Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou serye nan sèvis n ap bay Jewova a

Se pou nou serye nan sèvis n ap bay Jewova a

Se pou nou serye nan sèvis n ap bay Jewova a

“Montre w se yon egzanp [...] e montre ou serye.” — TIT 2:7.

1, 2. Ki rezon ki fè anpil moun nan monn nan pa pran lavi a oserye e ki kesyon sa soulve?

NAN monn n ap viv jodi a, pwoblèm n ap rankontre yo pi difisil pase pwoblèm moun te konn rankontre nan lòt epòk. Si yon moun pa gen yon relasyon sere ak Jewova, li ka prèske enposib pou l fè fas ak ‘tan sa yo ki di, e ki difisil pou sipòte’. (2 Tim. 3:1-5.) Moun sa yo konte sou pwòp fòs yo pou yo lite chak jou, men yo pa rive rezoud pwoblèm yo genyen. Nan efò y ap fè pou yo pa pran lavi a twò oserye, anpil nan yo toujou ap chèche lòt fason pou yo detann yo pou yo ka bliye tètchaje lavi a.

2 Pou anpil moun rive konbat strès lavi a, souvan, yo lage kò yo nan chèche plezi. Si yon kretyen pa fè atansyon, li ka kòmanse viv menm jan ak moun sa yo. Ki jan nou ka evite sa? Èske sa ap mande pou nou serye toutan? Ki jan nou ka rive fè ekilib ant plezi ak responsablite nou yo? Ki prensip biblik k ap ede nou pran lavi a oserye toutpandan nou pa pran tèt nou twò oserye?

Se pou nou serye nan monn sa a ki renmen plezi

3, 4. Ki jan Bib la ede nou wè enpòtans pou nou serye?

3 Pa gen dout nan sa, jodi a, moun yo nan monn nan “renmen plezi” twòp (2 Tim. 3:4). Piske monn nan bay plezi tout enpòtans sa a, sa ka mete relasyon nou ak Jewova an danje (Pwo. 21:17). Se sa k fè, nan lèt apot Pòl te ekri Timote ak Tit yo, li te gen rezon lè l te bay konsèy ki mete aksan tou sou nesesite pou frè ak sè yo serye. Konsèy pou nou serye a ap ede nou pou nou pa kite moun nan monn nan ki pa pran lavi a oserye enfliyanse nou. — Li 1 Timote 2:1, 2; Tit 2:2-8.

4 Plizyè syèk anvan Pòl te bay konsèy li a, Salomon te fè konnen jan li pi saj pou yon moun reflechi sou bagay ki enpòtan nan lavi a olye pou l konsantre sou chèche plezi (Ekl. 3:4; 7:2-4). Etandone lavi a kout, nou bezwen “fè gwo efò” pou nou sove (Lik 13:24). Se pou rezon sa a ki fè nou bezwen ‘montre nou se yon egzanp e nou serye’. (Tit 2:7.) Sa vle di nou bezwen konsantre sou tout sa ki gen rapò ak lavi nou antanke kretyen.

5. Ki bagay yon kretyen dwe pran oserye nan lavi a?

5 Menm jan ak Jewova ak Jezi, kretyen yo travay di e yo pran responsablite yo oserye (Jan 5:17). Byen souvan moun fè lwanj pou yo dèske yo travay di e dèske moun ka fè yo konfyans. Chèf fanmi yo sitou dwe travay di pou yo pran swen fanmi yo. Dayè, si yon kretyen pa pran swen moun ki sou kont li, èske se pa renye l “renye lafwa”, sa ki vle di li renye Jewova? — 1 Tim. 5:8.

Adorasyon n ap bay Jewova a serye men li bay kè kontan

6. Ki sa k fè li enpòtan pou nou pran adorasyon n ap bay Jewova a oserye?

6 Jewova pa janm pran vrè adorasyon y ap ba li a alalejè. Pa egzanp, lè Izrayelit yo te sispann adore Jewova, yo te peye sa chè (Joz. 23:12, 13). Nan premye syèk epòk nou an, disip Jezi yo te dwe fè gwo efò pou yo pa kite move atitid ak move ansèyman kòwonp vrè adorasyon an (2 Jan 7-11; Rev. 2:14-16). Jodi a tou, vrè kretyen yo kontinye pran vrè adorasyon an oserye. — 1 Tim. 6:20.

