Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou suiv Kris, pi bon Gid la

Annou suiv Kris, pi bon Gid la

Annou suiv Kris, pi bon Gid la

BYEN souvan, moun ki met konfyans yo nan dominasyon lèzòm pa jwenn sa yo te panse yo t ap jwenn nan. Tandiske, moun ki soumèt yo anba dominasyon Kris la pa nan menm sitiyasyon an. Men sa Jezi te di: “Vin jwenn mwen, nou tout k ap redi e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs pou nanm nou, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” ​(Mat. 11:28, 29). Dominasyon Jezi a bay satisfaksyon ak kè kontan. Jezi enterese toutbon nan byennèt moun ki piti yo ak moun y ap toupizi yo, se sa k fè li envite yo pran jouk li a ki fasil pou moun pote. Donk, sa sa mande pou yon moun suiv Kris, Gid nou an?

Men sa apot Pyè te ekri: “Kris li menm te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye.” ​(1 Pyè 2:21). Ki enpòtans sa genyen pou nou suiv Jezi pye pou pye? Imajine ou nan yon lopital ansanm ak anpil lòt moun ki gen menm maladi avè w, yon maladi ki ka mennen nou tout anba tè. Men, gen yon doktè ki konnen ki jan pou l geri maladi a. Èske w pa t ap fè egzakteman tout sa l di w fè? Èske w pa t ap byen koute lè l ap pale avè w e èske w pa t ap obeyi chak konsèy li ba ou? Menm jan an tou, pou nou jwenn sekirite alavni, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou suiv egzanp Jezi pye pou pye nan fason n ap viv. Pou nou suiv Jezi, sa mande pou nou koute l, pou n obeyi l e pou n kowopere ak reprezantan l yo.

Koute epi obeyi

Anvan Jezi te fini Sèmon sou montay la, men sa l te di: “Yon moun ki tande pawòl mwen di la yo e ki obeyi yo ap sanble ak yon moun ki prevwayan ki bati kay li sou karyann. Epi lapli vide, gwo dlo desann, e van k ap soufle frape kay la ak anpil fòs, men li pa tonbe, paske li te bati sou karyann.” — Mat. 7:24, 25.

Jezi te fè konnen yon moun ki koute pawòl li e ki obeyi l se yon moun ki “prevwayan”. Èske nou montre nou respekte egzanp Kris la e èske nou montre egzanp li a gen valè pou nou lè nou obeyi Jezi ak tout kè nou? Oubyen, èske nou gen tandans chwazi obeyi sèlman kòmandman Jezi te bay ki fasil pou nou obeyi oswa sa ki nan avantaj nou yo? Jezi te di: “Mwen toujou fè sa ki fè [Bondye] plezi.” ​(Jan 8:29). Annou fè tout sa nou kapab pou nou imite Jezi.

Nan premye syèk epòk nou an, apot yo te soumèt yo anba dominasyon Kris la e konsa yo te kite yon bèl egzanp pou nou. Yon lè, Pyè te di Jezi: “Gade! Nou kite tout bagay pou nou suiv ou.” ​(Mak 10:28). Dominasyon Jezi a te tèlman gen valè nan je apot yo, san grate tèt, yo te abandone tout bagay pou yo suiv li. — Mat. 4:18-22.

Kowopere ak reprezantan Kris yo

Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te bay yon lòt fason nou kapab soumèt anba dominasyon l. Men sa l te di: “Moun ki resevwa yon moun mwen voye resevwa m tou.” ​(Jan 13:20). Jezi te pale de reprezantan l yo, moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo, kòm “frè” l (Mat. 25:40). Apre rezirèksyon Jezi, detan nan syèl la, li bay “frè” l yo responsablite pou yo “travay nan plas [li]” antanke anbasadè pou yo envite lòt moun vin rekonsilye ak Jewova Dye (2 Kor. 5:18-20). Pou nou montre nou rekonèt dominasyon Kris la, sa mande pou nou soumèt nou devan “frè” l yo.

L ap bon pou nou egzamine fason nou reyaji lè nou jwenn konsèy nan bon moman nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Lè nou etidye Bib la e lè nou asiste reyinyon yo, nou jwenn rapèl sou pawòl Kris te di yo (2 Pyè 3:1, 2). Lè nou manje manje espirityèl sa yo regilyèman, sa montre nou vrèman apresye yo. Men, ki reyaksyon nou ta dwe genyen si detanzantan yo ban nou menm konsèy la? Pa egzanp, Pawòl Bondye a bay kretyen yo konsèy pou yo marye ak yon moun “sèlman si moun sa a nan Seyè a”. (1 Kor. 7:39.) Sa fè plis pase 100 an depi konsèy sa a ap parèt nan Toudegad regilyèman. An reyalite, lè frè Kris yo pibliye atik sou sijè sa a ak sou lòt sijè ankò ki baze sou Bib la, yo montre yo renmen nou e yo enterese nan relasyon nou genyen ak Jewova. Lè nou suiv konsèy sa yo, se youn nan fason nou montre se Jezi Kris, pi bon Gid la, n ap suiv.

Men sa Pwovèb 4:18 di: “Chemen moun k’ap mache dwat yo tankou solèy k’ap leve. Chak lè, l’ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.” Se sa k fè, kongregasyon an kontinye ap pwogrese anba direksyon Kris. Yon lòt fason nou kowopere ak “frè” Kris yo se lè nou aksepte tout eklèsisman “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou nan piblikasyon nou yo sou fason nou konprann verite biblik yo. — Mat. 24:45.

Nou montre nou soumèt nou devan “frè” Kris yo tou lè nou kowopere ak siveyan yo e ak ansyen yo nan òganizasyon an. Men sa apot Pòl te di: “Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo, paske yo toujou ap veye sou nanm nou.” ​(Ebre 13:17). Pa egzanp, yon ansyen kapab ankouraje nou gen yon sware adorasyon an fanmi lè l montre nou enpòtans sa genyen oubyen li ka ban nou kèk konsèy k ap ede nou nan travay predikasyon an. Yon siveyan sikonskripsyon oswa yon siveyan distri kapab ban nou kèk konsèy biblik ki pratik k ap ede nou nan yon domèn nan lavi nou antanke kretyen. Lè nou suiv konsèy sa yo ak tout kè nou, sa montre n ap suiv Kris, Gid nou an.

Malerezman, moun yo nan monn nan pa gen bon dirijan. Men, ala ankourajan sa ankourajan pou nou anba dominasyon Kris la, yon Gid ki renmen nou! Kidonk, annou obeyi Gid nou an e annou kowopere ak moun ki reprezante l yo jodi a!

[Foto nan paj 27]

Èske w suiv konsèy Bib la bay pou w pa met tèt ou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan?