Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa janm abandone kwayan parèy nou yo!

Pa janm abandone kwayan parèy nou yo!

Pa janm abandone kwayan parèy nou yo!

“PANDAN dizan, sa k te pi enterese nou se fè biznis e nou te gen anpil lajan. Byenke nou te grandi nan laverite, nou te vire do bay Jewova e nou te santi nou manke fòs nan domèn espirityèl pou n te retounen vin jwenn li.” Se deklarasyon sa a Jarosław * ansanm ak madanm li, Beata, te fè.

Men sa yon lòt frè ki rele Marek te fè konnen: “Akoz sitiyasyon sosyal ak politik ki te difisil nan peyi Polòy, m te pèdi travay sou travay e sa te fè m dekouraje. Etandone m pa t gen don pou m fè biznis, m te pè kòmanse youn poukont mwen. Finalman m te vin anvi eseye, paske nan tèt pa m, sa t ap ede m pran swen fanmi m pi byen san sa pa afekte relasyon m ak Jewova. Avèk letan, m te vin rann mwen kont m te twonpe m.”

Nan monn sa a, lavi a vin pi chè chak jou e moun ap pèdi travay san rete. Anpil moun vin dezespere e sa fè yo pran desizyon ki pa saj. Gen anpil frè ki aksepte fè siplemantè, ki pran lòt travay anplis oswa ki monte pwòp biznis pa yo menm lè yo pa gen eksperyans nan domèn nan. Yo met nan tèt yo, yon ti kòb anplis ap ede fanmi an san sa pa afekte relasyon yo ak Jewova. Men, yo bliye, evènman moun pa prevwa ak sitiyasyon ekonomik ki pa stab jodi a ka fè yo pa reyisi malgre yo gen bon entansyon. Kòm rezilta, anpil nan yo vin gen gwo tanta, e nan kouri dèyè bagay materyèl yo neglije sèvis y ap bay Jewova a. — Ekl. 9:11, 12.

Gen kèk frè ak sè ki tèlman okipe nan kouri dèyè bagay ki nan monn nan, sa fè yo pa gen tan ankò pou yo fè etid pèsonèl, pou y al nan reyinyon e pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Li klè, neglijans sa yo afekte ni relasyon yo ak Jewova ni adorasyon y ap ba li a. Sa ka afekte yon lòt bagay ki enpòtan tou, relasyon yo genyen ak moun ‘ki fanmi yo nan lafwa’. (Gal. 6:10.) Tikras pa tikras, gen nan yo ki vin separe ak fanmi nou fòme antanke kretyen an. Se sa k fè nou bezwen reflechi seryezman sou kesyon sa a.

Responsablite nou anvè kwayan parèy nou yo

Antanke frè ak sè, nou gen plizyè okazyon pou n demontre lanmou youn pou lòt (Wom. 13:8). Nan kongregasyon pa w la, petèt ou konn wè ‘pòv malere ki nan ka’. (Jòb 29:12.) Li gendwa pa fasil pou kèk moun jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Apot Jan fè nou sonje bèl opòtinite sa ban nou lè l di: “Men, yon moun ki gen mwayen nan monn sa a, ki wè frè l nan nesesite, epi malgre sa li pa gen pitye pou li, ki jan nou ka di moun sa a gen lanmou pou Bondye?” — 1 Jan 3:17.

Petèt ou konn ede moun ki nan sitiyasyon sa yo. Men se pa nan domèn materyèl sèlman nou dwe ede frè nou yo. Gen nan yo ki gendwa bezwen nou ede yo paske yo santi yo poukont yo oswa yo dekouraje. Yo ka santi yo pa diy pou yo sèvi Jewova, yo ka ap soufri anba yon gwo maladi oswa yo gen yon moun pa yo ki mouri. Yon fason nou ka ankouraje yo, se lè nou pran tan pou nou tande yo epi pale avèk yo, konsa n ap kapab ede yo nan domèn afektif e n ap ede yo kontinye kenbe bon relasyon yo genyen ak Jewova (1 Tes. 5:14). Souvan, sa konn ranfòse lanmou nou genyen pou frè nou yo.

Ansyen yo nan kongregasyon an ka pi byen plase pou yo koute moun, pou yo mete yo nan plas yo, pou yo montre yo konprann sitiyasyon yo epi ba yo konsèy ki soti nan Bib la avèk amou (Tra. 20:28). Konsa, yo imite apot Pòl ki te gen yon “afeksyon ki pwofon” pou frè ak sè li yo. — 1 Tes. 2:7, 8.

Men, e si yon kretyen kite twoupo a, kòman l ap fè pran responsablite l anvè kwayan parèy li yo? Menm jan ak tout moun, ansyen yo tou ka tonbe nan tantasyon pou yo kouri dèyè bagay materyèl. Men, e si yon kretyen ta tonbe nan tantasyon sa a?