7. Ki jan Pòl te prepare l pou travay predikasyon an?

7 Travay predikasyon an bay kè kontan. Men, pou nou kenbe jwa nou nan travay sa a, nou bezwen nonsèlman pran l oserye men tou nou bezwen fè bonjan preparasyon. Pòl te fè konnen li te adapte l ak moun li t ap anseye yo. Men sa li te ekri: “Mwen vin tout bagay pou tout kalite moun, pou m ka fè tout sa k posib pou m sove kèk nan yo. Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun.” ​(1 Kor. 9:22, 23). Pòl te pran plezi ede moun yo gen bon relasyon ak Jewova e li te konn byen reflechi sou sa l te dwe fè pou l ede moun ki te konn koute l yo. Konsa, li te anmezi pou l ankouraje yo sèvi Jewova.

8. a) Ki atitid nou ta dwe genyen anvè moun n ap anseye yo? b) Lè nou gen moun n ap etidye Labib avèk yo, ki jan sa ede nou gen kè kontan nan travay predikasyon an?

8 Jis nan ki pwen Pòl te pran travay predikasyon an oserye? Li te dispoze travay tankou “esklav” pou Jewova e pou tout moun ki te vle koute verite li t ap preche yo (Wom. 12:11; 1 Kor. 9:19). Kit se lè n ap fè etid ak moun lakay yo, kit se nan reyinyon oswa nan adorasyon an fanmi, èske nou konsyan nou gen yon responsablite anvè moun n ap anseye yo? Nou ka gen enpresyon etidye Labib ak yon moun regilyèman se yon responsablite ki twòp pou nou. An jeneral, se vre sa mande pou nou pran sou tan pa nou pou nou ede lòt moun, men, èske sa pa ann amoni ak pawòl Jezi yo ki fè konnen “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”? (Travay 20:35.) Pa gen okenn aktivite ki kapab ban nou plis kè kontan pase montre yon moun ki sa pou l fè pou l sove.

9, 10. a) Èske lè yon moun serye sa vle di li pa ka pase bon moman ak lòt moun? Esplike. b) Kòman ansyen yo kapab ankouraje lòt moun e yo kapab abòdab anmenmtan?

9 Èske lè yon moun serye sa vle di li pa ka pase bon moman ak lòt moun? Non. Jezi te bay yon egzanp pafè nan sans sa a. Li pa t konn pase tout tan l ap anseye sèlman, men li te konn pran tan tou pou l detann li e pou l fè zanmi (Lik 5:27-29; Jan 12:1, 2). Anplis, lè yon moun serye, sa pa vle di li dwe toujou gen kat min nan fwon l. Si Jezi te yon moun ki te di oswa ki te twò serye, se sèten li pa t ap atire lòt moun sou li. Menm timoun te santi yo alèz lè yo bò kote l (Mak 10:13-16). E nou menm, ki jan nou ka imite Jezi nan sans sa a?

10 Men sa yon frè te di de yon ansyen: “Li egzijan ak tèt li, men li pa janm atann pou lòt moun pafè.” Èske lòt moun t ap di menm bagay la pou ou tou? Li bon pou nou montre nou rezonab nan sa n ap atann de lòt moun. Pa egzanp, timoun yo byen reyaji lè paran yo rezonab nan objektif yo fikse pou yo e lè yo ede yo atenn objektif sa yo. Menm jan an tou, ansyen yo nan kongregasyon an kapab ankouraje frè ak sè yo pou yo vin gen plis matirite e yo ka ba yo konsèy ki apwopriye sou fason pou yo fè sa. Anplis, lè yon ansyen ekilibre, sa ankouraje lòt moun e sa fè l vin pi abòdab (Wom. 12:3). Men sa yon sè te di: “Mwen pa renmen lè yon ansyen pran tout bagay pou yon jwèt. Men, si li serye toutan, l ap difisil pou m al pale avè l.” Gen yon lòt sè ki te di li santi gen kèk ansyen “ki fè moun pè yo paske yo twò serye”. Ansyen yo ta dwe veye pou yo pa lakòz frè ak sè yo pèdi jwa yo nan sèvis y ap bay Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Tim. 1:11.

Chèche gen responsablite nan kongregasyon an

11. Sa sa vle di “chèche” gen responsablite nan kongregasyon an?

11 Lè Pòl te ankouraje gason yo pou yo chèche gen plis responsablite nan kongregasyon an, se pa enterè pa yo li t ap ankouraje yo chèche. Olye de sa, men sa l te fè konnen: “Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen.” ​(1 Tim. 3:1, 4). Yon frè k ap “chèche” gen responsablite nan kongregasyon an dwe vrèman dispoze travay di pou l devlope kalite k ap itil frè ak sè yo. Si yon frè gen ennan batèm pou pi piti e li ranpli kondisyon nou jwenn nan 1 Timote 3:8-13 yo nan yon nivo ki rezonab, ansyen yo kapab rekòmande l kòm asistan ministeryèl. Remake sa vèsè 8 la di: “Asistan ministeryèl yo dwe serye.

