Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Ala anpil sajès Bondye anpil!’

‘Ala anpil sajès Bondye anpil!’

‘Ala anpil sajès Bondye anpil!’

“Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo!” — WOM. 11:33.

1. Ki pi gwo privilèj kretyen ki batize yo genyen?

KI PI gwo privilèj yo te janm ba ou? Premye bagay ki ka vin nan lespri w se yon asiyasyon ou te resevwa oubyen yon bagay yon moun te fè pou l onore w. Sepandan, pi gwo privilèj nou resevwa antanke kretyen ki batize, se privilèj pou nou gen yon relasyon sere ak sèl vrè Dye a, Jewova. Relasyon sa a fè “Bondye konnen” nou. — 1 Kor. 8:3; Gal. 4:9.

2. Poukisa se yon gwo privilèj sa ye pou nou konnen Jewova e pou Jewova konnen nou?

2 Poukisa se yon gwo privilèj sa ye pou nou konnen Jewova e pou Jewova konnen nou? Se paske nonsèlman li se Pèsonaj ki pi enpòtan ki genyen nan tout linivè, men tou, li se Sila ki pwoteje moun li renmen yo. Anba enspirasyon, pwofèt Nawoum te ekri pawòl sa yo: “Jewova bon, li se yon fòtrès nan jou detrès. E li konnen moun k ap chèche refij nan li yo.” ​(Naw. 1:7, NW; Sòm 1:6). An reyalite, pou nou jwenn lavi ki pap janm fini an, nou bezwen konnen vrè Dye a ansanm ak Pitit li a, Jezi Kris. — Jan 17:3.

3. Pou nou rive konnen Bondye, ki sa sa mande?

3 Pou nou vin konnen Bondye, se pa senpleman non l pou nou konnen. Nou bezwen vin konnen l tankou yon zanmi, sa vle di nou bezwen konnen sa l renmen ak sa l pa renmen. Lè nou viv ann amoni ak konesans sa a, se yon lòt fason esansyèl nou montre nou byen konnen Bondye (1 Jan 2:4). Sepandan, gen yon lòt bagay ki enpòtan tou si nou vrèman vle konnen Jewova. Nou bezwen konnen nonsèlman sa l fè, men tou, ki jan l fè yo e poukisa. Nou bezwen konprann objektif li yo. Plis nou konprann objektif Jewova genyen, se plis n ap rete bouch ouvè devan ‘sajès Bondye ki anpil’. — Wom. 11:33.

Bondye gen objektif

4, 5. a) Ki sans mo “objektif” la genyen nan Bib la? b) Bay yon egzanp ki montre gen plizyè fason pou yon moun atenn yon objektif.

4 Jewova se yon Bondye ki gen objektif, e Labib pale de yon “objektif etènèl” li genyen (Efe. 3:10, 11). Ki sa mo sa a vle di toutbon? Nan Bib la, mo “objektif” la vle di yon bagay yon moun vle fè, e moun sa a gen plizyè mwayen li ka pase pou l fè sa l vle a.

5 Ann pran yon egzanp. Gen yon moun ki vle al yon kote. Donk, objektif li se rive kote l vle ale a. Petèt li gen diferan fason pou l deplase al kote a oswa li ka pase nan plizyè wout. Pandan l sou wout li chwazi a, ka gen move tan, blokis, wout la ka fèmen, sa ki ka oblije l pase nan yon lòt wout. Men, kèlkeswa chanjman li oblije fè, depi l rive kote l vle ale a, li atenn objektif li.

6. Ki jan Jewova montre li kapab adapte l pou l atenn objektif li?

6 Menm jan ak moun ki gen yon kote li vle ale a, Jewova montre li kapab adapte l yon fason pou l atenn objektif etènèl li genyen an. Piske li gen konsiderasyon pou kreyati entèlijan l yo ki gen libète pou yo deside, li adapte l san pwoblèm pou l atenn objektif li. Pa egzanp, ann wè ki jan Jewova te atenn objektif li te genyen konsènan Desandans li te pwomèt la. Okòmansman, Jewova te di premye koup la: “Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a.” ​(Jen. 1:28). Èske rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan t ap fè li enposib pou l atenn objektif sa a? Sa pa t ap janm ka fèt! Lè sitiyasyon sa a te prezante, lapoula, Jewova te deside l ap pase pa yon lòt “wout” pou l atenn objektif li. Li te anonse gen yon “desandans” ki t ap gen pou l vini e ki t ap repare tout dega rebèl yo te fè. — Jen. 3:15, NW; Ebre 2:14-17; 1 Jan 3:8.