Lè enkyetid lavi a soti pou l pote n ale

Jan nou sot wè sa, souvan, lè n ap travay di pou nou pran swen fanmi nou sa ka strese nou e sa ka fè nou vin fèb nan domèn espirityèl (Mat. 13:22). Men sa Marek nou te pale de li pi wo a te di: “Lè biznis mwen an te kraze, mwen te deside pati al nan yon lòt peyi pou m al chèche yon travay ki bay plis kòb. Mwen te pati pou twa mwa. Annapre, m te pati ankò pou twa lòt mwa. Mwen te kontinye fè vwayaj sa yo e lè m te retounen lakay se yon ti tan sèlman m te konn pase. Madanm mwen ki pa t kwayan te konn soufri akoz sitiyasyon sa a.”

Se pa fanmi an sèlman ki te soufri. Marek kontinye pou l di: “Nonsèlman m te konn travay anpil anba gwo chalè, men, mwen te konn travay tou ak yon seri moun vilgè ki t ap chèche eksplwate lòt moun. Yo te aji tankou moun ki nan gang. Mwen te santi m deprime epi m te santi se lòt moun ki gen kontwòl vi m. M pa t menm gen tan pou m pran swen tèt mwen, m te kòmanse panse m pa t gen kapasite pou m sèvi lòt moun ankò.”

Desizyon Marek te pran yo te gen move konsekans sou li, e sa ta dwe fè nou pran tan pou n reflechi. Menmsi deplase al yon lòt kote kapab rezoud pwoblèm ekonomik nou yo, èske sa pap bay lòt pwoblèm? Pa egzanp, ki jan fanmi an t ap santi l, e ki efè sa t ap genyen sou relasyon yo ak Jewova? Èske yon desizyon konsa pap afekte relasyon nou ak kongregasyon an? Èske sa pap anpeche nou jwenn privilèj pou n sèvi kwayan parèy nou yo? — 1 Tim. 3:2-5.

Petèt ou deja remake yon moun pa bezwen kite peyi l pou travay li pran tout tan l. Ann egzamine ka Jarosław ak Beata. Men sa Jarosław te di: “Kòm nou te fèk marye, nou te gen entansyon fè yon ti komès. Nou te jwenn yon bon pozisyon pou nou fè yon ti biznis òtdòg. Piske ti biznis lan te rapòte, nou te deside fè l vin pi gwo. Men, kòm nou pa t gen anpil tan, nou te konn rate reyinyon yo. Sa pa t pran tan pou m sispann sèvis pyonye e pou m remèt privilèj mwen te genyen kòm asistan ministeryèl. Etandone biznis lan te rapòte nou anpil, nou te agrandi l e nou te vin asosye ak yon moun ki pa kwayan. Annapre, mwen te vwayaje al nan lòt peyi pou m siyen gwo kontra ki te vo plizyè milyon dola. Mwen prèske pa t janm lakay mwen, e m te vin pèdi bon relasyon m te genyen ni ak madanm mwen ni ak pitit fi m nan. Biznis lan t ap byen mache, men kòm li te pran tout tan nou, nou te sispann sèvi Jewova tikras pa tikras. Etandone nou te separe ak kongregasyon an, nou pa t menm sonje frè ak sè nou yo.”

Ki sa sa aprann nou? Si yon kretyen ap chèche kreye ti paradi pa l, sa kapab vin yon pyèj pou li e sa ka fè l neglijan nan sèvis l ap bay Jewova a. Li ka menm pèdi “rad [ki] sou li” a, sa vle di idantite li antanke moun k ap suiv Kris (Rev. 16:15). Sa ka separe nou ak frè ak sè nou te nan pozisyon pou n ede yo.

Se pou nou onèt ak tèt nou

Yon moun ta gendwa panse: ‘Yon bagay konsa pa t ap janm rive m.’ Men, li ta bon pou nou egzamine seryezman ki sa ki vrèman nesesè nan lavi a. Pòl te di: “Nou pa t pote anyen nan monn nan, e nou pa ka ale ak anyen nonplis. Se sa k fè, si nou gen manje ak rad ak yon kote pou nou rete, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” ​(1 Tim. 6:7, 8). Se vre, moun yo pa viv menm jan tout kote. Sa ki ka parèt nòmal pou yon moun k ap viv nan yon peyi devlope kapab reprezante yon liks pou yon moun k ap viv nan yon lòt peyi.

Kèlkeswa fason moun yo viv nan peyi kote n ye a, n ap bezwen reflechi sou pawòl Pòl te di ki vin apre yo: “Moun ki byen deside pou yo rich yo tonbe nan tantasyon, yo tonbe nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki san sans e ki fè moun soufri, ki lage moun nan destriksyon ak nan dezas.” ​(1 Tim. 6:9). Lè yo tann yon pyèj pou yon bèt, bèt la pa rann li kont gen yon pyèj pou li, e se lè l pran li konnen. Kidonk, ki jan nou ka evite tonbe nan “anvi [...] ki fè moun soufri”?