12, 13. Bay kèk bagay jèn frè yo ka fè k ap montre y ap chèche gen responsablite nan kongregasyon an.

12 Èske w se yon frè batize ki serye e ki pa manke anpil ane pou w gen 20 an? Gen plizyè fason ou ka chèche gen responsablite nan kongregasyon an. Youn nan fason ou ka fè sa, se lè w amelyore fason w patisipe nan ministè a. Èske w pran plezi preche ak frè yo kèlkeswa laj yo? Èske w fè efò pou w gen omwen yon moun w ap etidye Labib avè l? Si w aplike konsèy ou jwenn nan reyinyon yo lè w ap kondui etid biblik, w ap amelyore kapasite w genyen pou w anseye. Anplis, w ap vin aprann mete w nan plas moun k ap aprann konnen chemen Jewova yo. Lè etidyan w lan kòmanse wè enpòtans pou l fè chanjman nan lavi l, w ap ka ede l aplike prensip ki nan Bib la toutpandan w ap fè sa avèk respè e avèk pasyans.

13 Si w se yon jèn frè, ou ka rann ou disponib pou w ede frè ak sè aje yo nan kongregasyon an jan w kapab. Ou ka montre ou enterese tou nan aparans Sal Wayòm nan lè w bay èd ou pou l rete pwòp e pou l annòd. Lefètke w dispoze ofri èd ou jan w kapab, sa montre aklè ou pran sèvis w ap bay Jewova a oserye. Konsa, menm jan ak Timote, w ap kapab aprann gen sousi toutbon pou kongregasyon an. — Li Filipyen 2:19-22.

14. Ki jan ansyen yo ka “teste kapasite” jèn frè yo pou yo wè si yo ka sèvi nan kongregasyon an?

14 An jeneral, jèn frè yo ap “kouri pou dezi ki natirèl lakay” yo e y ap chèche gen “ladwati, lafwa, lanmou, lapè” ansanm ak lòt bèl kalite ankò. Ansyen yo pa dwe janm bliye li enpòtan pou yo bay frè sa yo travay pou yo fè (2 Tim. 2:22). Lè nou ba yo travay pou yo fè nan kongregasyon an, se yon bon fason pou nou “teste kapasite yo” pou nou wè si yo responsab, yon fason “pou tout moun ka wè pwogrè [yo] aklè”. — 1 Tim. 3:10; 4:15.

Nou dwe serye nan kongregasyon an e nan fanmi nou

15. Ann akò ak 1 Timote 5:1, 2, ki jan nou ka montre respè pou lòt moun?

15 Yon moun ki serye gen respè tou pou frè ak sè yo. Nan konsèy Pòl te bay Timote a, li te montre enpòtans pou Timote montre respè pou lòt moun. (Li 1 Timote 5:1, 2.) Sa pi enpòtan toujou nan fason gason ak fi konpòte yo youn ak lòt. Jòb kite yon bèl egzanp pou nou imite, paske li te konn trete medam yo avèk respè, sitou madanm li. Li te fè bonjan efò pou l pa gade yon fi avèk move lide (Jòb 31:1). Lè nou gen respè pou frè ak sè nou yo, sa ap anpeche nou jwe ak santiman yo oswa fè nenpòt lòt bagay ki ta ka fè yo santi yo malalèz bò kote nou. Lè de moun ap frekante nan objektif pou yo marye, li vrèman enpòtan pou yo toujou montre yo gen respè youn pou lòt. Yon frè ki serye pap jwe ak santiman yon sè, e yon sè ki serye pap jwe ak santiman yon frè. — Pwo. 12:22.

16. Montre diferans ki genyen ant fason kèk moun nan monn nan wè wòl mari yo ak papa yo genyen an ak fason Bib la wè wòl sa yo.

16 Nou bezwen toujou pran wòl Bondye konfye nou nan fanmi an oserye. Monn Satan an pa montre okenn respè pou wòl mari yo ak wòl papa yo nan fanmi an. Divètisman ki gen jodi yo montre chèf fanmi yo se moun ki merite pou yo pase yo nan rizib e ki pa merite respè. Sepandan, dapre Labib, mari yo gen gwo responsablite sou do yo piske se yo ki “chèf madanm” yo. — Efe. 5:23; 1 Kor. 11:3.