7. Ki sa nou aprann nan pawòl Jewova nou jwenn nan Egzòd 3:14 la?

7 Kapasite Jewova genyen pou l adapte l lè l ap travay pou l atenn objektif li mache byen ak siyifikasyon non l genyen. Lè Moyiz te met kèk pwoblèm devan Jewova ki te ka anpeche l fè sa Jewova te ba l fè a, men garanti Jewova te ba li: “‘M ap vin tounen sa m ap vin tounen.’ Apre sa [Jewova] di: ‘Men sa pou w di pitit gason Izrayèl yo: “M ap vin tounen voye m kote nou.”’” ​(Egz. 3:14, NW). Wi, Jewova ka tounen sa ki nesesè pou l kapab atenn tout objektif li! Nan chapit 11 liv Women an, apot Pòl te montre sa byen klè. Li te pale de yon pye oliv senbolik. Lè nou egzamine egzanp sa a, n ap rive konprann pi byen jan sajès Jewova anpil, kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl, kit nou gen esperans pou nou jwenn lavi ki pap janm fini sou tè a.

Objektif Jewova konsènan Desandans li te pwomèt la

8, 9. a) Bay kat bagay enpòtan nou bezwen konnen k ap ede nou konprann egzanp pye oliv la. b) Repons ki kesyon k ap ede nou konprann jan Jewova kapab adapte l pou l atenn objektif li?

8 Anvan pou nou konprann egzanp pye oliv la, gen kat bagay nou bezwen konnen konsènan objektif Jewova, yon objektif ki makònen ak desandans li te pwomèt la. Premyèman, Jewova te pwomèt Abraram “tout nasyon sou tè a pap manke pa beni tèt yo” grasa desandans li a, sa vle di desandan l yo (Jen. 22:17, 18, NW). Dezyèmman, nasyon Izrayèl la, ki soti nan Abraram, te gen posiblite pou “yon wayòm prèt” soti nan li (Egz. 19:5, 6, NW). Twazyèmman, lè majorite Izrayelit selon lachè yo pa t aksepte Mesi a, Jewova te chèche yon lòt mwayen pou l jwenn “wayòm prèt” sa a (Mat. 21:43; Wom. 9:27-29). Finalman, byenke Jezi se pati prensipal desandans Abraram nan, gen lòt moun ki jwenn privilèj pou yo fè pati desandans sa a tou. — Gal. 3:16, 29.

9 Mete sou sa, nan liv Revelasyon an, nou aprann gen 144 000 moun antou ki gen pou yo dirije ak Kris nan syèl la antanke wa e prèt (Rev. 14:1-4). Liv sa a pale de moun sa yo kòm “pitit Izrayèl yo”. (Rev. 7:4-8.) Men, èske 144 000 moun sa yo se Izrayelit selon lachè oswa Juif selon lachè yo ye? Repons kesyon sa a montre jan Jewova kapab adapte l pou l atenn objektif li. Ann wè ki jan lèt apot Pòl te ekri Women yo ede nou jwenn repons lan.

“Yon wayòm prèt”

10. Ki posiblite se sèl nasyon Izrayèl selon lachè a ki te genyen l?

10 Jan nou te wè sa anvan, se nasyon Izrayèl la sèlman ki te jwenn posiblite pou “yon wayòm prèt e yon nasyon ki sen” ​(NW) soti ladan l. (Li Women 9:4, 5.) Men, lè desandans yo te pwomèt la ta vini, èske tout 144 000 Izrayelit espirityèl yo ki reprezante pati segondè desandans Abraram nan t ap soti nan nasyon Izrayèl selon lachè a?

11, 12. a) Ki lè Bondye te kòmanse chwazi moun ki t apral fòme Wayòm nan nan syèl la, e ki jan pifò Juif yo te reyaji nan epòk sa a? b) Ki jan Jewova te rive jwenn “kantite total” moun ki te dwe fè pati desandans Abraram nan?

11 Li Women 11:7-10. Antanke nasyon, Juif yo nan premye syèk la te rejte Jezi. Se sa k fè, lòt moun ki pa t Juif te vin gen posiblite fè pati desandans Abraram nan. Sepandan, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè Bondye te kòmanse chwazi moun ki t apral nan syèl yo e ki t apral fòme “wayòm prèt” la, gen kèk Juif ki te jis ki te aksepte envitasyon sa a. Yo te sèlman kèk milye. Lè nou konpare yo ak kantite Juif ki te nan nasyon an, yo te tankou “yon rès”. — Wom. 11:5.

12 Men, ki sa Jewova t apral fè pou “kantite total” moun ki te dwe fè pati desandans Abraram nan vin konplè (Wom. 11:12, 25)? Remake sa Pòl te di ki tou ban nou repons lan: “Se pa kòmsi pawòl Bondye a te echwe. Paske, se pa tout moun ki desandan Izrayèl [selon lachè a] ki ‘Izrayèl’ toutbonvre. Nitou, se pa paske yo se desandan Abraram ki fè yo tout se pitit li [ki fè pati desandans Abraram nan]. [...] Sa vle di, pitit nan lachè yo pa pitit Bondye toutbonvre, men se pitit ki fèt ann amoni ak pwomès la yo konsidere kòm desandans.” ​(Wom. 9:6-8). Donk, pou Jewova te atenn objektif li, tout moun ki t apral fè pati desandans Abraram nan pa t oblije desandan Abraram toutbon.

