Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w vrèman pran plezi nan Labib?

Èske w vrèman pran plezi nan Labib?

Èske w vrèman pran plezi nan Labib?

MEN sa yon dam ki rele Lorraine di: “Lè m te kòmanse li Labib regilyèman, mwen te fè sa paske m te santi se yon obligasyon, men mwen pa t pran plezi ladan l. Bib la te difisil pou m konprann, se sa k fè souvan mwen pa t ka konsantre m.”

Gen lòt moun ki di, yo menm tou, lè yo te kòmanse li Bib la yo pa t pran plezi ladan l. Men, yo te kontinye li l paske yo te konnen yo dwe fè sa. Men sa Marc di: “Li fasil pou yon moun distrè lè l ap li Labib ak lè l ap fè etid pèsonèl li. Pou m te ka li Labib chak jou, mwen te oblije priye anpil e m te oblije fè anpil efò pou m te ka antre lekti sa a nan aktivite m.”

Ki sa w ka fè pou w vin gen plis apresyasyon pou Labib, Pawòl Bondye te fè ekri a? Ki jan w ka pran plezi nan li Labib? Annou egzamine konsèy ki vin apre yo.

Objektif ak metòd

Priye anvan w li Labib epi rete konsantre. Mande Jewova pou l fè w anvi etidye Pawòl li a. Sipliye l pou l ouvri lespri w e pou l louvri kè w pou w ka pi byen konprann sajès li (Sòm 119:34). Si w pa suiv konsèy sa a, byen vit, etid Labib ou ap vin tounen yon bagay ou fè pa woutin e ou ka pa anvi kontinye. Men sa Lynn di: “Pafwa mwen li twò vit e mwen pèdi tout ti detay enteresan yo. Souvan, mwen pa fin konprann pwen ki pi enpòtan yo. Men, mwen priye Jewova pou m gen metriz, e sa ede m pa panse ak lòt bagay pandan lekti a.”

Bay sa w aprann yo enpòtans. Pa bliye sa, lè w konprann verite biblik yo e ou obeyi yo, sa ap pèmèt ou sove lavi w. Se sa k fè, ou bezwen fè bonjan efò pou w jwenn bagay nan Bib la k ap ede w epi fè bonjan efò tou pou w aplike yo nan lavi w. Men sa Chris di: “Mwen chèche bagay ki ede m wè move panchan mwen gen lakay mwen ak rezon ki pouse m aji. Sa rekonfòtan pou m wè jan Labib ak plizyè nan piblikasyon nou yo gen enfòmasyon ki itil mwen byenke moun ki te ekri enfòmasyon sa yo pa menm konnen m.”

Bay tèt ou objektif ki rezonab. Chèche aprann lòt bagay sou pèsonaj ki nan Bib la. Ou ka jwenn enfòmasyon enteresan sou anpil nan pèsonaj sa yo lè w fè rechèch nan liv Étude perspicace des Écritures yo oswa nan Index des publications Watch Tower yo. Ofiramezi w ap vin konprann pèsonaj biblik yo se moun ki te egziste toutbon e ki te gen pèsonalite ak santiman pa yo menm jan ak tout moun, egzanp yo ap gen yon pi gwo efè sou ou.

Chèche lòt fason pou w rezone sou Ekriti yo (Tra. 17:2, 3). Se sa Sophia fè lè l ap fè etid pèsonèl li. Men sa l di: “Objektif mwen se aprann lòt fason pou m rezone ak moun mwen rankontre nan predikasyon oswa lòt kote, yon fason pou m prezante verite ki nan Bib la byen klè. Toudegad se yon bonjan zouti ki ede m fè sa.” — 2 Tim. 2:15.

Imajine tèt ou k ap viv sitiyasyon yo. Men sa nou li nan Ebre 4:12: “Pawòl Bondye a vivan.” Lè w ap li Ekriti yo, fè sa w ap li a vin vivan pou ou, sa vle di mete w nan plas pèsonaj biblik yo lè w imajine sa yo te wè, sa yo te tande ak sa yo te santi. Konpare eksperyans yo te fè ak kèk sitiyasyon nan lavi w. Pran leson nan fason yo te fè fas ak sitiyasyon pa yo. Lè w fè sa w ap pi byen konprann istwa biblik yo e l ap pi fasil pou w sonje yo.

Pran tan pou w egzamine vèsè ki difisil yo ak esplikasyon yo bay sou yo pou w ka byen konprann yo. Lè w ap etidye, ou bezwen rezève ase tan pou sa. Pandan w ap etidye, ou ka jwenn lòt pwen ki vrèman enteresan ki mande pou w fè plis rechèch. Chèche mo ou pa abitye avèk yo nan diksyonè, gade nòt anba paj yo, referans ki nan mitan paj ki nan Bib la, endèks mo biblik yo ak apendis yo. Plis ou konprann sa w ap li a e plis ou aplike yo, se plis w ap pran plezi nan Pawòl Bondye te fè ekri a. Konsa, menm jan ak salmis la, w ap kapab di: “Prensip ou yo [Jewova] se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan.” — Sòm 119:111.

