Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w wè prèv ki montre Bondye ap dirije nou an?

Èske w wè prèv ki montre Bondye ap dirije nou an?

Èske w wè prèv ki montre Bondye ap dirije nou an?

IZRAYELIT yo ak Ejipsyen yo potko janm wè bagay konsa! Pandan Izrayelit yo t ap kite peyi Ejip, sa gen anviwon 3 500 an, te gen yon gwo nyaj ki te gen fòm yon poto ki te avèk yo chak jou. Nan aswè, menm nyaj sa a te tounen yon dife ki gen fòm yon poto. Se pa ti enpresyonan sa dwe te enpresyonan! Men, ki kote nyaj sa a ak dife sa a te soti? Poukisa yo te la? Ki sa nou ka aprann jodi a nan fason Izrayelit yo te wè “dife a ak [...] nyaj la”? — Egz. 14:24.

Pawòl Bondye a fè nou konnen kiyès ki te mete dife a ak nyaj la la e poukisa. Men sa li di: “Senyè a t’ap mache devan yo nan yon gwo nyaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t’ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t’ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.” ​(Egz. 13:21, 22). Jewova Dye te sèvi ak dife ak nyaj ki te gen fòm poto a pou l te ka gide pèp la lè pèp la t ap soti ann Ejip e pou l te ka dirije l nan dezè a tou. Pou moun yo te ka suiv poto a, yo te dwe rete veyatif. Lè lame ejipsyen an ki te pati dèyè pèp Bondye a te prèt pou yo atake pèp la, poto a te deplase al kanpe ant Izrayelit yo ak Ejipsyen yo yon fason pou l te ka pwoteje Izrayelit yo (Egz. 14:19, 20). Byenke poto a pa t pase nan wout ki t ap mennen Izrayelit yo tou dwat nan Latè pwomiz la, pou Izrayelit yo te rive nan tè sa a, yo te oblije suiv poto a.

Poto a te bay pèp Bondye a asirans Jewova te avèk pèp la. Li te reprezante Jewova, e pafwa yo te konn tande vwa Jewova soti ladan l (Nonb 14:14; Sòm 99:7). Anplis, nyaj la te fè konnen se Moyiz Jewova te chwazi pou gide nasyon an (Egz. 33:9). Dènye fwa yo pale de nyaj la nan Bib la, se lè Jewova t ap fè konnen se Jozye ki t apral ranplase Moyiz (Det. 31:14, 15). Pou Izrayelit yo te ka byen rive nan Latè pwomiz, sa te enpòtan pou yo rive konprann nyaj la se prèv ki te montre Bondye t ap gide yo e yo te dwe suiv li.

Yo te bliye nyaj la se prèv ki montre Jewova t ap gide yo

Premye fwa Izrayelit yo te wè poto a, siman sa te enpresyone yo. Malerezman, mirak sa a yo te kapab wè chak jou a pa t enpresyone yo ase pou yo te kontinye met konfyans yo nan Jewova. An plizyè okazyon, yo te refize fè sa Bondye te mande yo fè. Lè lame ejipsyen an t ap pousuiv yo, yo pa t montre yo te gen konfyans Jewova kapab pwoteje yo. Olye de sa, yo te akize Moyiz kòmkwa li te mennen yo yon kote pou yo mouri (Egz. 14:10-12). Kèk jou apre yo te fin pase nan mitan lanmè Wouj, yo te plenyen kont Moyiz, Arawon ak Jewova sou pretèks yo pa t gen ase manje ak dlo (Egz. 15:22-24; 16:1-3; 17:1-3, 7). Kèk semèn annapre, yo fè presyon sou Arawon pou l fè yon ti bèf annò. Kòman w konprann sa? Pandan dife ak nyaj ki te gen fòm poto a, kokennchenn prèv ki montre Jewova te la avèk yo a, te sou yon bò nan kan an, pa twò lwen poto a, Izrayelit yo te kòmanse ap adore yon zidòl ki san vi toutpandan y ap di: “Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la.” “Se pi gwo jouman yo ta ka fè” Jewova! — Egz. 32:4; Ney. 9:18.

