Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ka rete onèt nan yon monn ki malonèt

Nou ka rete onèt nan yon monn ki malonèt

Nou ka rete onèt nan yon monn ki malonèt

MENM jan lè n ap respire a gaye tout kote, se konsa tou gen moun tout kote sou tè a ki malonèt. Moun yo bay manti, yo fè moun peye plis pase sa yo dwe peye, yo vòlè, yo pa renmen remèt kòb yo dwe e yo vante tèt yo pou zak malonèt yo fè nan biznis. Nan yon anviwònman konsa, nou konn rive devan sitiyasyon ki fè l difisil pou nou rete onèt. Ki jan nou kapab kontinye reziste kont tandans moun yo genyen pou yo malonèt? Gen twa bagay ki kapab ede nou konbat tandans sa a: lakrentif pou Jewova, yon bon konsyans, epi aprann kontante nou.

Lakrentif pou Jewova

Men sa pwofèt Izayi te ekri: “Se Senyè a menm k’ap chèf nou, se li menm k’ap gouvènen nou, se li ki wa nou.” ​(Iza. 33:22). Lè nou rekonèt otorite Jewova, sa fè nou gen lakrentif pou li, e lakrentif sa a se yon fòs ki ban nou detèminasyon pou nou onèt. Men sa Pwovèb 16:6 di: “Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l’ap evite fè sa ki mal.” Krentif sa a se pa pè nou pè pou Bondye pa fè nou peye pou sa nou fè ki mal, men se sousi nou genyen pou nou pa fè anyen k ap fè Papa nou ki nan syèl la pa kontan ak nou, piske nou konnen se byen li vle pou nou toutbon. — 1 Pyè 3:12.

Men yon eksperyans ki montre jan sousi sa a, sa vle di krentif sa a, gen bon enfliyans sou nou. Ricardo * ak madanm li, Fernanda, al labank pou yo retire yon kantite kòb sou kont yo ki te vo sèt san dola ameriken. Fernanda mete tout kòb la nan bous li san li pa konte l. Apre yo fin peye kèk kòb yo te dwe, lè yo rive lakay yo, yo sezi lè yo wè yo gen apeprè menm kantite kòb yo te retire sou kont yo a nan valiz Fernanda a. Lè sa a, yo di tèt yo: “Kesye nan bank lan genlè te ban nou twòp kòb.” Okòmansman, yo te anvi kenbe kòb la, piske yo te gen lòt bagay pou yo peye. Men sa Ricardo di: “Nou te priye Jewova pou l ban nou kouraj pou nou remèt lajan an. Lè nou sonje sa Pwovèb 27:11 di, nou te anvi fè Jewova kontan. Se sa k fè nou te remèt lajan an.”

Yon konsyans ki fòme grasa Labib

Nou kapab fòme konsyans nou lè nou etidye Labib e lè nou fè efò pou nou aplike sa nou aprann yo. Si nou aji konsa, se pa sèlman lespri nou ‘pawòl Bondye a ki vivan e ki pisan’ ap enfliyanse, men l ap touche kè nou tou. Konsa, n ap anvi “konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay”. — Ebre 4:12; 13:18.

Ann pran egzanp João. Li te gen yon gwo dèt ki te egal ak senk mil dola ameriken. San li pa t peye dèt la, li te deplase al viv nan yon lòt vil. Uit an apre, João aprann laverite. Kòm konsyans li te vin fòme grasa Labib, sa te pouse l pran kontak ak konpayi li te dwe a yon fason pou l te ka peye dèt la. Piske João te gen pou l pran swen madanm li ak kat pitit e li pa t ap touche anpil kòb, konpayi an te dakò pou l bay yon tranch nan kòb la chak mwa.

Aprann kontante nou

Men sa apot Pòl te ekri: “N ap jwenn gwo avantaj si nou gen atachman pou Bondye, men se si nou kontante nou ak sa nou genyen. [...] Si nou gen manje ak rad ak yon kote pou nou rete, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” ​(1 Tim. 6:6-8). Si nou aksepte konsèy sa a ki saj ak tout kè nou, nonsèlman sa ap ede nou pa vin malonèt nan aktivite n ap mennen nan biznis nou paske nou ava, men tou sa ap ede nou pa antre nan biznis ki swadizan ka fè nou rich vit (Pwo. 28:20). Si nou suiv konsèy Pòl la, sa ap ede nou tou pou nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou paske n ap gen konfyans Bondye ap ban nou tout sa nou bezwen pou nou viv. — Mat. 6:25-34.

Sepandan, akoz “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun”, nou pa dwe janm panse nou pa kapab vin ava oswa nou pa kapab vin gen tanta (Mat. 13:22). Sonje sa k te pase Akàn. Li te wè lè Izrayelit yo te travèse rivyè Jouden an e li te wè mirak Jewova te fè lè sa a. Malgre sa, li te vin ava e li pa t konbat dezi li te genyen pou l vòlè ajan, lò ak yon rad ki te gen anpil valè li te wè nan bagay pèp la te pran Jeriko yo. Aksyon sa a te fè l pèdi lavi l (Joz. 7:1, 20-26). Nou ka konprann sa k fè plizyè syèk annapre Jezi te bay avètisman ki vin apre a: “Rete je ouvè, epi evite tout kalite tanta.” — Lik 12:15.