Lè nou konn sa ki gen priyorite, nonsèlman sa ka ankouraje nou pou n bay sèvis Jewova a plis tan, men sa ap ede nou tou pou nou jwenn tan pou etid pèsonèl nou. Lè yon kretyen priye anvan l etidye, etid li fè yo ap ede l “vin kalifye nèt, pou l vin gen tout sa l bezwen” pou l ka ede lòt moun. — 2 Tim. 2:15; 3:17.

Gen kèk ansyen ki te pase plizyè ane ap fòtifye lafwa Jarosław toutpandan yo t ap ankouraje l avèk amou. Sa te pouse Jarosław fè gwo chanjman nan lavi l. Men sa li di: “Nan yon konvèsasyon mwen te gen ak ansyen yo ki te ede m anpil, yo te site egzanp jennonm rich ki te vle gen lavi etènèl la, men ki pa t vle abandone sa l te posede. Apre sa, yo te mande m avèk tak èske egzanp sa a pa aplikab nan ka pa m. Sa te vrèman ouvri je m!” —Pwo. 11:28; Mak 10:17-22.

Jarosław te pran tan pou l egzamine sitiyasyon l lan e li te deside l ap sispann envesti nan gwo biznis. Sa te pran dezan pou li menm ak fanmi l te retounen vin gen yon bon relasyon ak Jewova. Jodi a, l ap sèvi frè l yo antanke ansyen. Men sa l di: “Lè gen frè ki kite biznis pran tèt yo nan pwen pou yo neglije relasyon yo ak Jewova, mwen sèvi ak pwòp egzanp pa m pou m fè yo konprann jan l pa saj pou yo mete tèt yo anba menm jouk ak moun ki pa kwayan, piske jouk sa a ap miwomiba. Li pa fasil pou yon moun refize òf li jwenn pou l fè gwo biznis e pou l rete onèt anmenmtan.” — 2 Kor. 6:14.

Sa k te rive Marek la te ba l yon leson tou. Menm lè travay li te jwenn nan peyi etranje a te byen peye e li te ede l pran swen fanmi l, sa te gen move konsekans sou relasyon l te genyen ni ak Jewova ni ak fanmi l. Avèk letan, li te egzamine sa k te pi enpòtan pou li. Men sa l te di: “Tank ane t ap pase, sitiyasyon m te vin sanble ak sitiyasyon Bawouk, sekretè Jeremi an, ki te ‘kontinye ap chèche gwo bagay pou li’. Finalman, m te ouvè kè m bay Jewova, m te di l tout sa ki t ap trakase m. Jodi a, m santi m rejwenn ekilib mwen nan adorasyon m ap bay Jewova a.” ​(Jer. 45:1-5, NW). Kounye a, Marek ap chèche vin siveyan pou l ka fè “yon bèl travay” nan kongregasyon an. — 1 Tim. 3:1.

Men ki avètisman Marek bay tout moun ki ta gen lide vwayaje al chèche yon travay ki bay plis kòb: “Li trè fasil pou yon moun ki nan yon peyi etranje tonbe nan pyèj monn mechan sa a. Piske moun nan poko fin byen konnen lang peyi a, sa fè l difisil pou l pale ak lòt moun. Se vre li ka retounen lakay li ak lajan, men l ap malad nan domèn espirityèl e l ap pran anpil tan pou l geri.”

Lè nou fè ekilib ant travay pwofàn nou ak responsablite nou genyen anvè frè nou yo, sa ap ede n fè Jewova plezi. Konsa, n ap yon bèl egzanp pou frè nou yo e sa ka ede yo pran bon desizyon. Moun ki dekouraje yo bezwen èd, konpasyon ak bèl egzanp nan men frè ak sè yo. Ansyen ki nan kongregasyon yo ak frè ki gen matirite yo ka ede kwayan parèy yo rete ekilibre epi anpeche tètchaje lavi a pote yo ale. — Ebre 13:7.

Pa gen dout nan sa, nou pa dwe janm abandone kwayan parèy nou yo paske nou pase tout tan nou ap travay (Fil. 1:10). Olye de sa, annou bat pou nou “rich anvè Bondye” lè nou kontinye bay enterè Wayòm nan premye plas nan lavi nou. — Lik 12:21.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gen non moun yo chanje.

[Foto nan paj 21]

Èske travay ou anpeche w asiste reyinyon yo?

[Foto nan paj 23]

Èske w bay privilèj ou genyen pou w ede frè ak sè w yo anpil valè?