Zak rebelyon Izrayelit yo te fè yo te montre yo pa t gen okenn respè pou enstriksyon Jewova t ap ba yo. Pwoblèm nan se pa wè yo pa t wè poto a, men se konprann yo pa t konprann se fason sa a Jewova t ap gide yo e se suiv yo pa t suiv enstriksyon l yo. Yo te wè poto a, men yo te bliye li se prèv ki montre Jewova t ap gide yo. Byenke aksyon Izrayelit yo te “pwovoke Bondye pèp Izrayèl la”, li te kontinye gide yo grasa poto sa a jiskaske yo te rive nan Latè pwomiz paske li gen mizèrikòd. — Sòm 78:40-42, 52-54; Ney. 9:19.

Prèv ki montre Bondye ap gide nou jodi a

Jodi a tou, Jewova pa janm sispann bay pèp li a enstriksyon ki klè. Menm jan li pa t kite Izrayelit yo jwenn wout yo poukont yo, li pa mande nou pou nou jwenn wout k ap mennen nan monn nouvo li pwomèt la poukont nou. Li chwazi Jezi Kris kòm Gid kongregasyon an (Mat. 23:10; Efe. 5:23). Jezi li menm bay esklav fidèl la otorite. Esklav sa a se kretyen fidèl Bondye chwazi pou y al nan syèl yo e se li menm ki nome siveyan yo nan kongregasyon an. — Mat. 24:45-47; Tit 1:5-9.

Ki jan nou kapab sèten ki gwoup moun ki fòme esklav fidèl la, oswa entandan an? Gade ki sa Jezi te di: “Kiyès ki vrèman entandan fidèl, ki prevwayan, mèt li ap etabli sou gwoup sèvitè l yo pou l toujou ba yo kantite pwovizyon yo bezwen nan moman apwopriye a? Esklav sa a byennere si lè mèt li rive, li jwenn se sa l ap fè!” — Lik 12:42, 43.

Kòm nou kapab wè, gwoup moun yo rele entandan an “fidèl”, sa vle di yo pap janm trayi ni Jewova, ni Jezi, ni verite biblik yo, ni pèp Bondye a, e yo pap janm vire do ba yo. Lefètke entandan an “prevwayan”, li gen bon jijman nan fason li dirije ni travay predikasyon “bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan” ni travay “fè disip pami moun tout nasyon” an. Travay sa yo vrèman enpòtan (Mat. 24:14; 28:19, 20). Entandan an ki obeyisan distribye manje espirityèl ki nourisan nan “bon moman”. Nou kapab wè Jewova beni pèp li a paske gen plis moun k ap vin adore Jewova chak jou. Nou ka wè sa tou nan fason Jewova gide pèp li a lè gen gwo desizyon ki pou pran, nan fason l ede l konprann verite biblik yo pi byen, nan fason l pwoteje pèp li a pou ènmi l yo pa detwi l nèt e nan fason li fè yo santi yo anpè. — Iza. 54:17; Fil. 4:7.

Annou suiv direksyon Bondye

Ki jan nou kapab montre nou rekonesan pou fason Jewova gide nou? Men sa apot Pòl te di: “Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo.” ​(Ebre 13:17). An reyalite, sa gendwa pa toujou fasil. Ann pran yon egzanp: Imajine ou se yon Izrayelit nan epòk Moyiz la, e apre w fin fè kèk tan ap mache, poto a kanpe. Pou konbyen tan l ap rete la? Pou yon jou, yon semèn oubyen plizyè mwa? Ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Èske m ta dwe demare tout afè m met deyò?’ Premye bagay ou ka retire, se sa w plis bezwen yo. Sepandan, apre kèk jou, piske w bouke fouye nan afè w yo, ou gendwa kòmanse retire tout bagay met deyò. Men, pandan w prèt pou w fin met tout bagay deyò, ou wè poto a leve e w oblije kòmanse rasanble tout afè w yon lòt fwa ankò! Sa pa t ap fasil, pa vre? Malgre sa dwe te difisil pou pèp Izrayèl la, “la menm” yo te oblije “leve”. — Nonb 9:17-22.

