Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Poukisa nou kapab kwè jaden Edenn te egziste toutbonvre?

Labib pale de jaden sa a kòm yon kote ki te egziste toutbonvre e li bay enfòmasyon egzak sou kote li te ye. Nan istwa kote yo pale de jaden an, gen de rivyè yo pale de yo ki egziste toujou. Nòmalman, yon lejann pa bay enfòmasyon konsènan yon kote ki egziste toutbon. Jezi, Temwen moun ka plis fè konfyans lan, te pale te Adan ak Èv kòm de moun ki te egziste toutbonvre. — 1/1-F, paj 5, 6, 9.

• Èske Bondye te konnen Adan ak Èv t ap peche?

Non. Jewova te ba yo entèlijans ak libète pou yo deside, sa ki te ba yo posiblite pou yo chwazi si wi ou non y ap obeyi l. Byenke Bondye gen kapasite pou l konnen sa k pral rive alavans, li chwazi lè pou l sèvi ak kapasite sa a. — 1/1, paj 13-15.

• Èske vrè kretyen yo sèvi ak non Bondye kòm yon bagay ki gen pouvwa majik e ki ka pwoteje yo?

Gen moun ki panse gen objè ki ka pwoteje yo paske yo kwè objè sa yo gen pouvwa majik. Sepandan, pèp Bondye a pa panse non Jewova gen yon pouvwa majik ladan l ki ka pwoteje yo. Yo mete lafwa yo nan Jewova e yo chèche fè volonte l. Konsa, yo montre yo pran refij nan non l (Sef. 3:12, 13). — 15/1, paj 5-6.

• Nan peyi Izrayèl, pou ki moun koutim grapiyay la te bon?

Pou tout moun. Li te pouse pòv yo travay, paske yo te oblije al nan jaden ki te genyen yo pou yo ranmase kichòy pou tèt yo. Koutim sa a te ankouraje lòt moun pou yo donan e pou yo konte sou benediksyon Bondye. — 1/2-F, paj 15.

• Poukisa Jewova te rejte wa Sayil?

Sayil te dwe ret tann pwofèt Bondye a ofri yon sakrifis, men li te dezobeyi Bondye lè l te ofri sakrifis la. Annapre, li pa t obeyi kòmandman Jewova te ba li pou l detwi yon pèp ki te ènmi Bondye. — 15/2, paj 22-23.

• Kòman nou ka montre nou rayi sa lalwa kondane?

Nou pap bwè depase limit, nou pap pratike maji e n ap koute avètisman Jezi te bay sou imoralite a. Pa egzanp, n ap evite pònografi ak tout vye lide li ka mete nan tèt nou (Mat. 5:27, 28). Mete sou sa, nou pap pran kontak ak moun ki eskominye yo. — 15/2, paj 29-32.

• Gen akeyològ ki te jwenn kèk barik myèl nan epòk nou an, ann Izrayèl, ki sa sa montre?

Akeyològ yo te dekouvri plis pase 30 barik myèl, e dapre kalkil kèk moun ki save fè, barik sa yo te konn pwodui jiska yon demi tòn siwo myèl chak ane. Sa montre moun yo te konn gade myèl nan peyi Bondye te di “lèt ak siwo myèl [t ap] koule tankou dlo” ladan l lan (Egz. 3:8). — 1/3-F, paj 15.

• Nan ki sans Jeremi te sanble ak yon pyebwa “yo plante bò larivyè, k’ap plonje rasin li nan dlo”? (Jer. 17:7, 8.)

Li pa t janm sispann pwodui fwi, ni li pa t kite moun k ap pase l nan rizib yo enfliyanse l. Olye de sa, li te rete fidèl ak Bondye, Sous dlo ki pèmèt lavi kontinye a, e li te pran sa Bondye te di yo oserye. — 15/3, paj 14.

• Ki sa Jezi te vle di Mat lè l te di l de twa bagay sifi, oswa menm yon sèl (Lik 10:41, 42)?

Li pa t vle di Mat te materyalis lefètke li t ap prepare divès kalite manje pou yo manje, ni li pa t ap minimize travay Mat t ap fè a. Men, li t ap mete aksan sou sa ki gen plis enpòtans. Mat pa t pwofite okazyon espesyal sa a pou l fòtifye lafwa l. — 1/4-F, paj 12-13.

• Ki bagay ilegal ki te fèt nan jijman Jezi a?

Manm tribinal la pa t tande okenn temwen ki te ka fè yo lage Jezi. Yo te chèche fo temwen pou temwaye kont Jezi. Yo te fè jijman an nan aswè. Menm jou jijman an te kòmanse a, se menm jou a li te fini. — 1/4-F, paj 20.