Se pou nou onèt nan travay nou

Ann wè kèk sitiyasyon ki kapab fè li difisil pou n rete onèt nan tout bagay. Pou nou onèt nan travay nou, sa mande pou nou ‘pa vòlè’, menmsi gen lòt moun nan travay la ki gen abitid sa a (Tit 2:9, 10). Jurandir ap travay nan yon biwo leta. Apre yon vwayaj li te fè pou biwo a, li te onèt nan rapò li te fè konsènan sa l te depanse pandan vwayaj la. Sepandan, nan rapò kòlèg li yo te fè, yo te fè konprann yo te depanse plis kòb pase sa yo te depanse an reyalite. Yo te kapab fè sa paske chèf depatman an te kache sa pou yo. Anfèt, chèf depatman an te menm kritike Jurandir poutèt li te onèt, e li te sispann voye l nan vwayaj yo. Sepandan, avèk letan, yo te verifye liv kontablite yo e yo te felisite Jurandir paske li te onèt. Anplis de sa, li te jwenn yon pwomosyon.

André t ap vann pou yon moun. Mèt travay la te mande l pou l fè moun yo peye menm bagay la de fwa. Frè nou an te priye Jewova pou l ba l kouraj pou l respekte prensip biblik yo (Sòm 145:18-20). Apre sa, li te eseye esplike patwon an pou ki rezon li pa t ap ka fè sa l te mande l la, men, patwon an pa t aksepte sa. Donk, André te deside kite travay la byenke l te touche byen. Sepandan, anviwon yon ane apre, patwon an mande l pou l retounen vin travay avè l e li asire l li sispann fè kliyan yo peye plis pase sa yo dwe peye. Lè André tounen, se li ki vin manadjè travay la.

Peye dèt nou

Apot Pòl te di kretyen yo: “Pinga nou dwe pèsonn anyen.” ​(Wom. 13:8). Nou gendwa di tèt nou moun nou dwe a gen kòb e nou pa bezwen remèt li kòb la paske l pa bezwen l. Sepandan, men sa Bib la di: “Mechan an prete, li pa nan renmèt.” — Sòm 37:21.

E si “evènman [nou] pa prevwa” fè nou pa ka peye dèt nou (Ekl. 9:11, NW)? Francisco te prete yon kantite kòb ki te vo sèt mil dola ameriken nan men Alfredo pou l te ka fin peye kòb li te dwe sou kay li. Men, piske biznis li an te vin gen pwoblèm, li pa t ka peye dèt la nan dat li te dwe peye l la. Sa l fè, l al pale ak Alfredo sou sa e Alfredo bò kote pa l te dakò pou Francisco peye l kòb la pa tranch.

Pa bay moun move enpresyon

Sonje egzanp Anànyas ak Safira, yon koup ki te fè pati kongregasyon kretyen yo te fòme nan premye syèk la. Apre yo te fin vann yon tè, yo te pote yon pati nan kòb la bay apot yo, men yo te pran pòz se tout kòb la yo te bay. Yo te vle fè moun panse yo se moun ki donan. Sepandan, lespri sen te fè apot Pyè konnen yo te twonpe frè yo. Jewova te touye yo poutèt sa. — Tra. 5:1-11.

Kontrèman ak Anànyas ak Safira, moun Bondye te fè ekri Bib la te onèt e yo te sensè. Pa egzanp, Moyiz te fè konnen gen yon lè li te pèdi kontwòl li, sa ki te fè li pa antre nan Latè pwomiz (Nonb 20:7-13). Menm jan an tou, Yona pa t kache mankman li te genyen ki te parèt ni anvan l te preche moun Niniv yo ni apre. Olye de sa li te pale de mankman l yo nan liv li te ekri a. — Yona 1:1-3; 4:1-3.

An reyalite, pou yon moun di laverite menm lè sa ap gen konsekans sou li, li bezwen gen kouraj. Sa k te pase Nathalia, yon tifi ki gen 14 an, nan lekòl li a montre sa. Pandan li t ap gade fèy yon egzamen li te fin fè, li te remake gen youn nan repons li yo ki pa t kòrèk, men, pwofesè a pa t wè sa. Byenke li te konnen sa t apral gen konsekans sou nòt li te resevwa a, li pa t pè di pwofesè a sa. Men sa li te di: “Paran m te toujou aprann mwen si m vle fè Jewova kontan, se pou m onèt. Konsyans mwen t ap kale m si m pa t fè pwofesè a konn sa.” Nathalia te onèt e pwofesè a te apresye sa.

Lè nou onèt, sa bay Jewova glwa

Giselle, yon tifi ki gen disetan, te jwenn yon bous ki gen papye enpòtan ladan l ak yon kantite kòb ki te vo 35 dola ameriken. Li t al kot moun ki responsab lekòl la yon fason pou yo te kapab fè mèt bous la jwenn bous li. Yon mwa apre, direktè adjwen an te li yon lèt pou tout klas Giselle la kote li felisite Giselle paske li onèt e li felisite fanmi l paske yo ba l bon fòmasyon e yo elve l pou l gen lakrentif pou Bondye. “Bèl aksyon” li te fè a te bay Jewova glwa. — Mat. 5:14-16.

Nou bezwen fè anpil efò pou nou onèt nan mitan yon bann moun ‘ki renmen pwòp tèt yo, ki renmen lajan, ki grandizè, ki ògeye, e ki pa fidèl’. (2 Tim. 3:2.) Sepandan, lè nou gen lakrentif pou Jewova ak yon konsyans ki byen fòme grasa Labib, e lè nou aprann kontante nou ak sa nou genyen, sa ap ede nou rete onèt nan monn sa a ki malonèt. Bagay sa yo ap ede nou vin gen yon relasyon ki pi sere ak Jewova, Bondye nou an ki “jis e [ki] vrèman renmen aksyon ki jis”. — Sòm 11:7, NW.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Gen non moun yo chanje.

[Foto nan paj 7]

Lè nou gen lakrentif pou Jewova, sa ban nou plis detèminasyon pou nou onèt.

[Foto nan paj 8]

Lè nou onèt, nou bay Bondye glwa.