou fè tout sa nou kapab pou nou ede lòt moun konnen l antanke Papa nou ak Zanmi nou ki renmen nou. Si nou chak nou kontinye kite lespri sen dirije nou, n ap gen privilèj pou nou kontinye aprann anpil bagay sou Bondye pandan tout letènite (Gal. 5:16, 25). Annou tout kontinye fè sa nou kapab pou nou gen plis konesans sou Bondye ak sou sa li kreye yo, e annou kontinye montre nou gen lanmou menm jan avè l chak jou piske li menm li te montre li gen yon lanmou ki san limit lè l te itilize lespri sen l pou l kreye syèl la, tè a ak lèzòm.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Gade paj 24, 25 nan liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous?

Èske w ka esplike?

• Ki sa syèl la ak tè a aprann nou konsènan fason Jewova sèvi ak lespri sen l?

• Ki posiblite nou genyen lefètke nou fèt pòtre ak Bondye?

• Poukisa nou bezwen egzamine prèv ki montre se Bondye ki te kreye tout bagay?

• Ki jan nou kapab vin gen pi bon relasyon ak Jewova?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

Ki sa lòd ki gen nan linivè a aprann nou sou kreyasyon an?

[Liy kredi]

Zetwal yo: Anglo-Australian Observatory/David Malin Images

[Foto nan paj 8]

Ki wòl ADN nan jwe nan tout bagay sa yo?

[Foto nan paj 10]

Èske w pare pou w defann lafwa w?