Ki jan nou menm nou reyaji lè nou resevwa direksyon nan men Bondye? Èske nou fè sa nou kapab pou nou aplike yo “la menm”? Oubyen, èske nou kontinye fè bagay yo jan nou abitye fè yo? Èske nou sonje dènye enstriksyon nou te resevwa ki gen rapò ak etid biblik n ap fè ak moun yo lakay yo, ki gen rapò ak preche moun ki pale lòt lang, ak patisipe nan adorasyon an fanmi regilyèman, ak fason pou nou kolabore ak komite lyezon ospitalye yo e ak fason nou dwe konpòte nou lè nou nan kongrè yo? Yon lòt fason nou montre nou gen rekonesans pou direksyon Bondye ban nou se lè nou koute konsèy yo ban nou. Lè nou gen gwo desizyon pou n pran, nou pa fè tèt nou konfyans, men nou chèche direksyon nan men Jewova ak òganizasyon l lan. Menm jan ak yon timoun ki chèche pwoteksyon nan men paran l lè gen gwo van tanpèt k ap soufle, se konsa tou nou chèche pwoteksyon nan òganizasyon Jewova a lè nou rankontre pwoblèm nan monn sa a, pwoblèm ki tankou gwo van tanpèt.

Natirèlman, moun ki pran latèt nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a pa pafè, menm jan Moyiz pa t pafè. Nan epòk Moyiz la, poto a te yon prèv moun yo te wè chak jou ki te montre se Bondye ki te chwazi Moyiz e Moyiz te gen favè l. Anplis, kòm nou kapab remake sa, se pa chak Izrayelit ki te deside ki lè l ap kòmanse deplase. Olye de sa, pèp la te fè “tou sa Senyè a te di Moyiz di yo fè”. (Nonb 9:23.) Donk, siman se Moyiz, moun Jewova t ap itilize pou l dirije pèp la, ki te bay siyal pou yo kòmanse deplase.

Jodi a tou, lè lè a rive pou yon chanjman fèt, gwoup moun ki fòme entandan fidèl la bay siyal ki byen klè. Ki jan yo fè sa? Yo sèvi ak atik ki parèt nan Toudegad ak nan Ministè Wayòm. Yo sèvi tou ak nouvo piblikasyon, diskou yo bay nan asanble yo ak nan kongrè yo, siveyan itineran yo, lèt yo voye bay kongregasyon yo oswa fòmasyon yo òganize pou frè ki gen responsablite nan kongregasyon an.

Èske w wè byen klè prèv ki montre Bondye ap gide nou an? Jodi a, n ap viv nan dènye jou monn Satan an ki mechan e ki tankou yon “dezè” nan domèn espirityèl, e Jewova sèvi ak òganizasyon l lan pou l dirije nou antanke pèp li. Kòm rezilta, nou ini, nou gen lanmou nan mitan nou e nou an sekirite.

Lè Izrayelit yo te rive nan Latè pwomiz, Jozye te di yo: “Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Senyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.” ​(Joz. 23:14). Jodi a tou, pèp Bondye a ap rive nan monn nouvo Bondye pwomèt la kanmenm. Sepandan, pou nou chak antre nan monn nouvo a, se nou chak ki dwe dispoze suiv direksyon Bondye bay yo. Kidonk, annou kontinye montre nou rekonèt prèv ki montre Bondye ap gide nou an!

[Foto nan paj 5]

Se òganizasyon Jewova a k ap gide nou jodi a.

Nouvo piblikasyon.

Lekòl pou bay fòmasyon.

Fòmasyon nan reyinyon pou predikasyon.