Pye oliv senbolik la

13. Di ki sa bagay ki vin apre yo reprezante: a) pye oliv la, b) rasin li yo, c) kò pye oliv la, d) branch li yo.

13 Annapre, apot Pòl konpare moun ki vin fè pati desandans Abraram nan ak branch ki nan yon pye oliv senbolik * (Wom. 11:21). Pye oliv sa a yo plante nan jaden an reprezante akonplisman objektif Bondye anrapò ak alyans li te fè ak Abraram nan. Rasin pyebwa sa a sen e li reprezante Jewova, Moun ki bay Izrayèl espirityèl la lavi a (Iza. 10:20; Wom. 11:16). Kò pye oliv la reprezante Jezi, pati prensipal desandans Abraram nan. Tout branch yo ansanm reprezante “kantite total” moun ki nan pati segondè desandans Abraram nan.

14, 15. Kiyès yo te “rache” nan pye oliv ki nan jaden an, e kiyès yo te grefe sou pye oliv sa a?

14 Nan egzanp pye oliv la, Pòl konpare Juif selon lachè yo, ki te rejte Jezi, ak branch yo te “rache” nan pye oliv la (Wom. 11:17). Juif sa yo te pèdi posiblite pou yo fè pati desandans Abraram nan. Kiyès ki t apral ranplase yo? Juif selon lachè sa yo, ki te fyè dèske yo se desandan Abraram, pa t ap janm imajine sa k t apral fèt la. Jan, ki te konn batize moun nan, te deja fè yo konnen si Jewova te vle, li te kapab fè pitit soti nan wòch pou Abraram. — Lik 3:8.

15 Donk, ki sa Jewova te fè pou l atenn objektif li? Pòl esplike yo te grefe branch ki soti nan yon pye oliv mawon sou pye oliv ki plante nan jaden an pou yo ranplase branch yo te rache yo. (Li Women 11:17, 18.) Konsa, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki soti nan nasyon yo, tankou kèk nan sa ki te nan kongregasyon Wòm nan, se moun yo te grefe sou pye oliv senbolik la. Se konsa yo te vin fè pati desandans Abraram nan. Anvan sa, yo te tankou branch ki nan yon pye oliv mawon, ki pa t gen esperans pou yo fè pati alyans espesyal Jewova te fè ak desandans Abraram nan. Men, Jewova te ba yo posiblite pou yo vin Juif espirityèl. — Wom. 2:28, 29.

16. Ki jan apot Pyè te esplike fason nouvo nasyon espirityèl la te vin fòme?

16 Men ki jan apot Pyè esplike sa k pase a: “Se pou nou menm [Izrayèl espirityèl yo, san wete kretyen ki pa Juif yo] li [Jezi Kris] gen anpil valè, paske nou kwè. Men, pou moun ki pa kwè yo, ‘wòch moun k ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki nan tèt kwen an’, ‘yon wòch k ap fè moun bite, yon mas wòch k ap fè moun tonbe’. [...] Men nou menm, nou se ‘yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal, dekwa pou nou fè konnen kalite estrawòdinè’ sila a ki te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la. Paske, te gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a, nou se pèp Bondye. Te gen yon lè yo pa t fè nou mizèrikòd, men kounye a, yo fè nou mizèrikòd.” — 1 Pyè 2:7-10.

17. Ki sa k fè sa Jewova te fè a “pa yon bagay ki natirèl”?

17 Jewova te fè yon bagay anpil moun pa t ap janm atann. Pòl te di sa Jewova fè a “pa yon bagay ki natirèl”. (Wom. 11:24.) Poukisa l te di sa? Sanble se yon bagay ki pa fèt souvan oswa menm ki pa natirèl pou yo grefe branch ki soti nan pyebwa mawon sou pyebwa yo kiltive nan jaden. Epoutan, gen kèk moun ki gen jaden ki te konn fè sa nan premye syèk la *. Jewova te fè yon bagay estrawòdinè tou. Nan lespri Juif yo, moun nasyon yo pa t kapab pwodui fwi Jewova t ap aksepte. Sepandan, Jewova te fè moun sa yo fè pati “yon nasyon” ki pwodui fwi Wayòm nan (Mat. 21:43). Nan ane 36 epòk nou an, Kònèy se premye moun pami moun nasyon yo ki te vin kretyen Bondye te chwazi pou l al viv nan syèl. Depi lè sa a, moun ki pa Juif yo te vin gen posiblite pou yo grefe yo sou pye oliv senbolik la *. — Tra. 10:44-48.