17. Lè nou soutni adorasyon an fanmi an, ki jan sa montre nou pran responsablite nou oserye? Esplike.

17 Yon mari ka bay fanmi l tout sa l gen bezwen nan domèn materyèl, men si li pa ede l gen bon relasyon ak Jewova li t ap montre li manke pridans ak sajès (Det. 6:6, 7). Se sa k fè, nan 1 Timote 3:4, apot Pòl te di si yon chèf fanmi ap chèche vin gen plis privilèj nan kongregasyon an, “li dwe byen dirije pwòp kay li. Tout jan epi avèk serye, li dwe kenbe pitit li nan disiplin.” ​(Bib Kreyòl La). Li bon pou w mande tèt ou: ‘Èske m rezève tan pou m fè adorasyon an fanmi regilyèman?’ Gen kèk sè se kòmsi se sipliye y ap sipliye mari yo pou yo pran latèt nan adorasyon y ap bay Jewova a. Chak mari dwe reflechi seryezman sou ki jan li wè responsablite sa a li genyen an. Natirèlman, yon madanm ki kretyen dwe soutni aranjman ki fèt pou adorasyon an fanmi an, epi kolabore ak mari l pou sa mache.

18. Ki jan timoun yo ka aprann pou yo serye?

18 Timoun yo tou dwe aprann pran lavi a oserye (Ekl. 12:1). Se pa yon mal pou timoun yo aprann travay di, pou yo fè travay nan kay selon laj yo ak kapasite yo (Lam. 3:27). Lè wa David te timoun, li te aprann pou l yon bon bèje. Li te aprann jwe mizik epi konpoze mizik tou. Kapasite sa yo te pèmèt li sèvi moun ki te alatèt pèp Izrayèl la (1 Sam. 16:11, 12, 18-21). Pa gen dout nan sa, lè David te piti, li te konn jwe tankou tout timoun. Men, li te aprann yon pakèt bagay ki te vin ede l bay Jewova glwa lè l te vin gran. Kapasite li te vin genyen antanke bèje te ede l gide nasyon Izrayèl la avèk pasyans. Nou menm jèn, konbyen bagay n ap aprann pandan nou jèn nan ki pral itil nou pi devan nan sèvis n ap bay Kreyatè nou an e ki pral ede nou nan responsablite n ap genyen lè nou vin gran?

Se pou nou ekilibre

19, 20. Ki efò nou bezwen kontinye fè pèsonèlman pou nou ekilibre nan fason nou wè tèt nou e nan fason nou wè adorasyon n ap bay Jewova a?

19 Nou tout ka fè efò pou nou ekilibre nan fason nou wè tèt nou, pou nou pa pran tèt nou twò oserye. Nou pa dwe vin “jis depase limit”. (Ekl. 7:16, NW.) Lè nou pa twò serye, sa ka kreye yon bon anbyans nan kay la, nan travay nou oswa nan relasyon nou ak kwayan parèy nou yo. Li enpòtan pou manm fanmi yo fè atansyon pou yo pa lakòz kay la pa gen lapè ladan l tèlman y ap kritike youn lòt. Tout moun nan kongregasyon an bezwen aprann pran plezi nan pase bon moman ansanm. Konvèsasyon nou ak fason nou anseye dwe ankourajan e pozitif. — 2 Kor. 13:10; Efe. 4:29.

20 N ap viv nan yon monn ki pa pran ni Jewova ni lwa l yo oserye. Men, pèp Jewova a bay obeyisans ak fidelite anvè Jewova anpil enpòtans. Se pa ti kontan nou kontan lefètke nou fè pati yon gwo foul moun ki “serye” nan adorasyon y ap bay Jewova a! Annou detèmine pou n toujou pran lavi a ak adorasyon n ap bay Jewova a oserye.

Ki jan nou ta reponn?

• Poukisa nou pa dwe wè bagay yo menm jan ak moun nan monn nan ki pa pran lavi a oserye?

• Ki jan nou ka gen kè kontan nan sèvis n ap bay Jewova a toutpandan nou serye?

• Ki jan fason w wè responsablite nan kongregasyon an montre si wi ou non ou serye?

• Esplike poukisa respè pou frè ak sè nou yo e pou manm fanmi nou se yon bagay ki serye.

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Yon mari dwe bay fanmi l sa l bezwen nan domèn materyèl e nan domèn espirityèl.