Pa kouri pase sou enfòmasyon yo. Se pou w rezonab nan kantite tan ou rezève pou etid pèsonèl ou. Sepandan, fè atansyon pou kantite tan ou pase ap fè etid pèsonèl pa anpeche w jwenn tan pou w byen prepare reyinyon yo. Men sa Raquel di: “Anpil fwa, mwen tèlman strese, mwen pa ka konsantre m. Mwen vin wè li pi bon pou m pase ti moman ap etidye, lè sa a, mwen jwenn plis pwofi nan etid mwen.” Men sa Chris admèt: “Konsyans mwen repwoche m lè m kouri pase sou enfòmasyon yo, paske mwen pa sonje anpil bagay, e souvan, enfòmasyon sa yo pa fè okenn efè sou mwen.” Se sa k fè, ou bezwen pran san w pou w etidye.

Fè efò pou w vin gen yon pi gwo anvi pou w li Pawòl Bondye a. Men sa apot Pyè te di: “Menm jan ak tibebe ki fèk fèt, se pou nou gen yon gwo anvi pou lèt san melanj ki nan pawòl la, dekwa pou nou ka grandi grasa li pou delivrans lan.” ​(1 Pyè 2:2). Yon tibebe pa bezwen fè efò pou l gen gwo anvi bwè lèt paske se yon bagay ki natirèl lakay li. Men, Labib fè konnen nou bezwen fè efò pou n vin gen yon gwo anvi pou n li Pawòl Bondye a. Si w li yon paj sèlman nan Bib la chak jou, ou pap pran tan pou w vin gen anvi sa a. Byenke okòmansman li ka parèt difisil pou w li Labib, apre yon ti tan, w ap vin pran plezi ladan l.

Medite sou sa w li nan Bib la. Si w medite sou sa w li yo, sa ap itil ou anpil. Sa ap pèmèt ou wè rapò ki genyen ant divès sijè ou te deja fè rechèch sou yo, e nan yon ti tan, w ap vin gen sajès ki soti nan Bib la ki tankou yon trezò ki bay kè kontan. — Sòm 19:14; Pwo. 3:3.

Se pa tan w ap pèdi

Se vre sa mande efò pou yon moun kenbe bon abitid pou l etidye, men se pa ti benediksyon l ap jwenn si l rive fè sa. W ap vin pi byen konprann Ekriti yo (Ebre 5:12-14). Disènman ak sajès w ap genyen grasa Labib ap fè w gen kè kontan ak lapè. Sajès ki nan Pawòl Bondye enspire a se “yon pyebwa lavi” pou moun ki kenbe l e ki sèvi avè l. — Pwo. 3:13-18, NW.

Lè w etidye Pawòl Bondye a afon, sa ka ba w bon konprann (Pwo. 15:14). Sa ap ede w bay moun konsèy ki sensè e ki baze sou Bib la. Si w kite sa w aprann nan Bib la ak nan piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” gide w lè w ap pran desizyon, Pawòl Jewova enspire a ap ankouraje w e l ap fè w vin djanm (Mat. 24:45). W ap vin pi pozitif nan fason w wè bagay yo e Pawòl Bondye a ap enfliyanse panse w, aksyon w ak pawòl ou. Mete sou sa, w ap reyisi nan tout sa w ap fè ki gen rapò ak relasyon w ak Bondye. — Sòm 1:2, 3.

Si w renmen Bondye ak tout kè w, sa ap pouse w pataje kwayans ou ak lòt moun. Lè w fè sa, w ap jwenn anpil benediksyon. Gen yon pwoklamatè ki rele Sophia ki fè efò pou l sonje yon seri vèsè. Li fè sa pou l itilize vèsè sa yo yon fason pou l kapte atansyon moun l ap preche yo, pou l vin efikas e pou l jwenn plezi nan travay predikasyon an. Men sa l di: “Lè m wè fason moun yo reyaji lè m montre yo pawòl ki soti nan Bib la, sa ankouraje m anpil.”

Pi gwo byenfè yon moun ki pran plezi nan Pawòl Bondye a jwenn, se yon relasyon sere ak Jewova. Lè yon moun etidye Labib, sa fè l konnen prensip Bondye yo, sa ede l konprann Bondye gen lanmou, li donan e li jis. Anplis, moun sa a bay kalite sa yo Bondye genyen yo anpil enpòtans. Pa gen lòt aktivite ki pi enpòtan e ki bay plis satisfaksyon pase etidye Labib. Se sa k fè, se pou w pran san w lè w ap etidye Pawòl Bondye a. Lè w fè sa, se pa tan w ap pèdi. — Sòm 19:7-11.

[Kare/Foto nan paj 5]

LI LABIB AVÈK OBJEKTIF E AVÈK METÒD

▪ Priye anvan w li Labib epi rete konsantre.

▪ Bay sa w aprann yo enpòtans.

▪ Bay tèt ou objektif ki rezonab.

▪ Chèche lòt fason pou w rezone sou Ekriti yo.

▪ Imajine tèt ou k ap viv sitiyasyon yo.

▪ Pran tan pou w egzamine vèsè ki difisil yo ak esplikasyon yo bay sou yo pou w ka byen konprann yo.

▪ Pa kouri pase sou enfòmasyon yo.

▪ Fè efò pou w vin gen yon pi gwo anvi pou w li Pawòl Bondye a.

▪ Medite sou sa w li nan Bib la.

[Foto nan paj 4]

Lè w ap li yon istwa nan Bib la, imajine tèt ou k ap viv sitiyasyon an.