18. Ki posiblite Juif selon lachè yo te genyen apre ane 36 epòk nou an?

18 Èske sa vle di apre ane 36 epòk nou an pa t gen posiblite ankò pou Juif selon lachè yo fè pati desandans Abraram nan? Non. Men sa Pòl te di: “Yo menm tou [Juif selon lachè yo], si yo pa rete nan pa gen lafwa yo a, y ap grefe yo, paske Bondye kapab grefe yo ankò. Paske, si yo te rache w sou pye oliv mawon an pou y al grefe w sou pye oliv yo plante nan jaden an *, alòske se pa yon bagay ki natirèl, alewè pou branch ki sot nan li yo, y ap grefe yo ankò sou pwòp pye oliv pa yo a!” — Wom. 11:23, 24.

“Tout Izrayèl ap sove”

19, 20. Jan egzanp pye oliv senbolik la montre sa, ki sa Jewova rive fè?

19 Jewova atenn objektif li te genyen pou “Izrayèl Bondye a” yon fason estrawòdinè (Gal. 6:16). Jan Pòl te di sa, “tout Izrayèl ap sove”. (Wom. 11:26.) Nan lè Jewova fikse a, “tout Izrayèl”, sa vle di tout Izrayelit espirityèl yo, pral dirije ansanm nan syèl la antanke wa e antanke prèt. Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova atenn objektif li!

20 Jan yo te anonse sa nan Bib la, desandans Abraram nan, Jezi Kris ansanm ak 144 000 yo, pral pote benediksyon “pou moun ki nan nasyon yo”. (Wom. 11:12; Jen. 22:18.) Lè sa a, tout moun ki fè pati pèp Bondye a ap benefisye dispozisyon sa a. Nou rete bouch ouvè lè nou wè sa Jewova fè pou l atenn objektif etènèl li a, paske se pa ti “anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil”! — Wom. 11:33.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Pòl pa t itilize pye oliv la kòm yon senbòl ki reprezante nasyon Izrayèl selon lachè a. Byenke nasyon sa a te gen wa ak prèt, li pa t tounen yon wayòm prèt. Selon Lalwa Moyiz la, wa ann Izrayèl yo pa t kapab prèt. Se sa k fè, pye oliv la pa t kapab yon senbòl ki reprezante nasyon sa a. Pòl te sèvi ak egzanp sa a pou l montre se avèk Izrayèl espirityèl la Jewova atenn objektif li te genyen pou l jwenn “yon wayòm prèt”. Esplikasyon sa a ranplase esplikasyon ki te parèt nan Toudegad 15 novanm 1983, paj 14-19 (fransè).

^ § 17 Sa te rive nan fen twazan edmi Juif selon lachè yo te gen devan yo pou yo te ka vin fè pati nouvo nasyon espirityèl la. Pwofesi konsènan 70 semèn ane a te anonse sa. — Dàn. 9:27.

^ § 18 Prefiks grèk yo mete “jaden” pou li nan Women 11:24 la soti nan yon mo ki gen sans “bon, ekselan” oubyen, “ki atenn objektif yo te vle l atenn lè yo te fè l la”. Prefiks grèk sa a, yo itilize l sitou pou yon bagay ki jwe wòl li dwe jwe a byen.

Èske nou sonje?

• Ki sa nou aprann sou Jewova lè nou wè fason li atenn objektif li?

• Di ki sa bagay ki vin apre yo nou jwenn nan chapit 11 liv Women an reprezante:

pye oliv la,

rasin li yo,

kò pye oliv la,

branch li yo.

• Poukisa grèf ki te fèt la “pa yon bagay ki natirèl”?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 24]

 Poukisa yo grefe branch pye oliv mawon yo?

▪ Lucius Junius Moderatus Columella te yon sòlda women ki te konn fè jaden nan premye syèk epòk nou an. Yo plis konn misye pou 12 liv li te ekri ki pale sou jaden e sou fason moun andeyò yo te konn viv nan premye syèk la.

Nan senkyèm liv li a, li site yon ansyen pwovèb ki di: “Moun ki laboure plantasyon pye oliv la mande l pou l donnen; moun ki met fimye ladan l lan sipliye l pou l donnen; moun ki taye branch pyebwa yo fòse l donnen.

Apre li fin pale de pyebwa ki anfòm men ki pa donnen, li bay sijesyon sa a: “Yon bon bagay ki kapab fèt, se fè yon twou nan pyebwa a ak yon zouti epi mete yon branch vèt ki soti nan yon pye oliv mawon nan twou a yon fason pou l byen chita. Kòm rezilta, pyebwa a ap donnen plis piske yo grefe yon branch sou li ki kapab bay fwi.”

[Foto nan paj 23]

Èske w konprann egzanp pye oliv senbolik la?